Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 15

Sa nou ka aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo

Sa nou ka aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo

“Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” — MAT. 17:5.

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Esplike nan ki sikonstans Jezi te di dènye pawòl li yo anvan l mouri.

NOU nan jounen 14 Nizan ane 33 epòk nou an. Apre yo fin akize Jezi pou yon bagay li pa t fè e yo kondane l, yo pase l nan rizib, yo bat li avèk raj, e apre sa, yo kloure l sou yon poto soufrans. Klou yo pèse men l ak pye l. Chak souf li pran, chak pawòl li di, fè l soufri plis toujou. Men, li oblije pale paske li gen bagay enpòtan pou l di.

2 Ann egzamine pawòl Jezi te di pandan l t ap mouri sou poto soufrans lan, e ann wè ki leson nou ka aprann ladan yo. Sa vle di, ann “koute l”. — Mat. 17:5.

“PAPA, PADONE YO”

3. Ak kiyès sanble Jezi t ap panse lè l te di: “Papa, padone yo”?

3 Ki sa Jezi te di? Pandan Jezi te sou poto soufrans lan li te priye Jewova e li te di: “Papa, padone yo.” Kiyès Jezi te mande Papa l padone? Pawòl li te di annapre yo ede n konprann kiyès li te gen nan lespri l. Men sa l te di: “Yo pa konn sa y ap fè a.” ​(Lik 23:33, 34). Sanble Jezi t ap pale de sòlda women ki te kloure men l ak pye l yo. Yo pa t vrèman konnen kiyès Jezi te ye toutbonvre. Petèt Jezi t ap panse tou ak kèk lòt moun nan foul la ki t ap mande pou yo touye l, men ki t ap vin gen lafwa nan li annapre (Tra. 2:36-38). Jezi pa t kite enjistis yo te fè l sibi yo fè l fache oswa fè l kenbe moun nan kè (1 Pyè 2:23). Okontrè, li te mande Jewova pou l padone moun ki t ap touye l yo.

4. Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te dispoze padone moun ki te opoze ak li yo?

4 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Menm jan ak Jezi, nou bezwen dispoze padone lòt moun (Kol. 3:13). Gen kèk moun, san wete moun nan fanmi nou, ki gendwa opoze ak nou paske yo pa konprann kwayans nou ak fason nou mennen lavi nou. Yo gendwa bay manti sou nou, fè nou wont devan lòt moun, chire piblikasyon nou yo oswa menm menase y ap ban nou kou. Olye pou n kenbe moun ki opoze ak nou yo nan kè, nou kapab mande Jewova pou l ede yo aksepte laverite yon jou (Mat. 5:44, 45). Pafwa, nou ka twouve l difisil pou n padone, sitou lè yo fè n yon seri bagay ki fè n mal anpil. Men, si n ret fache oswa nou kenbe moun nan kè, se tèt nou n ap fè soufri. Men sa yon sè di: “Mwen rann mwen kont, lè m padone yon moun, sa pa vle di moun nan te gen rezon fè sa l te fè m nan oswa m ba l dwa pou l aji mal avè m. Mwen jis chwazi pase sou sa.” ​(Sòm 37:8). Lè nou deside padone, nou chwazi pou n pa kite move bagay moun fè nou fè n ret fache. — Efe. 4:31, 32.

“W AP AVÈ M NAN PARADI A”

5. Ki pwomès Jezi te fè youn nan bandi ki te sou yon poto bò kote l, e poukisa li te fè pwomès sa a?

5 Ki sa Jezi te di? Yo te met de bandi sou poto bò kot Jezi. Okòmansman, yo toule de t ap pase Jezi nan rizib (Mat. 27:44). Men, annapre, gen youn nan yo ki te sispann fè sa. Li te vin rann li kont Jezi pa t fè “anyen ki mal”. (Lik 23:40, 41.) Pawòl li te di apre sa te montre li kwè Jezi t ap gen pou l resisite e li t ap gen pou l dirije antanke wa yon jou. Men sa l te di: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” ​(Lik 23:42). Se pa ti lafwa mesye sa a te montre l genyen! Men sa Jezi te di l: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a.” ​(Lik 23:43). Remake se Jezi pèsonèlman ki te fè bandi a pwomès sa a. Jezi te kapab bay bandi sa a ki t apral mouri espwa paske li konnen Papa l gen mizèrikòd. — Sòm 103:8.

6. Ki sa nou aprann nan pawòl Jezi te di bandi a?

6 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Jezi egzakteman menm jan ak Papa l (Ebre 1:3). Jewova dispoze padone nou e li vle fè nou mizèrikòd. Men, l ap fè sa si nou vrèman regrèt move bagay nou te konn fè, e si nou montre nou gen lafwa nan sakrifis Jezi Kris la (1 Jan 1:7). Gen moun ki ka twouve l difisil pou yo kwè Jewova padone yo pou erè yo te fè. Si w konn santi w konsa pafwa, sonje sa: Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te montre l gen mizèrikòd pou yon bandi yo te kondane ki te apèn kòmanse montre li gen lafwa. Donk, èske Jewova pap gen plis mizèrikòd toujou pou adoratè fidèl li yo k ap fè tout sa yo kapab pou yo obeyi kòmandman l yo? — Sòm 51:1; 1 Jan 2:1, 2.

“GADE! MEN PITIT GASON W! [...] GADE! MEN MANMAN W!”

7. Jan sa parèt nan Jan 19:26, 27, ki sa Jezi te di Mari ak Jan, e poukisa l te di sa?

7 Ki sa Jezi te di? (Li Jan 19:26, 27.) Jezi t ap enkyete l pou manman l sanble ki te vèv nan moman sa a. Petèt frè l ak sè l yo te ka bay manman l sa l bezwen pou l viv. Men, kiyès ki t ap ede l rete fidèl ak Jewova? Pa gen anyen ki montre frè l yo te gentan vin disip li. Yon lòt bò, Jan te yon apot ki te fidèl, e se te youn nan pi bon zanmi Jezi te genyen. Jezi te konsidere moun k ap adore Jewova ansanm avè l yo kòm fanmi l (Mat. 12:46-50). Donk, piske Jezi te renmen Mari e li te gen sousi pou li, li te mande Jan pou l pran swen l paske l te konnen li t ap ede l kontinye sèvi Jewova. Jezi te di manman l: “Gade! men pitit gason w!” E li te di Jan: “Gade! men manman w!” Depi jou sa a, Jan te vin tankou yon pitit gason pou Mari e li te pran swen Mari tankou se te manman l. Se pa ti renmen Jezi te montre l renmen madanm sa a li te bay anpil valè ki te konn pran swen l depi lè l fèt, e ki te kanpe toupre l pandan l t ap mouri!

8. Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di Mari ak Jan an?

8 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Nou ka vin pi pwòch frè n ak sè n yo pase moun nan pwòp fanmi nou. Moun nan fanmi nou ka opoze ak nou, e yo ka menm abandone nou. Men, jan Jezi te pwomèt sa, lè nou rete pwòch Jewova ak òganizasyon L lan, n ap jwenn “100 fwa plis” pase sa nou te pèdi. Anpil nan frè ak sè sa yo ap vin tankou bonjan pitit gason, pitit fi, manman oswa papa pou nou (Mak 10:29, 30). Ki jan w santi w lefètke frè ak sè nan kongregasyon an gen tèt ansanm paske yo gen lafwa ak lanmou, sa vle di yo renmen Jewova e youn renmen lòt? — Kol. 3:14; 1 Pyè 2:17.

“BONDYE M NAN, POUKISA W ABANDONE M?”

9. Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Mat. 27:46?

9 Ki sa Jezi te di? Yon ti tan anvan Jezi mouri, li rele byen fò, li di: “Bondye m nan, Bondye m nan, poukisa w abandone m?” ​(Mat. 27:46). Labib pa di poukisa Jezi te di pawòl sa a. Men, ann wè sa nou ka aprann nan sa l te di a. Yon bagay ki sèten, lè Jezi te di pawòl sa a li te akonpli yon pwofesi nou jwenn nan Sòm 22:1 *. Anplis de sa, pawòl sa a montre aklè Jewova pa t met “yon lantouray pou pwoteje” Pitit Gason l lan (Jòb 1:10). Jezi te konprann Papa l te lage l nan men ènmi l yo pou lafwa l te kapab pase anba eprèv nèt. Pa gen okenn moun ki te janm sibi yon eprèv konsa. Anplis de sa, pawòl sa a montre aklè Jezi te inosan e li pa t fè anyen ki te merite pou yo touye l.

10. Ki leson nou ka aprann nan pawòl Jezi te di Papa l la?

10 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Youn nan leson nou ka aprann sèke nou pa dwe atann Jewova ap pwoteje nou kont tout pwoblèm ki ka pase lafwa nou anba eprèv. Menm jan Jezi te pase anba eprèv jiskaske l mouri, nou menm tou, nou dwe prepare n pou n ret fidèl, menmsi n ta oblije mouri (Mat. 16:24, 25). Sepandan, nou gen asirans Bondye pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte (1 Kor. 10:13). Yon lòt leson nou aprann sèke menm jan ak Jezi nou ka ap soufri san nou pa fè anyen ki mal (1 Pyè 2:19, 20). Se pa paske nou fè yon bagay ki mal ki fè moun yo opoze ak nou, men se paske nou pa fè pati monn nan e n ap preche laverite (Jan 17:14; 1 Pyè 4:15, 16). Jezi te konprann rezon ki fè Jewova te kite l soufri. Men, kontrèman ak Jezi, gen adoratè Jewova ki fidèl lè y ap pase anba eprèv ki konn mande pafwa poukisa Jewova kite yon seri bagay rive (Aba. 1:3). Bondye nou an ki gen mizèrikòd ak pasyans konprann se pa lafwa moun sa yo pa genyen ki fè yo di sa. Yo bezwen konsolasyon li menm sèlman kapab bay la. — 2 Kor. 1:3, 4.

“MWEN SWAF”

11. Poukisa Jezi te di pawòl nou jwenn nan Jan 19:28 la?

11 Ki sa Jezi te di? (Li Jan 19:28.) Poukisa Jezi te di: “Mwen swaf”? Li te di sa pou “yon pasaj nan Ekriti yo ka akonpli”, anpalan de pwofesi ki nan Sòm 22:15 lan, ki di: “Mwen pa gen fòs ankò, mwen tankou yon moso veso ann ajil, lang mwen kole nan jansiv mwen.” Epitou, Jezi dwe te swaf anpil apre tout sa yo te fè l pase, san wete tout soufri li t ap soufri sou poto a. Li te bezwen jwenn yon bagay pou l bwè pou l pase swaf li.

12. Lefètke Jezi te di “mwen swaf”, ki sa sa aprann nou?

12 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Jezi pa t panse se yon bagay ki mal pou l di sa l santi. Nou pa dwe panse sa tou. Byen souvan, nou ta prefere pa di lòt moun sa n bezwen. Men, si sa ta rive nou bezwen èd, nou pa ta dwe ezite fè lòt moun konn sa. Pa egzanp, si nou vin granmoun oswa nou pa viv sante, nou ka bezwen yon zanmi ban n yon woulib pou n al achte oswa pou n al kay doktè. Si nou santi moral nou ba oswa nou dekouraje, nou ka mande yon ansyen oswa yon zanmi nou ki gen matirite si yo ka ban n yon ti tan pou n pale ak yo, yon fason pou yo ka di nou “bèl ti pawòl” k ap fè kè n kontan (Pwo. 12:25). Nou bezwen sonje frè n ak sè n yo renmen nou e yo vle ede nou “lè gen malè”. (Pwo. 17:17.) Men, yo pa ka li sa k nan panse n. Yo gendwa pa konnen si n bezwen èd si nou pa di yo sa.

“SA REYALIZE!”

13. Lefètke Jezi te ret fidèl jiskaske l mouri, ki sa l te reyalize?

13 Ki sa Jezi te di? Nan jou ki te 14 Nizan an, vè twazè nan aprèmidi, Jezi te di byen fò: “Sa reyalize!” ​(Jan 19:30). Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te fin fè tout sa Jewova te vle l fè. Lefètke Jezi te ret fidèl jiskaske l mouri, li te reyalize anpil bagay. Premyèman, li te montre aklè Satan se yon mantè. Li te montre yon moun pafè ka ret fidèl kèlkeswa sa Satan ta fè. Dezyèmman, Jezi te bay lavi l kòm ranson. Lefètke li te bay lavi l kòm sakrifis, sa te fè l vin posib pou moun enpafè vin zanmi Bondye e pou yo gen espwa viv pou toutan. Twazyèmman, Jezi te montre Jewova se yon dirijan ki jis, e li te retire vèni yo te lage sou non Papa l la.

14. Ki detèminasyon n ta dwe pran chak jou nan lavi n? Esplike.

14 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Se chak jou nou dwe pran detèminasyon pou nou ret fidèl. Ann egzamine pawòl yon frè ki te rele Maxwell Friend ki te konn anseye nan Lekòl Galaad te di. Pandan frè Friend t ap fè yon diskou sou fidelite nan yon asanble entènasyonal, li te di: “Si w ka fè oswa di yon bagay jodi a, pa di w a fè sa demen. Èske w konn si w ap wè demen? Konsidere chak jou w ap viv kòm dènye okazyon w genyen pou w montre Jewova li ka ba w lavi ki pap janm fini an.” Se pou n konsidere chak jou n ap viv kòm dènye okazyon nou genyen pou n montre n fidèl! Menmsi nou ta devan lanmò, n ap ka di: “Jewova, mwen te fè tout sa m kapab pou m ret fidèl, pou m montre aklè Satan se yon mantè, e pou m defann non w ak dwa w genyen pou w dirije antanke Souvren an.”

“MWEN REMÈT LESPRI M NAN MEN W”

15. Selon Lik 23:46, ki asirans Jezi te genyen?

15 Ki sa Jezi te di? (Li Lik 23:46.) Jezi te met tout konfyans li nan Jewova lè l te di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” Jezi te konnen lavi l nan men Jewova, e li te gen asirans Papa l pa t ap bliye l.

16. Ki sa w aprann nan istwa yon jèn frè ki te gen 15 an?

16 Ki sa nou ka aprann nan pawòl Jezi te di yo? Nou bezwen ret fidèl ak Jewova menmsi lavi nou ta an danje. Pou n fè sa, nou dwe “fè Jewova konfyans ak tout kè” nou (Pwo. 3:5). Ann pran egzanp Joshua, yon Temwen Jewova ki te gen 15 an ki te gen yon maladi ki t ap gen pou touye l e ki te nan dènye faz li. Li pa t aksepte yon seri tretman doktè te pwopoze l paske yo pa ann amoni ak sa Pawòl Bondye a di. Men sa l te di manman l yon ti tan anvan l mouri: “Manmi, mwen nan men Jewova. [...] Mwen ka di w sa avèk anpil asirans manmi: Mwen konnen Jewova ap reban m lavi kanmenm lè rezirèksyon an ap fèt. Li konn sa k nan kè m e mwen renmen l anpil *.” Li ta bon pou nou chak mande tèt nou: ‘Si m ta gen pou m fè fas ak yon sitiyasyon ki ta met lavi m an danje e ki ta pase lafwa m anba eprèv, èske m t ap remèt lavi m nan men Jewova e m t ap gen konfyans l ap sonje m?’

17-18. Ki leson nou aprann? (Gade kare ki gen tit “ Sa nou aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo”.)

17 Gen anpil leson enpòtan nou ka aprann nan dènye pawòl Jezi te di yo. Pawòl sa yo fè nou sonje nou bezwen padone lòt moun e nou bezwen gen konfyans Jewova ap padone nou. Nou kontan gen anpil frè ak sè nan kongregasyon an ki tankou yon fanmi pou nou e ki dispoze ede nou. Men, lè nou bezwen èd, nou dwe fè yo konn sa. Nou konnen kèlkeswa pwoblèm nou jwenn, Jewova ap ede nou andire. E nou wè jan li enpòtan pou nou konsidere chak jou n ap viv kòm dènye okazyon nou genyen pou n montre nou fidèl, paske nou gen konfyans Jewova ap reban nou lavi si n ta mouri.

18 Vrèmanvre, gen anpil bagay nou ka aprann nan pawòl Jezi te di lè l t ap mouri sou poto a! Lè nou aplike sa nou sot aprann yo, se obeyi nou obeyi pawòl Jewova te di konsènan Pitit Gason l lan, lè l te di: “Koute l.” — Mat. 17:5.

KANTIK 126 Ret je klè, vin djanm, kenbe fèm

^ § 5 Jan nou kapab wè sa nan Matye 17:5, Jewova vle nou koute Pitit Gason l lan. Nan atik sa a, nou pral pale sou yon seri leson nou kapab aprann nan dènye pawòl Jezi te di pandan l t ap mouri sou poto soufrans lan.

^ § 9 Pou nou konprann rezon petèt ki fè Jezi te site Sòm 22:1, gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad sa a.

^ § 16 Gade atik ki gen tit “La foi de Joshua: une victoire pour les droits de l’enfant” ki parèt nan Réveillez-vous! 22 janvye 1995.