Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

WOUT KÈ KONTAN AN

Espwa

Espwa

“M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.” — Jeremi 29:11.

“ESPWA SE [...] YON ASPÈ KI ENPÒTAN KONSÈNAN RELASYON NOU AK BONDYE”, se sa yon liv (Hope in the Age of Anxiety) fè konnen. Men sa liv la di ankò: “Se pi bon remèd pou nou rive fè fas ak santiman kòmkwa nou pa itil anyen, nou santi nou lage poukont nou, epi nou santi nou pè.”

Bib la montre lèzòm pa ka viv san espwa, men li avèti nou tou kont fo espwa. Men sa Sòm 146:3 di: “Pinga nou mete konfyans nou nan chèf yo ni nan okenn lòt moun, paske yo pa ka bay delivrans.” Nou pap met konfyans nou nan efò lèzòm ap fè pou sove nou, okontrè, nou montre nou saj lè nou met konfyans nou nan Kreyatè nou an ki gen pouvwa pou l kenbe tout pwomès li fè. Ki sa li pwomèt nou? Ann egzamine pwen ki annapre yo:

MECHANSTE PRAL FINI E MOUN KI JIS YO PRAL GEN LAPÈ POU TOUTAN. Men sa nou li nan Sòm 37:10, 11: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, [...]. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” Sòm 37:29 fè konnen tou: “Moun ki jis yo gen [...] pou yo viv sou [tè a] pou toutan”.

LAGÈ PRAL FINI: “Jewova [...] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a. Li kase banza a e li fè lans lan fè plizyè moso. Li boule charyo pou fè lagè yo nan dife.” — Sòm 46:8, 9.

PAP GEN MALADI, SOUFRANS AK LANMÒ ANKÒ: “Tant Bondye a avèk lèzòm. [...]. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri.” — Revelasyon 21:3, 4.

PRAL GEN MANJE AGOGO POU TOUT MOUN: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

WAYÒM KRIS LA: SÈL GOUVÈNMAN KI PRAL DIRIJE TOUT TÈ A YON FASON KI JIS: “Yo te [bay Jezi Kris] pouvwa, onè ak yon wayòm, yon fason pou tout pèp, tout nasyon ak tout gwoup moun ki pale tout kalite lang sèvi l. Pouvwa l genyen pou l dirije a la pou toutan, pouvwa sa a pap disparèt, e yo pap detwi wayòm li an.” — Dànyèl 7:14.

Ki sa k fè nou ka fè pwomès sa yo konfyans? Lè Jezi te sou tè a, li te montre aklè li kalifye antanke Wa Bondye chwazi a. Li te konn geri malad, bay moun ki pòv manje, epi resisite moun. Men, sa k te pi enpòtan an, se sa l te konn anseye yo ki te gen ladan l yon seri prensip ki t ap pèmèt yo viv pou toutan nan tèt ansanm ak nan lapè. Mete sou sa, Jezi te anonse yon seri evènman ki t ap gen pou vini, sa te gen ladan l yon seri evènman ki t ap montre n ap viv nan dènye jou sistèm sa a.

MOMAN TÈTCHAJE ANVAN MOMAN DELIVRANS

Jezi te anonse pa t ap gen lapè ak sekirite nan dènye jou yo. Okontrè! Siy “fen sistèm nan”, siy ki gen plizyè eleman an t ap gen ladan l lagè, rate manje, epidemi ak gwo tranblemanntè (Matye 24:3, 7; Lik 21:10, 11; Revelasyon 6:3-8). Mete sou sa, Jezi te di: “Akoz mechanste k ap ogmante, lanmou pifò moun ap vin rafredi.” — Matye 24:12.

Nou gen plizyè prèv ki montre sa, jan yon lòt ekriven biblik te anonse sa avèk anpil presizyon. 2 Timote 3:1-5 fè konnen nan “dènye jou yo”, moun yo an jeneral t ap fou dèyè lajan, plezi e yo t ap renmen pwòp tèt yo. Yo t ap awogan e yo t ap sovaj. Fanmi yo pa t ap gen afeksyon lakay yo, e timoun yo t ap dezobeyi paran yo. Se toupatou t ap gen ipokrizi nan relijyon yo.

Move kondisyon sa yo montre aklè monn sa a nan dènye jou l yo. Yo montre tou Wayòm Bondye a pa lwen vini pou l met bagay yo annòd. Anfèt, nan pwofesi Jezi te bay anrapò ak dènye jou yo, li te di yon pawòl ki bay asirans tou: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Bon nouvèl sa a se yon bon avètisman pou moun k ap fè sa ki mal, men tou, sa bay moun ki jis yo espwa ak asirans yo pap tann anpil tan ankò pou yo jwenn benediksyon Bondye pwomèt yo. Èske w ta renmen konn plis sou benediksyon sa yo? Si w ta renmen sa, tanpri, gade paj ki annapre a.