Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

REVEYE N! No 4 2017 | Èske w gen twòp bagay pou w fè?

Jodi a, anpil moun vrèman okipe, sa konn menm fè yo pa gen bon relasyon ak lòt moun e sa fè fanmi yo soufri.

Ki jan n ka montre n ekilibre nan fason n sèvi ak tan nou?

Men sa yon mesye ki te gen anpil sajès te ekri yon lè: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” — Eklezyas 4:6.

“Reveye n!” sa a bay kèk bon konsèy sou fason pou n byen sèvi ak tan nou, sa ki gen ladan l mete bagay ki pi enpòtan yo an premye.

 

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Èske w gen twòp bagay pou w fè?

Anpil moun twouve l difisil pou yo satisfè travay yo ak fanmi yo anmenmtan. Ki sa k lakòz sa? Ki sa n ka fè pou n ranje sitiyasyon an?

Stèn atik la fè moun sezi

Moun te konn kwè stèn atik la fè anviwon 35 200 kilomèt ap vole chak ane sot nan rejyon Atik la pou l al nan Antatik la. Men se sèlman yon ti pati nan tout sa zwazo sa a ka fè.

‘Yon bon repitasyon pi bon pase anpil richès’

Li posib pou nou gen yon bon repitasyon ak respè nan men lòt moun. Men, ki jan?

ÈD POU FANMI

Lè timoun yo kite kay la

Gen kèk mari ak madanm ki jwenn gwo pwoblèm lè timoun yo fin grandi e yo kite kay la. Ki sa paran yo ka fè lè yo santi fwaye a vin vid?

ENTÈVYOU

Yon moun ki etidye maladi sèvo bay rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè

Pwofesè Rajesh Kalaria pale konsènan travay li ak lafwa l. Ki sa k te fè l vin enterese nan lasyans? Poukisa l te vin wè fason lavi te kòmanse yon lòt jan?

DAPRE LABIB

Tantasyon

Lè moun kite tantasyon fè yo fè sa yo pa t dwe fè, maryaj yo konn kraze, yo konn gen pwoblèm sante ak pwoblèm konsyans. Ki jan n ka evite tonbe nan pyèj sa a?

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Yon fwi ki gen yon koulè ble espesyal

Fwi ki rele Pollia a pa gen koulè ble ladan l vre, epoutan, li bay yon koulè ble moun pa janm wè nan lòt plant. Ki jan ti fwi sa a fè parèt gen koulè ble espesyal sa a?

Li lòt atik sou Entènèt

Èske Labib ka ede fanmi m viv ak kè kontan?

Konsèy saj ki soti nan Bib la deja ede plizyè milyon gason ak fi pou fwaye yo gen kè kontan.

Monica Richardson: Yon doktè ap bay rezon ki fè li kwè gen yon kreyatè

Li te mande tèt li èske fè timoun se yon bagay ki fèt pa aza oswa èske gen yon moun ki te vin ak ide a. Ki repons li te jwenn selon eksperyans li te fè antanke doktè?