Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 15

Annou imite Jezi e n ap santi nou anpè

Annou imite Jezi e n ap santi nou anpè

“Lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou.” — FLP. 4:7.

KANTIK 113 Bondye ban nou lapè kòm kado

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa k fè Jezi te boulvèse?

NAN dènye nuit Jezi te pase sou tè a antanke moun, li te boulvèse. Nan yon ti tan, yon seri moun ki pa respekte lalwa t apral touye l yon fason ki terib. Men, se pa mouri l t apral mouri a ki te ba l plis pwoblèm. Li te renmen Papa l anpil, e li te vle fè l plezi. Jezi te konnen si l fidèl devan eprèv difisil sa a, li t ap ka patisipe nan defann non Jewova. Jezi te renmen moun tou, e li te konnen sèl sa k t ap pèmèt nou gen lavi ki pap janm fini an se si l ret fidèl jiskaske l mouri.

2 Menm lè Jezi te gen gwo strès, li te santi l anpè. Li te di apot li yo: “Mwen ban nou lapè mwen genyen an.” (Jan 14:27). Li te gen “lapè Bondye”, sa vle di li te kalm e li te trankil paske l te gen bon relasyon ak Jewova. Lapè sa a te fè lespri ak kè Jezi poze. — Flp. 4:6, 7.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Pa gen youn nan nou k ap janm jwenn menm kalite presyon Jezi te jwenn nan, men tout moun k ap suiv Jezi ap jwenn eprèv (Mat. 16:24, 25; Jan 15:20). E menm jan ak Jezi, nou ka santi nou boulvèse pafwa. Ki jan nou ka anpeche enkyetid boulvèse nou epi anpeche lespri nou anpè? Ann egzamine twa bagay Jezi te fè pandan sèvis li sou tè a e ann gade ki jan nou ka imite l lè n ap fè fas ak eprèv.

JEZI TE TOUJOU AP PRIYE

Nou ka santi nou anpè lè nou priye. (Gade paragraf 4-7.)

4. Ann amoni ak 1 Tesalonisyen 5:17, bay kèk egzanp pou montre Jezi te priye souvan nan dènye jou lavi l sou tè a.

4 Li 1 Tesalonisyen 5:17. Jezi te priye souvan nan dènye jou lavi l sou tè a. Lè l te tabli komemorasyon lanmò l la, li te priye sou pen an ak diven an (1 Kor. 11:23-25). Anvan l te deplase kite zòn kote l te selebre Pak la, li te priye ak disip yo (Jan 17:1-26). Lè li menm ak disip yo te rive sou mòn Oliv nan menm jou swa a, li te priye plizyè fwa (Mat. 26:36-39, 42, 44). E menm dènye pawòl Jezi te di anvan l mouri a se te yon priyè l t ap fè (Lik 23:46). Jezi te priye Jewova konsènan chak bagay ki te rive nan dènye jou nan lavi l.

5. Sa k fè apot yo te manke kouraj?

5 Youn nan rezon ki fè Jezi te ka andire eprèv li te sibi a se paske li te priye Papa l souvan. Poutan apot yo pa t pèsevere nan lapriyè nan nuit sa a. Konsa, yo te manke kouraj lè moman eprèv la te rive (Mat. 26:40, 41, 43, 45, 56). Lè nou jwenn eprèv, n ap ret fidèl si nou suiv egzanp Jezi e si nou “kontinye priye”. Pou ki bagay nou ka priye konsa?

6. Ki jan lafwa ap ede nou santi nou anpè?

6 Nou ka priye Jewova pou l “ban nou plis lafwa”. (Lik 17:5; Jan 14:1.) Nou bezwen gen lafwa paske Satan ap pase tout moun k ap suiv Jezi anba eprèv (Lik 22:31). Ki jan lafwa ap ede nou santi nou anpè menm lè nou oblije fè fas ak yon seri difikilte youn apre lòt? Lè nou fin fè tout sa nou kapab pou nou fè fas ak yon eprèv, lafwa ap ede nou kite bagay yo nan men Jewova. Kòm nou gen asirans li ka ede nou jwenn yon pi bon solisyon ak pwoblèm nou genyen yo, sa fè lespri nou ak kè nou anpè. — 1 Pyè 5:6, 7.

7. Ki sa w aprann nan sa Robert te di a?

7 Lapriyè ap ede n kenbe lespri n anpè lè n ap fè fas ak kèlkeswa eprèv la. Ann pran egzanp Robert, yon ansyen ki fidèl ki nan 80 an yo kounye a. Men sa l di: “Konsèy nou jwenn nan Filipyen 4:6, 7 la te ede m fè fas ak divès eprèv mwen te jwenn nan lavi m. Mwen te oblije fè fas ak pwoblèm nan domèn ekonomik. E pandan yon tan, mwen te pèdi privilèj mwen te genyen pou m sèvi antanke ansyen.” Ki sa k te ede Robert kenbe lespri l anpè? Men sa l di: “Depi m kòmanse santi m strese, mwen priye.” Apre sa, li di: “Mwen kwè plis mwen priye souvan e mwen priye ak tout kè m, se plis mwen santi m anpè.”

JEZI TE CHOFE NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Nou ka santi nou anpè lè nou preche. (Gade paragraf 8-10.)

8. Jan nou wè sa nan Jan 8:29, ki lòt rezon ki te fè lespri Jezi anpè?

8 Li Jan 8:29. Menm lè yo t ap pèsekite Jezi, li te santi lespri l anpè paske li te konnen li fè kè Papa l kontan. Li te toujou obeyi Papa l, menm lè sa pa t fasil pou li fè sa. Li te renmen Papa l e se sèvi Jewova ki te pi enpòtan nan lavi l. Anvan l te vin sou tè a, li te bò kote Bondye “kòm yon moun ki konn travay byen”. (Pwo. 8:30.) E pandan li te sou tè a, li te chofe pou l fè lòt moun aprann konn Papa l (Mat. 6:9; Jan 5:17). Travay sa a te fè Jezi gen anpil kè kontan. — Jan 4:34-36.

9. Lè nou toujou okipe nan travay predikasyon an, ki jan sa ka ede nou kenbe lespri nou anpè?

9 Nou ka imite Jezi lè nou obeyi Jewova e lè nou “toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58.) Lè n “okipe anpil” nan travay predikasyon an, sa ede nou pou n pi pozitif lè n gen pwoblèm (Tra. 18:5). Pa egzanp, byen souvan moun n al preche yo gen pwoblèm ki pi grav pase pwoblèm pa nou. Men, lè yo aprann renmen Jewova e yo aplike konsèy li bay, lavi yo vin amelyore e yo vin pi kontan. Chak fwa nou wè sa, nou vin gen plis asirans Jewova ap ede nou. E konviksyon sa a nou vin genyen an ap ede nou kenbe lespri nou anpè. Gen yon sè ki fè tout vi l ap lite anba depresyon ansanm ak santiman kòmkwa l pa vo anyen ki te viv sa. Men sa l di: “Lè m okipe nan travay predikasyon an, m santi m plis kapab kontwole santiman m e kè m pi kontan. Mwen panse se paske lè m nan travay predikasyon an m santi m pi pwòch ak Jewova.”

10. Ki sa w aprann nan sa Brenda te di a?

10 Ann pran yon lòt egzanp, se egzanp yon sè ki rele Brenda. Ni li menm, ni pitit fi l la te fè yon maladi grav. Brenda te oblije rete nan chèz woulant e li pa t gen anpil enèji. Li preche kay an kay lè l kapab, men, li sitou preche pa mwayen lèt. Men sa l di: “Yonfwa m te fin konprann sitiyasyon m ye a pap chanje nan sistèm sa a e m te aksepte sa, mwen te santi fò m konsantre m sou travay predikasyon an. Anfèt, lè m preche, sa fè m pa konsantre sou pwoblèm mwen. Okontrè, sa fè m oblije konsantre sou ede moun mwen jwenn nan tèritwa kongregasyon an. E sa toujou fè m sonje esperans mwen genyen pou lavni an.”

JEZI TE DAKÒ POU ZANMI L YO EDE L

Nou ka santi nou anpè lè nou gen bon zanmi. (Gade paragraf 11-15.)

11-13. a) Ki jan apot yo ak lòt moun te montre yo se bon zanmi Jezi? b) Ki efè zanmi Jezi yo te gen sou li?

11 Nan tout tan Jezi te fè ap preche sou tè a, apot fidèl yo se te bon zanmi l. Yo te montre aklè sa pwovèb la di a se laverite: “Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.” (Pwo. 18:24). Jezi te bay zanmi sa yo anpil valè. Pandan tan li te fè ap preche a, pa gen youn nan frè l yo ki te met lafwa nan li (Jan 7:3-5). Rive yon lè, fanmi l yo te menm panse li te pèdi tèt li (Mak 3:21). Yon lòt bò, men sa Jezi te ka di apot fidèl yo nan nuit anvan li te mouri a: “Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo.” — Lik 22:28.

12 Pafwa apot yo te konn desevwa Jezi, men, li pa t konsantre sou defo yo e li te wè yo gen lafwa nan li (Mat. 26:40; Mak 10:13, 14; Jan 6:66-69). Nan dènye nuit Jezi te fè ak apot li yo anvan yo te touye l, li te di mesye sa yo ki te fidèl: “Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” (Jan 15:15). Pa gen dout nan sa, zanmi Jezi yo te ankouraje l anpil. Èd yo te bay Jezi pandan l t ap preche a te fè kè l kontan anpil. — Lik 10:17, 21.

13 Apa apot yo, Jezi te gen lòt zanmi, yon seri gason ak fi ki te ede l nan travay predikasyon an ak lòt fason ankò. Gen nan yo ki te akeyi l lakay yo yon fason pou l te ka gen yon kote pou l manje (Lik 10:38-42; Jan 12:1, 2). Gen lòt ankò ki te konn vwayaje avè l e ki te pataje sa yo te genyen avè l (Lik 8:3). Jezi te gen bon zanmi paske li menm li te yon bon zanmi. Li te byen aji avèk yo e li pa t atann pou yo fè plis pase sa yo kapab. Jezi te pafè, men li te apresye èd zanmi l yo ki te enpafè te ba li. Sandout, yo te ede l santi lespri l anpè.

14-15. Ki jan n ka fè bon zanmi, e ki jan yo ka ede nou?

14 Bon zanmi nou yo ap ede nou rete fidèl ak Jewova. E pi bon fason pou nou fè bon zanmi se lè nou menm nou se yon bon zanmi (Mat. 7:12). Pa egzanp, Bib la ankouraje nou pou nou itilize tan nou ak fòs nou pou nou ede lòt moun, sitou moun ki “nan nesesite”. (Efe. 4:28.) Èske gen yon moun nan kongregasyon w ye a ou ka ede? Èske w ka al achte pou yon pwoklamatè ki pa ka soti? Èske w ka ede yon fanmi ki pa gen mwayen jwenn yon ti manje pou yo manje? Si w konn ki jan pou w sèvi ak sit Entènèt jw.org® ak aplikasyon JW Library®, èske w pa ta ka ede lòt moun ki nan kongregasyon an konnen fason pou yo sèvi ak zouti sa yo pou yo jwenn trezò ki gen ladan yo? Lè nou itilize tan nou ak fòs nou pou nou ede lòt moun, se sèten n ap gen kè kontan. — Tra. 20:35.

15 Zanmi nou yo ap soutni nou lè nou nan eprèv, e y ap ede nou kontinye kenbe lespri nou anpè. Menm jan Eliyou te koute Jòb lè Jòb t ap pale konsènan eprèv li yo, zanmi nou yo ka ede nou lè yo koute nou avèk pasyans pandan n ap fè yo konnen jan nou santi nou (Jòb 32:4). Nou pa dwe atann pou zanmi nou yo pran desizyon pou nou, men n ap montre nou saj si nou koute konsèy yo ban nou ki soti nan Bib la (Pwo. 15:22). E menm jan wa David te aksepte èd zanmi l yo avèk imilite, nou dwe gen imilite pou nou aksepte èd zanmi n yo ban nou lè nou nan bezwen (2 Sam. 17:27-29). Vrèmanvre, bon zanmi konsa se kado Jewova bay. — Jak 1:17.

FASON POU N SANTI NOU ANPÈ

16. Selon Filipyen 4:6, 7 ki sèl fason nou ka santi nou anpè? Esplike.

16 Li Filipyen 4:6, 7. Poukisa Jewova di nou nou ka resevwa lapè li bay la “pa mwayen Kris Jezi”? Paske, sèl mwayen pou nou gen lapè nan lespri nou ak nan kè nou, se si nou konprann wòl Jezi jwe e si nou gen lafwa nan li. Pa egzanp, grasa sakrifis ranson Jezi a, nou ka jwenn padon pou tout peche nou yo (1 Jan 2:12). Se pa ti soulaje panse sa a soulaje nou! Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral defèt tout domaj Satan ak sistèm li an lakòz n ap sibi (Eza. 65:17; 1 Jan 3:8; Rev. 21:3, 4). Se pa ti espwa sa ban nou! E menm lè Jezi ban nou yon asiyasyon ki pa fasil, li avèk nou, l ap ede nou nan dènye jou sistèm sa a (Mat. 28:19, 20). Se pa ti kouraj sa ban nou! Vrèmanvre, soulajman, espwa ak kouraj nou jwenn nan, se kèk aspè sèlman nan baz solid nou genyen ki pèmèt nou santi lespri nou anpè.

17. a) Ki jan yon kretyen ka kenbe lespri l anpè? b) Jan Jezi pwomèt sa nan Jan 16:33, ki sa n ap kapab fè?

17 Kidonk, ki jan nou ka kontinye kenbe lespri nou anpè lè nou jwenn gwo eprèv? Nou ka fè sa lè nou fè menm bagay ak Jezi. Premyèman, priye, pèsevere nan lapriyè. Dezyèmman, obeyi Jewova e se pou nou chofe nan travay predikasyon an, menm lè li difisil pou n fè sa. Epi twazyèmman, aksepte èd zanmi nou ban nou lè nou nan pwoblèm. Konsa, lapè Bondye ap pwoteje lespri nou ak kè nou. Epi, menm jan ak Jezi n ap pot laviktwa sou kèlkeswa eprèv la. — Li Jan 16:33.

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

^ § 5 Nou tout oblije fè fas ak pwoblèm ki ka fè nou pa santi nou anpè. Atik sa a pale sou twa bagay Jezi te fè, si nou fè yo n ap santi nou anpè menm lè nou oblije fè fas ak gwo eprèv.