Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan revizyon yo te fè nan “Labib — Tradiksyon monn nouvo a” (anglè) nan ane 2013, Sòm 144:12-15 fè referans ak pèp Bondye a. Nan fason yo te tradui vèsè sa yo anvan, yo te fè referans ak etranje ki mechan yo pale de yo nan vèsè 11 lan. Poukisa yo fè chanjman nan vèsè sa yo?

Mo ebre a pèmèt yo fè toude tradiksyon sa yo. Nan ka sa a, men sou ki aspè yo baze pou yo tradui vèsè sa yo nan edisyon revize a:

  1. Mo yo itilize nan edisyon revize a baze sou leksik ak règ gramè. Rapò ki genyen ant Sòm 144:12-15 lan ak vèsè ki vin anvan yo baze sou sans nou bay premye mo ki nan vèsè 12 la, anpalan de mo ebre asher la. Mo asher la ka tradui plizyè fason. Pa egzanp, yo ka pran l pou yon pwonon relatif tankou “ki”. Se sans pwonon “ki” a nou te bay nan fason nou te tradui l anvan. Se sa k fè, bon bagay yo site nan vèsè 12 rive nan vèsè 14 la te gen rapò ak mechan yo site nan vèsè ki vin anvan yo. Sepandan, mo asher la ka gen sans rezilta oswa konsekans tou, e yo ka met “donk”, “kidonk” oswa “lè sa a” pou yo tradui l. Se ekspresyon “lè sa a” yo itilize pou tradui l nan edisyon revize 2013 la ak nan lòt tradiksyon Labib.

  2. Fason yo tradui vèsè sa yo nan edisyon revize a byen mache ak rès vèsè ki nan sòm sa a. Piske n sèvi ak ekspresyon “lè sa a” nan vèsè 12 la, nou konprann benediksyon yo site nan vèsè 12 rive nan vèsè 14 yo konsène moun ki jis yo, anpalan de moun k ap mande pou yo ‘delivre yo e pou yo sove yo’ anba mechan yo (vèsè 11). Chanjman sa a gen efè sou vèsè 15 lan tou kote de referans yo fè ak mo “byennere” a parèt an paralèl nan yon sans pozitif oswa youn konplete lòt. Konsa, nan toule de fraz yo, byenfè sa a gen rapò ak menm pèp la, sètadi pèp “ki gen Jewova kòm Bondye l la”! Anplis de sa, sonje yo pa t sèvi ak siy ponktiyasyon, tankou gimè, nan tèks ebre orijinal la. Nan ka sa a, se tradiktè yo ki dwe chèche konprann sans ki egzak la lè yo pran an konsiderasyon stil pwezi lang ebre a, kontèks la ak lòt vèsè nan Bib la ki gen rapò ak tradiksyon y ap fè a.

  3. Fason yo tradui vèsè sa yo nan edisyon revize a ann amoni ak lòt vèsè nan Bib la kote Bondye pwomèt l ap vide benediksyon sou pèp li a ki fidèl. Kounye a, chanjman sa a nou fè nan fason n tradui mo asher la pèmèt sòm nan reflete bonjan espwa David te genyen ki montre apre Bondye fin delivre nasyon Izrayèl la anba men ènmi l yo, Bondye t ap beni pèp li a, yo t ap gen kè kontan e tout zafè yo t ap byen mache (Lev. 26:9, 10; Det. 7:13; Sòm 128:1-6). Pa egzanp, men sa Detewonòm 28:4 di: “L ap beni pitit nou yo, rekòt nou yo, pitit bèt nou yo, ti bèf nou yo ak ti mouton nou yo.” Vrèmanvre, sou rèy Salomon, pitit gason David, nasyon an te gen lapè e tout zafè yo t ap mache byen, yon sitiyasyon yo potko janm viv anvan sa. Sa k pi enpòtan an, gen kèk aspè nan rèy Salomon an ki montre jan bagay yo pral ye lè Mesi a ap dirije. — 1 Wa 4:20, 21; Sòm 72:1-20.

Kidonk, chanjman mo nou fè nan Sòm 144 la pa chanje fason n konprann ansèyman ki nan Bib la. Men, li pèmèt tout sòm nan pi byen reflete bèl espwa sèvitè Jewova yo genyen depi byen lontan an ki se: Bondye pral detwi mechan yo, apre sa, li pral pèmèt moun ki jis yo viv nan lapè nètale e pou tout bagay mache byen pou yo. — Sòm 37:10, 11.