Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvi Jewova, Bondye ki bay libète a

Sèvi Jewova, Bondye ki bay libète a

“Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète.” — 2 KOR. 3:17.

KANTIK: 49, 73

1, 2. a) Poukisa moun yo nan epòk apot Pòl la te enterese nan kesyon esklavaj ak libète? b) Kiyès Pòl te di moun yo ki ka fè yo jwenn vrè libète a?

MOUN nan Anpi women an, ki t ap viv nan menm epòk ak premye kretyen yo, te fyè de tèt yo antanke moun ki t ap defann lalwa, jistis ak libète. Sepandan, pifò nan pisans ak glwa Anpi women an te genyen an te bati sou do esklav yo. Gen yon lè, anviwon 30 pousan moun nan popilasyon an te esklav. Pa gen dout nan sa, kesyon ki gen rapò ak esklavaj ak libète te toujou nan lespri pèp la, san wete kretyen yo.

2 Nan lèt apot Pòl te ekri yo, li te di anpil bagay konsènan libète. Men, Pòl pa t fè sèvis li nan objektif pou l fè refòm nan domèn sosyal oswa politik ki se egzakteman sa moun nan epòk sa a t ap chèche. Olye pou Pòl ak kretyen parèy li yo t al chèche libète nan men yon dirijan imen oswa nan yon òganizasyon, yo te fè anpil efò pou yo ede lòt moun aprann bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a ak valè san parèy sakrifis ranson Kris Jezi a genyen. Pòl te atire atansyon kwayan parèy li yo sou Sila a ki bay vrè libète a. Pa egzanp, nan dezyèm lèt li te ekri kretyen nan vil Korent yo, li te di byen klè: “Jewova se Lespri a. Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète.” — 2 Kor. 3:17.

3, 4. a) Ki sa k te pouse Pòl di pawòl ki nan 2 Korentyen 3:17 la? b) Ki sa n dwe fè pou n gen libète Jewova bay la?

3 Nan lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo, okòmansman li te pale konsènan glwa Moyiz te genyen lè l te desann sot sou Mòn Sinayi apre l te fin wè yon zanj Jewova. Lè pèp la te wè Moyiz, yo te vin pè, e Moyiz te met yon vwal sou figi l (Egz. 34:29, 30, 33; 2 Kor. 3:7, 13). Men sa Pòl te esplike: “Lè yon moun tounen vin jwenn Jewova, vwal la soti.” (2 Kor. 3:16). Ki sa pawòl Pòl yo vle di?

4 Jan n te aprann sa nan atik ki vin anvan an, Jewova, Sila a ki kreye tout bagay la, se sèl Moun ki gen yon libète total e ki san limit. Li toutafè nòmal pou se an prezans Jewova ak “kote lespri Jewova ye” ki gen libète. Sepandan, pou n gen libète sa a e pou n jwenn byenfè ladan l, nou dwe “vin jwenn Jewova”, sa vle di vin gen yon relasyon pèsonèl avè l. Izrayelit ki te nan dezè a pa t wè fason Jewova te aji avèk yo a nan yon sans espirityèl. Se kòmsi yo te vwale kè yo ak lespri yo, yo te fè yo vin di, tout sa k te nan tèt yo se sèvi ak libète yo te vin genyen lè yo te libere anba men Ejip la yon fason fizik oswa pou satisfè dezi lachè yo. — Ebre 3:8-10.

5. a) Ki kalite libète lespri Jewova fè moun jwenn? b) Ki jan n fè konnen bezwen fizik nou genyen yo pa diminye nan libète Jewova ban nou an? c) Ki kesyon nou dwe reponn?

5 Sepandan, libète ki mache ak lespri Jewova a vle di plis pase annik libere anba esklavaj fizik. Plis pase kèlkeswa bagay efò lèzòm fè yo ka reyalize, lespri Jewova libere n anba esklavaj peche ak lanmò e l libere n anba esklavaj fo adorasyon ak pratik ki gen ladan l (Wom. 6:23; 8:2). Ala yon bèl libète! Yon moun ka jwi byenfè libète sa a pote menmsi l nan prizon oswa l nan esklavaj (Jen. 39:20-23). Sè Nancy Yuen ak frè Harold King te viv verite sa a lè yo te fè yo pase plizyè ane nan prizon akoz lafwa yo. Sou Tele JW, nou ka wè yo epi tande yo k ap rakonte eksperyans yo te fè. (Gade nan ribrik ENTÈVYOU AK TEMWAYAJ > YO ANDIRE ANBA EPRÈV.) Sepandan, nou bezwen mande tèt nou: Ki jan n ka montre n bay libète n genyen an anpil valè? E ki sa n ka fè pou n byen sèvi ak libète sa a?

BAY LIBÈTE BONDYE BAN NOU AN ANPIL VALÈ

6. Ki fason Izrayelit yo te montre yo pa t apresye libète Jewova te ba yo a?

6 Lè n konn vrè valè yon kado ki chè anpil, nou santi n chofe pou n montre rekonesans anvè moun ki te ban nou l lan. Izrayelit yo pa t apresye libète Jewova te ba yo lè l te delivre yo anba esklavaj nan peyi Ejip. Kèk mwa sèlman apre Jewova te fin delivre yo a, yo te kòmanse sonje sa yo te konn manje ak sa yo te konn bwè lè yo te ann Ejip, yo te tonbe plenyen kont dispozisyon Jewova te pran yo, e yo te menm vle retounen ann Ejip. Nou imajine sa, yo te bay ‘pwason, konkonm, melon, powo, zonyon ak lay’ plis valè pase libète yo te genyen pou yo adore Jewova, vrè Dye a. Nou pa sezi dèske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a (Nonb 11:5, 6, 10; 14:3, 4). Ala yon gwo leson pou nou!

7. Ki fason Pòl te aji ann amoni ak konsèy li te bay ki nan 2 Korentyen 6:1 an, e ki jan n ka fè menm jan avè l?

7 Apot Pòl te ankouraje tout kretyen yo pou yo pa minimize libète Jewova kontan ban nou pa mwayen Jezi Kris, Pitit Gason l lan. (Li 2 Korentyen 6:1.) Sonje jan Pòl te tris e jan l t ap soufri akoz konsyans li ki t ap kale l paske l te santi l esklav peche ak lanmò. Sepandan, avèk rekonesans, li te di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” Poukisa? Men sa l te esplike kretyen parèy li yo: “Paske, lwa lespri sa a ki bay lavi ann inyon ak Kris Jezi a libere w anba lwa peche ak lanmò a.” (Wom. 7:24, 25; 8:2). Menm jan ak Pòl, nou menm tou nou pa dwe janm minimize libète Jewova ban nou lè l delivre n anba esklavaj peche ak lanmò. Grasa ranson an, nou ka sèvi Bondye nou an ak yon konsyans ki klè e n ka jwenn bonjan plezi lè n ap fè sa. — Sòm 40:8.

Èske w sèvi ak libète w genyen pou w chwazi a pou w bay èd nan travay Wayòm nan oswa pou pwòp enterè w? (Gade paragraf 8-10.)

8, 9. a) Ki avètisman apot Pyè te bay konsènan fason n ap sèvi ak libète nou genyen an? b) Ak ki danje n ap fè fas jodi a?

8 Nonsèlman nou dwe demontre rekonesans, men tou, nou dwe fè atansyon pou n pa janm mal sèvi ak libète n genyen an ki gen anpil valè. Apot Pyè te avèti nou pou n pa sèvi ak libète n genyen an kòm yon eskiz pou n satisfè dezi lachè. (Li 1 Pyè 2:16.) Èske avètisman sa a pa fè w sonje sa k te rive Izrayelit yo nan dezè a? Danje sa a toujou la devan nou, e petèt li menm vin pi plis. Kounye a, Satan ak monn li an bay moun yo plis chwa ki atiran nan kesyon abiman ak aparans, manje ak bwè, divètisman ak detant ak anpil lòt bagay ankò. Byen souvan, moun k ap fè reklam yo pran san yo pou fè yon seri reklam ki atiran e yo twonpe moun yo lè yo fè yo konnen yo dwe gen yon seri bagay alòske yo pa bezwen bagay sa yo vre. Se pa ti fasil li fasil pou n pran nan pyèj sa yo e pou n mal sèvi ak libète n genyen an!

9 Anplis de sa, konsèy apot Pyè a konsène aspè ki pi enpòtan nan lavi yon moun, tankou chwa l ap fè nan domèn edikasyon, travay oswa karyè. Pa egzanp, jodi a, jèn yo ap sibi anpil presyon nan lekòl yo pou yo chèche kalifye pou yo antre nan gwo enstitisyon kote moun fè gwo etid. Yo fè yo kwè lè yo fè gwo etid sa ap fè yo jwenn gwo djòb ki byen peye, e byen souvan, yo vin ak yon seri chif pou montre gwo diferans ki genyen ant kantite lajan moun ki gradye nan gwo lekòl sa yo ap touche ak kantite lajan moun ki annik aprann yon metye lè yo fin lekòl ap touche. Bagay sa yo ka atire jèn yo anpil lè yo dwe fè yon seri chwa ki ka gen gwo efè sou tout vi yo. Ki sa jèn yo ak paran yo dwe sonje?

10. Ki sa n bezwen sonje lè n ap sèvi ak libète n genyen an pou n fè yon seri chwa ki pèsonèl?

10 Gen kèk moun ki ka panse etandone chwa y ap fè nan domèn sa yo se yon bagay pèsonèl, yo dwe santi yo lib pou yo chwazi sa ki fè yo plezi depi konsyans yo pa deranje yo. Petèt yo panse ak pawòl ki vin annapre a Pòl te di kretyen nan vil Korent yo anrapò ak manje: “Poukisa pou m ta kite konsyans yon lòt moun jije libète m?” (1 Kor. 10:29). Se vre n lib pou n fè chwa nou vle nan kèk domèn tankou edikasyon ak karyè, nou bezwen sonje libète n genyen an gen limit epi tout desizyon n pran gen konsekans. Pou rezon sa a, men sa Pòl te di anvan l te di pawòl ki pi wo a: “Nou gen dwa fè [oswa: “Nou gen pèmisyon fè”, nòt] tout bagay, men se pa tout bagay ki bay avantaj. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki fòtifye moun.” (1 Kor. 10:23). Se sèten sa ede n wè gen kèk bagay ki pi enpòtan lontan pase sa nou menm nou vle lè n dwe sèvi ak libète n genyen an nan tout aspè nan lavi nou.

BYEN SÈVI AK LIBÈTE N GENYEN AN POU N SÈVI BONDYE

11. Nan ki objektif Bondye libere nou?

11 Nan avètisman Pyè te bay pou n pa mal sèvi ak libète n genyen an, li te pale tou konsènan objektif libète sa a. Li te ankouraje n pou n sèvi ak libète n genyen an kòm “esklav Bondye”. Kidonk, vrè rezon ki fè Jewova sèvi ak Jezi pou libere n anba lwa peche ak lanmò a se pou n ka viv “antanke esklav Bondye” ki vwe lavi n ba li.

12. Ki egzanp Noye ak fanmi l kite pou nou?

12 Pi bon fason pou n fè efò pou n pa mal sèvi ak libète n genyen an, e konsa nou pap retounen vin esklav anbisyon ak dezi ki gen nan monn sa a, se lè n plonje nèt nan bagay espirityèl yo (Gal. 5:16). Pa egzanp, ann fè yon ti pale konsènan patriyach Noye ak fanmi l. Yo t ap viv nan yon monn ki te chaje vyolans ak imoralite. Aktout sa, yo pa t kite dezi moun ki te toutotou yo ansanm ak objektif moun sa yo te genyen fè yo vin esklav. Ki sa k te ede yo? Yo te chwazi ret okipe nan tout sa Jewova te ba yo fè, anpalan de konstwi lach la, met manje nan depo pou yo menm ansanm ak bèt yo epi avèti lòt moun yo. “Noye te fè tout sa Bondye te ba l lòd fè. Se egzakteman sa l te fè.” (Jen. 6:22). Ki rezilta sa te bay? Noye ak fanmi l te chape lè Jewova te detwi monn sa a. — Ebre 11:7.

13. Ki misyon Jezi te resevwa e l te kite pou disip li yo?

13 Ki sa Jewova ban nou lòd pou nou fè jodi a? Antanke disip Jezi, nou byen konnen misyon Bondye ban nou an. (Li Lik 4:18, 19.) Jodi a, dye sistèm sa a kontinye bouche lespri pifò moun e yo nan esklavaj nan domèn relijye, ekonomik ak sosyal (2 Kor. 4:4). Nou gen privilèj pou n suiv egzanp Jezi lè n ede moun yo vin konnen Jewova, Bondye ki bay libète a, e pou yo adore l (Mat. 28:19, 20). Se pa yon travay ki fasil, e l gen anpil difikilte. Nan kèk peyi, moun yo vin pa enterese plis toujou, e gen kèk ki menm vin agresif. Men kesyon nou chak ta dwe poze: ‘Èske m ka sèvi ak libète m genyen an pou m bay plis èd nan travay Wayòm nan?’

14, 15. Ki fason pèp Jewova a reyaji anvè travay predikasyon an? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

14 Sa vrèman ankourajan pou n wè jan gen anpil moun ki montre yo konprann yo dwe aji san pèdi tan e ki senplifye lavi yo pou yo antre nan sèvis aplentan (1 Kor. 9:19, 23). Gen kèk nan yo k ap sèvi nan zòn kote y ap viv la, gen lòt k al sèvi kote ki gen plis bezwen. Gen kèk rapò ki montre nan senk ane ki sot pase yo, kantite pyonye pèmanan yo te ogmante rive plis pase 1 100 000, e gen plis pase yon ka milyon ki vin ajoute sou kantite sèvitè aplentan yo nan lemonnantye. Ala yon bèl rezilta sa bay lè n byen itilize libète n genyen an pou n sèvi Jewova! — Sòm 110:3.

15 Ki sa k ede frè ak sè sa yo byen sèvi ak libète yo genyen an? Ann pran egzanp John ak Judith, ki te sèvi nan plizyè peyi pandan 30 ane ki sot pase yo. Yo sonje lè Lekòl pyonye te fèk kòmanse nan ane 1977, frè yo te ede elèv yo wè enpòtans pou yo dispoze al sèvi kote ki gen plis bezwen. Pou John ak Judith te ret konsantre sou objektif sa a, John di l te chanje travay plizyè fwa pou yo te ka kontinye mennen yon vi senp. Finalman, lè yo te rive nan yon lòt peyi, yo te rann yo kont lè yo priye Jewova e yo konte sou li sa ede yo fè fas ak kèk difikilte tankou aprann yon nouvo lang, adapte yo ak yon lòt kilti epi andire pwoblèm yo jwenn akoz klima peyi a. Ki efè ane yo te pase nan sèvis la gen sou yo? Men sa John di: “M santi m te plonje nèt nan pi bon aktivite ki genyen an. Jewova vin pi reyèl pou mwen, menm jan ak yon papa ki gen lanmou. Kounye a, mwen pi byen konprann sa pawòl ki nan Jak 4:8 la vle di: ‘Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.’ Mwen konnen m jwenn sa m t ap chèche a, anpalan de yon objektif ki fè m jwenn satisfaksyon nan lavi a.”

16. Ki jan plizyè milye moun ki limite akoz sitiyasyon yo te rive byen sèvi ak libète yo genyen an?

16 Kontrèman ak John ak Judith, gen lòt moun sitiyasyon yo pèmèt yo antre nan sèvis aplentan pou yon ti tan sèlman. Aktout sa, anpil nan yo pwofite okazyon yo jwenn pou yo travay kòm volontè nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè toupatou nan monn nan. Pa egzanp, lè yo t ap konstwi syèj mondyal la ki nan Wòwik, nan Nouyòk, te gen anviwon 27 000 frè ak sè ki te vin bay èd yo, kit se te pou de semèn, ennan oswa plis. Gen anpil nan yo ki te fè yon ti poz sou aktivite yo pou yo vin ede. Ala yon bèl egzanp yo bay antanke moun ki sèvi ak libète Bondye ba yo a pou yo fè louwanj pou Jewova, Bondye ki bay libète a, e pou yo onore l!

17. Ki bèl avni k ap tann moun ki byen sèvi ak libète Bondye ba yo a depi kounye a?

17 Nou gen anpil rekonesans dèske n konn Jewova e dèske n ka jwi libète vrè adorasyon an bay la. Se pou chwa nou fè yo montre nou bay libète n genyen an anpil valè. Olye n gaspiye libète sa a oswa n mal itilize l, ann sèvi avè l ansanm ak opòtinite l ban nou yo pou n fè tout sa n kapab pou n sèvi Jewova. Si n fè sa, nou ka espere jwi byenfè Jewova pwomèt yo lè pawòl nou jwenn nan pwofesi sa a reyalize: “Kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa.” — Wom. 8:21.