Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Jewova fè m reyisi nan sèvis li

Jewova fè m reyisi nan sèvis li

Mwen te di ofisye a mwen te deja al nan prizon paske m pa t vle al nan lagè. Mwen te mande l: “Èske w vle fè m viv menm sitiyasyon sa yo ankò?” Konvèsasyon sa a te fèt dezyèm fwa otorite yo te mande m antre nan lame amerikèn nan.

MWEN fèt nan ane 1926, nan Crooksville, Ohio, Etazini. Manman m ak papa m pa t enterese nan zafè relijyon, men yo te di nou menm, uit pitit yo te genyen yo, pou n al legliz. Mwen t al nan legliz Metodis. Lè m te gen 14 an, pastè a te ban m yon prim paske m te fè ennan pral legliz chak dimanch.

Margaret Walker (dezyèm sè ki agoch la) te anseye m laverite.

Nan epòk sa a, te gen yon vwazin ki rele Margaret Walker, yon Temwen Jewova, ki te kòmanse vizite manman m pou l pale de Bib la avè l. Yon jou, m te deside suiv etid la. Piske manman m te panse se kontrarye m t ap vin kontrarye l nan etid li, li te fè m sot deyò. Men, mwen te kontinye eseye tande sa yo t ap di. Apre Magaret te fin vizite manman m de ou twa fwa, li te mande m: “Èske w konn non Bondye?” Mwen te di l: “Tout moun konn sa, se Bondye.” Li di m: “Pran Bib ou, gade Sòm 83:18.” Mwen pran Bib mwen, epi m wè non Bondye se Jewova. Mwen kouri al jwenn zanmi m yo, mwen di yo: “Lè n rive lakay nou aswè a, gade Sòm 83:18 nan Bib la pou n wè ki jan Bondye rele.” Ou ta ka di mwen te kòmanse preche menm kote a.

Mwen te etidye Labib e m te batize an 1941. Yon ti tan annapre, mwen te vin gen responsablite pou m kondui etid liv kongregasyon an. Mwen te ankouraje manman m ak frè m ak sè m yo pou yo vin nan reyinyon, e yo tout te kòmanse asiste etid liv mwen t ap kondui a. Men, sa pa t enterese papa m.

MWEN TE JWENN OPOZISYON LAKAY MWEN

Mwen te vin gen plis responsablite nan kongregasyon an e m te fè yon bibliyotèk ki gen piblikasyon Temwen Jewova yo ladan l. Yon jou, papa m lonje dwèt li sou liv yo, epi l di m: “Èske w wè tout bagay sa yo? Mwen pa vle wè yo nan kay sa a ankò, epi w mèt tou ale avè yo.” Mwen te kite kay la e m te jwenn yon chanm pou m abite toupre Zènsvil, Owayo, men m te konn fè ale vini pou m te ka ankouraje fanmi m.

Papa m te eseye anpeche manman m al nan reyinyon. Pafwa, lè manman m nan wout pou l al nan reyinyon, li te konn kouri dèyè l epi l rale l pou l fè l tounen lakay li. Men, manman m te konn annik pase nan yon lòt pòt pou l al nan reyinyon. Mwen te di manman m: “Pa enkyete w, li gen pou l bouke kouri dèyè w.” Rive yon lè, papa m pa t anpeche manman m al nan reyinyon ankò, e manman m t al nan reyinyon san pwoblèm.

An 1943, kongregasyon nou an te kòmanse ak Lekòl ministè teyokratik la e m te kòmanse gen patisipasyon nan Lekòl la. Konsèy yo te konn ban m apre patisipasyon m yo te ede m vin yon pi bon oratè.

MWEN PA T VLE AL NAN LAGÈ

An 1944, pandan dezyèm gè mondyal la, yo te ban m lòd pou m antre nan lame. Mwen te enskri nan Fort Hayes, nan Columbus, Owayo, se la yo te fè yon egzamen fizik pou mwen e m te ranpli yon seri fòmilè. Mwen te tou di ofisye yo mwen pap vin yon sòlda. Yo te kite m ale. Kèk jou annapre, yon ofisye te vin lakay mwen, epi l di m: “Corwin Robison, mwen gen yon manda pou m arete w.”

De semèn annapre, men sa jij la te di m nan tribinal la: “Si se pou mwen, mwen t ap fè w pase tout vi w nan prizon. Èske gen yon bagay ou vle di?” Mwen te reponn li: “Jij, yo ta dwe konsidere m antanke yon minis relijye. Devan pòt kay tout moun se podyòm mwen e m preche anpil moun konsènan bon nouvèl Wayòm nan.” Jij la te di manm jiri yo: “Nou pa vin la a pou n deside si wi ou non jennonm sa a se yon minis relijye. Nou la pou n di si wi ou non li dakò antre nan lame.” Nan mwens pase trant minit, jiri a te vin ak yon santans, yo te deklare m koupab. Jij la te kondane m pou m pase senk an nan prizon nan Ashland, Kentucky.

JEWOVA PWOTEJE M NAN PRIZON

Mwen te pase de premye semèn yo nan yon prizon nan Columbus, Owayo, e premye jou a m te ret nan selil yo te mete m nan. Men sa m te di Jewova nan lapriyè: “Mwen pa ka ret nan yon selil pou senk an. Mwen pa konn sa pou m fè.”

Nan demen, gad yo te fè m sot deyò. Mwen t al kot yon prizonye ki byen wo, ki gen do l byen laj, e n te ret ap gade nan fenèt la. Li te di m: “Piti, poukisa yo mete w la a?” Mwen te di l: “Mwen se Temwen Jewova.” Li reponn: “Se vre? Enben, sa w ap fè la a?” Mwen di l: “Temwen Jewova yo pa al nan lagè paske n pa vle touye moun.” Li di m: “Yo mete w nan prizon paske w pa vle touye moun! Epi, yo met lòt moun nan prizon paske yo touye moun. Èske w wè sa nòmal?” Mwen reponn: “Non, sa pa nòmal.”

Apre sa, li di m: “Mwen te fè 15 an nan yon lòt prizon e se la m te li kèk nan piblikasyon nou yo.” Epi, mwen priye Jewova, mwen di: “Jewova, tanpri, fè mesye sa a byen avè m.” Menm kote a, Pòl, prizonye a, di m: “Si nenpòt nan mesye sa yo ta manyen w, annik rele m, epi m ap regle avè yo.” Twouve, mwen pa t gen okenn pwoblèm ak okenn nan 50 prizonye ki te nan seksyon m te ye a.

M te pami Temwen ki te nan prizon pou netralite yo nan Ashland, Kentucky.

Lè responsab prizon yo te transfere m nan prizon ki nan Ashland nan, mwen te rankontre ak yon pakèt frè ki gen matirite lòtbò a. Lefètke mwen menm ak kèk lòt frè te pase tan avèk yo, sa te fè n vin pi pwòch Jewova. Frè sa yo te ban nou yon pati nan Bib la pou n li chak semèn, e n te prepare kesyon ak repons pou reyinyon yo. Nou te rele reyinyon yo: Myèl Bib la. Epi, yo te nome yon siveyan tèritwa. Nou te nan yon gwo dòtwa ki te gen kabann ki kole ak mi yo. Moun ki te siveyan tèritwa a te ka di m: “Robison, ou responsab kabann entèl ak kabann entèl. Nenpòt moun yo bay kouche sou kabann sa a se yon moun ki nan tèritwa w. Fè tout sa w kapab pou w ba l temwayaj anvan l ale.” Se konsa nou te preche yon fason ki òganize.

SA M TE JWENN LÈ M SOT NAN PRIZON

Dezyèm Gè mondyal la te fini an 1945, men m te pase yon bon ti tan nan prizon apre sa. Mwen te vin ap enkyete m pou fanmi m paske papa m te di m: “Depi w wè m te ka soti anba w, m ap degaje m ak lòt yo.” Lè m te sot nan prizon, mwen te pran yon bèl sipriz. Malgre papa m te opoze ak laverite, sèt moun nan fanmi m te konn asiste reyinyon e youn nan sè m yo te batize.

M pral preche ak Demetrius Papageorge, yon frè ki te gen esperans pou l al viv nan syèl e ki te kòmanse sèvi Jewova an 1913.

Lè lagè ki te fèt Kore a te eklate an 1950, yo te ban m lòd pou m antre nan lame yon dezyèm fwa. Yo te konvoke m nan Fort Hayes ankò. Apre yo fin pase m egzamen, men sa yon ofisye te di m: “Ou se youn nan moun ki fè pi gwo nòt nan gwoup ou a.” Mwen te di l: “Pa gen pwoblèm, men m pap antre nan lame.” Mwen te site 2 Timote 2:3, epi m di l: “Mwen deja yon sòlda Kris.” Apre l fin pase yon bon ti tan san l pa di anyen, li di m: “Ou mèt ale.”

Yon ti tan apre, mwen te asiste yon reyinyon yo te fè pou moun ki vle al travay Betèl, nan yon kongrè ki te fèt Cincinnati, Owayo. Frè Milton Henschel te di si yon moun vle travay di pou Wayòm nan, òganizasyon an kapab itilize l nan Betèl la. Mwen te ranpli yon aplikasyon pou Betèl, yo te aksepte m e m te antre nan Betèl Bwouklin nan mwa out 1954. Epi, depi lè sa a m ap sèvi nan Betèl.

M te toujou gen travay pou m fè nan Betèl. Pandan plizyè ane, se mwen ki te travay sou chodyè enprimri yo ak bilding ki gen biwo yo, sou machin enprimri yo e m te konn repare kadna yo ak seri pòt yo. Epitou, mwen te konn travay nan Sal asanble yo, nan vil Nouyòk.

M ap travay nan chodyè yo nan bilding ki gen biwo yo, Betèl Bwouklin, Nouyòk.

Mwen te vin renmen lavi nan Betèl ak aktivite espirityèl yo fè nan Betèl la, sa ki gen ladan l egzamine tèks pou jounen an ak etid Toudegad nou fè nan fanmi Betèl la. Mwen te renmen patisipe nan travay predikasyon an ak moun nan kongregasyon m yo. Lè n byen gade, tout fanmi Temwen Jewova ta dwe fè menm aktivite sa yo. Lè paran yo ak pitit yo egzamine tèks pou jounen an ansanm, yo fè etid familyal regilyèman, e yo patisipe ak tout kè yo nan reyinyon ak nan travay predikasyon bon nouvèl la, sa ka fè tout moun nan fanmi an gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova.

M te vin gen anpil zanmi nan Betèl la ak nan kongregasyon an. Gen ladan yo ki te gen esperans pou y al nan syèl e yo deja al nan syèl. Gen lòt ki pa gen esperans sa a. Pa gen youn nan sèvitè Jewova yo sou tè a, san wete Betelit yo, ki pafè. Depi m gen pwoblèm ak yon frè, mwen toujou eseye fè lapè. Mwen konn reflechi ak Matye 5:23, 24 pou m ka wè fason Bib la mande pou n rezoud pwoblèm yo. Se vre, sa pa fasil pou yon moun di: “Eskize m”, men, se konsa moun rezoud pifò pwoblèm yo gen ak lòt moun.

BON REZILTA M JWENN NAN SÈVIS LA

Akoz laj mwen, li difisil kounye a pou m al preche kay an kay, men m pa sispann fè sa. Mwen te aprann di kèk mo nan lang chinwa mandaren e m renmen pale ak chinwa yo nan lari. Gende maten, mwen konn kite 30 oswa 40 peryodik nan men moun ki enterese yo.

M ap preche chinwa yo nan Bwouklin, Nouyòk.

Mwen te menm fè yon nouvèl vizit an Chin! Yon jou, yon jèn fi byen janti te souri ban mwen pandan l t ap bay fèy piblisite pou yon stann ki gen fwi. Mwen te souri e m te ofri l Toudegad ak Réveillez-vous! nan lang chinwa. Li te pran peryodik yo epi l di m li rele Katie. Apre sa, chak fwa Katie wè m, li te vin pale avè m. Mwen te montre l non fwi yo ak legim yo ann anglè, e l te konn repete apre m. Mete sou sa, mwen te konn esplike l vèsè biblik yo e l te aksepte liv Sa Labib anseye a. Apre kèk semèn, mwen pa t wè l ankò.

Kèk mwa annapre, gen yon lòt jèn fi ki t ap bay fèy piblisite ki te aksepte peryodik mwen t ap ofri yo. Nan semèn ki te vin apre a, li te lonje telefòn selilè l ban mwen, epi l di m: “Pale ak yon moun k ap viv an Chin.” Mwen te di l: “Mwen pa konn pèsonn k ap viv an Chin.” Men, li te tèlman ensiste, mwen pran telefòn nan, mwen di: “Alo! Se Robison.” Moun nan telefòn nan di: “Robby, se Katie. Mwen te retounen an Chin.” Mwen di l: “An Chin!” Katie reponn: “Wi. Ou wè ti dam ki pase w telefòn nan? Se ti sè m. Ou te anseye m anpil bon bagay. Tanpri, anseye l jan w te anseye m nan.” Mwen te di l: “Katie, m ap fè tout sa m kapab. Mèsi dèske w fè m konnen ki kote w ye.” Yon ti tan annapre, mwen te pale ak ti sè Katie a yon dènye fwa. Kèlkeswa kote de ti medam sa yo ye, mwen espere y ap aprann plis sou Jewova.

M ap sèvi Jewova depi 73 an e m kontan dèske m pa t mele nan zafè politik monn nan e m te ret fidèl nan prizon. Frè m ak sè m yo te di m sa te ankouraje yo anpil lè yo te wè jan m te kenbe fèm lè papa m te opoze ak laverite. Manman m ak sis nan frè m ak sè m yo te vin batize. Menm papa m te fè yon ti chanje e l te asiste kèk nan reyinyon yo anvan l mouri.

Si se volonte Bondye, manm fanmi m ak zanmi m ki mouri yo ap jwenn lavi ankò nan monn nouvo a. Imajine jan nou pral kontan lè n pral adore Jewova ansanm ak moun nou renmen yo pou tout tan gen tan *! — Gade nòt anba paj la.

^ § 32 Pandan yo t ap prepare atik sa a pou yo pibliye l, frè Corwin Robison te mouri fidèl ak Jewova.