Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou n jwenn vrè libète a

Fason pou n jwenn vrè libète a

“Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon.” — JAN 8:36.

KANTIK: 54, 36

1, 2. a) Ki sa k montre lèzòm ap lite pou yo jwenn libète? b) Ki rezilta lit sa yo bay?

JODI A, moun yo pale anpil konsènan libète, egalite ak endepandans. Nan anpil kote nan monn nan, moun yo vle libere anba enjistis, diskriminasyon ak povrete. Gen lòt moun ki vle santi yo lib pou yo pale, pou yo chwazi sa yo vle e pou yo deside pou tèt yo. Sanble se toupatou nan monn nan moun yo vle jwenn libète pou yo fè sa yo vle e pou yo viv jan yo vle.

2 Sepandan, rive jwenn fason pou n satisfè anvi sa yo se yon lòt bagay. Nan domèn sosyal oswa politik, gen anpil moun ki konn fè manifestasyon, ki konn fè rebèl oswa menm ki konn fè revolisyon. Men, èske sa fè yo jwenn sa yo vle a? Okontrè, byen souvan, sa konn mennen nan trajedi ak lanmò. Yon lòt fwa ankò, tout bagay sa yo pwouve verite ki nan pawòl Bondye te pouse wa Salomon ekri a ki di: “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” — Ekl. 8:9.

3. Ki sa n ka fè pou n gen vrè kè kontan an ak vrè satisfaksyon an?

3 Disip Jak te pale sou enpòtans pou n chèche jwenn vrè kè kontan an ak vrè satisfaksyon an. Men sa l te ekri: “Moun k ap gade nan lwa pafè a, lwa libète a, avèk atansyon e ki pèsevere ladan l, ap kontan nan sa l ap fè.” (Jak 1:25). Jewova, Sila a ki bay lwa pafè a, pi byen konnen ki bagay lèzòm bezwen pou yo gen bonjan kè kontan e pou yo satisfè nèt. Li te bay premye mesyedam yo tout sa yo te bezwen pou yo gen kè kontan, sa ki gen ladan l vrè libète a.

EPÒK LÈZÒM TE GEN VRÈ LIBÈTE A

4. Ki libète Adan ak Èv te genyen? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 Lè n li de premye chapit liv Jenèz la, li fasil pou n wè jan Adan ak Èv te gen yon kalite libète moun jounen jodi a ka sèlman espere y ap jwenn yon jou, sa vle di, yo pa t nan nesesite, yo pa t pè anyen e yo pa t gen moun k ap fè yo abi. De premye mesyedam yo pa t enkyete yo ditou pou manje, travay, maladi ak lanmò (Jen. 1:27-29; 2:8, 9, 15). Èske sa vle di libète Adan ak Èv te genyen an pa t gen limit? Ann chèche repons lan.

5. Kontrèman ak sa anpil moun panse, ki sa k nesesè pou lèzòm jwenn libète?

5 Jodi a, gen anpil moun ki panse pou yo gen vrè libète a, yo dwe kapab fè sa yo vle, kèlkeswa konsekans lan. Gen yon ansiklopedi ki defini libète kòm “kapasite yon moun genyen pou l chwazi e pou l aji ann amoni ak chwa li fè yo”. (The World Book Encyclopedia.) Sepandan, men sa ansiklopedi a ajoute: “Nan domèn legal, moun gen libète lè sosyete a pa ba yo okenn limit ki enjis, ki pa nesesè oswa ki pa rezonab.” Yon fason pratik, sa montre l nesesè pou gen kèk limit pou tout moun ki nan sosyete sa a ka byen jwi libète yo genyen an. Nan ka sa a, nou dwe mande tèt nou: Kiyès ki gen dwa deside ki limit ki jis, ki nesesè e ki rezonab?

6. a) Poukisa se Jewova sèlman ki gen yon libète san limit? b) Ki kalite libète lèzòm ka genyen, e poukisa?

6 Anrapò ak libète, gen yon pwen enpòtan nou dwe sonje: Se Jewova Dye sèlman ki gen sa n ka rele yon libète ki san limit. Poukisa? Paske se li menm ki kreye tout bagay, li se Souvren linivè a e l Toupisan (1 Tim. 1:17; Rev. 4:11). Sonje bèl pawòl wa David te di lè l t ap pale konsènan gwo pozisyon san parèy sèl Jewova ki genyen l lan. (Li 1 Kwonik 29:11, 12.) Nan ka sa a, tout kreyati ki nan syèl la e ki sou tè a gen sèlman yon libète ki gen limit. Yo dwe rekonèt se Jewova Dye ki gen pi gwo otorite pou l tabli limit li fikse ki jis, ki nesesè e ki rezonab. Anfèt, se sa Jewova Dye te fè depi okòmansman pou moun li te kreye yo.

7. Bay kèk aksyon yon moun fè tou natirèlman ki ka fè l gen kè kontan.

7 Menm lè Adan ak Èv te gen libète nan anpil domèn okòmansman, yo te gen kèk limit pou yo respekte. Gen kèk nan yo ki te natirèl, men, se limit yo te ye kanmenm. Pa egzanp, premye paran nou yo te konnen pou yo kontinye viv, yo te dwe respire, manje, dòmi, eksetera. Èske yo t ap santi yo pèdi nan libète yo piske yo te dwe fè bagay sa yo? Non, paske Jewova te asire l menm lè yo t ap fè bagay sa yo pa woutin, yo t ap gen kè kontan ak satisfaksyon (Sòm 104:14, 15; Ekl. 3:12, 13). Kiyès ki pa kontan lè l ap respire yon lè ki fre, lè l ap manje manje l pi renmen an oswa lè l leve nan maten apre l fin pase yon bon nuit ap repoze? Nou kontan fè bagay sa yo ki nesesè san n pa santi yo se yon chay. Se sèten Adan ak Èv te santi yo menm jan an.

8. Ki lòd byen klè Bondye te bay premye paran nou yo, e nan ki objektif li te bay li?

8 Yon fason klè, Jewova te bay Adan ak Èv lòd pou yo plen tè a ak moun e pou yo pran swen tè a (Jen. 1:28). Èske lòd sa a te fè yo pèdi libète yo nan kèk domèn? Non, jamè! Bondye te bay lòd sa a pou pèmèt lèzòm patisipe nan objektif li antanke Sila a ki kreye yo a, sètadi pou fè tè a vin yon paradi pou yon ras moun ki pafè viv sou li pou toutan (Eza. 45:18). Jodi a, lè yon moun chwazi ret selibatè oswa l chwazi marye san l pa fè pitit, li pa aji kont volonte Jewova. Men, an jeneral, moun yo marye e yo fè pitit malgre yo jwenn pwoblèm akoz desizyon sa yo (1 Kor. 7:36-38). Poukisa? Se paske nan sikonstans ki nòmal, moun yo jwenn kè kontan ak satisfaksyon lè yo fè sa (Sòm 127:3). Adan ak Èv te ka jwenn anpil kè kontan nan lavi yo toutpandan yo t ap jwi maryaj yo e yo t ap gen fanmi yo avè yo pou tout letènite.

FASON LÈZÒM TE PÈDI VRÈ LIBÈTE A

9. Poukisa lòd Bondye te bay nou jwenn nan Jenèz 2:17 la pa t yon lòd ki enjis, ki pa t nesesè oswa ki pa t rezonab?

9 Jewova te bay Adan ak Èv yon lòt kòmandman ki te gen ladan l yon esplikasyon byen klè sou pinisyon yo t ap jwenn si yo pa t respekte lòd sa a. Men sa l te di: “Ou pa dwe manje nan fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jen. 2:17). Nan yon sèten sans, èske lòd sa a te yon lòd ki enjis, ki pa t nesesè oswa ki pa t rezonab? Èske l te anpeche Adan ak Èv jwi libète yo te genyen an? Non. Anfèt, gen anpil biblis ki fè kòmantè sou lojik ak bonsans ki gen nan lòd sa a. Pa egzanp, men sa yon biblis fè konnen: “Ide ki gen nan lòd Bondye te bay nan [Jenèz 2:16, 17 la] sèke se sèlman Bondye ki konnen sa ki bon [...] pou lèzòm e se sèlman Bondye ki konnen sa ki pa bon [...] pou yo. Pou lèzòm jwenn sa ki ‘bon’, yo dwe met konfyans yo nan Bondye e yo dwe obeyi l. Si yo dezobeyi l, l ap kite yo deside sa ki bon [...] ak sa ki pa bon poukont yo.” Se yon chay lèzòm pa t ap ka rive pote poukont yo.

Chwa Adan ak Èv te fè a mennen nan katastwòf! (Gade paragraf 9-12.)

10. Poukisa n pa dwe panse libète n genyen pou n deside a egal ak dwa pou deside sa ki byen ak sa ki mal la?

10 Lè anpil moun jodi a ap li lòd Jewova te bay Adan an, yo ta gendwa di Adan pa t gen libète pou l fè sa l vle. Lè yo di sa, yo konfonn libète yon moun genyen pou l deside ak dwa pou deside sa ki byen ak sa ki mal la. Adan ak Èv te lib pou yo chwazi obeyi Bondye oswa pou yo pa obeyi l. Sepandan, se Jewova sèlman ki gen dwa pou deside yon fason total sa ki byen ak sa ki mal, jan “pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal” ki te nan jaden Edenn nan te senbolize sa (Jen. 2:9). Nou dwe admèt nou pa toujou konnen sa k pral rive akoz chwa nou fè yo, e n pa konnen si bagay yo ap toujou byen pase pou nou. Se rezon sa a ki fè, byen souvan, nou wè anpil moun ki fè chwa oswa ki pran desizyon ak tout bon entansyon yo, men, se nan soufrans, nan katastwòf oswa nan trajedi sa mennen yo (Pwo. 14:12). Limit lèzòm genyen yo jwe yon gwo wòl nan sa. Grasa kòmandman Jewova te bay la, avèk lanmou, li te anseye Adan ak Èv fason pou yo jwi vrè libète a. Nan ki sans li te fè sa, e ki jan premye mesyedam yo te aji?

11, 12. Poukisa chwa Adan ak Èv te fè a te mennen nan katastwòf? Bay yon egzanp.

11 Anfèt, premye paran nou yo te chwazi dezobeyi. Èv pa t rive reziste devan tantasyon lè Satan te fè l pwomès sa a: “Je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.” (Jen. 3:5). Èske chwa Adan ak Èv te fè a te fè yo vin gen plis libète vre? Malerezman, non. Chwa yo te fè a pa t fè yo jwenn sa Satan te di yo t ap jwenn nan. Anfèt, byen vit, yo te aprann lè yon moun rejte direksyon Jewova e l chwazi fè sa l vle, sa mennen nan katastwòf (Jen. 3:16-19). Sa k fè sa? Senpleman paske Jewova pa t bay lèzòm libète pou yo deside sa ki byen ak sa ki mal poukont yo. — Li Pwovèb 20:24 ak nòt la; Jeremi 10:23.

12 Pou n esplike sa, ann pran egzanp yon pilòt k ap dirije yon avyon. Pou l rive yon kote sennesòf, an jeneral, li dwe suiv wout yo di l pou l fè a. Ekipman avyon modèn yo genyen yo pèmèt pilòt la sèvi ak enstriman ki nan dach avyon an pou l dirije avyon an e pou l ret an kontak ak sèvis ki kontwole trafik avyon yo pandan vwayaj la yon fason pou l rive kote l prale a. Men, si pilòt la chwazi pa respekte direksyon y ap ba li a e l mennen avyon an kote l vle, sa ka lakòz gwo pwoblèm. Menm jan ak pilòt sa a, Adan ak Èv te vle fè bagay yo jan yo vle. Yo te rejte direksyon Bondye te ba yo. Ki rezilta sa bay? Nan yon sans, yo te fè yon gwo aksidan ki mennen yo menm ak desandan yo t apral genyen yo nan peche ak lanmò (Wom. 5:12). Piske yo te vle deside pou tèt yo, yo te pèdi vrè libète Bondye te ba yo a.

FASON POU N VIN GEN VRÈ LIBÈTE A

13, 14. Ki jan n ka gen vrè libète a?

13 Gen moun ki ka panse plis yo gen libète se plis y ap santi yo alèz, men, an reyalite, yon libète ki pa gen limit se yon epe ki file de bò. Se vre, libète fè moun jwenn anpil byenfè, men, nou fremi lè n ap imajine nan ki eta monn nan t ap ye si pa t gen okenn limit ditou. Pou rezon sa a, men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Lwa ki egziste nan kèlkeswa sosyete ki òganize a fòme yon modèl konplike ki pèmèt gen ekilib ant libète ak limit.” (The World Book Encyclopedia). Pa gen dout, mo “konplike” a se bon mo a. Jis fè yon ti reflechi ak bann ak pakèt lwa lèzòm ekri yo, san wete pakèt avoka ak jij ki la pou entèprete yo e pou fè moun aplike yo.

14 Yon lòt bò, Jezi te atire atansyon sou yon fason tou senp pou n jwenn vrè libète a. Men sa l te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:31, 32). Nou jwenn de obligasyon nan konsèy Jezi bay pou n gen vrè libète a: Premyèman, nou dwe aksepte verite li te anseye yo, e dezyèmman, nou dwe vin disip li. Lè n fè sa, n ap libere toutbon. Men, libere anba ki sa? Men ki esplikasyon Jezi te bay: “Yon moun k ap pratike peche se esklav peche li ye. [...] Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon.” — Jan 8:34, 36.

15. Ki sa k fè libète Jezi te pwomèt la ka “libere [nou] toutbon”?

15 Sa klè, libète Jezi te pwomèt disip li yo pi bon lontan pase libète nan domèn sosyal oswa politik pifò moun swaf pou yo jwenn jodi a. Lè Jezi te di “si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon” an, li t ap pale konsènan libere anba pi gwo esklavaj ak enjistis lèzòm ap sibi a, sètadi lefètke yo se “esklav peche”. Nonsèlman peche ka pouse n fè sa ki mal, men tou, li ka anpeche n fè sa n konnen ki dwat oswa l ka anpeche n viv ann amoni ak sa n konnen nou kapab fè. Nan sans sa a, nou se esklav peche, e rezilta l bay se tètchaje, doulè, soufrans, e finalman lanmò (Wom. 6:23). Apot Pòl te santi doulè sa a e sa te fè l soufri anpil. (Li Women 7:21-25.) Se sèlman lè chenn peche ki mare nou an kase, nou ka gen espwa n ap jwenn vrè libète premye paran nou yo te gen yon lè a.

16. Ki jan n ka libere toutbon?

16 Piske Jezi te di “si nou rete nan pawòl mwen”, sa montre gen kèk obligasyon oswa limit nou dwe respekte pou l ka libere nou. Antanke kretyen ki vwe Bondye lavi n, nou te nye tèt nou e n te chwazi rete nan limit ansèyman Kris la antanke disip li (Mat. 16:24). Jan Jezi te pwomèt la, n ap libere toutbon lè byenfè sakrifis ranson l lan aplike nèt nan ka pa nou.

17. a) Ki sa k ap bay lavi nou yon vrè sans e k ap fè n jwenn vrè satisfaksyon an? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Lè n soumèt tèt nou anba ansèyman Jezi yo antanke disip li, sa ap bay lavi nou yon vrè sans e n ap jwenn vrè satisfaksyon an. Konsa, sa ban nou posiblite pou n libere nèt anba esklavaj peche ak lanmò. (Li Women 8:1, 2, 20, 21.) Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine fason n ka byen sèvi ak libète n genyen depi kounye a pou n onore Jewova, Bondye ki bay vrè libète a, pou toutan.