Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kontinye sèvi Jewova ak kè kontan

Ann kontinye sèvi Jewova ak kè kontan

FÈ YON ti reflechi ak jou w te gen plis kè kontan nan lavi w. Èske se lè w te marye oswa lè w te gen premye pitit ou? Oubyen, èske se jou w te batize a? Petèt jou sa a se jou ki te pi enpòtan e ki te ba w plis kè kontan nan lavi w. Epi jou sa a, se pa ti kontan frè ak sè w yo te kontan lè yo te wè jan w montre w renmen Bondye ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou! — Mak 12:30.

Pa gen dout nan sa, ou jwenn anpil kè kontan nan sèvis w ap bay Jewova depi lè w fin batize a. Sepandan, gen yon pakèt pwoklamatè ki pèdi yon pati nan jwa yo te genyen an. Ki sa k fè sa? Ki rezon nou genyen pou n kontinye sèvi Jewova ak kè kontan?

REZON KI FÈ KÈK MOUN PÈDI JWA YO

Mesaj Wayòm nan fè n jwenn anpil kè kontan. Sa k fè sa? Se paske Jewova fè n konnen talè konsa Wayòm nan pral detwi monn mechan sa a e l pral fè n antre nan monn nouvo Bondye a. Men sa nou li nan Sofoni 1:14: “Gran jou Jewova a toupre rive! Li toupre rive e l ap vini byen vit!” Sepandan, si n santi n oblije ret tann plis pase sa n te panse, sa ka fè n pèdi jwa nou e sa ka lakòz nou vin ralanti nan sèvis n ap bay Bondye a. — Pwovèb 13:12.

Lè n pase tan ak frè ak sè n yo, nou santi n jwenn ankourajman pou n kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. Petèt se bon konduit pèp Jewova a ki te atire n vin nan vrè adorasyon an e ki te ede n kòmanse sèvi Bondye ak kè kontan (1 Pyè 2:12). Sepandan, ki sa k ka rive si youn nan frè n ak sè n yo te resevwa yon disiplin paske l pa obeyi kòmandman Bondye yo? Sa ka dekouraje kèk moun nan kongregasyon an e sa ka lakòz yo pèdi jwa yo.

Lanmou pou bagay materyèl ka lakòz nou pèdi jwa nou tou. Kòman sa? Monn Satan an ap eseye konvenk nou pou n achte yon seri bagay nou pa vrèman bezwen. Se sa k fè n dwe sonje pawòl sa yo Jezi te di a: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” (Matye 6:24). Nou pap ka sèvi Jewova ak kè kontan toutpandan n ap eseye chèche jwenn tout sa n kapab nan monn sa a.

NOU JWENN LAJWA NAN SÈVIS JEWOVA A

Moun ki renmen Jewova yo pa wè sèvis y ap ba li a tankou yon pwa lou (1 Jan 5:3). Pa bliye, Jezi te di: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” (Matye 11:28-30). Antanke vrè kretyen, nou gen anpil kè kontan e sa ban nou fòs. Sa klè, nou gen bonjan rezon pou n sèvi Jewova ak kè kontan. Kounye a, ann wè twa nan rezon sa yo. — Abakouk 3:18.

N ap sèvi Moun ki ban nou lavi a, Bondye ki gen kè kontan an (Travay 17:28; 1 Timote 1:11). Nou rekonèt se grasa Kreyatè nou an ki fè n ap viv. Donk, ann kontinye sèvi l ak kè kontan kèlkeswa kantite ane nou genyen depi n batize.

Lefètke Héctor sonje esperans Wayòm nan e l kontinye ret aktif nan sèvis Jewova a, sa fè l kontinye gen kè kontan.

Ann pran egzanp Héctor ki te fè 40 an ap sèvi Jewova antanke siveyan sikonskripsyon. “Menm lè [kounye a li] vin granmoun”, li toujou gen kè kontan nan sèvis Jewova a (Sòm 92:12-14). Héctor te vin pa t ka fè anpil nan sèvis Bondye a akoz madanm li te malad, men, li pa t pèdi jwa l. Men sa l te di: “Byenke sa fè m mal pou m wè jan sante madanm mwen ap deteryore tikras pa tikras e jan l vin pi difisil pou m pran swen l, mwen pa janm kite sa fè m pèdi jwa m genyen lefètke m ap sèvi vrè Dye a. Lefètke m konnen se grasa Jewova ki fè m ap viv e m konnen l kreye m pou yon rezon byen presi, sa sèlman se yon rezon ki fè m renmen l anpil e ki pouse m sèvi l ak tout kè m. Mwen fè efò pou m ret aktif nan travay predikasyon an e m fè efò pou m kontinye kenbe esperans Wayòm nan byen klè nan lespri m yon fason pou m pa pèdi jwa m.”

Grasa ranson Jewova bay la, sa fè l posib pou n viv ak kè kontan. Bib la di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Wi, nou ka jwenn padon pou peche nou yo ak lavi ki pap janm fini an lè n montre nou gen lafwa nan ranson an ki se yon kado Bondye ban nou paske l renmen nou. Vrèmanvre, sa se yon gwo rezon pou n montre n rekonesan! Epi, rekonesans nou genyen pou ranson an ap pouse n sèvi Jewova ak kè kontan.

Jesús te senplifye lavi l e l te sèvi Jewova ak kè kontan pandan plizyè ane.

Men sa yon frè ki rele Jesús, ki t ap viv nan peyi Meksik, te fè konnen: “Mwen te esklav travay mwen. Pafwa, mwen te konn gen senk orè travay youn dèyè lòt menm lè m pa t oblije fè sa. M te fè sa tou senpleman pou m fè plis lajan. Annapre, m te aprann konnen Jewova e m te vin konn ki jan l te bay Pitit gason l renmen anpil la pou lèzòm. M te vin gen yon gwo anvi pou m sèvi l. Konsa, m te vwe lavi m bay Jewova, epi, apre m te fin fè 28 an ap travay pou konpayi a, m te deside kite travay la pou m antre nan sèvis aplentan.” Se konsa Jesús te kòmanse sèvi Jewova ak kè kontan.

Nou mennen yon vi ki pwòp moralman, sa ki ban nou anpil kè kontan. Èske w sonje ki jan lavi w te ye anvan w te aprann konnen Jewova? Apot Pòl te fè kretyen ki te nan vil Wòm yo sonje yo “te esklav peche” yon lè, e annapre, yo te “vin esklav sa ki jis”. Etandone yo t ap viv yon fason ki pwòp, yo te ka gen espwa y ap jwenn lavi ki pap janm fini an (Women 6:17-22). Nou menm tou n ap suiv prensip Jewova yo, konsa, nou pa nan lapenn menm jan ak moun k ap viv yon fason imoral oswa ki vyolan yo. Se pa ti lajwa sa ban nou!

“Se ane m pase ap sèvi Jewova yo ki ban m plis kè kontan nan lavi m.” — Jaime.

Ann pran egzanp Jaime, yon moun ki te ate, ki te kwè nan teyori evolisyon an e ki te konn fè bòks. Jaime te kòmanse asiste reyinyon yo e lanmou li te wè lakay frè yo te touche kè l. Pou Jaime te ka chanje fason l t ap viv la, li te mande Jewova pou l ede l vin gen konfyans nan Li. Men sa Jaime fè konnen: “Tikras pa tikras, m te kòmanse aprann gen yon Bondye ki se yon Papa ki gen lanmou ak mizèrikòd. Lefètke m te viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, sa te pwoteje m. Si m pa t chanje, m te ka gentan mouri menm jan ak kèk nan zanmi m te genyen ki te konn fè bòks yo. Se ane m pase ap sèvi Jewova yo ki ban m plis kè kontan nan lavi m.”

PA SISPANN FÈ SA KI BYEN!

Ki jan n ta dwe santi n toutpandan n ap tann destriksyon monn mechan sa a? Pa bliye sa, n ap fè volonte Bondye e n gen espwa n ap jwenn lavi ki pap janm fini an. “Donk, annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale.” (Galat 6:8, 9). Grasa èd Jewova, ann kontinye andire, ann kontinye travay di pou n vin gen kalite n ap bezwen pou n chape vivan nan “gwo tribilasyon an” e pou n kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. — Revelasyon 7:9, 13, 14; Jak 1:2-4.

Nou mèt gen konfyans Jewova pral rekonpanse nou pou andirans nou paske l wè travay n ap fè ansanm ak lanmou nou demontre pou li e pou non l. Si n kontinye sèvi l ak kè kontan, n ap vin menm jan ak salmis David ki te di: “Mwen gen Jewova devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen. Se poutèt sa, kè m kontan. Se tout mwen menm ki kontan. E m ap abite an sekirite.” — Sòm 16:8, 9.