Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann imite Jewova: Yon Bondye ki konn bay ankourajman

Ann imite Jewova: Yon Bondye ki konn bay ankourajman

“Louwanj pou [...] Bondye, [Sila a] ki ankouraje nou nan tout eprèv nou yo.” — 2 KOR. 1:3, 4, nòt.

KANTIK: 7, 3

1. Ki ankourajman Jewova te bay nan epòk rebelyon ki te fèt ann Edenn nan?

DEPI lè lèzòm fin tonbe nan peche e yo vin enpafè, Jewova montre l se yon Bondye ki konn bay ankourajman. Byen vit apre rebelyon ki te fèt ann Edenn nan, li te bay desandan Adan t apral genyen yo rezon pou yo pran kouraj. Tout bagay pa t fini pou lèzòm. Yonfwa yo fin konprann pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan, sa t ap ba yo espwa “premye sèpan an”, anpalan de Satan Ledyab, ansanm ak tout bagay mal li yo gen pou yo detwi. — Rev. 12:9; 1 Jan 3:8.

JEWOVA TE ANKOURAJE SÈVITÈ L YO NAN TAN LONTAN

2. Ki jan Jewova te ankouraje Noye?

2 Noye, youn nan sèvitè Jewova yo, t ap viv nan yon monn ki pa t gen respè pou Bondye e se sèl moun nan fanmi l ki t ap adore Jewova. Piske vyolans ak imoralite seksyèl t ap vin pi plis nan epòk li a, Noye te ka vin dekouraje (Jen. 6:4, 5, 11; Jid 6). Men, Jewova te ba l yon enfòmasyon ki te fè l vin gen kouraj li te bezwen pou l pèsevere nan efò l t ap fè pou l ‘mache avèk Bondye’. (Jen. 6:9.) Jewova te di Noye Li t apral detwi monn mechan sa a e l te ba l enstriksyon sou sa l te dwe fè pou l met fanmi l an sekirite (Jen. 6:13-18). Jewova te montre Noye li se yon Bondye ki konn bay ankourajman.

3. Ki ankourajman Jozye te jwenn? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

3 Jozye te gen responsablite pou l ede pèp Bondye a pran Peyi Bondye te pwomèt la, e se yon responsablite ki te difisil. Sa te mande pou l venk yon seri nasyon ki te gen lame ki pisan ki te okipe tèritwa sa a. Jozye te gen tout rezon l pou l enkyè. Piske Jewova te konn sa, li te bay Moyiz enstriksyon pou l ankouraje Jozye. Men sa Bondye te di: “Mete Jozye chèf nan plas ou, ankouraje l epi ba l fòs. Paske, se li menm k ap travèse ak pèp la e k ap fè yo pran peyi ou pral wè a.” (Det. 3:28). Anvan Jozye te kòmanse aji, Jewova te ankouraje l lè l te di l: “Èske m pa t ba w lòd pou w mete kouraj sou ou e pou w mete kran sou ou? Pinga w pè e pinga w kraponnen, paske mwen menm, Jewova, Bondye w la, mwen avè w kèlkeswa kote w ale.” (Joz. 1:1, 9). Se pa ti asirans ankourajman sa a te ba l!

4, 5. a) Ki ankourajman Jewova te bay pèp li a nan tan lontan? b) Ki jan Jewova te ankouraje Pitit Gason l lan?

4 Nonsèlman Jewova te konn ankouraje moun pèsonèlman, men l te konn ankouraje pèp li a antanke gwoup tou. Nan yon sans pwofetik, men sa Jewova te di pou l konsole Juif ki te prizonye nan Babilòn yo: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” (Eza. 41:10). Premye kretyen yo te gen menm asirans sa a, e se menm bagay la tou pou pèp Bondye a jodi a. — Li 2 Korentyen 1:3, 4.

5 Jezi te jwenn ankourajman nan men Papa l. Lè l t ap batize, li te tande yon vwa sot nan syèl la ki di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.” (Mat. 3:17). Se pa ti fòs pawòl sa yo dwe te bay Jezi pandan tout sèvis li sou tè a!

JEZI TE KONN BAY ANKOURAJMAN

6. Nan ki sans parabòl talan yo ankouraje nou?

6 Jezi te imite egzanp Papa l. Nan parabòl talan yo, yon parabòl ki nan pwofesi Jezi te bay konsènan fen sistèm nan, nou jwenn ankourajman pou n ret fidèl. Mèt la te onore chak esklav ki te fidèl yo lè l te di yo: “Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl! Ou te fidèl nan kèk bagay mwen te konfye w, m ap mete w responsab anpil bagay. Vin rejwi ak mèt ou.” (Mat. 25:21, 23). Ala yon gwo ankourajman nou jwenn pou n kontinye sèvi Jewova fidèlman!

7. Ki ankourajman Jezi te bay apot li yo ak Pyè sitou?

7 Byen souvan, apot Jezi yo te konn fè gwo diskisyon pou yo konnen kiyès pami yo ki te pi enpòtan, men, avèk pasyans, Jezi te konn ankouraje yo pou yo gen imilite, pou yo vin moun k ap sèvi olye pou yo vin mèt (Lik 22:24-26). Pyè te desevwa Jezi plizyè fwa (Mat. 16:21-23; 26:31-35, 75). Olye Jezi te rejte Pyè, li te ankouraje l e l te menm ba l lòd pou l fòtifye frè l yo. — Jan 21:16.

ANKOURAJMAN SÈVITÈ JEWOVA NAN TAN LONTAN YO TE BAY

8. Ki jan Ezekyas te ankouraje chèf ki nan lame yo ak moun Jida yo?

8 Menm anvan Pitit Gason Jewova a te vin sou tè a e l te bay yon egzanp ki pafè sou fason pou n ankouraje moun, sèvitè fidèl Jewova yo te konnen yo bezwen bay ankourajman. Lè moun Asiri yo t ap menase Ezekyas, li te rasanble chèf ki nan lame yo ak moun Jida yo pou l ankouraje yo. “Pawòl [li] te di moun yo te ba yo fòs.” — Li 2 Kwonik 32:6-8.

9. Ki sa n aprann nan liv Jòb la sou kesyon bay ankourajman?

9 Aktout Jòb te bezwen moun konsole l, li te bay twa mesye ki te fè l “soufri plis” yo yon leson sou kesyon bay ankourajman an. Li te di yo si l te nan plas yo li ‘t ap konsole yo pito ak pawòl ki sot nan bouch li, e pawòl li t ap di pou l konsole yo t ap soulaje yo’. (Jòb 16:1-5.) Finalman, Jòb te jwenn ankourajman nan men Eliyou ak Jewova. — Jòb 33:24, 25; 36:1, 11; 42:7, 10.

10, 11. a) Poukisa pitit fi Jefte a te bezwen ankourajman? b) Jodi a, kiyès ki merite jwenn ankourajman menm jan an?

10 Pitit fi Jefte a se yon lòt moun nan tan lontan ki te bezwen ankourajman. Anvan jij Jefte t al goumen ak moun Amon yo, li te fè Jewova yon ve kote l te di si Jewova fè l pot laviktwa, li t ap bay premye moun ki soti vin rankontre l apre batay la pou sèvis Jewova a nan tabènak la. Konsa, se pitit fi Jefte a, sèl pitit li te genyen an, ki te soti vin selebre viktwa sa a avè l. Kè Jefte t ap dechire. Men, li te kenbe ve l te fè a e l te voye pitit fi l la ki te vyèj nan Silo pou l te sèvi nan tabènak la pandan tout rès vi l. — Jij 11:30-35.

11 Sepandan, si sa te fè Jefte mal, sa dwe te fè pitit fi l la mal plis toujou, li menm ki te aksepte obeyi desizyon papa l te pran an (Jij 11:36, 37). Konsa, li te abandone dwa l te genyen pou l marye, pou l gen pitit, e pou l prezève non fanmi l ak eritaj yo a. Kounye a, si gen yon moun ki te bezwen konsolasyon ak ankourajman, se te demwazèl sa a. Men sa Bib la di: “E men koutim ki te vin gen ann Izrayèl: Chak ane, pandan kat jou nan ane a, ti medam nan peyi Izrayèl yo te konn al felisite pitit fi Jefte a, moun Galaad la.” (Jij 11:39, 40). Èske kretyen ki pa marye yo ki pwofite sitiyasyon yo antanke selibatè pou yo bay “bagay Seyè a” plis atansyon pa merite pou n felisite yo e pou n ankouraje yo tou? — 1 Kor. 7:32-35.

APOT YO TE KONN ANKOURAJE FRÈ YO

12, 13. Ki jan Pyè te ‘bay frè l yo fòs’?

12 Nan nuit anvan Jezi te mouri a, men sa l te di apot Pyè: “Simon, Simon, koute! Satan mande pou l vannen nou tout tankou ble y ap vannen. Men, mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.” — Lik 22:31, 32.

Lèt apot yo te ekri yo te ankouraje kongregasyon yo nan premye syèk la anpil, e yo kontinye fòtifye nou jis jodi a. (Gade paragraf 12-17.)

13 Pyè te yon pilye nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la (Gal. 2:9). Egzanp li te bay antanke moun ki gen kouraj pandan fèt Pannkòt la ak nan lòt okazyon annapre te ankouraje frè yo. Li te ekri kretyen parèy li yo lè l te rive nan fen sèvis li ki te long. Men sa l te di pou l esplike yo rezon an: “M ekri nou de ti mo, yon fason pou m ankouraje nou, e pou m sètifye se sa a ki vrè favè san parèy Bondye a. Kenbe fèm ladan l.” (1 Pyè 5:12). Lèt Bondye te enspire Pyè pou l ekri yo gen lontan depi y ap ankouraje kretyen yo, e jis kounye a yo kontinye ankouraje nou. Se pa ti bezwen nou bezwen ankourajman sa a toutpandan n ap tann Jewova reyalize pwomès li yo! — 2 Pyè 3:13.

14, 15. Ki jan pawòl Bondye te enspire apot Jan pou l ekri yo te kontinye ankouraje kretyen yo pandan plizyè syèk?

14 Apot Jan te yon pilye tou nan kongregasyon premye syèk la. Evanjil li te ekri sou sèvis Jezi te akonpli a, yon evanjil ki enteresan anpil, te kontinye ankouraje kretyen yo pandan plizyè syèk, e l toujou ankourajan jis kounye a. Se sèlman nan Evanjil li a nou jwenn pawòl Jezi te di ki fè konnen se lanmou k ap fè moun konnen kiyès ki disip li toutbon. — Li Jan 13:34, 35.

15 Nou jwenn lòt verite ki tankou trezò nan toule twa lèt Jan te ekri yo. Lè peche n fè yo tankou yon pwa lou sou do n, èske n pa santi n soulaje lè n li pawòl ki di “san Jezi [...] pirifye nou anba tout peche” a (1 Jan 1:7)? E si kè n kontinye ap kondane n, èske n pa santi n gen yon boul nan gòj nou e n gen dlo nan je n paske nou gen rekonesans lè n li pawòl ki di “Bondye pi gran pase kè nou” an (1 Jan 3:20)? Se Jan sèlman ki te ekri “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8, 16.) Nan dezyèm ak twazyèm lèt li a, li felisite kretyen ki kontinye “ap mache nan laverite” yo. — 2 Jan 4; 3 Jan 3, 4.

16, 17. Ki ankourajman apot Pòl te bay premye kretyen yo?

16 Nan premye syèk la, pami apot yo, petèt se Pòl ki te fè plis efò pou l ankouraje frè l yo. Sanble nan kòmansman Krisyanis lan, pifò nan apot yo te ret Jerizalèm, e se nan zòn sa a kolèj santral la te kontinye fonksyone (Tra. 8:14; 15:2). Kretyen ki te nan Jide yo te preche moun yo konsènan Kris paske moun sa yo te kwè nan yon sèl Dye akoz enfliyans Jidayis la. Yon lòt bò, pa mwayen lespri sen, Bondye te voye apot Pòl al preche moun lòt nasyon yo ki te anba dominasyon Grèk ak Women yo, e ki te konn adore plizyè dye. — Gal. 2:7-9; 1 Tim. 2:7.

17 Pòl te vwayaje nan tout rakwen nan peyi ki rele Tiki kounye a, e l te vwayaje tou al nan peyi Lagrès ak Itali, li t ap tabli kongregasyon pami moun ki pa t Juif yo. Kretyen ki te fèk konvèti yo te soufri “anba men moun menm peyi avèk [...] yo” e yo te bezwen ankourajman (1 Tes. 2:14). Ozanviwon ane 50 epòk nou an, men sa Pòl te ekri kongregasyon ki te fèk fòme nan vil Tesalonik la: “Nou toujou di Bondye mèsi lè nou sonje nou tout nan priyè nou yo. Paske, nou pa janm bliye travay nou akonpli grasa lafwa nou, travay di nou fè avèk amou, ak andirans nou genyen.” (1 Tes. 1:2, 3). Li te ankouraje yo tou pou youn fòtifye lòt, lè l te di: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt.” — 1 Tes. 5:11.

YON KOLÈJ SANTRAL KI ANKOURAJAN

18. Ki jan kolèj santral premye syèk la te ankouraje Filip?

18 Kolèj santral premye syèk la te kontinye ankouraje moun ki te pran latèt yo ak kretyen yo an jeneral. Lè Filip, yon moun ki te konn ap evanjelize, t ap preche Samariten yo konsènan Kris, li te jwenn tout sipò moun ki te fè pati kolèj santral la. Yo te voye de moun pami yo, anpalan de Pyè ak Jan, pou yo priye pou nouvo kwayan yo dekwa pou yo te ka resevwa lespri sen (Tra. 8:5, 14-17). Se pa ti ankouraje sipò sa a kolèj santral la te bay la dwe te ankouraje Filip ansanm ak lòt moun ki te konvèti yo!

19. Ki efè lèt kolèj santral la te voye a te gen sou kretyen yo nan kongregasyon premye syèk la?

19 Annapre, yo te mande kolèj santral la pou l te pran yon desizyon sou kesyon èske yo ta dwe egzije kretyen ki pa t Juif yo pou yo sikonsi, jan Lwa Moyiz la te egzije Juif yo fè sa (Tra. 15:1, 2). Apre frè responsab yo te fin rezone sou Ekriti yo, anba direksyon lespri sen, yo te deside sa pa t nesesè ankò, epi yo te ekri kongregasyon yo yon lèt nan sans sa a. Kolèj santral la te bay reprezantan l yo lèt sa a pou yo pote bay kongregasyon yo. Ki rezilta sa te bay? “Lè yo fin li l, yo [te] kontan pou ankourajman yo jwenn nan.” — Tra. 15:27-32.

20. a) Jodi a, ki ankourajman Kolèj santral la bay kominote frè ak sè nou fòme nan lemonnantye a? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre a?

20 Jodi a, Kolèj santral Temwen Jewova yo ankouraje manm fanmi Betèl yo, sèvitè aplentan espesyal ki nan tèritwa yo, e se sèten, yo ankouraje kominote frè ak sè vrè kretyen yo fòme nan lemonnantye a. Rezilta a se menm ak sa k te rive nan premye syèk la, sètadi frè ak sè yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan! Mete sou sa, nan ane 2015, Kolèj santral la te pibliye yon bwochi ki gen tit Retounen vin jwenn Jewova, yon bwochi ki kontinye bay anpil moun nan lemonnantye bonjan ankourajman. Men, èske se sèlman frè ki gen otorite yo ki ta dwe imite Jewova nan kesyon bay ankourajman an? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a.