TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Avril 2020

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 1ye jen rive 5 jiyè 2020.

Yon atak ki sot nan nò!

Atik etid n14: Semèn 1-7 jen 2020. Gen kat bon rezon ki fè li nesesè pou gen yon ajisteman nan fason nou te konprann Jowèl chapit 1 ak chapit 2. Ki rezon sa yo?

Ki jan w konsidere moun yo nan tèritwa a?

Atik etid n15: Semèn 8-14 jen 2020. Egzamine fason nou ka imite Jezi ak apot Pòl lè nou chèche konnen nan ki sa moun nou rankontre yo kwè, sa ki enterese yo, e lè nou wè yo kòm moun ki ka vin disip Jezi.

Koute yo, aprann konnen yo e montre konpasyon pou yo

Atik etid n16: Semèn 15-21 jen 2020. Jewova te demontre lanmou pou Jonas, Eli, Aga ak Lòt lè l te ede yo. Gade ki jan nou ka imite Jewova nan fason l te aji ak lòt moun.

“Mwen rele nou zanmi”

Atik etid n17: Semèn 22-28 jen 2020. Nou jwenn plizyè difikilte ki fè l pa fasil pou nou vin zanmi Jezi e pou nou kontinye zanmi l. Men, nou ka venk difikilte sa yo.

‘Ann kouri nan kous la jis nou fini l’

Atik etid n18: Semèn 29 jen–5 jiyè 2020. Ki jan nou tout ka genyen kous pou lavi a, menm lè n ap soufri akoz vyeyès oubyen yon maladi ki fè nou pèdi fòs?