Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Gason yo nome yo: Aprann nan men Timote

Gason yo nome yo: Aprann nan men Timote

ANE pase, nan lemonnantye, yo te nome plizyè milye gason pami Temwen Jewova yo ansyen ak sèvitè ministeryèl. Si w se youn nan frè sa yo nou renmen anpil, se sèten w jwenn anpil jwa nan nouvo privilèj ou genyen an.

Sepandan, nou konprann ou ka santi w yon ti jan enkyè tou. Men sa yon jèn ansyen ki rele Jason fè konnen: “Lè m te fèk nome, m te santi responsablite m te vin genyen yo yon jan twòp pou mwen.” Moyiz ak Jeremi te santi yo pa t kalifye lè Jewova te ba yo nouvo responsablite (Egz. 4:10; Jer. 1:6). Si w santi w konsa, ki jan w ka venk santiman sa yo pou w ka kontinye fè pwogrè? Ann pran egzanp yon kretyen ki te rele Timote. — Tra. 16:1-3.

IMITE EGZANP TIMOTE

Petèt Timote te nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li lè apot Pòl te envite l pou l vin konpayon vwayaj li. Okòmansman, piske Timote te jèn, li te ka manke konfyans nan tèt li e l te ka renka pou l aji nan nouvo asiyasyon l te genyen an (1 Tim. 4:11, 12; 2 Tim. 1:1, 2, 7). Epoutan, dizan annapre, men sa Pòl te kapab di kongregasyon nan vil Filip la: “Mwen espere, si se volonte Seyè Jezi, mwen pap pran anpil tan pou m voye Timote ban nou [...]. Paske, mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l.” — Flp. 2:19, 20.

Ki sa k fè Timote te yon bon ansyen konsa? Ann egzamine sis leson nou ka aprann nan egzanp li.

1. Li te gen bonjan sousi pou moun. Men sa Pòl te di frè yo nan vil Filip: “[Timote] gen sousi pou nou toutbon.” (Flp. 2:20). Vrèmanvre, Timote te gen sousi pou moun. Li te enterese toutbon nan byennèt yo nan domèn espirityèl, e l te dispoze bay tout li menm pou yo.

Nou dwe evite vin tankou yon chofè bis ki gen plis sousi pou l rive alè nan estasyon pase pou l kanpe pran pasaje. Men ki konsèy William, yon frè moun respekte e ki gen plis pase 20 an depi l ansyen, bay gason yo fèk nome yo: “Renmen frè yo. Konsantre w sou bezwen yo olye w konsantre w sou fason bagay yo dwe fèt.”

2. Li te met bagay espirityèl yo an premye. Men sa Pòl te di pou l montre diferans ki genyen ant egzanp Timote te bay ak egzanp lòt moun yo: “Tout lòt moun yo ap chèche pwòp enterè yo, yo pap chèche enterè Jezi Kris.” (Flp. 2:21). Pòl te ekri pawòl sa yo pandan l te nan vil Wòm. Li te remake frè yo nan vil sa a te okipe depase limit nan zafè pèsonèl yo. Nan yon sèten sans, yo t ap rale kò yo dèyè nan domèn espirityèl. Men, Timote pa t konsa! Lè l te jwenn posiblite pou l simaye bon nouvèl la, li te gen menm atitid ak Ezayi ki te di: “Men mwen! Voye m!” — Eza. 6:8.

Ki jan w ka fè ekilib ant obligasyon pèsonèl ou ak obligasyon w genyen nan domèn espirityèl? Premyèman, fikse priyorite. Men konsèy Pòl te bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” (Flp. 1:10). Bay bagay Bondye bay priyorite yo premye plas nan lavi w. Dezyèmman, senplifye lavi w. Elimine bagay k ap vòlè tan w ak enèji w. Men ankourajman Pòl te bay Timote: “Kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo, men chèche gen ladwati, lafwa, lanmou, lapè.” — 2 Tim. 2:22.

3. Li te travay di nan sèvis sakre a. Men sa Pòl te fè Filipyen yo sonje: “Nou konnen [Timote] fè prèv li, paske, menm jan yon pitit konn fè pou papa l, se konsa li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese.” (Flp. 2:22). Timote pa t parese. Li te konn travay di ansanm ak Pòl, e sa te fè youn vin gen plis afeksyon pou lòt.

Pa manke travay nan òganizasyon Bondye a jodi a. Travay sa a bay satisfaksyon toutbon e l ka fè n vin pi pwòch frè n ak sè n yo. Kidonk, annou fikse objektif pou n toujou gen “anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. — 1 Kor. 15:58.

4. Li te aplike leson l te aprann yo. Men sa Pòl te ekri Timote: “Se pye pou pye ou suiv ansèyman m, fason m viv, objektif mwen, lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen ak andirans mwen.” (2 Tim. 3:10). Piske Timote te aplike sa l te aprann yo, li te kalifye pou l vin gen pi gwo responsablite. — 1 Kor. 4:17.

Èske gen yon moun k ap ba w fòmasyon nan domèn espirityèl? Si se non, poukisa w pa chèche youn? Men sa Tom, yon frè ki gen anpil ane depi l ansyen, sonje: “Te gen yon ansyen ki gen anpil eksperyans ki te pran m anba zèl li e l te ban m bonjan fòmasyon. M te toujou mande l konsèy e m te konn suiv konsèy li yo regilyèman. Sa pa t pran tan pou m te vin gen plis asirans.”

5. Li te kontinye fòme tèt li. Men konsèy Pòl te bay Timote: “Fè antrènman nan objektif pou w gen atachman pou Bondye.” (1 Tim. 4:7). Yon atlèt ka gen yon antrenè, men l bezwen antrene poukont li tou. Men konsèy Pòl te bay Timote: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik, sou egzòtasyon ak ansèyman w ap bay. [...] Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè.” — 1 Tim. 4:13-15.

Ou menm tou ou bezwen kontinye amelyore kapasite w. Pa sispann fè pwogrè nan domèn espirityèl oswa kontinye ret ajou ak enstriksyon òganizasyon an bay. Epitou, evite vin gen twòp konfyans nan tèt ou, petèt lè w panse ou gen anpil eksperyans pou w rezoud nenpòt sitiyasyon san w pa fè bonjan rechèch. Menm jan ak Timote, “toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay”. — 1 Tim. 4:16.

6. Li te konte sou lespri sen Jewova. Lè Pòl t ap reflechi sou sèvis Timote te akonpli, men sa l te fè l sonje: “Konsève trezò yo konfye w la, grasa lespri sen ki abite nan nou.” (2 Tim. 1:14). Pou Timote te ka toujou byen fè sèvis li, li te bezwen konte sou lespri sen Bondye.

Men sa Donald, yon frè ki gen plizyè dizèn ane depi l ansyen, fè konnen: “Gason yo nome yo dwe bay relasyon yo gen ak Bondye a anpil valè. Moun ki fè sa yo ap ‘vin gen plis fòs’. Si yo priye pou yo gen lespri sen Bondye e yo fè efò pou yo vin gen fwi lespri a, y ap vin yon benediksyon pou frè yo toutbon.” — Sòm 84:7; 1 Pyè 4:11.

BAY PRIVILÈJ OU A ANPIL VALÈ

Sa vrèman ankourajan pou n wè gen anpil frè ki fèk nome, menm jan avè w, k ap fè pwogrè nan domèn espirityèl. Men sa Jason, nou te pale de li pi wo a, di: “Depi lè m ap sèvi kòm ansyen, mwen aprann anpil bagay e m vin gen plis asirans. Kounye a, m vrèman renmen asiyasyon m nan e m konsidere l kòm yon bèl privilèj!”

Èske w ap kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl? Fikse objektif pou w aprann nan men Timote. Lè sa a, ou menm tou, w ap vin yon benediksyon pou pèp Bondye a.