Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 15

Ki jan w konsidere moun yo nan tèritwa a?

Ki jan w konsidere moun yo nan tèritwa a?

“Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la.” — JAN 4:35.

KANTIK 64 Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa Jezi te vle di lè l te di pawòl nou jwenn nan Jan 4:35, 36 la?

JEZI t ap pase nan mitan plizyè jaden, sanble se te jaden lòj ki te fèk ap pouse (Jan 4:3-6). Jaden yo t ap pare pou rekòt nan anviwon kat mwa. Jezi te di yon bagay ki te ka parèt dwòl. Li te di: “Leve je nou gade jaden yo, yo pare pou rekòt la.” ​(Li Jan 4:35, 36.) Ki sa l te vle di?

2 Sanble Jezi t ap pale de yon rekòt nan sans senbolik, yon rekòt moun. Fè yon ti reflechi sou sa k te fèk sot pase a. Byenke nòmalman Juif yo pa t annafè ak Samariten yo, Jezi te preche yon Samaritèn e dam nan te koute l! Anfèt, pandan Jezi t ap fè konnen jaden yo “pare pou rekòt la”, gen yon pakèt Samariten ki te deplase pou y al kot Jezi pou yo te aprann plis bagay sou li, paske dam nan te pale yo de li (Jan 4:9, 39-42). Men sa yon moun k ap fè kòmantè sou Bib la di anrapò ak istwa sa a: “Fason moun yo te chofe a [...] montre yo te tankou jaden ki pare pou rekòt.”

Ki sa nou dwe fè si nou santi tèritwa n ap preche yo “pare pou rekòt la”? (Gade paragraf 3.)

3. Si w wè moun yo menm jan Jezi te wè yo, ki jan sa ap pèmèt ou preche pi byen?

3 Ki jan w konsidere moun w ap preche bon nouvèl la? Èske w konsidere yo tankou jaden ki pare pou rekòt? Si se konsa w konsidere yo, gen twa bagay w ap fè: Premyèman, w ap fè plis efò pou w preche. Moman rekòt se yon moman ki kout, pa gen tan pou pèdi. Dezyèmman, w ap kontan lè w wè moun yo byen reyaji devan bon nouvèl la. Men sa Bib la di: “Moun [yo] kontan lè y ap fè rekòt.” ​(Eza. 9:3). E twazyèmman, w ap konsidere chak moun tankou yon moun ki ka vin yon disip Jezi, konsa, w ap adapte fason w preche a pou l koresponn ak sa k enterese yo.

4. Ki sa nou pral aprann nan egzanp apot Pòl nan atik sa a?

4 Jezi pa t meprize Samariten yo, jan disip li yo petèt te fè sa. Men, li te wè yo kòm moun ki ka vin disip li. Nou menm tou, nou bezwen wè moun ki nan tèritwa nou yo kòm moun ki ka vin disip Kris. Apot Pòl ban nou bèl egzanp. Ki sa nou ka aprann nan egzanp li? Nan atik sa a, nou pral egzamine 1) fason li te konnen kèk bagay sou kwayans moun li t ap preche yo, 2) fason li te chèche konprann sa k te enterese yo, e 3) fason li te wè yo kòm moun ki ka vin disip Jezi.

NAN KI SA YO KWÈ?

5. Sa k fè Pòl te ka konprann moun ki t ap koute l nan sinagòg la?

5 Pòl te preche souvan nan sinagòg juif yo. Pa egzanp, “pandan twa saba, li [te] rezone avèk [Juif] yo sou Ekriti yo” nan sinagòg ki te Tesalonik la (Tra. 17:1, 2). Sandout Pòl te santi l alèz nan sinagòg la. Li te leve nan relijyon juif la (Tra. 26:4, 5). Pòl te ka konprann Juif yo, se sa k fè l te alèz pou l preche yo. — Flp. 3:4, 5.

6. Ki diferans ki te gen ant moun ki te sou plas piblik Atèn nan ak moun Pòl te preche nan sinagòg la?

6 Apre moun ki t ap pèsekite Pòl yo te fòse l kite Tesalonik e apre yo te fòse l kite Bere, li t al Atèn. Yon lòt fwa ankò, “li [te] kòmanse rezone nan sinagòg la avèk Juif yo ansanm ak lòt moun ki t ap adore Bondye yo”. (Tra. 17:17.) Men, pandan Pòl t ap preche sou plas piblik la, te vin gen lòt kalite moun k ap tande l. Pami moun ki t ap koute l yo, te gen filozòf ak moun lòt nasyon ki te konsidere mesaj Pòl yo kòm yon “nouvo ansèyman”. Yo te di l: “Ou vin ak kèk bagay ki sonnen dwòl nan zòrèy nou.” — Tra. 17:18-20.

7. Selon Travay 17:22, 23, ki jan Pòl te adapte fason li preche?

7 Li Travay 17:22, 23. Pòl pa t preche moun Atèn ki pa t Juif yo menm jan li te preche Juif yo nan sinagòg la. Petèt Pòl t ap mande tèt li: ‘Nan ki sa moun Atèn sa yo kwè?’ Li te pran san l pou l gade toutotou l e l te wè fason moun yo adore nan relijyon pa yo. Apre sa, Pòl te chèche jwenn yon pwen kote ni li menm ni yo menm dakò sou fason pou moun adore ki ann amoni ak verite ki nan Bib la. Gen yon moun ki konn fè kòmantè sou Bib la ki di: “Antanke Juif ki vin kretyen, li te konnen Grèk yo ki te payen pa t adore ‘vrè’ Dye Juif yo ak kretyen yo t ap adore a, men li eseye montre Dye l ap pale de li a se pa yon dye moun Atèn yo pa konnen.” Se sa k fè Pòl te dispoze adapte fason l preche a. Li te di moun Atèn yo li te resevwa mesaj li a nan men “Dye [yo] pa konnen” an, Dye yo t ap chèche adore a. Aktout moun lòt nasyon yo pa t abitye ak sa ki nan Ekriti yo, Pòl pa t ba yo vag. Okontrè, li te konsidere yo kòm jaden ki pare pou rekòt, e li te adapte fason l preche bon nouvèl la.

Menm jan ak apot Pòl, montre nou se bon obsèvatè, adapte mesaj n ap preche a, epi wè moun yo kòm moun ki ka vin disip Kris. (Gade paragraf 8, 12, 18.) *

8. a) Ki jan w ka rive wè nan ki sa moun ki nan tèritwa w yo kwè? b) Ki sa w ka di yon moun ki di w li gen relijyon pa l?

8 Menm jan ak Pòl, montre w se yon bon obsèvatè. Chèche wè nan ki sa moun ki nan tèritwa w yo kwè. Ki jan mèt kay la dekore kay li oubyen machin li? Èske non l, fason l abiye, aparans li oubyen menm fason l pale montre nan ki relijyon l ye? Petèt li fè w konnen li gen pwòp relijyon pa l. Lè sa rive yon pyonye espesyal ki rele Flutura, li abitye di: “Mwen pa vini pou m fòse w kwè menm bagay avè m, men pou m pale avè w sou sijè sa a...”

9. Ki jan nou ka jwenn yon pwen kote ni nou menm ni yon moun ki deja nan yon relijyon dakò?

9 Sou ki sa nou ka pale ak yon moun ki deja nan yon relijyon? Bat pou nou jwenn yon pwen kote ni nou menm ni moun nan dakò. Li gendwa ap adore yon sèl Dye, li gendwa rekonèt Jezi kòm Sovè limanite, oubyen li gendwa kwè n ap viv nan yon epòk ki chaje ak mechanste e ki pral fini talè konsa. Lè w rive wè kèk kwayans nou toule de genyen, prezante moun nan mesaj ki nan Bib la yon fason k ap atire l.

10. Ki sa nou ta dwe eseye fè, e poukisa?

10 Sonje moun yo gendwa pa kwè nan tout sa relijyon yo anseye yo. Donk, menm lè w rive wè nan ki relijyon yon moun ye, eseye wè nan ki sa moun sa a kwè. Men sa David, yon pyonye espesyal nan peyi Ostrali, di: “Anpil moun melanje filozofi ak kwayans yo.” E men sa Donalta, nan peyi Albani di: “Gen kèk moun nou rankontre ki di yo fè pati yon relijyon, men annapre, yo admèt yo pa vrèman kwè nan Bondye.” Gen yon frè ki misyonè nan peyi Ajantin ki remake gen kèk moun ki kwè nan Trinite, men an reyalite yo pa kwè Papa a, Pitit la ak lespri sen an se yon sèl Dye. Men sa l di: “Lè nou konn sa, li vrèman pi fasil pou n jwenn yon pwen kote ni nou menm ni moun nan dakò.” Donk, chèche konnen ki sa moun yo kwè toutbon. Lè sa a, menm jan ak Pòl, w ap ka “vin tout bagay pou tout kalite moun”. — 1 Kor. 9:19-23.

KI SA K ENTERESE YO?

11. Jan sa parèt nan Travay 14:14-17, ki jan Pòl te prezante mesaj li a yon fason ki atiran pou moun ki t ap viv Lis yo?

11 Li Travay 14:14-17. Pòl te rive konprann sa k te enterese moun ki t ap koute l yo, e apre sa li te adapte mesaj li t ap preche a. Pa egzanp, foul moun li t ap preche nan Lis yo pa t gen anpil konesans sou Ekriti yo. Se sa k fè Pòl te sèvi ak rezònman yo te ka konprann. Li te pale konsènan jaden ki bay anpil rannman ak posiblite pou moun pran plezi nan lavi a. Li te sèvi ak mo ansanm ak egzanp moun ki t ap koute l yo te ka konprann byen fasil.

12. Ki jan w ka rive wè sa k enterese yon moun epi pou w adapte mesaj w ap preche a?

12 Sèvi ak kapasite w genyen pou w konprann nan pou w rive wè sa k enterese moun nan tèritwa w la epi pou w adapte mesaj w ap preche a. Ki jan w ka rive wè sa k enterese yon moun pandan w ap mache pou w al kote l oubyen pou w al lakay li? Yon lòt fwa ankò, ou bezwen montre w se yon bon obsèvatè. Petèt l ap fè jaden, l ap li yon liv, l ap repare yon machin oubyen l ap fè kèk lòt aktivite. Si posib, sa w panse si w ta sèvi ak sa l ap fè a pou w kòmanse yon konvèsasyon avè l (Jan 4:7)? Menm rad ki sou yon moun ka ede w konprann kiyès li ye. Petèt sa ka fè w konnen nan ki peyi l soti, ki travay l ap fè oswa ki ekip li pi renmen. Men sa Gustavo fè konnen: “Mwen te kòmanse pale ak yon jèn gason ki gen 19 an ki te gen yon mayo ki gen foto yon chantè tout moun byen konnen. M te poze l kesyon sou mayo a e li te di m poukisa l te renmen chantè sa a. Konvèsasyon an te mennen nan yon etid Labib e kounye a li se yon frè nou.”

13. Ki jan w ka ofri yon moun yon etid Labib yon fason ki enteresan?

13 Lè w ofri yon moun pou w fè yon etid Labib avè l, fè etid la enteresan pou li, montre l fason yon etid ap ede l (Jan 4:13-15). Pa egzanp, gen yon dam ki enterese nan Bib la ki te envite yon sè ki rele Poppy antre lakay li. Lè Poppy te wè yon diplòm sou mi kay la ki montre dam nan se yon pwofesè ki gen fòmasyon nan edikasyon, li te fè konnen nou menm tou nou fòme moun pa mwayen pwogram etid biblik nou genyen ak nan reyinyon nou yo. Dam nan te aksepte yon etid, nan demen li t al nan reyinyon, e yon ti tan annapre li te asiste yon asanble sikonskripsyon. Ennan apre sa, li te batize. Mande tèt ou: ‘Ki sa k enterese moun mwen konn retounen al vizite yo? Èske m ka pale yo de pwogram etid biblik nou an yon fason k ap atire yo?’

14. Ki jan w ka adapte yon etid Labib ak chak etidyan?

14 Lè w kòmanse etidye Labib ak yon moun, prepare etid la chak fwa w pral fè l, panse ak sitiyasyon etidyan an, nivo fòmasyon l, eksperyans li ak sa k enterese l. Pandan w ap prepare, chwazi ki vèsè ou pral li, ki videyo w pral montre l ak ki egzanp w ap pran pou w esplike l verite ki nan Bib la. Mande tèt ou: ‘Ki sa k ap plis enterese etidyan sa a e ki sa k ap touche kè l?’ ​(Pwo. 16:23). Men sa yon dam ki t ap etidye ak yon pyonye ki rele Flora te di yon fason ki fèm: “Mwen pa ka aksepte ansèyman sou rezirèksyon an.” Flora pa t fòse l aksepte ansèyman sa a. Men sa l di: “Mwen te panse toudabò li te dwe aprann konnen Bondye ki pwomèt l ap resisite moun nan.” Depi lè sa a, nan chak etid, Flora te mete aksan sou lanmou Jewova, sou sajès li ak pisans li. Apre sa, etidyan an te pare pou l gen lafwa nan rezirèksyon an. Kounye a, li se yon Temwen Jewova k ap preche avèk zèl.

KONSIDERE YO KÒM MOUN KI KA VIN DISIP

15. Selon Travay 17:16-18, ki konpòtman moun nan peyi Lagrès tan lontan yo te genyen ki te bay Pòl pwoblèm, men poukisa li pa t dekouraje ak moun Atèn yo?

15 Li Travay 17:16-18. Pòl pa t dekouraje ak moun Atèn yo menm lè vil yo a te chaje ak zidòl, ak imoralite seksyèl e ak filozofi payen. Li pa t kite pawòl derespektan yo t ap di l yo dekouraje l nonplis. Pòl li menm te vin yon kretyen, menm lè anvan sa li te “yon moun ki te konn blasfeme, yon pèsekitè, yon moun ki te ensolan”. (1 Tim. 1:13.) Menm jan Jezi te wè Pòl te ka vin yon disip, se konsa tou Pòl te wè moun Atèn yo te ka vin disip Kris. E li te gen rezon gen asirans sa a. — Tra. 9:13-15; 17:34.

16-17. Ki sa k montre tout kalite moun ka vin disip Kris? Bay yon egzanp.

16 Nan premye syèk la, tout kalite moun te vin disip Jezi. Lè Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Korent, nan peyi Lagrès yo, li te di gen kèk moun nan kongregasyon sa a ki te konn fè move aksyon anvan sa, e ki t ap mennen yon vi ki te imoral anpil. Men sa li ajoute apre sa: “Se sa kèk nan nou te ye. Men, yo lave nou.” ​(1 Kor. 6:9-11). Si se te ou, èske w t ap wè moun sa yo kapab chanje pou yo vin disip Kris?

17 Jodi a, gen anpil moun ki dispoze fè chanjman ki nesesè pou yo vin disip Jezi. Pa egzanp, nan peyi Ostrali, gen yon pyonye espesyal ki rele Yukina ki te rive wè tout kalite moun kapab byen reyaji devan mesaj ki nan Bib la. Yon lè, pandan l nan yon biznis, li te remake yon jèn dam ki gen tatwaj sou kò l e ki gen rad byen laj sou li. Yukina di: “M te yon ti jan renka pou m al pale avè l, men annapre, m te kòmanse pale avè l. M te vin konprann li tèlman enterese nan Bib la, kèk nan tatwaj ki sou kò l yo se vèsè ki soti nan liv Sòm nan!” Dam nan te kòmanse etidye Labib e l te kòmanse asiste reyinyon yo *.

18. Poukisa nou pa dwe jije moun?

18 Èske Jezi te wè jaden yo pare pou rekòt la paske l te espere pifò moun t ap vin suiv li? Non, se pa sa ditou. Ekriti yo te anonse t ap gen yon tikras moun ki t ap met lafwa nan li (Jan 12:37, 38). E Jezi te gen kapasite pou l li kè moun, donk li te konnen pa t ap gen anpil moun ki t ap aksepte mesaj li t ap preche a (Mat. 9:4). Aktout sa, li te konsantre sou kèk moun ki t ap vin kwè nan li yo e li te chofe pou l preche tout moun. Alewè pou nou menm ki pa gen kapasite pou nou li kè moun, nou pa dwe jije yon tèritwa oswa yon moun! Okontrè, nou dwe wè moun yo kòm moun ki ka vin disip Kris. Men sa Mark, yon misyonè nan peyi Boukina Faso, di nan sans sa a: “Byen souvan, moun mwen panse k ap fè pwogrè yo konn sispann etidye. Men, moun mwen panse ki pap pwogrese yo konn fè bèl pwogrè. Se sa k fè m vin aprann li pi bon pou nou kite lespri Jewova gide nou.”

19. Ki jan nou dwe wè moun ki nan tèritwa nou an?

19 Okòmansman, nou ka panse pa gen anpil moun nan tèritwa a ki sanble ak jaden ki pare pou rekòt. Men, nou dwe sonje sa Jezi te di disip li yo. Jaden yo pare pou rekòt. Moun yo ka chanje e yo ka vin disip Kris. Nan je Jewova, moun ki ka vin disip Kris yo se “bagay ki gen anpil valè”. (Aje 2:7.) Si nou wè moun jan Jewova ak Jezi wè yo, n ap chèche konn sitiyasyon yo ak sa k enterese yo. Nou pap konsidere yo kòm etranje, men kòm moun ki ka vin frè n ak sè nou.

KANTIK 57 Annou preche tout kalite moun

^ § 5 Ki efè fason nou konsidere moun yo nan tèritwa a genyen sou fason nou preche ak fason n anseye? Atik sa a ap egzamine fason Jezi ak apot Pòl te konsidere moun ki t ap koute yo ak fason nou ka imite yo lè nou chèche konnen nan ki sa moun nou rankontre yo kwè, sa ki enterese yo, e lè nou wè yo kòm moun ki ka vin disip Jezi.

^ § 17 Ribrik ki rele “Labib chanje lavi moun” nan bay plis egzanp sou fason moun ka chanje. Ribrik sa a te parèt nan Toudegad jiska ane 2017. Kounye a, yo kontinye pibliye l sou jw.org®. Gade nan seksyon ENFÒMASYON SOU NOU > EKSPERYANS.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Paj 10-11: Pandan yon mari ak madanm ap preche kay an kay, yo wè 1) yon kay ki byen pwòp ki gen flè devan l, 2) yon kay ki gen yon fanmi ki gen timoun ladan l, 3) yon kay yo pa pran swen anndan kou deyò, e 4) yon kay ki gen moun ki nan yon relijyon. Nan kiyès nan kay sa yo w ap jwenn moun ki plis ka vin disip Kris?