Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre w fidèl ak Jewova

Montre w fidèl ak Jewova

“Se pou Jewova temwen ant ou menm avè m, ant desandans pa w ak desandans pa m pou toutan.” — 1 SAMYÈL 20:42.

KANTIK: 125, 62

1, 2. Poukisa relasyon Jonatan te gen ak David la se yon bon egzanp fidelite?

JONATAN dwe te sezi lè l te wè jan David, ki te yon jèn gason, te gen kran. David te touye jeyan yo te rele Golyat la e li te pote “tèt sòlda Filisti a” bay Sayil, papa Jonatan, ki te wa ann Izrayèl (1 Samyèl 17:57). Jonatan pa t gen okenn dout Bondye te ak David e depi lè sa a, Jonatan ak David te vin bon zanmi. Yo te pwomèt pou yo toujou ret fidèl youn ak lòt (1 Samyèl 18:1-3). Jonatan te ret fidèl ak David pandan tout rès vi l.

2 Jonatan te ret fidèl ak David menm lè se pa li menm Jewova te chwazi pou vin wa ann Izrayèl men se te David. Epi, lè Sayil t ap chèche touye David, Jonatan te enkyete l anpil pou zanmi l lan. Jonatan te konnen David te nan dezè Orèch la, se sa k fè li t al lòtbò a pou l ankouraje David kontinye konte sou Jewova. Men sa Jonatan te di David: “Ou pa bezwen pè. Paske Sayil, papa m, pap jwenn ou. Se ou k ap vin wa ann Izrayèl e mwen menm m ap vin apre w.” — 1 Samyèl 23:16, 17.

3. Ki sa k te pi enpòtan pou Jonatan pase fidelite l ak David, e ki jan nou fè konn sa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 An jeneral, nou renmen moun ki fidèl. Men, èske nou renmen Jonatan sèlman paske l te fidèl ak David? Non. Pou Jonatan, fidelite l ak Jewova se sa k te pi enpòtan nan lavi l. An reyalite, se rezon sa a ki fè l te ret fidèl ak David byenke l te konnen se David ki t apral vin wa, se pa li menm. Jonatan te menm ankouraje David pou l konte sou Jewova. Mesye sa yo te nonsèlman fidèl youn ak lòt, men, yo te fidèl ak Jewova. Yo te respekte pwomès yo te fè a: “Se pou Jewova temwen ant ou menm avè m, ant desandans pa w ak desandans pa m pou toutan.” — 1 Samyèl 20:42.

4. a) Ki sa k ap ban nou bonjan kè kontan e k ap bay lavi nou yon sans? b) Ki sa n pral wè nan atik sa a?

4 Nou menm tou nou bezwen fidèl ak fanmi nou, zanmi nou e ak frè ak sè n yo nan kongregasyon an (1 Tesalonisyen 2:10, 11). Men, sa k pi enpòtan an, nou dwe fidèl ak Jewova. Se li menm ki ban nou lavi (Revelasyon 4:11)! Lè n fidèl ak Jewova n ap jwenn bonjan kè kontan e lavi nou ap gen yon sans. Sepandan, nou konnen nou dwe fidèl ak Jewova menm nan moman ki difisil. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan egzanp Jonatan kapab ede n ret fidèl ak Jewova nan sitiyasyon tankou: 1) lè nou santi yon moun ki gen otorite pa merite pou moun respekte l, 2) lè nou dwe chwazi ak kiyès nou dwe fidèl, 3) lè yon frè ki gen responsablite mal konprann nou oswa l mal boule avèk nou, e 4) lè n santi li difisil pou nou kenbe yon pwomès nou te fè.

LÈ YON MOUN KI GEN OTORITE SANBLE PA MERITE RESPÈ NOU

5. Poukisa l te difisil pou pèp Izrayèl la rete fidèl ak Bondye lè Sayil te wa?

5 Jonatan ak pèp Izrayèl la te nan yon sitiyasyon ki difisil. Wa Sayil, papa Jonatan, te vin ap dezobeyi Jewova e se sa k fè Jewova te vire do ba li (1 Samyèl 15:17-23). Malgre sa, Bondye te pèmèt Sayil kontinye dirije nasyon Izrayèl la pandan plizyè ane. Se sa k fè l te difisil anpil pou pèp la ret fidèl ak Bondye lè wa ki te chita sou “twòn Jewova a” t ap fè sa k pa sa. — 1 Kwonik 29:23.

6. Ki sa k montre Jonatan te ret fidèl ak Jewova?

6 Jonatan te ret fidèl ak Jewova. Reflechi sou sa Jonatan te fè yon ti tan apre Sayil te kòmanse dezobeyi Bondye (1 Samyèl 13:13, 14). Nan moman sa a, te gen yon gwo lame moun Filisti ki te vin atake Izrayèl ak 30 000 charyo. Sayil te gen 600 sòlda, e se Jonatan avè l sèlman ki te gen zam. Men, Jonatan pa t pè. Li te sonje pawòl Samyèl te di: “Jewova pap abandone pèp li a, poutèt non li ki gran.” (1 Samyèl 12:22). Men sa Jonatan te di yon lòt sòlda: “Pa gen anyen ki ka anpeche Jewova sove nou, kit nou anpil, kit nou pa anpil.” Se konsa, li menm ansanm ak sòlda ki te avè l la te atake yon gwoup sòlda Filisti e yo te touye 20 nan yo. Jonatan te gen konfyans nan Jewova e Jewova te beni l. Jewova te fè vin gen yon gwo tranblemanntè e laperèz te anvayi sòlda Filisti yo. Konsa, sòlda Filisti yo te atake youn lòt, youn te touye lòt e Izrayelit yo te genyen batay la. — 1 Samyèl 13:5, 15, 22; 14:1, 2, 6, 14, 15, 20.

7. Ki jan Jonatan te boule ak papa l?

7 Malgre Sayil te kontinye dezobeyi Jewova, Jonatan li menm te toujou obeyi papa l depi sa posib. Pa egzanp, yo t al nan lagè ansanm pou yo defann pèp Jewova a. — 1 Samyèl 31:1, 2.

8, 9. Nan ki sans nou montre nou fidèl ak Bondye lè n respekte moun ki gen otorite yo?

8 Menm jan ak Jonatan, nou kapab montre nou fidèl ak Jewova lè nou obeyi gouvènman peyi kote n ap viv la lè sa posib. Jewova pèmèt “otorite” sa yo dirije nou e li mande pou n respekte yo. (Li Women 13:1, 2.) Se pou rezon sa a nou dwe trete yon responsab gouvènman an avèk respè menm lè li pa onèt e nou santi li pa merite pou nou respekte l. An reyalite, nou dwe respekte tout moun Jewova bay otorite. — 1 Korentyen 11:3; Ebre 13:17.

Yon fason nou kapab ret fidèl ak Jewova se lè n gen respè pou mari nou oswa madanm nou menmsi l pap sèvi Jewova. (Gade paragraf 9.)

9 Olga, yon sè k ap viv ann Amerik disid te montre l fidèl ak Jewova lè li te gen respè pou mari l malgre mari a t ap maltrete l. [1] (Gade nòt la.) Pafwa, mari a te konn refize pale avè l, li te konn di l move pawòl paske li se Temwen Jewova. Li te menm menase l l ap kite l e l ap pran timoun yo. Men, Olga pa t “rann [...] mal pou mal”. Li te fè tout sa l kapab pou l ret yon bon madanm. Li te fè manje pou li, li te lave rad li epi l te pran swen lòt moun nan fanmi mari l (Women 12:17). Lè sa posib, li te konn akonpaye mari l pou l al vizite fanmi ak zanmi mari a. Pa egzanp, lè mari a te vle al nan antèman papa l nan yon lòt vil, Olga te prepare tout bagay yo t ap bezwen pou vwayaj la. Apre sa, pandan antèman an, li te ret tann mari a deyò legliz la. Apre anpil ane, tèlman li te gen pasyans ak mari a e l te toujou respekte l, mari a te kòmanse pi byen boule avè l. Kounye a, mari a ankouraje l al nan reyinyon e li mennen l nan reyinyon. Pafwa, li menm asiste kèk reyinyon avè l. — 1 Pyè 3:1.

LÈ NOU DWE DESIDE AK KIYÈS POU N FIDÈL

10. Ki jan Jonatan te fè konnen ak kiyès li dwe fidèl?

10 Lè Sayil te di li pral touye David, Jonatan te gen yon gwo desizyon pou l pran. Li te vle fidèl ak papa l e anmenmtan li te vle fidèl ak David. Jonatan te konnen se David ki te gen favè Jewova, se pa Sayil. Konsa, li te chwazi ret fidèl ak David. Li te fè David al kache, apre sa, li te esplike Sayil rezon k fè l dwe kite David viv. — Li 1 Samyèl 19:1-6.

11, 12. Ki jan lanmou nou gen pou Bondye kapab ede n pran desizyon pou n ret fidèl ak li?

11 Alice, yon sè ki ann Ostrali, te gen pou l deside ak kiyès li dwe fidèl. Lè l t ap etidye Labib, li te pale ak fanmi l sou sa l t ap aprann yo. Epitou, li te di yo li pap fete Nwèl avèk yo ankò e li te esplike yo poukisa. Okòmansman, fanmi l te santi li lage yo, epi annapre, yo te vin fache anpil avè l. Yo te santi Alice pa renmen yo ankò. Apre sa, manman Alice te di li pa vle janm wè Alice ankò. Men sa Alice te di: “Se te yon gwo chòk pou mwen e sa te fè m mal anpil paske mwen vrèman renmen fanmi m. Aktout sa, mwen te deside pou se Jewova ak Pitit Gason l lan ki gen premye plas nan kè m e m te batize nan pwochen asanble a.” — Matye 10:37.

12 Nou pa dwe kite atachman nou gen pou yon ekip spò, pou lekòl nou, pou peyi nou oswa pou nenpòt sa l ye a vin pi enpòtan pou nou pase atachman nou dwe gen pou Jewova. Pa egzanp, Henry te renmen jwe echèk nan ekip lekòl li a, e l te vle genyen yon chanpyona pou lekòl la. Men, lefètke l te konn jwe echèk chak wikenn, li pa t gen tan pou predikasyon ak reyinyon. Henry te fè konnen atachman li te gen pou lekòl li a te vin pi enpòtan pase atachman l pou Jewova. Se sa k fè l te deside sispann jwe echèk pou lekòl la. — Matye 6:33.

13. Ki jan lè n ret fidèl ak Bondye sa ka ede n fè fas ak pwoblèm nan fanmi nou?

13 Pafwa, li ka difisil pou nou fidèl ak plizyè moun nan fanmi nou anmenmtan. Pa egzanp, men sa Ken te di: “Piske Manman m te fin granmoun, mwen te vle al wè l pi souvan e m te vle fè l vin lakay mwen menm ak madanm mwen detanzantan. Men, manman m ak madanm mwen pa t antann yo byen.” Men sa Ken te ajoute: “Mwen pa t ka fè youn plezi san lòt la pa fache.” Ken te reflechi sou sa Bib la di e l te vin rann li kont, nan sitiyasyon sa a, li te dwe chèche fè madanm li plezi epi ret fidèl ak madanm li. Se sa k fè li te jwenn yon solisyon ki te fè madanm li kontan. Apre sa, li te esplike l poukisa l dwe janti ak manman l. Epitou, li te esplike manman l poukisa li dwe respekte madanm li. — Li Jenèz 2:24; 1 Korentyen 13:4, 5.

LÈ YON FRÈ PA KONPRANN NOU OUBYEN L PA BYEN BOULE AK NOU

14. Ki fason Sayil te mal aji ak Jonatan?

14 Nou kapab fidèl ak Jewova menmsi yon frè ki gen responsablite pa byen boule ak nou. Se Bondye ki te chwazi Sayil pou l vin wa, malgre sa, li pa t byen boule ak pwòp pitit gason l. Li pa t konprann rezon ki fè Jonatan te renmen David. Se sa k fè, lè Jonatan te eseye pran pou David, Sayil te vin fache anpil e li te fè pitit gason l lan wont devan yon pakèt moun. Aktout sa, Jonatan te toujou respekte papa l. Anmenmtan, li te kontinye ret fidèl ak Jewova e ak David, moun Jewova te chwazi pou vin wa ann Izrayèl la. — 1 Samyèl 20:30-41.

15. Ki jan nou ta dwe reyaji si yon frè pa ta byen boule ak nou?

15 Jodi a, nan kongregasyon yo, frè ki gen responsablite yo fè efò pou yo byen boule ak tout moun. Men, frè sa yo pa pafè. Pou rezon sa a, li posib pou yo pa konprann rezon k fè n fè tèl ou tèl bagay (1 Samyèl 1:13-17). Kidonk, si sa ta rive yo mal konprann nou oswa yo mal wè nou, annou kontinye ret fidèl ak Jewova.

LÈ L DIFISIL ANPIL POU N KENBE PWOMÈS NOU

16. Nan ki sitiyasyon konsa nou ta dwe ret fidèl ak Jewova olye n wè tèt nou sèlman?

16 Se Jonatan Sayil te vle ki pou vin wa se pa David (1 Samyèl 20:31). Men, Jonatan te renmen Jewova e l te fidèl avè l. Se sa k fè, olye Jonatan te wè tèt li sèlman, li te vin zanmi David e l te respekte pwomès li te fè David la. An reyalite, nenpòt moun ki renmen Jewova e ki fidèl avè l ap “kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè”. (Sòm 15:4.) Piske n fidèl ak Bondye, n ap kenbe pwomès nou fè yo. Pa egzanp, si nou gen yon kontra biznis ak yon moun, n ap fè sa n te dakò pou n fè a menmsi sa vin difisil pou nou. Epi, si n gen pwoblèm nan maryaj nou, n ap montre nou renmen Jewova, lè nou ret fidèl ak mari nou oswa madanm nou. — Li Malachi 2:13-16.

Si n gen yon kontra biznis ak yon moun, n ap fè sa n te dakò fè a paske n fidèl ak Bondye. (Gade paragraf 16.)

17. Ki sa n te aprann nan atik sa a?

17 Menm jan ak Jonatan, nou vle ret fidèl ak Jewova menm lè n nan sitiyasyon ki difisil. Kidonk, ann ret fidèl ak frè ak sè n yo lè yo fè bagay ki pa fè nou plezi. Konsa, n ap fè kè Jewova kontan e sa ap fè n gen plis kè kontan (Pwovèb 27:11). Nou mèt gen asirans l ap toujou fè sa ki pi bon an pou nou e l ap pran swen nou. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki sa n kapab aprann nan egzanp kèk moun fidèl ak kèk moun ki pa t fidèl ki t ap viv nan epòk David la.

^ [1] (paragraf 9) Gen kèk non yo chanje.