Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Poukisa yon ti tan anvan Jezi te mouri li te site pawòl David te di nou jwenn nan Sòm 22:1 an?

Pami dènye pawòl Jezi te di anvan l mouri, nou jwenn pawòl ki nan Matye 27:46 la ki di: “Bondye m nan, Bondye m nan, poukisa w abandone m?” Pawòl David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te di nou jwenn nan Sòm 22:1 an te akonpli lè Jezi te di pawòl sa yo (Mak 15:34). Nou pa ta dwe panse se paske Jezi te santi Jewova te lage l oswa li te manke lafwa pandan yon ti tan ki fè l te site pawòl sa yo. Jezi te byen konprann rezon ki fè l te dwe mouri, e l te dispoze fè sa (Mat. 16:21; 20:28). Li te konnen tou, nan moman l t apral mouri a, Jewova t ap bezwen sispann “pwoteje” l (Jòb 1:10). Donk, Jewova te sispann pwoteje Jezi. Konsa, Jezi t ap ka montre l ap toujou fidèl menmsi fason l t ap gen pou l mouri a t ap rèd anpil. — Mak 14:35, 36.

Bon, poukisa Jezi te site pawòl ki nan sòm sa a? Menm lè nou pa ka twò kategorik, ann wè kèk rezon ki te ka pouse l fè sa *.

Lè Jezi te site pawòl sa yo, èske se konprann li te vle fè konprann Jewova pa t ap fè anyen pou ede l nan moman l t apral mouri a? Jezi te bezwen peye ranson an san Jewova pa ede l. Piske li te yon moun, li te oblije mouri pou l te ka “goute lanmò pou tout moun”. — Ebre 2:9.

Lè Jezi te site kèk pawòl nan sòm sa a, èske se te sou tout sòm nan nèt li te vle atire atansyon? Nan epòk sa a, Juif yo te gen abitid aprann anpil sòm pakè. Lè yo te tande yon vèsè nan yon sòm, nòmalman tout sòm nan te vin nan lespri yo byen vit. Si se nan entansyon sa a Jezi te fè sa, ebyen se ede li te vle ede Juif ki te disip li yo sonje tout pwofesi ki gen nan sòm sa a ki gen rapò ak lanmò l (Sòm 22:7, 8, 15, 16, 18, 24). Epitou, dènye pati nan sòm nan fè louwanj pou Jewova e li pale de li kòm Wa sou tout tè a. — Sòm 22:27-31.

Lè Jezi te site pawòl David yo, èske se te pou l montre li inosan? Anvan yo te touye Jezi, yo te fè yon jijman ki ilegal pou yo kondane l, e yo te akize l kòmkwa li fè blasfèm (Mat. 26:65, 66). Yo te kouri fè yon jijman byen ta nan nuit ki pa t ann amoni ak lalwa ditou (Mat. 26:59; Mak 14:56-59). Lè Jezi te site pawòl sa yo sou fòm kesyon ki te pouse moun reflechi, petèt li te vle montre li pa t fè anyen ki te merite pou yo touye l.

Èske Jezi t ap fè moun yo sonje tou, menm lè Jewova te kite David li menm ki te ekri sòm sa a soufri, sa pa t vle di David te pèdi favè Jewova? Se pa lafwa David te manke ki fè l te poze kesyon sa a. Apre l te fin poze kesyon an, li te di li gen konfyans Jewova gen pouvwa pou l sove moun k ap sèvi l, e Jewova te kontinye beni l (Sòm 22:23, 24, 27). Menm jan an tou, menm lè Jezi, “Pitit David la”, t ap soufri sou yon poto, sa pa t vle di Jewova te sispann fè l favè. — Mat. 21:9.

Èske Jezi te vle montre jan sa fè l tris lefètke Jewova te retire pwoteksyon L sou li yon fason pou l te ka montre jis nan ki pwen l fidèl? Sa pa t nan objektif Jewova pou Pitit Gason l lan soufri epi pou l mouri. Se apre Adan ak Èv te fin dezobeyi li te vin wè sa nesesè. Jezi pa t fè anyen ki mal, men, li te oblije soufri epi mouri pou l te ka bay yon repons pou kesyon Satan te soulve yo e pou l te bay ranson ki te nesesè pou rachte sa lèzòm te pèdi a (Mak 8:31; 1 Pyè 2:21-24). Sa t ap rive fèt sèlman si Jewova ta retire pwoteksyon l pandan yon ti moman sou Jezi pou premye fwa nan lavi l.

Èske Jezi t ap eseye ede disip li yo reflechi sou rezon ki fè Jewova ap kite l mouri fason sa a *? Jezi te konnen fason l t apral mouri tankou yon kriminèl sou yon poto soufrans lan t ap fè anpil moun bite (1 Kor. 1:23). Si disip li yo te reflechi sou vrè rezon ki fè l oblije mouri, yo t ap konprann tout sans lanmò l genyen (Gal. 3:13, 14). Lè sa a yo t ap wè li se yon Sovè, li pa yon kriminèl.

Kèlkeswa rezon ki fè Jezi te site pawòl sa yo, li te konnen se te volonte Jewova pou l te sibi sa l t ap sibi yo. Yon ti tan apre Jezi te fin site sòm sa a, li te di: “Sa reyalize!” ​(Jan 19:30; Lik 22:37). Vrèmanvre, lefètke Jewova te retire pwoteksyon l sou Jezi pandan yon ti moman, sa te pèmèt Jezi fin reyalize tout sa li te voye l fè sou tè a. Epitou, sa te pèmèt Jezi akonpli tout bagay ki te ekri sou li “nan Lwa Moyiz la, nan pawòl pwofèt yo te ekri yo ak nan Sòm yo”. — Lik 24:44.

^ § 2 Gade paragraf 9 ak paragraf 10 nan atik ki gen tit “Sa nou ka aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo” ki nan Toudegad sa a.

^ § 4 Pandan sèvis Jezi sou tè a, pafwa li te konn di yon seri bagay oswa soulve yon seri kesyon alòske se yon lòt bagay li te gen nan tèt li. Li te fè sa pou l te ka wè jis nan ki pwen disip li yo te gen lafwa. — Mak 7:24-27; Jan 6:1-5; gade Toudegad 15 oktòb 2010, paj 4-5.