Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Mwen konnen l ap leve”

“Mwen konnen l ap leve”

“Zanmi nou an ap dòmi, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.” — JAN 11:11.

KANTIK: 142, 129

1. Ki konfyans Mat te genyen konsènan frè l la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

MAT, yon bon zanmi Jezi e ki te disip li tou, te nan lapenn. Laza, frè l la, te mouri. Èske gen yon bagay ki te ka soulaje l anba chagren l te genyen an? Wi. Jezi te ba l asirans lè l te di l: “Frè w la ap leve.” Pawòl sa a ka pa t retire tout tristès Mat te genyen yo, men, Mat te kwè nan pawòl Jezi te di l la. Men sa l te di: “Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a.” (Jan 11:20-24). Mat te gen asirans sa t ap rive alavni. Annapre, Jezi te fè yon mirak. Li te fè Laza reviv menm jou sa a.

2. Poukisa w ta renmen gen menm konviksyon ak Mat?

2 Nou pa gen okenn rezon pou n panse Jezi ak Papa l pral fè yon mirak konsa pou nou jodi a. Sepandan, èske menm jan ak Mat ou gen asirans yon moun pa w ki mouri ap resisite alavni? Petèt se madanm ou oswa mari w ki mouri, petèt se manman w, papa w oswa yon gran paran w ou te renmen. Oubyen w ka nan lapenn paske w pèdi yon pitit ou. Ou pa ka tann pou w pran moun sa a ou te renmen an nan bra w, pou w pale avè l e pou w souri avè l. Erezman, menm jan ak Mat, ou gen bonjan rezon pou w di: ‘Mwen konnen moun pa m nan ap leve nan rezirèksyon an.’ Aktout sa, l ap bon pou chak kretyen reflechi sou rezon ki fè konviksyon sa a yo genyen an solid.

3, 4. Ki jan kèk aksyon Jezi te fè sa pa t gen lontan te petèt ranfòse konviksyon Mat te genyen an?

3 Piske Mat t ap viv toupre Jerizalèm, li posib pou l pa t wè lè Jezi te resisite pitit gason yon vèv toupre vil Nayin nan Galile. Men, petèt li te tande pale de sa. E se menm bagay la tou lè Jezi te resisite pitit fi Jayiris la. Moun lakay tifi a “te konnen tifi a mouri”. Aktout sa, Jezi te pran men tifi a ki tou mouri epi l di: “Tipitit, leve!” E tifi a leve menm kote a (Lik 7:11-17; 8:41, 42, 49-55). Ni Mat, ni Mari, sè l la, te konnen Jezi te kapab geri moun malad. Pou rezon sa a, yo te kwè si Jezi te la, Laza pa t ap mouri. Men kounye a, piske bon zanmi Jezi a mouri, ki sa k t apral rive? N ap remake Mat te pale konsènan Laza ki t apral resisite alavni, “nan dènye jou a”. Ki sa k te ka ba l asirans sa a? E poukisa w ka gen asirans pral gen yon rezirèksyon alavni kote moun pa w yo ka leve?

4 Ou gen bonjan rezon pou w gen konviksyon sa a. Pandan n ap fè yon ti pale sou kèk nan rezon sa yo, ou ka jwenn kèk bagay nan Pawòl Bondye a ou pa toujou panse ki gen rapò ak esperans solid ou genyen pou w rewè moun pa w yo.

YON SERI EVÈNMAN KI BAY ESPWA!

5. Ki sa k te fè Mat gen konviksyon Laza t ap resisite?

5 N ap remake Mat pa t di: ‘Mwen gen espwa frè m nan ap leve.’ Li te di: “Mwen konnen l ap leve.” Sandout se paske Mat te aprann gen mirak ki te fèt anvan menm Jezi te kòmanse sèvis li sou tè a ki fè l te gen konviksyon sa a. Li te tande pale de mirak sa yo lè l te jèn, swa lakay li swa nan sinagòg la. Gen twa nan istwa sa yo ki nan Ekriti yo ki ka vin nan lespri n.

6. Ki kokenn mirak Eli te fè, e èske Mat te konn sa?

6 Premye rezirèksyon an te fèt nan yon epòk kote Bondye te bay pwofèt Eli pouvwa pou l fè mirak. Nan vil Safat, yon ti vil bò lanmè nan peyi Fenisi, gen yon vèv malerèz ki te byen akeyi pwofèt la. Apre sa, Bondye te fè yon mirak lè l te fè ti farin ak ti luil dam nan pa fini yon fason pou li menm ak pitit gason l lan pa mouri (1 Wa 17:8-16). Annapre, pitit gason dam nan te vin malad e l te mouri. Eli te vin ede dam nan. Toutpandan Eli t ap manyen kadav la, li t ap priye e l te di: “Bondye m nan, tanpri, rebay pitit la lavi.” E sa te rive vre! Bondye te koute Eli, e tipitit la te retounen viv ankò. Se premye rezirèksyon Bib la rapòte. (Li 1 Wa 17:17-24.) Se sèten Mat te konn gwo evènman sa a.

7, 8. a) Esplike ki sa Elize te fè pou l soulaje yon dam ki te nan lapenn. b) Ki sa mirak Elize te fè a aprann nou sou Jewova?

7 Pwofèt Elize, ki te ranplase pwofèt Eli, te fè dezyèm rezirèksyon yo rapòte nan Ekriti yo. Nan vil Chounèm, gen yon dam izrayelit tout moun te byen konnen ki te byen akeyi Elize. Pa mwayen pwofèt la, Bondye te fè dam sa a ansanm mari l ki te fin granmoun e ki pa t gen pitit vin gen yon pitit gason. Kèk ane apre, tigason an te mouri. Imajine jan manman an te nan gwo lapenn. Avèk pèmisyon mari l, li te fè anviwon 30 kilomèt ap vwayaje pou l al kot Elize sou Mòn Kamèl. Pwofèt la te fè Geyazi, sèvitè l la, al nan vil Chounèm anvan yo. Geyazi pa t kapab resisite tigason an ki te mouri. Apre sa, manman an ki te nan lapenn te vin rive ansanm ak Elize. — 2 Wa 4:8-31.

8 Elize te ret bò kot kadav la ki te nan kay la nan vil Chounèm e l te pran priye. Grasa yon mirak, tigason an ki te mouri te retounen viv ankò e l te vin ansanm ak manman l ki te kontan anpil! (Li 2 Wa 4:32-37.) Petèt dam nan te sonje priyè Ana, yon dam nan tan lontan ki pa t ka fè pitit, te fè lè l te mennen Samyèl al sèvi nan tabènak la. Men sa Ana te di: “Jewova [...] fè moun desann nan Tonm e li leve moun.” (1 Sam. 2:6). Vrèmanvre, Bondye te leve tigason nan vil Chounèm nan toutbon, e sa montre l gen kapasite pou l resisite moun.

9. Esplike ki rapò Elize te genyen ak twazyèm rezirèksyon Bib la rapòte a.

9 Men, se pa t dènye evènman ki fè moun sezi ki te gen rapò ak Elize. Li te fè plis pase 50 an kòm pwofèt, e annapre, li “te vin malad e se maladi sa a ki t apral touye l”. Kèk tan apre lanmò Elize, lè kadav li te fin tounen zosman, gen yon bann vòlè ki te vin nan peyi a. Pandan kèk Izrayelit t apral antere yon mesye, yo te wè bann vòlè yo, menm kote a yo te pran kouri, e yo te voye kadav mesye a nan kavo oswa tonm kote zosman Elize te ye a. Men sa nou li: “Lè kadav mesye a kole ak zosman Elize, mesye a retounen vivan e li leve kanpe.” (2 Wa 13:14, 20, 21). Fè yon ti reflechi sou sans istwa rezirèksyon sa yo te ka genyen pou Mat! Pa gen dout, Bondye gen pouvwa sou lanmò. E reflechi tou sou sans istwa sa yo ta dwe genyen pou ou. Se sèten, yo ta dwe fè w gen konviksyon Bondye gen anpil pouvwa, e pouvwa l pa gen limit.

YON SERI EVÈNMAN KI TE RIVE NAN PREMYE SYÈK LA

10. Ki jan Pyè te ede yon kretyèn ki te mouri?

10 Nan Liv ki te ekri an grèk yo, nou aprann tou gen rezirèksyon ki te fèt devan kèk moun ki te reprezante Bondye. Nou ka wè sa lè Jezi te fè rezirèksyon toupre vil Nayin nan ak lè l te lakay Jayiris la. Apot Pyè te fè yon rezirèksyon tou, se te rezirèksyon yon kretyèn ki te rele Dòkas (oswa Tabita). Pyè te vin kote yo te depoze kadav la anvan yo t al antere l. Pandan Pyè te toupre kadav la, li pran priye. Apre sa, li di: “Tabita, leve!” Tabita te retounen viv menm moman an, epi Pyè te “remèt [lòt kretyen yo l] vivan”. Evènman sa a te tèlman frapan sa fè “anpil moun te vin kwè nan Seyè a”. Yo te ka bay temwayaj konsènan Seyè a e sitou konsènan kapasite Jewova genyen pou l leve moun ki mouri. — Tra. 9:36-42.

11. Ki sa doktè Lik fè konnen ki te rive yon jèn gason, e ki efè sa te gen sou lòt moun?

11 Gen lòt moun ki te temwen yon lòt rezirèksyon ki te fèt. Yon lè, apot Pòl t ap fè yon reyinyon nan chanmòt yon kay ki te nan vil Twowas, yon zòn ki nan nòdwès peyi Tiki kounye a. Pòl te ret ap pale rive jis minui. Gen yon jèn gason ki rele Etich ki te chita arebò yon fenèt pou l koute. Men, dòmi te pran l nèt e l sot nan dezyèm etaj la li tonbe anba. Petèt doktè Lik se te premye moun ki te rive bò kot Etich e ki te fè yon konsta medikal: Etich pa t annik blese epi l pèdi konesans, men l te mouri! Pòl te desann anba a, li te pran kadav la nan bra l, e apre sa, li te bay yon gwo nouvèl. Li te di: “Li vivan.” Se pa ti efè sa dwe te genyen sou moun ki te la yo! Piske yo te konn sa k te pase a e yo te wè se te yon rezirèksyon ki fèt, yo “te jwenn anpil konsolasyon”. — Tra. 20:7-12.

YON ESPERANS KI SOLID

12, 13. Ann amoni ak rezirèksyon nou sot pale de yo la a, ki kesyon n bezwen poze?

12 Istwa nou sot pale de yo la a ta dwe fè n gen yon bagay Mat te genyen. Yo dwe fè n gen asirans Bondye nou an, Sila a ki bay lavi a, gen kapasite pou l fè yon moun ki mouri retounen viv ankò. Men, sa enteresan pou n konnen te gen yon sèvitè fidèl Bondye, tankou Eli, Jezi oswa Pyè ki te la nan chak okazyon sa yo nan epòk kote Jewova t ap fè mirak yo. Sepandan, ki sa n ka di konsènan moun ki mouri nan lòt epòk yo? Èske gason ak fi ki fidèl ki t ap viv nan yon epòk kote Bondye pa t fè rezirèksyon te ka gen espwa Bondye ap leve moun ki mouri yo alavni? Èske yo ka santi yo menm jan ak Mat ki te di: “Mwen konnen [frè m nan] ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a”? Ki sa k fè l te ka kwè sa, e poukisa w ka kwè sa?

13 Gen yon pakèt istwa nan Pawòl Bondye te fè ekri a ki montre sèvitè fidèl Jewova yo te konnen gen yon rezirèksyon ki pral fèt alavni. Ann konsidere kèk nan yo.

14. Ki sa istwa Abraram ka aprann nou konsènan rezirèksyon an?

14 Reflechi ak sa Bondye te di Abraram pou l fè Izarak, yon pitit gason Abraram t ap tann depi byen lontan e ki t ap vin eritye l. Jewova te di l: “Tanpri, pran Izarak, pitit gason w lan, sèl pitit ou renmen anpil la [...] epi ofri l kòm sakrifis.” (Jen. 22:2). Imajine jan yon lòd konsa dwe te fè Abraram santi l. Jewova te pwomèt pa mwayen desandans Abraram, tout nasyon t ap jwenn benediksyon (Jen. 13:14-16; 18:18; Wom. 4:17, 18). Epitou, Jewova te di “se nan Izarak” benediksyon an t ap soti (Jen. 21:12). Men, ki jan sa t ap ka fèt si Abraram te touye Izarak pou l ofri l kòm sakrifis? Anba enspirasyon Bondye, Pòl te fè konnen Abraram te kwè Bondye te ka leve Izarak sot nan lanmò. (Li Ebre 11:17-19.) Bib la pa di Abraram te panse si l obeyi Jewova, nan kèk èdtan, nan yon jou oswa nan yon semèn, Izarak t ap retounen vivan. Abraram te ka pa t konnen ki lè pitit gason l lan t ap leve vivan ankò. Men, li te gen konfyans Jewova t ap resisite Izarak.

15. Ki esperans patriyach Jòb te genyen?

15 Menm jan an tou, patriyach Jòb t ap tann yon rezirèksyon ki t ap gen pou fèt alavni. Li te rann li kont si yo te koupe yon senp pyebwa, li te kapab pouse ankò pou l vin menm jan ak yon plant ki fèk plante. Men, se pa konsa sa ye pou lèzòm (Jòb 14:7-12; 19:25-27). Si yon moun mouri, li pa ka leve poukont li sot nan tonm nan epi pou l viv ankò (2 Sam. 12:23; Sòm 89:48). Nòmalman, sa pa vle di Bondye pa ka resisite yon moun. Anfèt, Jòb te kwè Jewova t ap fikse yon tan pou l sonje l. (Li Jòb 14:13-15.) Jòb pa t kapab konnen ki lè tan sa a t ap rive alavni. Men, li te gen konfyans Sila a ki te kreye lavi moun genyen an te kapab sonje l e l t ap resisite l.

16. Ki ankourajman yon zanj te bay pwofèt Dànyèl?

16 Dànyèl se yon lòt gason fidèl yo pale de li nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Li te sèvi Bondye fidèlman pandan plizyè dizèn ane, e Jewova te ede l. Rive yon lè, gen yon zanj Bondye te voye pot yon mesaj ki te ankouraje Dànyèl lè l te di Dànyèl, “yon moun ki gen anpil valè”, pou l gen “lapè” e pou l “met kran” sou li. — Dàn. 9:22, 23; 10:11, 18, 19.

17, 18. Ki pwomès Bondye te fè Dànyèl konsènan lavni?

17 Dànyèl te prèske gen 100 an e l te prèske rive nan fen lavi l. Li te ka ap panse ak sa lavni sere pou li. Èske l t ap leve pou l viv ankò? Wi! Men ki asirans Bondye te bay Dànyèl nan fen liv Dànyèl te ekri a: “Men, ou menm, se pou w ret fèm jiska lafen. Ou pral repoze.” (Dàn. 12:13). Dànyèl ki te yon granmoun, te konnen moun ki mouri yo ap repoze, e pa gen “ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm” nan. Nan yon ti tan ankò, Dànyèl t apral nan Tonm nan (Ekl. 9:10). Men, tout bagay pa t ap fini pou li. Bondye te pwomèt li yon avni.

18 Men ki sa zanj lan te kontinye di nan mesaj li t ap bay pwofèt Dànyèl la: “Ou pral leve kanpe pou w jwenn pòsyon pa w la nan fen jou yo.” Zanj lan pa t ba l ni dat ni kantite tan sa t ap pran. Dànyèl t ap gen pou l mouri epi l t apral repoze. Men, piske zanj lan te di li t ap gen pou l ‘leve kanpe pou l jwenn pòsyon pa l’ alavni, sa montre aklè Bondye te pwomèt yon rezirèksyon ki t ap gen pou fèt byen lontan apre Dànyèl fin mouri. Sa t ap fèt “nan fen jou yo”. Men ki jan yo tradui pwomès Bondye te fè Dànyèl la nan Bib Jerizalèm nan (fransè): “W ap leve pou pòsyon pa w la lè tan an fini.”

Menm jan ak Mat, ou ka gen konfyans nan rezirèksyon an. (Gade paragraf 19, 20.)

19, 20. a) Ki jan istwa n sot egzamine la yo gen rapò ak pawòl Mat te di Jezi a? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Sa klè, Mat te gen rezon pou l gen konfyans, Laza, frè l la ki te fidèl t ap “leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a”. Pwomès Bondye te fè Dànyèl la ansanm ak konfyans solid nou jwenn nan repons Mat te bay Jezi a ta dwe fè kretyen k ap viv jodi a gen plis asirans. Pral gen yon rezirèksyon.

20 Nou sot wè jan kèk evènman ki te pase nan tan lontan montre li posib pou gen yon rezirèksyon, sa vle di moun ki mouri yo kapab retounen viv ankò. Epi, gason ak fi ki t ap sèvi Bondye yo te konn reflechi ak yon rezirèksyon ki t ap gen pou fèt yon lè alavni. Sepandan, èske gen yon prèv ki montre yon rezirèksyon ka fèt anpil tan apre Bondye fin pwomèt sa? Si genyen, sa ap ban nou yon rezon anplis pou n tann moman kote moun pral resisite a menm jan ak Mat. Men, ki lè sa ap fèt? Ann chèche jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.