Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen kite tout bagay dèyè pou m suiv Mèt la

Mwen kite tout bagay dèyè pou m suiv Mèt la

“Si w al preche, pa tounen. Si w tounen, m ap kase pye w.” M te deside kite kay la akoz menas sa a papa m te fè m. Se te premye eksperyans mwen te fè lè m te kite tout bagay dèyè pou m suiv Mèt la. M te gen 16 an sèlman.

KI JAN m te fè vin nan sitiyasyon sa a? Kite m esplike nou. Mwen fèt 29 jiyè 1929, e m te grandi nan yon ti vil nan pwovens Bulacan, nan peyi Filipin. Nan ti vil sa a, moun yo te konn viv yon fason senp piske se te yon epòk kote te gen kriz ekonomik. Te gen yon gè ki te eklate lè m te jèn. Lame japonè a te anvayi Filipin. Men, piske ti vil nou an te yon ti jan izole, konfli ki te genyen akoz gè a pa t gen twòp efè sou nou. Nou pa t gen radyo, televizyon ak jounal, konsa, se sèlman nan bouch lòt moun nou te konn tande sa k ap pase nan gè a.

Mwen te dezyèm nan uit pitit paran m yo, e gran paran m yo te fè m vin viv ak yo lè m te gen uit an. Byenke n te Katolik, granpè m pa t gen pwoblèm ak okenn relijyon e l te konn aksepte liv ki pale sou relijyon nan men zanmi l yo. M sonje l te montre m bwochi Pwoteksyon an, bwochi Sekirite a ak bwochi Devwale a nan lang Tagalòg *, e l te montre m yon Bib tou. M te renmen li Bib la, sitou kat Evanjil yo. Lekti sa yo te fè m vle suiv egzanp Jezi. — Jan 10:27.

MWEN APRANN SUIV MÈT LA

Japonè yo te kite peyi a an 1945. Nan moman sa a, paran m yo te mande m pou m tounen vin viv lakay yo. Piske granpè m te ankouraje m pou m ale, mwen te ale.

Yon ti tan apre sa, nan mwa desanm 1945, gen yon gwoup Temwen Jewova ki te sot nan vil Angat ki te vin preche nan ti vil nou an. Gen yon Temwen aje ki te vin lakay nou e l te esplike n ki sa Bib la di sou “dènye jou yo”. (2 Tim. 3:1-5.) Li te envite n asiste yon etid Labib ki t ap fèt nan yon ti vil toupre a. Paran m yo pa t ale, men, m te ale. Te gen anviwon 20 moun nan reyinyon an e gen kèk nan yo ki te poze kesyon sou Bib la.

Piske m pa t vrèman konprann tout sa yo t ap di nan reyinyon an, m te deside kite l. Men, se nan moman sa a yo te kòmanse chante yon kantik Wayòm. Kantik la te vrèman gen efè sou mwen, se sa k fè m te rete. Apre kantik ak priyè, yo te envite tout moun pou yo asiste yon reyinyon nan dimanch ki vin apre a nan vil Angat.

Gen plizyè nan nou ki te fè anviwon uit kilomèt ap mache pou n al asiste reyinyon an lakay yon fanmi ki te rele Cruz. M te sezi lè m te wè jan menm timoun piti ki te pami 50 moun ki te nan reyinyon an t ap fè kòmantè sou yon seri sijè biblik ki pwofon. Apre m te fin asiste anpil lòt reyinyon, frè Damian Santos, yon pyonye aje ki te yon ansyen majò nan lame, te envite m pase nuit lan lakay li. Nou te fè prèske tout nuit lan ap pale sou Bib la.

Nan epòk sa a, anpil nan nou te fè pwogrè byen vit apre n fin aprann verite de baz ki nan Bib la. Apre sèlman kèk reyinyon, men sa frè yo te mande mwen menm ak lòt moun yo: “Èske n vle batize?” M te reponn: “Wi, mwen vle.” Mwen konnen m te vle “travay antanke esklav pou Mèt la, anpalan de Kris”. (Kol. 3:24.) Nou t al nan yon rivyè ki te toupre a, e de nan nou te batize nan dat 15 fevriye 1946.

Antanke kretyen ki batize, nou te rann nou kont nou dwe preche regilyèman menm jan ak Jezi. Papa m pa t kontan lè m te konn al preche paske l te di m: “Ou twò jèn pou w preche. Epitou, se pa paske yo plonje w nan rivyè a ki fè w se yon predikatè.” M te esplike l se Bondye ki vle pou n preche bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 24:14). M te di l ankò: “M vle respekte ve m te fè Bondye a.” Se nan moman sa a papa m te fè m menas mwen te rakonte nan kòmansman an. Vrèmanvre, li te gen entansyon anpeche m preche. E se sa ki te mennen nan premye eksperyans mwen te fè antanke moun ki te kite tout bagay dèyè pou m chèche gen objektif espirityèl.

Fanmi Cruz te envite m vin viv lakay yo nan vil Angat. Anplis de sa, yo te ankouraje mwen menm ak Nora, pi jèn pitit fi yo a, pou n vin pyonye pèmanan. Nou toule de te kòmanse sèvi kòm pyonye 1ye novanm 1947. Nora t al sèvi nan yon lòt vil alòske m te kontinye ede nan travay predikasyon an nan vil Angat.

MWEN JWENN YON LÒT OKAZYON POU M KITE TOUT BAGAY DÈYÈ

Nan twazyèm ane m antanke pyonye, Earl Stewart, yon frè nan filyal la, te bay yon diskou devan plis pase 500 moun sou plas piblik vil Angat la. Li te bay diskou a ann anglè, e annapre, mwen te rezime diskou a an tagalòg. M te sèlman fè setan lekòl, men, pwofesè nou yo te konn anseye n ann anglè regilyèman. Yon lòt bagay ki te ede m vin fò nan anglè se lefètke n pa t gen anpil piblikasyon biblik nan lang tagalòg. Donk, m te etidye anpil nan yo ann anglè. Konsa, m te vin gen ase konesans nan anglè pou m entèprete diskou sa a ak lòt diskou ankò nan lòt okazyon.

Yon jou, pandan m t ap entèprete yon diskou pou frè Stewart, li te fè moun nan kongregasyon ki nan zòn nan konnen biwo filyal la vle envite youn oswa de frè ki pyonye vin nan Betèl. Yo te dwe bay koutmen nan travay la pandan misyonè yo t al asiste asanble ki gen tèm Akwasman teyokratik ki te fèt an 1950, nan Nouyòk, Ozetazini. Mwen te youn nan frè yo te envite yo. Yon lòt fwa ankò, m te kite tout bagay m te abitye avè yo dèyè, men fwa sa a se te pou m ede nan travay Betèl.

M te rive nan Betèl 19 jen 1950, e m te kòmanse nouvo asiyasyon m nan. Betèl la te nan yon ansyen kay ki gwo anpil ki antoure ak yon seri gwo pyebwa nan yon espas ki anviwon yon kawo tè. Te gen anviwon yon douzèn frè selibatè k ap travay nan Betèl la. Lè maten byen bonè, m te konn travay nan kuizin. Apre sa, vè nevè konsa, m te konn travay nan biyandri kote m te konn pase rad. M te gen yon pwogram menm jan an nan aprèmidi. M te kontinye travay nan Betèl la menm apre misyonè yo te retounen sot nan asanble entènasyonal la. M te konn pliye peryodik pou poste, prepare abònman epi travay kòm resepsyonis nan Betèl la. M te konn fè tout sa yo mande m fè.

MWEN KITE FILIPIN POU M AL LEKÒL GALAAD

An 1952, mwen menm ak sis lòt frè ki sot Filipin te kontan anpil lè n te resevwa envitasyon pou n al asiste 20yèm klas Lekòl Galaad la. Anpil nan bagay nou te wè ak eksperyans nou te fè Ozetazini yo te nouvo pou nou e yo te parèt etranj. Vrèmanvre, sa te diferan anpil ak sa m te konnen lè m te nan ti vil nou an.

Mwen menm ak kèk etidyan nan Lekòl Galaad.

Pa egzanp, nou te aprann sèvi ak yon seri aparèy ak ekipman nou pa t abitye. Epitou, sa klè, tanperati a pa t menm ditou! Yon jou maten, m te sot deyò e m te wè tout bagay te bèl e yo te tou blan. Se te premye fwa m te wè nèj. Apre sa, m te santi l fè frèt, bonjan frèt la!

Men, bagay sa yo pa t reprezante anyen parapò ak bèl fòmasyon m te jwenn Galaad la. Enstriktè yo te sèvi ak metòd ansèyman ki efikas. Nou te aprann fè bonjan rechèch ak bonjan etid. Vrèmanvre, fòmasyon m te jwenn Galaad la te ede m vin pi djanm nan domèn espirityèl.

Apre m fin gradye, m te jwenn asiyasyon kòm pyonye espesyal tanporè nan Bwonks, nan vil Nouyòk. Konsa, nan mwa jiyè 1953, m te ka asiste asanble ki te gen tèm Sosyete monn nouvo a ki te fèt nan menm zòn sa a nan vil la. Apre asanble a, m te retounen nan yon asiyasyon nan peyi Filipin.

MWEN KITE KONFÒ KI GEN NAN VIL LA

Frè yo nan filyal la te di m: “Kounye a, ou pral nan travay sikonskripsyon an.” Sa te ban m yon lòt okazyon pou m suiv tras pye Mèt la yon fason literal, li menm ki te konn vwayaje nan anpil ti bouk byen lwen ansanm ak anpil vil pou l ede ti mouton Jewova yo (1 Pyè 2:21). Yo te voye m nan yon sikonskripsyon ki te kouvri yon gwo pati nan mitan zile Luzon, ki se pi gwo zile nan peyi Filipin. Tèritwa sa a te gen ladan l pwovens Bulacan, Nueva Ecija, Tarlac ak Zambales. Pou m al vizite moun yo lakay yo, m te dwe travèse yon pakèt mòn ki rele Sierra Madre. Pa t gen okenn transpò piblik ki rive nan zòn sa yo. Se sa k fè m te konn oblije mande chofè kamyon yo si m te ka chita anlè chay yo te konn pote nan gwo kamyon yo genyen yo. Byen souvan, yo te konn kite m chita sou chay yo, men, se pa t mwayen transpò ki te pi konfòtab la.

Pifò kongregasyon yo te piti e yo te fèk fèt. Se sa k fè frè yo te renmen lè m ede yo òganize reyinyon ak travay predikasyon an pi byen.

Annapre, yo te voye m nan yon sikonskripsyon ki te kouvri tout zòn Bicol la. Tèritwa sa a te gen ladan l pifò gwoup izole kote pyonye espesyal yo te konn al preche yon seri tèritwa ki potko preche. Nan yon kay, sèl twalèt ki te genyen se te yon latrin kote yo te fouye yon twou nan tè a epi yo te met de planch kouvri l. Lè m te kanpe sou planch yo, yo te tonbe nan twou a e m te tonbe ladan l tou. Sa te pran anpil tan pou m netwaye kò m e pou m prepare m pou m dejene!

Pandan m nan asiyasyon sa a m te kòmanse panse ak Nora ki te kòmanse sèvi kòm pyonye nan Bulacan. Nan moman sa a, li te pyonye espesyal nan vil Dumaguete, e m t al vizite l. Apre sa, nou te fè yon bon bout tan ap ekri youn lòt, epi n te marye an 1956. Apre n fin marye, nou te pase premye semèn nan ap vizite yon kongregasyon sou zile Rapu Rapu. Sou zile sa a, nou te oblije monte yon pakèt mòn e n te mache anpil, men, se pa ti kontan nou te kontan pou n sèvi frè ak sè ki nan zòn izole yo antanke mari ak madanm!

MWEN RESEVWA ENVITASYON POU M AL NAN BETÈL ANKÒ

Apre n te fin fè prèske katran nan travay itineran an ansanm, nou te resevwa envitasyon pou n al sèvi nan filyal la. Konsa, an janvye 1960, nou te kòmanse yon karyè byen long nan Betèl. Tank tan t ap pase, m te aprann anpil bagay pandan m t ap travay ak yon seri frè ki te gen gwo responsablite, e Nora li menm te gen yon pakèt asiyasyon nan Betèl.

M ap bay yon diskou nan yon kongrè e yon moun ap entèprete nan lang sebwano.

Pandan m nan Betèl, m te gen posiblite wè gwo pwogrè ki t ap fèt nan domèn espirityèl nan peyi Filipin. Lè m te fèk vin nan Betèl antanke yon jèn gason ki selibatè, te gen anviwon 10 000 pwoklamatè nan tout peyi a. Kounye a, gen plis pase 200 000 pwoklamatè nan peyi Filipin e gen plizyè santèn Betelit k ap bay èd nan aktivite predikasyon an ki enpòtan anpil.

Tank ane t ap pase, travay la te vin pi plis, e bilding Betèl la te vin twò piti. Se sa k fè Kolèj santral la te mande n chèche yon teren pou n konstwi yon nouvo bilding ki pi gwo. Mwen menm ak siveyan enprimri a t al lakay moun ki abite toupre filyal la pou n mande yo si youn nan yo vle vann pwopriyete yo genyen an. Pèsonn pa t vle, gen youn nan yo ki te menm di nou: “Chinwa pa konn vann. Se achte n konn achte.”

M ap entèprete yon diskou pou frè Albert Schroeder.

Men, yon jou, sanzatann, gen yon pwopriyetè ki te mande n si n vle achte tè l la paske l t apral viv Ozetazini. Sa te vin deklannche yon pakèt lòt evènman ki te difisil pou n kwè. Gen yon lòt vwazen ki te deside vann tè l la e l te ankouraje lòt moun toutotou l yo fè menm jan an. Nou te menm vin ka achte tè mesye ki te di n “Chinwa pa konn vann” nan. Nan yon ti tan, teren filyal la te vin plis pase twa fwa lavalè. Mwen gen konviksyon se Jewova Dye ki te vle sa rive.

Lè m reflechi, se mwen menm ki te pi jèn nan fanmi Betèl la an 1950. Kounye a, se mwen menm ak madanm mwen ki pi granmoun. M pa regrèt dèske m te suiv Mèt la kèlkeswa kote l te di m ale. Se vre paran m yo te mete m deyò lakay yo, men, Jewova te ban m yon pi gwo fanmi ki se kwayan parèy mwen yo. M pa gen okenn dout Jewova ban nou tout sa n bezwen nan kèlkeswa asiyasyon n genyen. Mwen menm ak Nora gen Jewova anpil rekonesans pou tout sa l ban nou avèk lanmou, e n ankouraje lòt moun pou yo teste Jewova pou yo wè. — Mal. 3:10.

Yon lè, men sa Jezi te di yon pèseptè ki te rele Matye Levi: “Vin suiv mwen.” Ki jan l te reyaji? “Pèseptè a [te] kite tout bagay dèyè, li leve e li kòmanse suiv [Jezi].” (Lik 5:27, 28). Mwen menm tou m te jwenn yon seri okazyon menm jan an, e se ak tout kè m mwen ankouraje lòt moun pou yo fè menm bagay la e y ap jwenn anpil benediksyon.

Mwen kontinye patisipe ak kè kontan nan pwogrè k ap fèt nan peyi Filipin.

^ § 6 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa yo, men yo pa enprime yo ankò.