Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Men espwa mwen gen nan Bondye”

“Men espwa mwen gen nan Bondye”

Dènye Adan an vin tounen yon espri ki bay lavi.” — 1 KOR. 15:45.

KANTIK: 151, 147

1-3. a) Ki sa n dwe met pami bagay ki fè pati kwayans nou yo? b) Poukisa rezirèksyon an enpòtan anpil? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SI YO ta mande w ‘sou ki pi gwo ansèyman lafwa w chita?’, ki repons ou t ap bay? Se sèten w t ap reponn Jewova se Kreyatè a e l se Sila a ki ban nou lavi. Petèt ou t ap pale konsènan kwayans ou nan Jezi Kris, li menm ki te bay lavi l kòm ranson pou nou. Anplis de sa, ou t ap kontan di pral gen yon paradi sou tè a kote pèp Bondye a pral viv pou toutan. Men, èske w t ap pale de rezirèksyon an kòm youn nan kwayans ou bay plis enpòtans?

2 Nou gen bonjan rezon pou n pale de rezirèksyon an kòm yon ansèyman enpòtan menmsi n espere chape nan gwo tribilasyon an pou n viv sou tè a pou toutan. Apot Pòl te montre rezon ki fè rezirèksyon an se baz lafwa nou lè l te di: “Si se vre moun mouri pap resisite, ebyen Kris pa t leve.” Si Kris pa t resisite, li pa t ap vin Wa k ap dirije nou an e mesaj n ap preche konsènan Kris k ap dirije a t ap pou granmesi. (Li 1 Korentyen 15:12-19.) Men, nou konnen Jezi te resisite. Piske nou gen konviksyon sa a, nou montre nou diferan ak Sadiseyen yo ki te rejte ak tout fòs kesyon mò yo ap resisite a. Menm lè moun ap pase nou nan rizib, nou kenbe kwayans nou gen nan rezirèksyon an fèm. — Mak 12:18; Tra. 4:2, 3; 17:32; 23:6-8.

3 Lè Pòl te pale konsènan “doktrin de baz nou te aprann sou Kris yo”, li te site “ansèyman sou [...] rezirèksyon mò” yo tou (Ebre 6:1, 2). Epitou, Pòl te pale de rezirèksyon an kòm yon bagay li gen lafwa ladan l (Tra. 24:10, 15, 24, 25). Men, lefètke Pòl di rezirèksyon an fè pati doktrin de baz yo, sètadi youn nan “bagay de baz ki gen nan deklarasyon sakre Bondye yo”, sa pa vle di l se yon ansèyman ki senp (Ebre 5:12). Sa k fè sa?

4. Ki kesyon nou ka genyen konsènan rezirèksyon an?

4 Lè moun yo kòmanse etidye Bib la, pifò nan yo konn li kèk istwa konsènan rezirèksyon ki te fèt nan tan lontan yo, tankou rezirèksyon Laza a. Epitou, yo aprann Abraram, Jòb ak Dànyèl te gen konfyans moun ki mouri yo ap retounen viv ankò alavni. Aktout sa, ki jan w t ap reponn si yo ta mande w bay prèv ki montre pwomès Bondye fè anrapò ak rezirèksyon an toujou valab plizyè ane oswa menm plizyè syèk apre l te fin fè l? Epi, èske Bib la vrèman di ki lè rezirèksyon an pral fèt? Piske repons kesyon sa yo gen efè sou lafwa nou, ann wè ki sa Ekriti yo di sou sa.

YON REZIRÈKSYON YO TE ANONSE PLIZYÈ SYÈK ALAVANS

5. Konsènan ki aspè nan rezirèksyon an nou pral pale an premye?

5 Li fasil pou n imajine yon moun ki fèk mouri ka retounen viv ankò (Jan 11:11; Tra. 20:9, 10). Men, e si se yon rezirèksyon yo pwomèt k ap fèt apre plizyè ane oswa menm plizyè syèk alavni? Èske w t ap konte sou yon pwomès konsa ki pran tout tan sa a, menmsi pwomès sa a konsène yon moun ki fèk mouri oswa yon moun ki gen lontan depi l mouri? An reyalite, gen yon rezirèksyon yo te anonse plizyè syèk alavans ki te fèt vre, e w gen lafwa nan rezirèksyon sa a. Nan ki sans? E ki jan rezirèksyon sa a gen rapò ak sa w ka atann konsènan yon rezirèksyon ki gen pou fèt?

6. Nan ki sans akonplisman Sòm 118 la gen rapò ak Jezi?

6 Anrapò ak yon rezirèksyon yo te anonse byen lontan alavans, ann konsidere Sòm 118, yon sòm kèk moun panse se David ki ekri l. Men ki siplikasyon ki gen ladan l: “Jewova, nou sipliye w, sove nou, tanpri! [...] Moun ki vin nan non Jewova a se yon moun ki beni.” Sandout ou sonje moun yo t ap site pasaj sa a ki gen rapò ak Mesi a lè Jezi t ap antre Jerizalèm nan dat 9 Nizan, yon ti tan anvan l mouri (Sòm 118:25, 26; Mat. 21:7-9). Men, nan ki sans Sòm 118 la pale konsènan yon rezirèksyon ki t ap gen pou l fèt plizyè ane annapre? Gade ki sa yo di ankò nan sòm sa a ki se yon pwofesi: “Wòch moun k ap bati yo te jete a, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an.” — Sòm 118:22.

“Moun k ap bati yo” te voye Mesi a “jete”. (Gade paragraf 7.)

7. Jis nan ki pwen Juif yo te rejte Jezi?

7 “Moun k ap bati yo”, sètadi chèf Juif yo, te rejte Mesi a. Fason yo te rejte Jezi a te ale pi lwen pase annik vire do ba li oswa refize aksepte l antanke Kris la. Gen anpil Juif ki te rejte l jiskaske yo te menm mande pou l mouri (Lik 23:18-23). Vrèmanvre, yo te patisipe nan lanmò Jezi.

Jezi te resisite pou l vin tounen “wòch prensipal ki nan kwen an”. (Gade paragraf 8, 9.)

8. Ki jan Jezi t ap fè vin tounen “wòch prensipal ki nan kwen an”?

8 Si yo te rejte Jezi e yo te touye l, ki jan l t ap fè vin tounen “wòch prensipal ki nan kwen an”? Sa te ka rive fèt sèlman apre l te fin resisite. Jezi li menm te pale de sa. Li te bay yon parabòl konsènan yon seri kiltivatè ki te maltrete moun mèt jaden an te voye kote yo, menm jan Izrayelit yo te maltrete pwofèt Bondye te voye kote yo. Finalman, nan parabòl la, mèt jaden an te voye pitit gason l lan li renmen anpil la e ki eritye l. Èske yo te aksepte pitit gason an? Non. Kiltivatè yo te fè pi mal lè yo te touye l. Kou Jezi fin bay parabòl sa a, li te site pwofesi nou jwenn nan Sòm 118:22 a (Lik 20:9-17). Apot Pyè te pale de sa tou lè l t ap pale ak “chèf [juif] yo, ansyen yo ak espè nan Lalwa yo [ki te] reyini nan Jerizalèm”. Li te di yo: “Jezi Kris, moun Nazarèt nou te kloure sou yon poto pou l mouri a, li menm Bondye te leve sot nan lanmò a.” Annapre, Pyè te di byen klè: “Se li menm ki ‘wòch nou menm moun k ap bati yo pa t pran pou anyen an, men ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an’.” — Tra. 3:15; 4:5-11; 1 Pyè 2:5-7.

9. Sou ki evènman estrawòdinè Sòm 118:22 atire atansyon?

9 Wi, plizyè santèn ane alavans, pwofesi nou jwenn nan Sòm 118:22 a te montre gen yon rezirèksyon ki t ap gen pou fèt. Moun yo t ap rejte Mesi a e li t ap mouri, men, li t ap gen pou l leve vivan ankò pou l vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an. Konsa, Pitit Gason sa a ki te resisite te vin tounen sèl moun Bondye bay non l “pami lèzòm ki ka pèmèt nou sove”. — Tra. 4:12; Efe. 1:20.

10. a) Ki sa Sòm 16:10 te anonse? b) Ki jan n fè sèten Sòm 16:10 pa t reyalize sou David?

10 Ann egzamine yon lòt vèsè ki pale konsènan yon rezirèksyon ki t ap gen pou fèt. Yo te ekri vèsè sa a plis pase mil an alavans, yon bagay ki ta dwe fè n vin gen plis konfyans yon rezirèksyon ka fèt anpil tan apre yo te fin anonse l oswa yo te fin pwomèt li. Men sa n li nan Sòm 16, yon sòm yo di se David ki ekri l: “Ou pap kite m nan Tonm, ou pap kite sèvitè fidèl ou a rete nan twou a.” (Sòm 16:10). David pa t di li pap janm mouri oswa l pa t apral nan Tonm kote tout moun ale a. Pawòl Bondye a montre aklè David te vin granmoun. Apre l fin mouri, li t al “repoze bò kot zansèt li yo e yo [te] antere l nan Vil David la”. (1 Wa 2:1, 10.) Donk, de kiyès Sòm 16:10 t ap pale?

11. Ki lè Pyè te pale sou Sòm 16:10?

11 Pawòl Bondye a pa kite n nan fènwa. Plis pase mil an apre yo te fin ekri sòm sa a e kèk semèn apre Jezi te fin mouri e l te resisite, Pyè te pale de Sòm 16:10 la ak plizyè milye Juif ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo. (Li Travay 2:29-32.) Li te fè yo konnen David te mouri e yo te antere l. Moun ki t ap koute Pyè yo te konn sa. E istwa a pa di okenn nan yo te konteste sa Pyè te di a lè l te di David “te wè rezirèksyon [Mesi ki t ap gen pou vini an] davans e li te pale de sa”.

12. Ki fason Sòm 16:10 te akonpli, e ki jan sa te bay prèv rezirèksyon yo te pwomèt la te fèt vre?

12 Pou Pyè te bay sa l t ap di a fòs, li te site pawòl David te di nan Sòm 110:1 an. (Li Travay 2:33-36.) Rezònman Pyè te fè sou baz Ekriti yo te ede l konvenk gwo foul moun ki te anfas li an Jezi se “Seyè, e [li se] Kris”. Rive nan pwen sa a, moun yo te dakò Sòm 16:10 te akonpli lè Jezi te resisite sot nan lanmò. Annapre, apot Pòl te sèvi ak menm rezònman solid sa a lè l t ap pale ak Juif ki te nan vil Antyòch ki nan Pizidi a. Sa l te di yo te konvenk yo, e yo te vle konn plis. (Li Travay 13:32-37, 42.) Nou menm tou sa ta dwe konvenk nou pwofesi sa yo Bib la bay konsènan yon rezirèksyon ki gen pou fèt merite pou n fè yo konfyans, menm lè gen plizyè syèk ki pase depi yo te anonse mirak sa a.

KI LÈ REZIRÈKSYON AN AP FÈT?

13. Ki kesyon yon moun gendwa poze konsènan rezirèksyon an?

13 Sa ta dwe ankouraje n lefètke n konnen yon rezirèksyon ka fèt plizyè syèk apre yo te fin pwomèt l ap fèt. Aktout sa, yon moun gendwa mande tèt li: ‘Èske sa vle di m ka oblije tann anpil tan pase anvan m wè moun pa m yo? Ki lè rezirèksyon m ap tann nan ap fèt?’ Ebyen, Jezi te di apot li yo gen kèk bagay yo pa t konprann e yo pap ka konprann. Gen kèk detay konsènan “tan oswa epòk Papa a mete anba otorite l”. (Tra. 1:6, 7; Jan 16:12.) Men, sa pa vle di nou pa konn anyen konsènan lè rezirèksyon an ap fèt.

14. Nan ki sans rezirèksyon Jezi a pa t menm ak rezirèksyon ki te fèt anvan yo?

14 Pou n ka konprann sa, ann fè yon ti reflechi sou kèk rezirèksyon Labib te anonse. Nòmalman, sa k pi enpòtan an se rezirèksyon Jezi. Si Jezi pa t resisite, okenn nan nou pa t ap gen espwa n ap rewè moun pa nou ki mouri yo. Moun ki te resisite anvan Jezi yo, tankou moun Eli ak Elize te resisite yo, pa t kontinye viv nètale. Yo te mouri ankò e kò yo te pouri nan tonm. Kontrèman ak moun sa yo, Jezi “pap mouri ankò, piske kounye a li leve sot nan lanmò, e lanmò pap domine sou li ankò”. Nan syèl la, Jezi ap viv “pou tout tan gen tan” e li pap janm mouri. — Wom. 6:9; Rev. 1:5, 18; Kol. 1:18; 1 Pyè 3:18.

15. Ki enpòtans sa genyen lefètke Jezi se “premye” pami moun ki resisite yo?

15 Rezirèksyon Jezi se premye rezirèksyon ki fèt nan sans sa a, e pa gen dout se li ki pi enpòtan (Tra. 26:23). Men, se pa Jezi sèlman Bib la te pwomèt k ap resisite pou al viv nan syèl la antanke yon kreyati espirityèl. Jezi te bay apot fidèl li yo asirans yo t ap gen pou yo dirije avè l nan syèl la (Lik 22:28-30). Sepandan, pou yo jwenn rekonpans yo a, yo dwe mouri anvan. Annapre, menm jan ak Kris, yo t ap ka resisite antanke espri. Men sa Pòl te ekri: “Kris leve sot nan lanmò, li menm ki resisite an premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo.” Konsa, Pòl te montre t ap gen lòt moun k ap leve pou y al viv nan syèl la, e l te ajoute: “Chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye, apre sa, moun ki pou Kris yo, pandan prezans li.” — 1 Kor. 15:20, 23.

16. Ki sa n konnen konsènan lè rezirèksyon moun ki pral viv nan syèl yo ap fèt?

16 Sa ban nou yon ide jeneral konsènan lè rezirèksyon moun ki pral viv nan syèl yo ap fèt. L ap fèt “pandan prezans li”. Depi lontan, Temwen Jewova yo toujou sèvi ak Ekriti yo pou montre n ap viv pandan “prezans” Jezi depi ane 1914. Nou toujou nan moman prezans sa a e fen sistèm mechan sa a toupre rive kounye a.

17, 18. Ki sa k ap rive kèk nan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pandan prezans Kris la?

17 Bib la bay kèk detay anplis konsènan rezirèksyon moun ki pral nan syèl yo. Men sa l di: “Nou pa vle pou nou rete san n pa konn anyen sou moun k ap dòmi nan lanmò yo [...]. Paske, si nou kwè Jezi te mouri e li leve, konsa tou, nou mèt kwè Bondye ap leve moun k ap dòmi nan lanmò yo [...]. Nou menm ki vivan k ap viv pandan prezans Seyè a, nou pap janm pran devan moun k ap dòmi nan lanmò yo. Paske, Seyè a li menm ap desann sot nan syèl la ak yon vwa k ap bay lòd, [...] e moun ki mouri ann inyon ak Kris yo ap resisite an premye. Ansuit, nou menm ki vivan k ap viv toujou, nou pral anlve ansanm avèk yo nan nyaj yo pou n rankontre Seyè a anlè a, e konsa n ap toujou ak Seyè a.” — 1 Tes. 4:13-17.

18 Premye rezirèksyon an t ap gen pou l fèt yon ti tan apre “prezans” Kris la te kòmanse. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl k ap vivan pandan gwo tribilasyon an ap “anlve [...] nan nyaj yo”. (Mat. 24:31.) Moun k ap “anlve” yo pap gen pou yo “dòmi nan lanmò” nan sans yo pap oblije fè anpil tan mouri. Yo “tout ap chanje, nan yon moman, nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la”. — 1 Kor. 15:51, 52.

19. Ki “pi bon rezirèksyon” ki gen pou fèt?

19 Jodi a, pifò kretyen fidèl yo se pa moun Bondye chwazi pou al nan syèl e yo pa resevwa apèl pou y al sèvi ansanm ak Kris nan syèl la. Olye de sa, y ap tann pou sistèm mechan sa a rive nan bout li pandan “jou Jewova a”. Pèsonn pa ka konnen ki lè egzakteman lafen an ap rive, men, gen prèv ki montre li toupre (1 Tes. 5:1-3). Se sa k fè, gen yon lòt kalite rezirèksyon ki pral fèt, yon rezirèksyon pou moun ki pral viv nan Paradi sou tè a. Moun ki pral resisite yo pral gen posiblite pou yo vin moun ki pafè e yo pap janm mouri ankò. Sa klè, rezirèksyon sa a pral “yon pi bon rezirèksyon” pase sa ki te fèt nan tan lontan yo kote “moun [yon seri medam te genyen] ki mouri e ki resisite” te mouri ankò kèk tan annapre. — Ebre 11:35.

20. Poukisa n ka gen konfyans rezirèksyon ki gen pou fèt alavni an ap fèt nan lòd?

20 Konsènan rezirèksyon moun ki pral viv nan syèl la, Bib la di chak moun k ap resisite ap leve “nan pozisyon pa l”. (1 Kor. 15:23.) Nou kapab gen konfyans rezirèksyon moun ki pral viv sou tè a ap fèt nan lòd tou. Nou pa ka tann pou n wè jan sa pral fèt! Èske moun ki pa gen lontan depi yo mouri yo ap leve yon ti tan apre kòmansman Rèy mil an Kris la epi moun pa yo ki konnen yo pral akeyi yo? Èske gason fidèl ki t ap viv nan tan lontan ki te gen kapasite pou dirije yo ap leve anvan pou ede n òganize pèp Bondye a nan monn nouvo a? E konsènan moun ki pa t janm sèvi Jewova yo? Ki lè e ki kote y ap resisite? Gen anpil kesyon nou te ka poze. Men, franchman, èske l vrèman nesesè pou n ap bay tèt nou pwoblèm pou kesyon sa yo kounye a? Èske l pa pi bon pou n annik ret tann pou n wè? Nou ka gen konfyans sa ap vrèman bèl pou n wè ki jan Jewova pral jere bagay sa yo.

21. Ki espwa w genyen konsènan rezirèksyon an?

21 Annatandan, nou ta dwe fè lafwa nou gen nan Jewova a vin pi solid, Li menm ki ban nou asirans pa mwayen Jezi moun mouri ki nan memwa L yo pral leve (Jan 5:28, 29; 11:23). Pou Jezi te pwouve Jewova gen kapasite pou l resisite moun ki mouri, yon lè li te di ni Abraram, ni Izarak ni Jakòb, “yo tout vivan” pou li (Lik 20:37, 38). Se sa k fè n gen bonjan rezon pou n di menm jan ak Pòl: “Men espwa mwen gen nan Bondye [...]: Pral gen yon rezirèksyon.” — Tra. 24:15.