Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 14

Èske w akonpli sèvis ou nèt?

Èske w akonpli sèvis ou nèt?

“Kontinye preche bon nouvèl la, akonpli sèvis ou nèt.” — 2 TIM. 4:5, nòt.

KANTIK 57 Annou preche tout kalite moun

SA NOU PRAL WÈ *

Apre Jezi fin resisite, li rankontre ak disip li yo e li ba yo lòd pou yo “ale, epi fè disip”. (Gade paragraf 1.)

1. Ki sa tout sèvitè Bondye yo vle fè, e poukisa? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

KRIS JEZI te bay disip li yo lòd pou yo “ale, epi fè disip pami moun tout nasyon”. (Mat. 28:19.) Tout sèvitè fidèl Bondye yo vle aprann fason yo ka “akonpli sèvis” yo ba yo fè a “nèt”. (2 Tim. 4:5.) Anfèt, travay sa a pi enpòtan, li gen plis valè e li pi ijan pase kèlkeswa lòt aktivite nou gen nan lavi a. Men, li ka difisil pou nou pase kantite tan nou ta vle a nan travay predikasyon an.

2. Ki sa ki konn fè li difisil pou nou akonpli sèvis nou?

2 Gen lòt aktivite enpòtan ki pran tan nou ak fòs nou. Nou ka oblije travay plizyè èdtan pa jou pou nou menm ak moun lakay nou jwenn sa nou bezwen pou nou viv. Nou ka ap debat anba pwoblèm maladi, depresyon, doulè nou genyen akoz laj, e nou ka ap goumen pou nou ranpli responsablite nou gen nan fanmi nou. Ki jan nou ka akonpli sèvis nou nèt toutpandan n ap fè fas ak sitiyasyon difisil sa yo?

3. Ki sa pawòl Jezi te di nou jwenn Matye 13:23 a ede nou konprann?

3 Si akoz sitiyasyon nou, nou pa ka pase kantite tan nou ta renmen an nan sèvis Jewova, nou pa dwe dekouraje. Jezi te konnen nou chak pap ka pwodui menm kantite fwi Wayòm nan. (Li Matye 13:23.) Jewova bay tout sa nou fè nan sèvis li anpil valè, depi nou fè tout sa n kapab (Ebre 6:10-12). Yon lòt bò, nou ka santi sitiyasyon nou ka pèmèt nou fè plis. Nan atik sa a, nou pral egzamine fason nou ka bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou, fason nou ka mennen yon vi senp ak fason nou ka amelyore jan nou preche ak jan nou anseye. Men toudabò, sa sa vle di akonpli sèvis nou nèt?

4. Ki sa akonpli sèvis nou nèt vle di?

4 Yon fason senp, pou nou akonpli sèvis nou nèt, nou dwe fè tout sa n kapab pou n patisipe nan travay preche ak anseye a. Men, akonpli sèvis nou nèt pa sèlman vle di pase anpil tan ap preche. Sa Jewova bay plis enpòtans se rezon ki pouse nou preche. Piske nou renmen Jewova e nou renmen pwochen nou, nou travay ak tout nanm nou nan sèvis n ap fè a * (Mak 12:30, 31; Kol. 3:23). Sèvi Bondye ak tout nanm nou vle di bay tout nou menm, sa vle di itilize fòs nou ak enèji nou pou nou fè tout sa n kapab nan sèvis Bondye. Lè nou apresye privilèj nou genyen pou nou patisipe nan travay predikasyon an, nou fè efò pou nou fè plis moun posib tande bon nouvèl la.

5-6. Bay yon egzanp pou w montre fason yon moun ki pa gen anpil tan ka bay travay predikasyon an priyorite.

5 Ann imajine yon jèn gason ki renmen jwe gita. Li kontan jwe mizik nenpòt lè l kapab. Finalman, li jwenn yon travay pou l jwe gita nan yon restoran lè wikenn. Men, kantite kòb li fè a pa ase pou l pran swen tèt li. Se sa k fè, l al travay sou kès nan yon makèt soti lendi rive vandredi. Byenke l pase pifò tan li nan makèt la, se jwe mizik li pi renmen. Li ta renmen vin pi fò nan jwe mizik pou l ka jwe mizik toutan. Malgre li pa kapab jwe toutan, li pwofite tout okazyon l jwenn pou l jwe mizik, menmsi se pandan yon ti tan tou kout.

6 Menm jan an tou, nou ka pa kapab preche kantite tan nou ta vle a. Men, se sa nou renmen fè. Nou fè tout sa n kapab pou n vin pi maton nan fason nou touche kè moun yo ak bon nouvèl la. Piske nou gen anpil aktivite pou nou fè nan tan nou genyen an, nou ka ap mande tèt nou, ki jan nou ka bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou.

FASON NOU KA BAY TRAVAY PREDIKASYON AN PRIYORITE

7-8. Ki jan nou ka imite fason Jezi te konsidere travay predikasyon an?

7 Jezi kite yon bèl egzanp nan fason li te konsidere travay predikasyon an. Sa k te pi enpòtan nan lavi l se pale konsènan Wayòm Bondye a (Jan 4:34, 35). Li te konn fè plizyè santèn kilomèt ap mache pou l preche kantite moun li kapab. Li te pwofite tout okazyon li jwenn pou l pale ak moun li jwenn lakay yo oswa nenpòt lòt kote. Jezi te bay travay predikasyon an priyorite nan lavi l.

8 Nou ka imite Kris lè nou chèche okazyon pou nou pale konsènan bon nouvèl la nenpòt lè sa posib ak nenpòt kote nou kapab. Nou dispoze vag sou kèk avantaj pèsonèl pou nou patisipe nan travay predikasyon an (Mak 6:31-34; 1 Pyè 2:21). Gen kèk moun nan kongregasyon an ki kapab sèvi kòm pyonye espesyal, pyonye pèmanan oswa pyonye oksilyè. Gen lòt ki aprann yon lòt lang oswa ki deplase al viv nan zòn ki bezwen plis pwoklamatè. Sepandan, gen pwoklamatè Wayòm nan ki pa ka fè tout sa, men yo fè yon bon pati nan travay predikasyon an e yo fè tout sa yo kapab. Kit nou ka fè anpil kit nou pa ka fè anpil, Jewova pa mande nou fè plis pase sa nou ka fè. Li vle nou tout jwenn kè kontan nan sèvis n ap ba li a, toutpandan n ap anonse “bon nouvèl glorye Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11; Det. 30:11.

9. a) Ki jan Pòl te bay travay predikasyon an priyorite menm lè li te oblije travay pou l pran swen tèt li? b) Ki sa Travay 28:16, 30, 31 montre sou fason Pòl te konsidere sèvis li?

9 Apot Pòl kite yon bèl egzanp kòm moun ki te fè travay predikasyon an tounen aktivite ki pi enpòtan nan lavi l. Lè l te nan vil Korent, pandan dezyèm vwayaj misyonè l la, li pa t gen ase kòb e li te oblije fè tant pafwa. Men, Pòl pa t konsidere fè tant kòm aktivite ki pi enpòtan nan lavi l. Li te travay sou metye sa a pou l te ka pran swen tèt li nan sèvis la, konsa, li t ap kapab preche moun Korent yo bon nouvèl la “san sa pa koute [yo] anyen”. (2 Kor. 11:7.) Byenke Pòl te oblije fè kèk travay pou l pran swen tèt li, li te kontinye bay travay predikasyon an priyorite e li te preche chak saba. Lè sitiyasyon Pòl te vin amelyore, li te vin ka plis konsantre l sou travay predikasyon an. Li te “kòmanse vin okipe anpil nan preche pawòl la, li t ap bay Juif yo temwayaj pou l pwouve yo Jezi se Kris la”. (Tra. 18:3-5; 2 Kor. 11:9.) Annapre, lè Pòl te fè dezan kòm prizonye anndan lakay li nan vil Wòm, li te preche moun ki te vin vizite l yo e li te ekri plizyè lèt. (Li Travay 28:16, 30, 31.) Pòl te detèmine pou l pa t kite anyen distrè l nan sèvis li. Men sa l te ekri: “Piske nou gen sèvis sa a pou n akonpli [...], nou pap abandone.” (2 Kor. 4:1). Menm jan ak Pòl, menmsi nou oblije pase anpil tan ap travay, nou ka toujou fè travay Wayòm nan vin aktivite ki pi enpòtan nan lavi nou.

Gen anpil fason nou ka akonpli sèvis nou nèt. (Gade paragraf 10-11.)

10-11. Ki jan nou ka akonpli sèvis nou nèt menm lè nou gen pwoblèm sante ki fè nou pa ka fè sa nou ta renmen fè?

10 Si nou pa ka preche kay an kay akoz nou granmoun anpil oubyen nou gen pwoblèm sante ki fè nou pa ka fè sa n te konn fè anvan, gen lòt fason nou ka preche. Premye kretyen yo te konn preche moun yo kèlkeswa kote yo te ka jwenn yo. Yo te konn pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo pale sou laverite, kit se te kay an kay, an piblik oubyen nan lòt okazyon, yo te konn preche kèlkeswa “moun [yo] te rankontre”. (Tra. 17:17; 20:20.) Si nou pa ka mache anpil, petèt nou ka chita yon kote anpil moun konn pase e nou ka preche moun k ap pase yo. Oswa, nou ka gen posiblite pou nou pale ak moun nou rankontre nan lòt okazyon, nou ka ekri lèt, oswa nou ka bay temwayaj nan telefòn. Gen anpil pwoklamatè ki gen gwo pwoblèm sante ki jwenn anpil kè kontan ak satisfaksyon lè yo preche lòt fason sa yo.

11 Menmsi nou ta gen pwoblèm sante, nou ka akonpli sèvis nou nèt. Annou fè yon ti retounen sou egzanp apot Pòl. Men sa l te di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” (Flp. 4:13). Pòl te bezwen fòs sa a lè l te vin malad pandan youn nan vwayaj li te fè antanke misyonè. Men sa l te esplike moun Galasi yo: “Se yon maladi m te genyen ki te ban m okazyon anonse nou bon nouvèl la premye fwa a.” (Gal. 4:13). Menm jan an tou, pwoblèm sante w genyen yo ka ba w okazyon pou w bay lòt moun bon nouvèl la, tankou doktè, enfimyè ak pwofesyonèl lasante yo. Anpil nan moun sa yo nan travay lè pwoklamatè yo pase preche yo lakay yo.

FASON POU NOU MENNEN YON VI SENP

12. Ki sa “fikse” je nou sou yon sèl bagay vle di?

12 Men sa Jezi te di: “Se je ki lanp kò a. Konsa, si je w fikse sou yon sèl bagay [oswa “si je w senp”, nòt], tout kò w ap klere.” (Mat. 6:22). Ki sa l te vle di? Li te vle di nou bezwen mennen yon vi ki senp oswa ki fikse sou yon sèl objektif, san nou pa distrè. Jezi li menm te bay egzanp lè l te konsantre lavi l sou travay predikasyon an e l te anseye disip li yo pou yo konsantre sou sèvi Jewova e sou Wayòm Li an. Nou imite Jezi lè nou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou, lè nou “chèche Wayòm nan an premye e [lè nou] chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye”. — Mat. 6:33.

13. Ki sa k ka ede nou bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou?

13 Youn nan fason nou ka bay travay predikasyon an priyorite nan lavi nou se lè nou bat pou nou viv yon fason ki senp pou nou ka pase plis tan nan ede lòt moun vin konnen Jewova epi renmen l *. Pa egzanp, èske nou ka fè chanjman nan orè travay nou yon fason pou n jwenn plis tan pou nou preche nan wikenn? Èske nou ka pase mwens tan nan detant ki konn pran anpil tan?

14. Ki chanjman yon mari ak madanm li te fè pou yo te ka pase plis tan nan travay predikasyon an?

14 Se sa yon ansyen ki rele Elias ansanm ak madanm li te fè. Men sa l esplike: “Nou pa t kapab pyonye nan moman sa a, men fò n te kòmanse fè yon bagay. Se sa k fè nou te fè yon seri ti ajisteman pou nou pase plis tan ap preche. Pa egzanp, nou te fè mwens depans, nou te redui sou detant nou wè ki te konn pran twòp tan yo e nou te mande patwon nou pou l ban nou yon pi bon orè. Kòm rezilta, nou te vin gen posiblite preche nan aswè, kondui plis etid biblik e nou te menm gen posiblite pou nou preche lasemèn de fwa pa mwa. Se pa ti kontan nou te kontan!”

FASON NOU KA AMELYORE JAN NOU PRECHE AK JAN NOU ANSEYE

Lè nou aplike sa nou aprann nan reyinyon lasemèn nan, sa ap ede nou kontinye fè pwogrè nan travay predikasyon an. (Gade paragraf 15-16.) *

15-16. Ann amoni ak 1 Timote 4:13, 15, ki jan nou ka vin pi maton antanke pwoklamatè? (Gade kare ki gen tit “ Yon seri objektif pou ede m akonpli sèvis mwen nèt”.)

15 Yon lòt fason nou ka akonpli sèvis nou nèt se lè nou amelyore jan nou preche. Gen kèk pwofesyon yon moun genyen ki mande pou l toujou ap pran fòmasyon yon fason pou l kontinye gen plis konesans e pou l vin pi maton. Se menm bagay la pou moun k ap preche Wayòm nan. Nou bezwen toujou ap aprann fason pou nou pi maton nan sèvis nou. — Pwo. 1:5; li 1 Timote 4:13, 15.

16 Men, ki jan nou ka kontinye fè pwogrè nan travay predikasyon an? Se lè nou byen suiv enstriksyon nou resevwa chak semèn nan reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a. Reyinyon sa a ban nou bonjan fòmasyon pou ede nou amelyore fason nou preche tikras pa tikras. Pa egzanp, lè frè k ap prezide a bay elèv ki gen patisipasyon yo konsèy, nou ka gade pou n wè ki sijesyon ki ka ede nou amelyore nan travay predikasyon an. Nou ka suiv konsèy sa yo pwochen fwa n ap pataje bon nouvèl la ak yon moun. Nou ka mande siveyan gwoup predikasyon nou an pou l ede nou oswa pou n preche avè l oubyen nou ka preche ak yon lòt pwoklamatè ki gen eksperyans, ak yon pyonye oubyen siveyan sikonskripsyon an. Tank n ap vin pi maton nan sèvi ak chak zouti nou genyen pou n anseye, se tank n ap vin pi renmen preche e n ap vin pi renmen anseye.

17. Ki sa k ap rive lè w akonpli sèvis ou nèt?

17 Se pa ti privilèj nou genyen dèske Jewova aksepte nou kòm “konpayon travay” li (1 Kor. 3:9)! Lè nou “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo” e lè nou bay travay predikasyon an priyorite, n ap ka “sèvi Jewova ak kè kontan”. (Flp. 1:10; Sòm 100:2.) Antanke sèvitè Bondye, ou ka gen asirans l ap ba w fòs ou bezwen pou w akonpli sèvis ou nèt kèlkeswa difikilte oswa anpechman ou ta ka jwenn (2 Kor. 4:1, 7; 6:4). Kit sitiyasyon w pa pèmèt ou preche anpil, kit li pèmèt ou preche anpil, ou ka “gen rezon pou [w] rejwi” lè w patisipe nan travay predikasyon an ak tout nanm ou (Gal. 6:4). Lè w akonpli sèvis ou nèt, ou montre w renmen Jewova e w renmen pwochen w. “Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” — 1 Tim. 4:16.

KANTIK 58 Ann chèche moun ki renmen lapè

^ § 5 Jezi ban nou lòd pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan e pou nou fè disip. Atik sa a pral pale sou jan nou ka akonpli sèvis nou nèt, menmsi nou gen anpil pwoblèm. Nou pral aprann tou fason nou ka vin yon pi bon pwoklamatè Wayòm nan e pou nou jwenn plis kè kontan nan travay sa a.

^ § 4 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Sèvis nou antanke kretyen gen ladan l plizyè aspè, tankou preche ak anseye, konstwi ak fè antretyen nan lokal òganizasyon an genyen yo, ak travay pote sekou lè gen katastwòf. — 2 Kor. 5:18, 19; 8:4.

^ § 13 Gade sèt etap yo bay nan kare ki gen tit “Fason pou w senplifye lavi w”, ki nan Toudegad jiyè 2016, paj 10.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap fè demonstrasyon sou fason pou nou fè yon nouvèl vizit nan reyinyon lasemèn nan. Apre sa, pandan frè k ap prezide reyinyon an ap bay konsèy, sè a pran nòt nan bwochi Ansèyman an. Annapre, pandan wikenn nan, li sèvi ak sa l te aprann nan reyinyon an nan travay predikasyon an.