Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, èske w konsantre w sou objektif espirityèl?

Jèn, èske w konsantre w sou objektif espirityèl?

“Lage tout sa w ap fè nan men Jewova, e plan w yo ap mache.” — PWO. 16:3.

KANTIK: 135, 144

1-3. a) Ak ki difikilte tout jèn ap fè fas, e ki egzanp ki ta ka montre sa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki pi bon fason jèn ki kretyen yo ka fè fas ak difikilte sa a?

IMAJINE W planifye pou w al nan yon vil ki lwen anpil pou yon evènman enpòtan. Pou w al kote sa a, w ap bezwen fè yon vwayaj byen long nan bis. Nan estasyon an, ou nan mitan yon bann pasaje ak anpil bis. Se pa ti bon sa bon lefètke w gen yon objektif byen klè nan lespri w, sètadi pran bis k ap mennen w kote w vle ale a! Si w monte nan yon bis ki pral nenpòt kote sa ka vle di ou pran yon move direksyon.

2 Nou ka konpare jèn yo jodi a ak pasaje sa yo. Adolesan yo gen yon vwayaj byen long pou yo fè, yon vwayaj yo pap fè nan bis, men, nan lavi a. Pafwa, yo ka santi posiblite yo jwenn yo ak desizyon yo dwe pran yo twòp pou yo. Jèn, ou ka fè vwayaj la vin pi fasil pou ou si w byen konnen ki kote w vle ale nan lavi a. Ki kote w ta dwe ale?

3 Atik sa a reponn kesyon sa a lè l ankouraje jèn yo pou yo konsantre lavi yo sou dezi yo genyen pou yo fè Jewova plezi. Sa mande pou yo sonje Jewova nan tout aspè nan lavi yo, tankou edikasyon, travay, responsablite nan fanmi, eksetera. Epitou, sa mande pou yo chèche gen objektif espirityèl. Jèn ki kontinye konsantre yo sou sèvis Jewova a kapab gen asirans Jewova ap beni yo pou yo reyisi nan lavi yo. — Li Pwovèb 16:3.

POUKISA W DWE CHÈCHE GEN OBJEKTIF ESPIRITYÈL?

4. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

4 Lè yon moun chèche gen objektif espirityèl byen bonè nan lavi l sa montre l gen bonsans. Sa k fè sa? Nou pral egzamine twa rezon. De premye rezon yo montre lè yon moun ap travay sou objektif espirityèl li genyen sa fè l vin gen pi bon relasyon ak Jewova, e twazyèm nan montre byenfè yon moun jwenn lè l chèche gen objektif espirityèl byen bonè nan lavi l.

5. Ki pi gwo rezon ki fè n dwe chèche gen objektif espirityèl?

5 Pi gwo rezon ki fè n dwe chèche gen objektif espirityèl se pou n montre Jewova jan nou gen rekonesans pou lanmou l demontre pou nou ak pou tout sa l fè pou nou. Men sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te fè konnen: “Ala bon sa bon pou m remèsye w, o Jewova [...]. Paske, gwo aksyon w fè yo fè kè m kontan, o Jewova. M ap rele byen fò ak kè kontan poutèt bagay ou fè yo.” (Sòm 92:1, 4). Antanke jèn, reflechi ak tout sa w genyen grasa Jewova. Ou gen lavi, lafwa, Bib la, kongregasyon an ak yon bèl esperans pou lavni. Lè w bay bagay espirityèl yo priyorite se yon fason ou montre Bondye ou gen rekonesans pou benediksyon sa yo, e sa fè w vin pi pwòch avè l.

6. a) Ki efè objektif espirityèl gen sou relasyon nou ak Jewova? b) Ki objektif yon jèn ka chèche genyen byen bonè nan lavi l?

6 Dezyèm rezon an se paske lè w kòmanse fè efò pou w atenn objektif espirityèl, ou kòmanse bati yon bon repitasyon devan Jewova. Sa menm fè w vin pi pwòch avè l. Men sa apot Pòl te fè konnen: “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l.” (Ebre 6:10). Ou pa janm twò jèn pou w chèche gen objektif. Christine te gen dizan lè l te pran desizyon pou l li byografi Temwen ki fidèl yo regilyèman. Lè Toby te gen 12 an, li te fikse objektif pou l li tout Bib la anvan l batize. Maxim te gen 11 an e Noemi, sè l la, te gen ennan an mwens li lè toule de te batize. Apre sa, yo toude te kòmanse travay sou objektif pou y al sèvi nan Betèl. Pou yo te ka ret konsantre sou objektif sa a, yo te met yon fòmilè aplikasyon pou Betèl nan yon mi lakay yo. Poukisa w pa chèche wè ki objektif ki enpòtan pou ou, epi apre sa, pou w kòmanse travay sou yo? — Li Filipyen 1:10, 11.

7, 8. a) Ki jan lè w chèche gen objektif sa fè l pi fasil pou w pran desizyon? b) Poukisa yon adolesan te chwazi pa ale nan inivèsite?

7 Twazyèm rezon ki fè w dwe chèche gen objektif byen bonè nan lavi w gen rapò ak desizyon w ap pran. Adolesan yo dwe pran desizyon nan kesyon edikasyon, travay, ak lòt bagay ankò. Lè w ap pran desizyon se tankou w ap chwazi ki wout pou w fè lè w rive nan yon kafou. Depi w konn kote w prale, li pa difisil pou w chwazi bon wout la. Menm jan an tou, si w konn objektif ou, li vin pi fasil pou w pran bon desizyon. Men sa Pwovèb 21:5 di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” Tank ou planifye pi bonè lè w fikse bon objektif, se pi vit bagay yo ap mache byen pou ou. Se eksperyans sa a yon sè ki rele Damaris te fè lè l te gen yon desizyon enpòtan pou l pran pandan l adolesan.

8 Damaris te fini lekòl ak bèl nòt. Li te jwenn yon bous pou l al etidye dwa nan yon inivèsite, men l te chwazi al travay labank pito. Poukisa? Men sa l di: “M te pran desizyon pou m pyonye byen bonè nan lavi m. Sa te mande pou m pa t travay aplentan. Si m te gen yon lisans nan dwa, m t ap ka fè anpil lajan, men l t ap difisil pou m jwenn yon travay ki pa pran tout tan m.” Kounye a, Damaris gen 20 an depi l pyonye. Èske l panse li te fikse bon objektif la e l te pran desizyon ki kòrèk la lè l te adolesan? Men sa l fè konnen: “Nan travay mwen nan bank lan, m gen anpil kontak ak avoka kounye a. Yo fè menm kalite travay m t ap gen pou m fè si m te etidye dwa. Sepandan, anpil nan yo pa renmen travay y ap fè a ditou. Desizyon m te pran pou m pyonye a te ede m evite vin fristre akoz yon travay e sa ouvri pòt pou m gen lajwa nan sèvis Jewova a pou plizyè ane.”

9. Poukisa jèn nou yo merite bonjan felisitasyon?

9 Plizyè milye jèn nan kongregasyon nou yo nan lemonnantye merite bonjan felisitasyon. Yo lage tout sa y ap fè nan men Jewova e yo konsantre lavi yo sou objektif espirityèl. Jèn sa yo byen pwofite lavi yo toutpandan y ap aprann suiv direksyon Jewova bay nan tout sa y ap fè. Sa gen ladan l edikasyon, travay ak lavi fanmi. Men sa Salomon te ekri: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w [...]. Sonje l nan tout sa w ap fè, e l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w.” (Pwo. 3:5, 6). Jèn yo nan kongregasyon an gen anpil valè pou Jewova, li menm ki renmen yo anpil e ki ba yo pwoteksyon, konsèy ak benediksyon.

BYEN PREPARE POU W BAY TEMWAYAJ

10. a) Poukisa se travay predikasyon an ki dwe antèt nan lis priyorite nou yo? b) Ki jan n ka vin efikas nan travay predikasyon an?

10 Yon jèn ki konsantre lavi l sou anvi l genyen pou l fè Jewova plezi ap bay travay predikasyon an yon atansyon espesyal. Jezi Kris te met aksan sou enpòtans pou n “preche bon nouvèl la anvan”. (Mak 13:10.) Piske travay predikasyon an ijan anpil, se li ki ta dwe antèt nan lis priyorite nou yo. Èske w ka fikse objektif pou w patisipe pi souvan nan travay predikasyon an? Èske w ka pyonye? Men, e si w pa jwenn anpil kè kontan lè w ap preche? Epitou, ki jan w ka vin pi efikas lè w ap bay temwayaj? Gen de etap fondamantal k ap ede w: Byen prepare, epi pa sispann pataje sa w konnen yo ak lòt moun. Ou ka sezi wè jan w gen anpil kè kontan lè w ap preche.

Ki jan w prepare pou w bay temwayaj? (Gade paragraf 11, 12.)

11, 12. a) Ki sa jèn yo ka fè pou yo prepare yo pou yo bay temwayaj? b) Ki jan yon jèn te pwofite okazyon l jwenn pou l bay temwayaj nan lekòl li?

11 Ou ka kòmanse prepare repons pou yon kesyon elèv yo abitye poze nan lekòl la, tankou: “Poukisa w kwè nan Bondye?” Sit Entènèt jw.org la gen atik ki la pou ede jèn yo prepare yo pou reponn kesyon sa a. Gade nan ribrik SA LABIB ANSEYE > JÈN YO. W ap jwenn yon fich aktivite ki gen tit: “Poukisa m kwè nan Bondye?” Fich aktivite a ap gide w pou w prepare repons pa w. Li bay twa vèsè ou ka itilize lè w ap esplike konviksyon w genyen: Ebre 3:4, Women 1:20 ak Sòm 139:14. Ou ka sèvi ak fich aktivite sa yo pou w prepare yon repons pou chak kesyon. — Li 1 Pyè 3:15.

12 Depi w jwenn okazyon, ankouraje kondisip ou yo pou y al sou sit jw.org la. Se sa yon jèn frè ki rele Luca te fè. Klas li a t ap pale sou plizyè relijyon, e Luca te remake liv la te gen kèk ide ki fo sou Temwen Jewova yo. Byenke l te renka, li te mande pèmisyon pou l korije fo akizasyon sa yo, e madam nan te dakò. Nonsèlman Luca te esplike kwayans li, men tou, li te montre tout klas la sit Entènèt nou an. Kòm devwa, madam nan te mande chak elèv pou y al gade desen anime ki gen tit Venk yon moun k ap ba w brimad san batay! Luca kontan anpil dèske l te ka bay yon bon temwayaj.

13. Poukisa n pa dwe dekouraje lè n jwenn difikilte?

13 Pinga w dekouraje, menmsi pafwa w jwenn chòk sou wout w ap vwayaje a (2 Tim. 4:2). Lè w jwenn difikilte, konsantre w sou objektif ou yo. Katharina te gen 17 an lè l te fikse objektif pou l bay chak kòlèg travay li temwayaj. Gen yon moun ki te manke l dega plizyè fwa, men l pa t kite sa entimide l. Bèl konduit li te genyen devan difikilte sa yo te enpresyone yon lòt kòlèg li ki rele Hans. Kòm rezilta, Hans te li piblikasyon nou yo, li te etidye Labib, e l te batize. Katharina te demenaje san l pa t menm konn tout bagay sa yo. Imajine jan l te kontan lè l te chita nan Sal Wayòm nan ak fanmi l 13 an annapre e yo te anonse Hans kòm oratè ki te vin bay diskou a! Se yon bon bagay lefètke Katharina pa t abandone objektif li te genyen pou l bay kòlèg li yo temwayaj!

PA KITE ANYEN FÈ W DISTRÈ

14, 15. a) Ki sa jèn yo dwe sonje lè yo jwenn presyon? b) Ki jan jèn yo ka fè fas ak presyon lòt jèn ap fè sou yo?

14 Atik sa a ankouraje w pran desizyon pou w konsantre lavi w sou anvi w genyen pou w sèvi Jewova. Sa vle di pou w konsantre lavi w sou objektif espirityèl. Petèt gen jèn ki gen menm laj avè w ki santre lavi yo sou pran plezi, e yo ka envite w pase tan ak yo. Towouta w ap bezwen montre nan ki pwen w detèmine pou w ret fidèl ak chwa w fè yo. Pa kite presyon lòt jèn ap fè sou ou fè w distrè. Epitou, reflechi sou egzanp bis la yon lòt fwa ankò, se sèten, ou pap monte nan yon bis ki pral nenpòt kote senpleman paske pasaje ki nan bis sa a sanble ap pran plezi yo.

15 Gen plizyè fason pou w fè fas ak presyon lòt jèn ap fè sou ou. Pa egzanp, evite sitiyasyon ou konnen ki gen tantasyon (Pwo. 22:3). Epitou, sonje move konsekans sa genyen lè w patisipe nan fè sa k mal ak lòt moun (Gal. 6:7). Yon lòt bagay k ap ede w se lè w rekonèt ou bezwen konsèy. Imilite ap ede w aksepte sijesyon paran w ak moun ki gen matirite nan kongregasyon an ba ou. — Li 1 Pyè 5:5, 6.

16. Rakonte yon eksperyans ki montre byenfè moun jwenn lè yo gen imilite.

16 Imilite te pouse yon frè ki rele Christoph aksepte bon konsèy. Yon ti tan apre batèm li, li te kòmanse antrene regilyèman nan yon sant spòtif. Gen lòt jèn nan sant lan ki te ankouraje l antre nan klèb spò yo a. Li te pale ak yon ansyen sou sa, e ansyen an te mande Christoph pou l reflechi sou kèk danje anvan l pran yon desizyon, tankou risk ki genyen pou lespri konpetisyon ta kontamine l. Christoph te antre nan klèb la kanmenm. Men, rive yon lè, li te vin rann li kont spò l t ap pratike a te vyolan, e l te menm gen danje ladan l. Yon lòt fwa ankò, li te pale ak plizyè ansyen, e yo tout te ba l konsèy ki baze sou Bib la. Men sa l di: “Jewova te voye bon konseye vin pale avè m, e m te koute L, menm lè sa te pran kèk tan.” Èske w gen ase imilite pou w aksepte bonjan konsèy?

17, 18. a) Ki sa Jewova vle pou jèn yo jodi a? b) Ki sitiyasyon tris ki ka rive lè w vin gran, e ki jan w ka evite sa? Bay yon egzanp.

17 “Ou menm jèn, pran plezi w pandan w jèn nan, e se pou w gen kè kontan pandan w jèn nan.” (Ekl. 11:9). Wi, Jewova vle w gen kè kontan antanke jèn. Atik sa a montre youn nan fason w ka fè sa. Ret konsantre sou objektif espirityèl yo, mete Jewova nan tout sa w planifye pou w fè. Tank ou kòmanse fè sa bonè se tank w ap santi direksyon, pwoteksyon ak benediksyon Jewova pi vit. Reflechi sou tout bon konsèy ou jwenn nan Pawòl Bondye a, epi pran konsèy ki vin apre a oserye: “Sonje Gran Kreyatè w la, pandan w jèn nan.” — Ekl. 12:1.

18 Pa gen pèsonn k ap ret jèn tout tan. Jèn yo fè pwogrè byen vit pou yo vin gran. Li tris pou n di gen anpil granmoun ki regrèt lefètke yo te fikse move objektif lè yo te jèn, oswa ki jis santi yo fristre paske yo pa t gen objektif ditou. Men, jèn ki ret konsantre sou objektif espirityèl jodi a ap kontan anpil lè yo vin granmoun lefètke yo te fè bon chwa. Se sa k te rive nan ka yon sè ki rele Mirjana ki te fò anpil nan spò lè l te adolesan. Yo te mande l patisipe nan yon Je Olenmpik ki t ap fèt ann ivè, men, li te chwazi pran sèvis aplentan pito. Plis pase 30 an annapre, Mirjana toujou nan sèvis aplentan ansanm ak mari l. Men sa l fè konnen: “Renome, onè, pouvwa ak richès se objektif ki pa dire lontan e ki pa gen anpil valè nan lavi a. Objektif ki vrèman bèl e k ap dire yo se sèvi Bondye epi eseye ede lòt moun nan domèn espirityèl, menmsi se toupiti.”

19. Fè yon ti pale sou byenfè yon jèn ap jwenn lè l konsantre l sou objektif espirityèl byen bonè nan lavi l.

19 Jèn yo nan kongregasyon an merite bonjan felisitasyon pou fason yo fè fas ak difikilte sa yo e pou detèminasyon yo pran pou yo konsantre lavi yo sou sèvis Jewova. Jèn yo fè sa lè yo fè efò pou yo atenn objektif espirityèl yo e lè yo met travay predikasyon an antèt nan lis priyorite yo. Mete sou sa, yo pran desizyon pou yo pa kite monn sa a fè yo distrè. Adolesan yo met gen asirans travay di yo fè yo pa pou granmesi. Yo jwenn sipò frè ak sè yo ki renmen yo, epi lè yo lage tout sa y ap fè nan men Jewova, plan yo gen nan lavi a ap mache byen.