Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 16

Ann rete lwen yon seri pratik ki depaman ak sa Bib la di sou lanmò

Ann rete lwen yon seri pratik ki depaman ak sa Bib la di sou lanmò

“Nou rekonèt mesaj ki verite ak mesaj ki manti.” — 1 JAN 4:6.

KANTIK 73 Fè nou gen kran

SA NOU PRAL WÈ *

Olye nou suiv koutim ki pa fè Bondye plezi, nou kapab konsole moun nan fanmi nou ki gen yon moun pa l ki mouri. (Gade paragraf 1-2.) *

1-2. a) Ki jan Satan twonpe moun yo? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

SATAN, “papa manti” a, ap twonpe moun depi nan kòmansman istwa lèzòm (Jan 8:44). Pami kèk nan manti li bay yo, genyen yon seri fo ansèyman konsènan lanmò e konsènan lavi apre lanmò. Divès koutim ak pratik anpil moun suiv chita sou fo ansèyman Satan bay konsènan lanmò. Sa vin lakòz anpil nan frè ak sè nou yo ap “mennen yon gwo lit pou lafwa yo” lè yon moun nan fanmi yo oswa nan kominote y ap viv tonbe yo mouri. — Jid 3.

2 Si w ap fè fas ak eprèv konsa, ki sa k ka ede w rete fidèl ak sa Bib la anseye sou lanmò (Efe. 6:11)? Ki jan w ka ankouraje epi fòtifye yon kretyen parèy ou ki ka anba presyon pou l suiv koutim ki pa fè Bondye plezi? Atik sa a pral pale sou fason Jewova ede nou. Pou kòmanse, ann gade sa Bib la di sou lanmò.

LAVERITE SOU SITIYASYON MÒ YO

3. Ki sa premye manti a te lakòz?

3 Bondye pa t fè moun pou yo mouri. Men, pou Adan ak Èv te viv pou toutan, yo te dwe obeyi Jewova ki te ba yo yon kòmandman tou senp ki te di: “Ou pa dwe manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jen. 2:16, 17). Annapre Satan te vin bay pwoblèm. Li te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv. Li te di Èv: “Nou pap mouri pyès.” Malerezman, Èv te pran nan manti a e l te manje fwi a. Apre sa, mari l te manje fwi a tou (Jen. 3:4, 6). Konsa, peche ak lanmò te vin parèt. — Wom. 5:12.

4-5. Ki jan Satan kontinye twonpe moun?

4 Adan ak Èv mouri, jan Bondye te di a. Men, Satan pa sispann bay manti anrapò ak lanmò. Rive yon lè, li te kòmanse bay lòt manti. Youn nan manti sa yo se ansèyman ki fè kwè lè yon moun mouri se kò a ki mouri, men moun nan gen yon nanm ki pa ka mouri, petèt ki kontinye viv antanke espri. Manti sa a, yo prezante sou divès fòm, twonpe anpil moun jis jodi a. — 1 Tim. 4:1.

5 Poukisa anpil moun pran nan manti sa a? Kòm Satan konnen natirèlman nou pa vle mouri, li jwe sou sa pou l chèche twonpe nou. Vrèmanvre, nou pa ta renmen mouri, paske Bondye te kreye nou pou n viv pou toutan (Ekl. 3:11). Nou konsidere lanmò kòm yon ènmi. — 1 Kor. 15:26.

6-7. a) Èske Satan reyisi kache laverite konsènan lanmò? Esplike. b) Ki jan verite ki nan Bib la ede nou pou nou pa pè?

6 Malgre tout sa Satan fè, li pa rive kache laverite konsènan lanmò. Anfèt, jodi a, gen yon pakèt moun ki konnen sa Bib la anseye sou sitiyasyon mò yo ak espwa ki genyen pou moun ki mouri yo e k ap fè lòt moun konn sa (Ekl. 9:5, 10; Tra. 24:15). Verite sa yo ban nou fòs, yo ede nou pou nou pa pè e pou nou pa gen dout konsènan sa k rive lè yon moun mouri. Pa egzanp, nou pa ni pè mò ni pè pou yon bagay mal pa rive yo. Nou konnen yo pa vivan e yo pa ka fè pèsonn anyen ki mal. Se kòmsi yo nan fon somèy (Jan 11:11-14). Nou konnen tou mò yo pa konnen lè tan an ap pase. Se sa k fè, nan moman rezirèksyon an, menm moun ki te mouri sa gen plizyè syèk ap konsidere tan ki pase a tankou yon bat je.

7 Èske w pa wè verite sou sitiyasyon mò yo klè, li senp e li gen sans? Sa pa gen okenn rapò ak pakèt manti Satan bay pou l lage moun nan konfizyon! Nonsèlman manti sa yo twonpe moun, men tou yo lage vèni sou Kreyatè nou an. Pou ede nou pi byen konprann jan Satan mechan, nou pral egzamine kesyon ki vin annapre yo: Ki jan manti Satan bay yo lage vèni sou Jewova? Ki jan sa fè moun panse li pa nesesè pou yo kwè nan sakrifis ranson Kris la? Ki jan sa lage limanite nan plis lapenn ak soufrans?

MANTI SATAN YO LAKÒZ GWO DEGA

8. Jan sa parèt nan Jeremi 19:5, ki jan manti Satan bay konsènan lanmò lage vèni sou Jewova?

8 Manti Satan bay konsènan lanmò lage vèni sou Jewova. Pami manti sa yo, gen fo ansèyman ki fè konnen moun ki mouri yo ap soufri nan dife lanfè. Se pa ti vèni ansèyman konsa lage sou Bondye! Kòman sa? Anfèt, ansèyman sa yo fè moun konprann Bondye lanmou an gen menm pèsonalite ak Dyab la (1 Jan 4:8). Ki jan sa fè w santi w? Sa k pi enpòtan an, kòman sa fè Jewova santi l? An reyalite, li rayi tout kalite mechanste. — Li Jeremi 19:5.

9. Ki jan manti Satan bay yo gen efè sou kwayans ki gen rapò ak sakrifis ranson Kris la yo esplike nan Jan 3:16 ak Jan 15:13?

9 Manti Satan bay konsènan lanmò fè moun panse li pa nesesè pou yo kwè nan sakrifis ranson Kris la (Mat. 20:28). Yon lòt manti Satan bay sèke li fè konprann moun gen yon nanm ki pa ka mouri. Si se te vre, ebyen tout moun t ap viv pou toutan. Donk, Kris pa t ap bezwen bay lavi l kòm yon ranson pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an. Nou pa dwe bliye sakrifis Kris la se pi bèl fason Bondye montre li renmen lèzòm. (Li Jan 3:16; 15:13.) Imajine jan Jewova ak Pitit Gason l lan dwe santi yo anrapò ak ansèyman ki minimize kado sa a ki gen anpil valè!

10. Ki jan manti Satan bay konsènan lanmò lage limanite nan plis lapenn ak soufrans?

10 Manti Satan bay yo lage limanite nan plis lapenn ak soufrans. Paran ki nan lapenn akoz yon pitit yo genyen ki mouri ka tande lòt moun di se Bondye ki pran pitit la, petèt pou l vin yon zanj nan syèl la. Èske manti sa a ki soti nan Satan fè moun yo gen mwens lapenn oswa l fè yo gen plis lapenn? Yo te sèvi ak fo ansèyman sou dife lanfè a pou yo jwenn yon rezon pou yo tòtire moun, pa egzanp lè yo te mare moun ki opoze ak ansèyman legliz sou poto pou yo boule yo. Selon yon liv yo ekri sou Enkizisyon espayòl la, petèt kèk nan moun ki te responsab mechanste ki te fèt yo te kwè sa yo te fè a se te jis pou fè moun ki kont ansèyman legliz yo “goute ki jan dife lanfè etènèl la ap ye”, yon fason pou yo repanti anvan yo mouri e pou yo pa al nan lanfè. Nan anpil peyi, moun yo santi yo oblije fè yon bagay espesyal pou zansèt yo ki mouri pou yo onore yo oswa pou mò a ka fè yon bagay pou yo. Gen lòt moun ki vle kalme espri zansèt yo pou yo pa vin pini yo. Malerezman, kwayans sa yo ki baze sou manti Satan yo, pa bay moun yo bonjan konsolasyon. Okontrè, yo konn lakòz moun gen plis tètchaje oswa yo konn menm lakòz moun pè.

FASON NOU KA DEFANN VERITE KI NAN BIB LA

11. Ki jan fanmi oswa zanmi ki gen bon entansyon ka fè presyon sou nou pou nou pa suiv sa Pawòl Bondye a di?

11 Fanmi nou oswa zanmi nou, ki ka gen bon entansyon, ka ap fè presyon sou nou pou nou mele nan yon seri pratik ki depaman ak sa Bib la di anrapò ak moun ki mouri. Men, lanmou nou gen pou Bondye e pou Pawòl li a fè nou gen plis fòs pou nou obeyi Jewova. Nan moman sa yo, yo ka eseye fè nou wont, petèt lè yo di nou pa t renmen moun ki mouri a oswa nou pa gen okenn respè pou li. Oubyen yo ka di fason nou aji a ka fè moun ki mouri a vin ba yo pwoblèm yon fason oswa yon lòt. Ki jan nou ka defann verite ki nan Bib la? Ann egzamine fason nou ka aplike prensip biblik ki vin annapre yo.

12. Ki koutim ki gen rapò ak moun ki mouri ki depaman nèt ak sa Bib la di?

12 Se pou n pran detèminasyon pou n “mete nou apa” anrapò ak kwayans ak koutim ki depaman ak sa Bib la di (2 Kor. 6:17). Nan yon peyi nan Karayib la, anpil moun kwè apre yon moun fin mouri, swadizan nanm li rete nan zòn nan pou l pini moun ki te konn mal aji avè l yo. Gen yon referans ki fè konnen swadizan nanm sa a ka menm “bay tout moun nan zòn nan pwoblèm”. Ann Afrik, lè yon moun mouri, yo gen abitid kouvri glas ki nan kay la e yo konn vire fas foto yo nan mi kay la. Pou ki rezon yo fè sa? Gen moun ki fè konnen mò yo pa dwe wè tèt yo. Antanke sèvitè Jewova, se sèten nou pap kwè nan okenn koutim sa yo e nou pap patisipe nan okenn aktivite k ap fè pwopagann pou manti Satan yo! — 1 Kor. 10:21, 22.

Lè nou fè bonjan rechèch ki baze sou Bib la e nou gen bonjan kominikasyon ak fanmi nou ki pa Temwen, sa ka ede nou evite pwoblèm. (Gade paragraf 13-14.) *

13. Si w pa fin sèten si yon koutim bon, ki sa w dwe fè, jan Jak 1:5 montre sa?

13 Si w pa fin sèten si yon koutim oswa yon pratik bon, priye Jewova sou sa, mande l pou l ba w sajès e fè sa avèk lafwa. (Li Jak 1:5.) Apre sa, fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Si sa nesesè, pale ak ansyen nan kongregasyon w lan. Yo pap di w sa pou w fè, men yo ka ede w jwenn bon prensip nan Bib la, tankou prensip n ap egzamine la yo. Lè w fè bagay sa yo, w ap antrene “kapasite [w] genyen pou [w] konprann nan”, e kapasite sa a ap ede w “rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. — Ebre 5:14.

14. Ki jan nou ka evite fè moun bite?

14 “Fè tout bagay pou glwa Bondye. Veye pou nou pa vin lakòz [okenn moun] peche.” (1 Kor. 10:31, 32). Lè n ap deside si n ap suiv yon koutim oswa yon tradisyon, nou dwe reflechi tou sou efè desizyon n ap pran an ka genyen sou konsyans lòt moun, sitou kretyen parèy nou. Nou pa t ap renmen fè okenn moun bite (Mak 9:42)! Epitou, nou pa vle choke moun ki pa Temwen yo pou granmesi. Lanmou ap pouse nou pale avè yo avèk respè, sa k ap bay Jewova glwa. Nou pa ta renmen kreye pwoblèm ak moun yo ditou ni pase tradisyon yo genyen yo nan rizib. Pa bliye, lanmou gen anpil pouvwa! Lè nou demontre lanmou yon fason ki montre nou gen konsiderasyon ak respè, nou ka menm touche kè moun ki pa dakò ak nou.

15-16. a) Poukisa li bon pou nou fè lòt moun konnen sa nou kwè? Bay yon egzanp. b) Ki jan pawòl Pòl te di nan Women 1:16 la aplike pou nou?

15 Fè moun kote w yo konnen w se Temwen Jewova (Eza. 43:10). Petèt, w ap twouve l pi fasil pou w fè fas ak strès ou ta ka genyen si fanmi w ak vwazen w konnen w ap adore Jewova Dye. Men sa Francisco, k ap viv nan peyi Mozanbik, ekri: “Lè mwen menm ak Carolina, madanm mwen, te aprann laverite, nou te fè fanmi nou konnen nou pap fè sèvis pou mò ankò. Desizyon nou te pran an te jwenn eprèv lè sè Carolina a te mouri. Koutim moun nan zòn nan se fè yon seri seremoni pandan y ap benyen kadav la. Apre sa, fanmi ki pi pwòch moun ki mouri a dwe fè twa nuit ap dòmi kote yo te vide dlo yo te benyen mò a. Yo panse koutim sa yo ap kalme lespri moun ki mouri a. Fanmi Carolina te atann pou Carolina suiv menm koutim sa a.”

16 Ki jan Francisco ak madanm li te reyaji? Men sa Francisco di: “Piske nou renmen Jewova e nou vle fè l plezi, nou te refize suiv koutim nan. Fanmi Carolina te vin fache anpil. Yo te akize nou kòmkwa nou pa gen respè pou moun ki mouri a, e yo te di nou fanmi an pap janm vizite nou e yo pap janm ede nou ankò. Kòm nou te deja esplike yo kwayans nou, nou pa t pale sou sijè a avè yo pandan yo fache a. Gen kèk moun nan fanmi an ki te menm defann nou, yo te di nou te deja fè yo konn pozisyon nou. Rive yon lè, fanmi Carolina yo te vin kalme, e nou te ka fè lapè. Anfèt, gen kèk ki te menm vin lakay nou pou mande nou piblikasyon ki baze sou Bib la.” Nou swete pou nou pa janm wont desizyon nou pran pou n defann laverite konsènan mò yo. — Li Women 1:16.

KONSOLE MOUN KI NAN LAPENN EPI EDE YO

Bon zanmi konsole moun ki gen moun pa yo ki mouri e yo ede yo. (Gade paragraf 17-19.) *

17. Ki sa k ka ede nou vin yon bon zanmi pou yon kretyen parèy nou ki gen moun mouri?

17 Lè yon kretyen parèy nou gen yon moun pa l ki mouri, nou dwe fè efò pou nou se “yon bon zanmi [...], yon frè yo ka konte sou li lè gen malè”. (Pwo. 17:17.) Ki jan nou ka vin “yon bon zanmi” pou yon frè oswa yon sè ki gen moun mouri sitou si y ap fè presyon sou li pou l suiv yon seri pratik ki depaman ak sa Bib la di? Ann egzamine de prensip nan Bib la ki ka ede nou konsole moun ki gen moun mouri yo.

18. Ki sa k te fè dlo koule nan je Jezi, e ki sa egzanp li aprann nou?

18 “Kriye ak moun k ap kriye.” (Wom. 12:15). Li ka difisil pou nou konnen sa pou n fè pou yon moun ki nan gwo lapenn. Menm lè nou pa konn sa pou n di, si yo wè nou k ap kriye, yo ka wè jan nou gen lapenn pou yo. Lè Laza, zanmi Jezi a, te mouri, Mari, Mat ak lòt moun ankò te kriye pou frè yo a, zanmi yo a, yo te renmen anpil. Kat jou apre, lè Jezi te rive, “dlo koule nan je” l tou, menm lè l te konnen li t apral resisite Laza (Jan 11:17, 33-35). Lefètke Jezi te kriye, sa te montre santiman Papa l genyen. Sa te montre tou jan Jezi te renmen fanmi an, e pa gen dout nan sa, sa te konsole Mari ak Mat. Menm jan an tou, lè frè nou yo santi nou renmen yo e nou sansib pou yo, yo konnen yo pa poukont yo, men yo chaje zanmi ki enterese nan yo e k ap soutni yo.

19. Ki jan nou ka aplike Eklezyas 3:7 lè n ap konsole yon kretyen parèy nou ki nan lapenn?

19 “Yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” (Ekl. 3:7). Yon lòt fason pou nou konsole yon kretyen parèy nou ki nan lapenn se lè nou annik byen koute l. Kite frè nou an vide kè l ban nou, e pinga n fache si l ta di yon “vye pawòl”. (Jòb 6:2, 3.) Li ka ap fè fas ak anpil strès akoz presyon fanmi l ki pa Temwen ap fè sou li. Kidonk, priye ansanm avè l. Sipliye “[Sila a] ki tande lapriyè” a pou l ba l fòs e pou l fè l wè klè nan sitiyasyon an (Sòm 65:2). Si sa posib, li Labib ansanm avè l. Oswa li yon atik ki apwopriye nan piblikasyon nou yo, tankou yon byografi ki ankourajan.

20. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

20 Se pa ti privilèj nou genyen pou nou konnen laverite konsènan mò yo e pou nou konnen bèl avni k ap tann moun ki nan tonm yo (Jan 5:28, 29)! Kidonk, kit se nan pawòl, kit se nan aksyon, annou defann verite ki nan Bib la avèk kouraj epi annou pataje l ak lòt moun chak fwa nou gen okazyon fè sa. Atik ki vin apre a pral egzamine yon lòt fason Satan eseye kenbe moun nan fènwa nan domèn espirityèl: se pa mwayen bagay ki gen rapò ak movèzespri. Nou pral wè poukisa nou bezwen evite pratik ak distraksyon ki gen pyèj sa a ladan l.

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

^ § 5 Satan ak demon l yo twonpe moun ak yon seri manti yo bay konsènan sitiyasyon mò yo. Manti sa yo vin lakòz anpil moun adopte yon seri koutim ki depaman ak sa Bib la di. Atik sa a pral ede w rete fidèl ak Jewova lè lòt moun ap eseye fè presyon sou ou pou w suiv koutim sa yo.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon moun nan yon fanmi nan lapenn pou yon moun pa l ki mouri, lòt moun nan fanmi an ki Temwen ap konsole l.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre yon Temwen fin fè rechèch sou yon seri koutim ki gen rapò ak antèman, l ap esplike lòt moun nan fanmi l kwayans li avèk jantiyès.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Ansyen nan yon kongregasyon k ap konsole yon Temwen ki gen moun pa l ki mouri e k ap ede l.