Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 17

Ann aksepte èd Jewova pou n reziste kont espri mechan yo

Ann aksepte èd Jewova pou n reziste kont espri mechan yo

“Nou nan yon konba [...] kont espri mechan yo ki nan syèl la.” — EFE. 6:12.

KANTIK 55 Pa pè yo!

SA NOU PRAL WÈ *

1. Jan sa parèt nan Efezyen 6:10-13, bay youn nan pi bèl fason Jewova montre li sansib pou nou. Esplike.

YOUN nan pi bèl fason Jewova montre li sansib pou nou antanke sèvitè l se lè l ede nou pou n reziste kont ènmi nou yo. Pi gwo ènmi nou se Satan ak demon yo. Jewova ban nou avètisman kont ènmi sa yo e li ban nou sa nou bezwen pou nou reziste kont yo. (Li Efezyen 6:10-13.) Lè nou aksepte èd Jewova e nou konte sou li nèt, nou ka rive opoze ak Dyab la. Nou ka gen menm asirans apot Pòl te genyen an. Men sa l te ekri: “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?” — Wom. 8:31.

2. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

2 Antanke vrè kretyen, nou pa konsantre atansyon nou twòp sou Satan ak demon yo. Nou plis konsantre atansyon nou sou aprann konnen Jewova epi sèvi l (Sòm 25:5). Sepandan, nou bezwen konn fason Satan aji. Poukisa? Pou n pa kite l twonpe nou (2 Kor. 2:11, nòt). Nan atik sa a, nou pral egzamine youn nan prensipal fason Satan ak demon yo eseye twonpe moun. Nou pral egzamine tou fason nou ka rive reziste kont yo.

FASON ESPRI MECHAN YO TWONPE MOUN

3-4. a) Ki sa bagay ki gen rapò ak movèzespri yo ye? b) Jis nan ki pwen kwayans nan bagay ki gen rapò ak movèzespri yo gaye?

3 Youn nan prensipal fason Satan ak demon yo eseye twonpe moun se pa mwayen bagay ki gen rapò ak movèzespri. Moun k ap pratike bagay sa yo vle fè konprann yo konnen bagay moun pa ka konnen nòmalman oswa yo fè konnen yo gen kontwòl sou bagay moun pa gen kontwòl sou yo nòmalman. Pa egzanp, gen kèk moun ki fè konnen divinò oswa astwològ ka fè yo konnen lavni. Gen lòt ki vle fè konprann yo konn pale ak moun ki mouri. Gen moun ki konn fè fetich oswa maji e yo ka eseye fè wanga dèyè moun *.

4 Jis nan ki pwen kwayans nan bagay ki gen rapò ak movèzespri yo gaye? Gen yon ankèt yo te fè nan 18 peyi nan Amerik latin ak nan Karayib la ki montre sou chak twa moun yo fè ankèt la, gen anviwon yon moun ki kwè nan maji, nan wanga oswa nan fetich, e prèske menm kantite a kwè li posib pou moun kominike ak espri. Yo te fè yon lòt ankèt nan 18 peyi ann Afrik. Ankèt sa a te montre plis pase mwatye nan moun yo te kontakte yo di yo kwè nan maji oswa wanga. Nòmalman, kèlkeswa kote n ap viv nou dwe pran prekosyon ak bagay ki gen rapò ak movèzespri. Dayè, Satan ap chèche twonpe “lemonnantye”. — Rev. 12:9.

5. Ki santiman Jewova genyen konsènan bagay ki gen rapò ak movèzespri?

5 Jewova se “Bondye verite a”. (Sòm 31:5.) Donk, ki jan l santi l lè l wè moun ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri? Li rayi sa! Men sa Jewova te di Izrayelit yo: “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou ki boule pitit gason l oswa pitit fi l nan dife, ni moun k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò. Moun ki fè bagay sa yo, se moun ki bay Jewova degoutans.” (Det. 18:10-12). Kretyen yo pa anba Lalwa Jewova te bay Izrayelit yo. Men, nou konnen santiman Jewova genyen konsènan bagay ki gen rapò ak movèzespri pa chanje. — Mal. 3:6.

6. a) Ki jan Satan sèvi ak bagay ki gen rapò ak movèzespri pou l fè moun mal? b) Selon Eklezyas 9:5, ki sa ki verite anrapò ak kondisyon mò yo?

6 Jewova avèti nou kont bagay ki gen rapò ak movèzespri paske li konnen Satan sèvi ak bagay sa yo pou l fè moun mal. Satan sèvi ak bagay ki gen rapò ak movèzespri pou l fè moun kwè nan manti, sa gen ladan l manti ki fè kwè lè yon moun mouri li kontinye viv nan yon lòt monn. (Li Eklezyas 9:5.) Satan sèvi ak bagay ki gen rapò ak movèzespri tou pou l fè moun pè e pou l fè yo pa sèvi Jewova. Objektif li se fè moun k ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri yo kwè nan espri mechan yo olye yo kwè nan Jewova.

FASON NOU KA REZISTE KONT ESPRI MECHAN YO

7. Ki sa Jewova di nou?

7 Jan nou sot wè sa, Jewova di nou sa nou bezwen konnen pou n pa kite Satan ak demon yo twonpe nou. Annou wè kèk bagay nou ka fè nan lit n ap mennen kont Satan ak demon yo.

8. a) Ki prensipal fason nou ka reziste kont espri mechan yo? b) Ki jan Sòm 146:4 montre aklè manti Satan bay konsènan moun ki mouri yo?

8 Li Pawòl Bondye a epi medite sou li. Se prensipal fason nou ka rejte manti espri mechan yo ap gaye. Pawòl Bondye a tankou yon epe ki byen file, ki kapab ede nou wè manti Satan ap gaye yo aklè (Efe. 6:17). Pa egzanp, Pawòl Bondye a montre aklè ide ki fè konprann moun ki mouri kapab kominike ak moun ki vivan se manti. (Li Sòm 146:4.) Li fè nou sonje se sèl Jewova ki kapab di toutbon kòman demen ap ye (Eza. 45:21; 46:10). Si nou li Pawòl Bondye a regilyèman e nou medite sou li n ap pare pou nou rejte manti espri mechan yo vle fè nou kwè yo e pou nou rayi manti sa yo.

9. Ki kalite pratik nou dwe evite?

9 Refize fè nenpòt bagay ki gen rapò ak movèzespri. Antanke vrè kretyen, nou pa janm pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri sou kèlkeswa fòm nan. Pa egzanp, nou pa al kay ougan oswa bòkò e nou pa eseye kominike ak mò nan okenn sans. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, nou evite mele nan yon seri koutim ki gen rapò ak antèman, yon seri koutim ki baze sou kwayans ki fè konprann moun ki mouri a toujou ap viv yon kote. Epitou, nou pa sèvi ak astwoloji ni nou pa al kot divinò pou n chèche konnen sa k pral rive (Eza. 8:19). Nou konnen tout mòd pratik sa yo gen anpil danje ladan yo e yo ka fè nou pran kontak dirèkteman ak Satan ansanm ak demon yo.

Suiv egzanp premye kretyen yo lè nou elimine tout sa nou ta genyen ki gen rapò ak bagay mistik e lè nou rejte detant ki gen rapò ak movèzespri. (Gade paragraf 10-12.)

10-11. a) Ki sa kèk moun nan premye syèk la te fè lè yo te aprann laverite? b) Selon 1 Korentyen 10:21, poukisa nou dwe suiv egzanp kretyen nan premye syèk yo, e kòman nou ka fè sa?

10 Elimine tout bagay ki gen rapò ak bagay mistik. Pami moun ki t ap viv nan vil Efèz nan premye syèk la, te gen ladan yo ki t ap pratike bagay ki gen rapò ak movèzespri. Lè yo te aprann laverite, yo te pran yon gwo desizyon. “Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun.” (Tra. 19:19). Moun sa yo te fè tout sa yo kapab pou yo reziste kont espri mechan. Liv maji yo te genyen yo te koute anpil kòb. Men olye yo te bay lòt moun liv sa yo oswa vann yo, yo te boule yo. Sa k te pi enpòtan pou yo se pa kantite kòb liv sa yo te koute, men se te fè Jewova plezi.

11 Ki jan n ka suiv egzanp kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la? Li t ap bon pou nou elimine kèlkeswa bagay nou genyen ki gen rapò ak bagay mistik. Sa gen ladan l bagay moun konn met sou yo kòm gad oswa pwoteksyon, oubyen kèlkeswa lòt bagay moun met sou yo oswa yo genyen pou yo chèche pwoteje tèt yo anba espri mechan yo. — Li 1 Korentyen 10:21.

12. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou anrapò ak aktivite nou fè pou n detann nou?

12 Byen egzamine aktivite w fè pou w detann ou. Mande tèt ou: ‘Èske m li liv, jounal oswa atik sou Entènèt ki gen rapò ak bagay mistik? E mizik mwen konn koute yo, fim ak emisyon televizyon mwen konn gade yo oswa jwèt videyo mwen konn jwe yo? Èske gen detant mwen konn pran ki gen bagay ki gen rapò ak movèzespri ladan yo? Èske yo konn montre bagay tankou vanpi, zonbi oswa bagay mistik? Èske yo prezante maji, wanga oswa fetich kòm distraksyon ki san danje?’ An reyalite, se pa tout detant ki gen lejann oswa istwa moun imajine ki oblije gen rapò ak movèzespri. Lè w ap egzamine detant ou yo, se pou w pran detèminasyon pou w fè chwa k ap ede w rete lwen nenpòt bagay Jewova rayi. Nou ta renmen fè tout sa n kapab pou “konsyans [nou] ret klè” devan Bondye nou an. — Tra. 24:16 *.

13. Ki sa nou pa dwe fè?

13 Pa rakonte istwa sou demon. Nan domèn sa a, nou dwe suiv egzanp Jezi (1 Pyè 2:21). Anvan Jezi te vin sou tè a, li t ap viv nan syèl la e li te konn anpil bagay sou Satan ak demon yo. Men, li pa t konn rakonte istwa sou sa espri mechan sa yo te fè. Jezi te vle pou l se yon temwen Jewova, li pa t vle vin yon moun k ap fè piblisite pou Satan. Nou ka imite Jezi lè n pa plede rakonte istwa sou demon yo. Okontrè, nou dwe montre nan pawòl nou “gen yon bon bagay ki touche kè [nou] anpil”, anpalan de laverite. — Sòm 45:1.

Nou pa gen pou n pè espri mechan yo. Jewova ak Jezi ak zanj yo gen plis pisans pase yo lontan. (Gade paragraf 14-15.) *

14-15. a) Poukisa nou pa dwe pè espri ki mechan yo? b) Ki prèv ki montre Jewova pwoteje pèp li a jodi a?

14 Pinga w pè espri ki mechan yo. Nan monn enpafè sa a, move bagay ka rive nou. Aksidan, maladi, oswa menm lanmò ka rive sanzatann. Men, nou pa dwe panse se espri envizib yo ki lakòz sa. Labib fè konnen “move moman ak malè [ka] rive sou [nenpòt moun] sanzatann”. (Ekl. 9:11.) Kanta pou demon yo, Jewova montre li gen plis pisans lontan pase yo. Pa egzanp, Bondye pa t pèmèt Satan touye Jòb (Jòb 2:6). Nan epòk Moyiz la, Jewova te montre li gen plis pisans pase prèt ki te konn fè maji ann Ejip yo (Egz. 8:18; 9:11). Pandan Jezi nan glwa li, Jewova ba l pouvwa, e Jezi montre li gen pouvwa sou Satan ak demon yo lè l te pimpe yo sot nan syèl la lage yo sou tè a. Talè konsa, yo pral lage yo nan twou san fon an, kote yo pap ka fè pèsonn anyen ki mal. — Rev. 12:9; 20:2, 3.

15 Nou gen anpil prèv ki montre Jewova ap pwoteje pèp li a jodi a. Reflechi sou sa: N ap preche e n ap anseye laverite toupatou sou tè a (Mat. 28:19, 20). Konsa, nou devwale move travay Dyab la fè yo. Se sèten, si Satan te kapab, li t ap bloke tout aktivite nou. Men, li pa kapab. Se sa k fè nou pa bezwen pè espri mechan yo. Nou konnen “je Jewova ap pwonmennen sou tout tè a, l ap chèche moun k ap sèvi l ak tout kè yo”. (2 Kwo. 16:9.) Si nou fidèl ak Jewova, demon yo pap ka fè nou okenn mal k ap dire pou toutan.

MOUN KI AKSEPTE ÈD JEWOVA AP JWENN BENEDIKSYON

16-17. Bay yon egzanp ki montre jan sa mande kouraj pou moun reziste kont espri mechan yo.

16 Nou bezwen gen kouraj pou n reziste kont espri ki mechan yo, sitou lè zanmi nou oswa fanmi nou ki vle byen pou nou opoze ak nou. Men pa bliye, Jewova beni moun ki montre yo gen kouraj. Ann pran egzanp yon sè ki rele Erica k ap viv nan peyi Gana. Erica te gen 21 an lè l te aksepte yon etid Labib. Kòm li se pitit fi yon ougan, yo te atann pou li suiv koutim ki gen rapò ak movèzespri, sa ki gen ladan l manje vyann yo te fin fè sakrifis pou dye papa l ap sèvi yo. Lè Erica te refize, fanmi l te konsidere sa tankou se manke l te manke dye yo dega. Fanmi an te kwè dye yo t ap pini yo, yo t ap fè yo fou oswa yo t ap fè yo malad.

17 Fanmi Erica te eseye fòse l suiv koutim nan, men li pa t dakò, menm lè l te oblije kite kay la. Gen kèk Temwen ki te akeyi l lakay yo. Nan sans sa a, Jewova te beni Erica, li te pèmèt li jwenn yon nouvo fanmi: kwayan parèy li yo ki te vin tankou frè ak sè pou li (Mak 10:29, 30). Menm lè fanmi Erica te nye l e yo te menm boule tout sa l genyen, li te ret fidèl ak Jewova, li te batize e kounye a li pyonye pèmanan. Li pa pè demon yo. E men sa Erica di sou fanmi l: “M priye chak jou pou fanmi m vin konnen Jewova e pou yo vin sèvi Bondye nou an ki plen lanmou pou yo ka lib toutbon.”

18. Ki benediksyon nou jwenn lefètke nou met konfyans nou nan Jewova?

18 Se pa lafwa nou tout k ap gen pou pase anba yon eprèv ki rèd konsa. Men nou tout bezwen reziste kont espri ki mechan yo e n bezwen met konfyans nou nan Jewova. Si nou fè sa, n ap jwenn anpil benediksyon e nou pap pran nan manti Satan yo. Epitou, nou pap tèlman pè demon yo pou sa anpeche nou sèvi Jewova. Sa k pi enpòtan an, n ap vin pi pwòch ak Jewova. Men sa disip Jak te ekri: “Soumèt nou devan Bondye, men opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:7, 8.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

^ § 5 Jewova montre li renmen nou lè li avèti nou kont espri mechan yo ak dega yo ka lakòz. Ki jan espri mechan yo eseye twonpe moun? Ki sa n ka fè pou n reziste kont espri mechan yo? Nan atik sa a, nou pral egzamine fason Jewova ede nou pou n pa kite yo enfliyanse nou.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Bagay ki gen rapò ak movèzespri fè referans ak kwayans ansanm ak pratik ki gen rapò ak demon. Sa gen ladan l kwayans ki fè moun konprann espri moun ki mouri yo kapab kontinye viv apre yo fin mouri e yo ka kontinye kominike ak moun ki vivan yo sitou pa mwayen yon moun (yon bòkò oswa yon manbo). Pami bagay sa yo, gen wanga oswa anonse sa k pral rive. Nan atik sa a, mo maji a fè referans ak pratik ki gen rapò ak movèzespri oswa bagay mistik. Sa ka gen ladan l voye malediksyon sou moun oswa fè wanga dèyè moun. Sa pa gen rapò ak yon seri trik kèk moun konn fè lè yo fè yon seri mouvman byen rapid ak men yo senpleman pou yo amize moun.

^ § 12 Ansyen yo pa gen dwa fè règ sou aktivite nou chwazi pou nou detann nou. Men, chak kretyen dwe kite prensip ki nan Bib la gide konsyans li lè l ap chwazi sa pou l li, sa pou l gade oswa jwèt pou l jwe. Chèf fanmi ki gen sajès yo veye pou aktivite fanmi yo fè pou yo detann yo ann amoni ak prensip ki nan Bib la. — Gade atik sou jw.org® ki gen tit “Èske gen kèk fim, kèk liv oswa kèk mizik Temwen Jewova yo entèdi?” nan ribrik ENFÒMASYON SOU NOU > KESYON MOUN POZE SOUVAN.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yo prezante Jezi kòm Wa nou an ki nan syèl la ki gen anpil pisans k ap dirije yon lame zanj. Twòn Jewova a pa anlè yo.