Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 15

Èske “pawòl” k ap sot nan bouch ou montre ou se “yon egzanp”?

Èske “pawòl” k ap sot nan bouch ou montre ou se “yon egzanp”?

“Se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou.” — 1 TIM. 4:12.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

SA NOU PRAL WÈ *

1. Kiyès ki ban n kapasite pou n pale?

 KAPASITE nou genyen pou n pale a se yon kado Bondye nou an ki renmen nou ban nou. Tousuit apre Bondye te fin kreye Adan, premye moun nan, Adan te kapab pale pou l kominike ak Papa l ki nan syèl la. Bondye te ba l kapasite tou pou l kreye plis mo. Adan te sèvi ak kapasite sa a pou l bay tout bèt yo non, yon travay Bondye te ba l fè (Jen. 2:19). E se pa ti kontan li dwe te kontan premye fwa li te pale ak yon lòt moun, anpalan de Èv, bèl madanm li te genyen an! — Jen. 2:22, 23.

2. Ki jan yo te mal sèvi ak kapasite nou genyen pou nou pale a depi lontan, e ki jan yo mal sèvi avè l jodi a?

2 Sa pa t pran tan pou lèzòm te mal sèvi ak kado Bondye te ba yo a, anpalan de kapasite yo genyen pou yo pale a. Satan Ledyab te bay Èv manti, e manti sa a te lakòz lèzòm peche e yo pa t pafè ankò (Jen. 3:1-4). Adan te mal sèvi ak lang li lè l te akize Èv pou pwòp erè li menm li te fè, e l te menm akize Jewova (Jen. 3:12). Kayen te bay Jewova manti apre l te fin touye Abèl, frè l la (Jen. 4:9). Annapre, Lamèk, yon desandan Kayen, te fè yon powèm ki te montre jan moun yo te vyolan nan epòk li t ap viv la (Jen. 4:23, 24). Ki jan sa ye jodi a? Pafwa, lidè politik yo alèz pou yo itilize mo sal an piblik. Epitou, li difisil pou n jwenn yon fim ki pa gen mo sal ladan l. Elèv yo tande mo sal nan lekòl yo, e granmoun yo tande mo sal nan travay yo. Lefètke moun yo alèz pou yo di mo sal lè y ap pale, sa montre nan ki eta monn nan ye.

3. Ki sa n dwe veye pou n pa fè, e ki sa n pral wè nan atik sa a?

3 Si n pa veye, nou ka tèlman abitye tande mo sal, nou kòmanse pale menm jan an tou. Nòmalman, antanke kretyen, nou vle fè Jewova plezi, e sa mande plis pase annik pa di mo sal. Nou vle byen sèvi ak bèl kado sa a Bondye ban nou an, anpalan de kapasite nou genyen pou nou pale a, pou n fè louwanj pou li. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan nou kapab fè sa: 1) nan travay predikasyon an, 2) nan reyinyon, e 3) nan konvèsasyon nou gen chak jou. Men anvan sa, nou pral wè poukisa pawòl k ap sot nan bouch nou gen enpòtans pou Jewova.

PAWÒL K AP SOT NAN BOUCH NOU GEN ENPÒTANS POU JEWOVA

Ki jan pawòl k ap sot nan bouch ou montre sa k nan kè w? (Gade paragraf 4-5.) *

4. Selon Malachi 3:16, poukisa pawòl k ap sot nan bouch nou gen enpòtans pou Jewova?

4 Li Malachi 3:16. Gen moun pawòl k ap sot nan bouch yo montre yo gen lakrentif pou Jewova e y ap medite sou non L, e Jewova ap fè ekri non moun sa yo nan “liv [li a] pou l sonje yo”. Èske w ka wè yon rezon ki fè l ap fè sa? Pawòl nou di montre sa k nan kè nou. Men sa Jezi te di: “Pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” ​(Mat. 12:34). Konvèsasyon nou chwazi fè montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova. E Jewova vle moun ki renmen l yo viv pou toutan nan monn nouvo a ak kè kontan.

5. a) Ki rapò ki gen ant adorasyon n ap bay Jewova a ak pawòl k ap sot nan bouch nou? b) Jan sa parèt nan foto a, ki sa nou dwe veye anrapò ak pawòl k ap sot nan bouch nou?

5 Pawòl k ap sot nan bouch nou ka montre si Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a (Jak 1:26). Pami moun ki pa renmen Bondye yo, gen nan yo ki pale yon fason ki montre yo agresif, yo malelve e yo gen ògèy (2 Tim. 3:1-5). Se sèten nou pa t ap janm renmen vin menm jan ak yo. Nou vrèman vle pou pawòl k ap sot nan bouch nou fè kè Jewova kontan. Men, èske Jewova ap kontan si nou pale avèk jantiyès lè n nan reyinyon oswa lè n ap preche, epi nou pale byen rèd ak moun nan fanmi nou lè pa gen lòt moun ki la? — 1 Pyè 3:7.

6. Ki bon bagay ki te rive lefètke Kimberly te byen sèvi ak pawòl k ap sot nan bouch li?

6 Lè n byen sèvi ak kapasite n genyen pou n pale a, nou montre nou se sèvitè Jewova. Nou ede moun k ap gade n yo wè byen klè diferans ki genyen “ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l”. (Mal. 3:18.) Ann wè sa k te rive yon sè ki rele Kimberly *. Li menm ak yon kamarad li te gen pou yo fè yon devwa ansanm. Pandan kamarad Kimberly a t ap fè devwa a avè l, li te remake Kimberly pa t menm jan ak lòt elèv yo. Li pa t konn pale lòt moun mal, li te pale yon fason ki pozitif e l pa t konn di mo sal. Li te anvi konnen rezon ki fè Kimberly te konsa, e finalman, li te aksepte pou l fè yon etid Labib. Se pa ti kontan Jewova kontan lè n pale yon fason ki fè moun anvi aprann konnen l!

7. Ki sa w detèmine pou w fè ak kapasite w genyen pou w pale a, ki se yon kado Bondye ba w?

7 Nou tout ta renmen pale yon fason ki onore Jewova e ki fè n vin pi pwòch ak frè n ak sè n yo. Donk, kounye a, ann wè kèk bagay nou kapab fè k ap ede n kontinye montre nou se “yon egzanp . . . nan pawòl” nou.

SE POU N VIN YON EGZANP NAN TRAVAY PRECHE AK FÈ DISIP LA

Lè w pale ak moun yo avèk jantiyès lè w ap preche, sa fè Jewova plezi. (Gade paragraf 8-9.)

8. Ki egzanp Jezi kite pou nou nan fason li te konn pale pandan sèvis li sou tè a?

8 Pale avèk jantiyès e avèk respè lè lòt moun ap chèche fè kont avè n. Pandan sèvis Jezi sou tè a, yo te akize l kòmkwa li se yon tafyatè, yon aloufa, yon moun k ap travay pou Dyab la, yon moun ki vyole saba e ki menm blasfeme Bondye (Mat. 11:19; 26:65; Lik 11:15; Jan 9:16). Aktout sa, Jezi pa t janm aji menm jan ak yo. Menm lè yon moun pale di avè n, menm jan ak Jezi, nou pa dwe janm rann mal pou mal (1 Pyè 2:21-23). Nòmalman, li pa toujou fasil pou n aji konsa (Jak 3:2). Ki sa k ka ede n?

9. Ki sa k kapab ede n kontwole sa n ap di lè n ap preche?

9 Fè efò pou w pa fache lè yon moun mal pale avè w lè w ap patisipe nan travay predikasyon an. Men sa yon frè ki rele Sam fè konnen: “Mwen fè efò pou m panse ak jan sa enpòtan pou moun k ap koute m nan aprann laverite sou Bondye e ak posiblite l genyen pou l chanje.” Pafwa, yon moun konn fache paske n vin preche l nan yon move lè. Lè n ap preche epi nou jwenn yon moun ki fache, nou kapab fè sa yon sè ki rele Lucia konn fè. Nou kapab fè yon priyè tout kout pou n mande Jewova ede n ret kalm e pou n pa di anyen ki derespektan.

10. Selon 1 Timote 4:13, ki objektif nou ta dwe genyen?

10 Chèche vin yon pi bon anseyan. Timote te gen anpil eksperyans nan travay predikasyon an. Men, aktout sa, li te bezwen kontinye fè efò pou l amelyore fason l anseye. (Li 1 Timote 4:13.) Ki sa n ka fè pou n vin yon pi bon anseyan? Nou dwe fè bon preparasyon. Erezman, nou gen yon pakèt zouti ki kapab ede n vin pi bon anseyan. W ap jwenn bonjan enfòmasyon nan bwochi Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay la ak nan Pwogram reyinyon lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen an, nan seksyon “Byen prepare w pou travay predikasyon an”. Èske w byen sèvi ak piblikasyon sa yo? Lè n byen prepare, nou santi n gen mwens strès e n gen plis asirans lè n ap pale.

11. Ki sa k ede kèk kretyen vin pi bon anseyan?

11 Yon lòt bagay ki kapab ede n vin pi bon anseyan, se lè n aprann nan men lòt moun nan kongregasyon an. Sam, nou te pale de li pi wo a, mande tèt li ki sa k fè kèk kretyen vin bon anseyan. Li byen koute lè y ap anseye e li eseye imite metòd yo itilize yo. Gen yon sè ki rele Talia ki byen suiv fason oratè ki gen eksperyans yo bay diskou piblik. Lefètke l fè sa, li aprann ki jan pou l pale sou yon seri sijè moun yo plis renmen nan travay predikasyon an e pou l rezone ak yo sou sijè sa yo.

SE POU W BAY EGZANP NAN REYINYON YO

Lè w chante ak tout kè w nan reyinyon yo, ou fè louwanj pou Jewova. (Gade paragraf 12-13.)

12. Ki sa k difisil pou kèk moun?

12 Nou tout kapab fè reyinyon yo ankourajan lè n chante awotvwa e lè n fè kòmantè nou te byen prepare (Sòm 22:22). Gen moun ki twouve l difisil pou yo chante an piblik oswa pou yo fè kòmantè. Èske se ka pa w? Si se ka pa w, w ap kontan konnen ki sa k te ede lòt moun rive chante epi fè kòmantè nan reyinyon yo.

13. Ki sa k kapab ede w chante ak tout kè w nan reyinyon yo?

13 Chante ak tout kè w. Lè n ap chante kantik Wayòm yo, sa k ta dwe pi enpòtan pou nou se louwe Jewova. Gen yon sè ki rele Sara ki twouve l pa gen bèl vwa pou l chante. Sepandan, li vle chante pou l fè louwanj pou Jewova. Se sa k fè, lè l ap prepare reyinyon yo, li repete kantik yo tou. Lè l ap repete yo, li chèche wè rapò ki genyen ant pawòl ki nan kantik yo ak sijè yo pral pale sou yo nan reyinyon yo. Men sa l di: “Sa ede m plis konsantre sou pawòl yo olye m konsantre sou vwa m.”

14. Si w timid, ki sa k ka ede w fè kòmantè nan reyinyon yo?

14 Fè kòmantè regilyèman. Nou konprann sa ka difisil anpil pou kèk moun. Men sa Talia, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen santi m strese anpil lè m an piblik, menm lè lòt moun pa remake sa, paske an jeneral mwen gen yon vwa ki kalm. Donk, li difisil anpil pou m fè kòmantè.” Sepandan, Talia pa kite sa anpeche l fè kòmantè. Lè l ap prepare reyinyon yo, li toujou sonje premye kòmantè pou yon kesyon ta dwe kout epi dirèk. Men sa l di: “Sa vle di, si repons mwen an kout, senp, epi l bay ide prensipal la, pa gen pwoblèm, paske se repons konsa moun k ap kondui reyinyon an ap chèche.”

15. Ki sa n bezwen sonje lè n ap fè kòmantè?

15 Menm kretyen ki pa vrèman timid konn renka pou yo fè kòmantè pafwa. Sa k fè sa? Men sa yon sè ki rele Juliet di: “Pafwa mwen renka pou m fè kòmantè paske m pè pou kòmantè m nan pa twò senp e pou l pa fin bon.” Sepandan, sonje Jewova ta renmen w fè pi bon kòmantè w kapab fè a *. Li kontan anpil lè n fè tout sa n kapab pou n fè kòmantè nan reyinyon yo, menmsi pafwa nou konn pè.

SE POU N VIN YON EGZANP NAN KONVÈSAYON N AP FÈ CHAK JOU

16. Ki bagay nou pa dwe di?

16 Pa janm “joure” moun (Efe. 4:31). Jan nou te wè sa pi wo a, mo sal pa dwe janm soti nan bouch yon kretyen. Yon lòt bagay nou bezwen veye se move pawòl moun konn di ki pa montre aklè se joure y ap joure. Pa egzanp, nou bezwen veye pou n pa di anyen ki mal sou moun lòt kilti, lòt tribi oswa lòt peyi. Anplis de sa, nou pa dwe janm di yon seri bagay sou lòt moun ki kapab blese santiman yo. Men sa yon frè fè konnen: “Pafwa, mwen te konn fè yon seri blag mwen te panse ki te komik e ki pa t gen anyen mal ladan yo. Men, an reyalite, sa m te konn di yo te konn blese santiman lòt moun. Tank ane t ap pase, madanm mwen te ede m anpil nan sans sa a. Lè m te di yon bagay ki te fè l mal e ki te fè lòt moun mal li te konn fè m wè sa lè n poukont nou.”

17. Selon Efezyen 4:29, ki jan nou kapab ankouraje lòt moun?

17 Pale yon fason k ap ankouraje lòt moun. Se pou w toujou pare pou w felisite lòt moun olye w kritike yo oswa w ret ap plenyen. (Li Efezyen 4:29.) Gen anpil bagay Izrayelit yo te ka gen rekonesans pou yo, men, olye de sa, yo te konn plenyen. Lè n renmen plenyen, sa ka fè lòt moun plenyen tou. N ap sonje lè dis espyon yo te bay yon move rapò, sa te fè “tout Izrayelit yo te pran plenyen kont Moyiz”. (Nonb 13:31–14:4.) Yon lòt bò, lè n felisite lòt moun, sa ka ankouraje yo anpil. Nou mèt sèten lefètke zanmi pitit fi Jefte a te genyen yo te konn felisite l, sa te ankouraje l anpil nan travay li (Jij 11:40). Men sa Sara, nou te pale de li pi wo a, di: “Lè n felisite lòt moun, nou fè yo santi Jewova renmen yo e lòt moun nan kongregasyon an renmen yo tou.” Kidonk, chèche okazyon pou w felisite lòt moun ak tout kè w.

18. Selon Sòm 15:1, 2, poukisa nou dwe di laverite, e ki sa sa gen ladan l?

18 Di laverite. Nou pa ka fè Jewova plezi si n pa di laverite. Jewova rayi manti sou kèlkeswa fòm nan (Pwo. 6:16, 17). Jodi a, byenke anpil moun twouve l nòmal pou yo bay manti, nou pa bay manti, paske Jewova di nou pa dwe fè sa. (Li Sòm 15:1, 2.) Nonsèlman, nou pap bay manti, men tou, nou pap fè espre pou n fè lòt moun kwè yon bagay ki pa sa.

Si n santi yon konvèsasyon ap mal vire, chanje l, pale sou bagay ki pozitif, sa ap fè n jwenn favè Jewova. (Gade paragraf 19.)

19. Ki lòt prekosyon nou bezwen pran?

19 Evite fè tripotay (Pwo. 25:23; 2 Tes. 3:11). Juliet, nou te pale de li pi wo a, fè konnen jan sa deranje l lè lòt moun ap fè tripotay. Men sa l di: “Sa dekourajan lè w ap koute moun k ap fè tripotay, e sa fè m vin pa ka fè moun k ap fè tripotay la konfyans. Epitou, sa k di m si l pa pral fè tripotay sou do m ak yon lòt moun?” Si w ap pale ak yon moun e w santi sa n ap di a kòmanse tounen tripotay, chanje konvèsasyon an, pale sou yon bagay ki pozitif pito. — Kol. 4:6.

20. Ki sa w detèmine pou w fè ak pawòl k ap sot nan bouch ou?

20 Piske n ap viv nan yon monn kote moun yo di anpil mo sal lè y ap pale, nou dwe fè anpil efò pou pawòl k ap sot nan bouch nou fè Jewova plezi. Sonje, se Jewova ki ban nou kapasite nou genyen pou nou pale a, e li vle nou byen sèvi avè l. L ap beni nou lè n fè bonjan efò pou n byen sèvi ak kapasite sa a lè n ap preche, lè n nan reyinyon ak nan konvèsasyon nou gen chak jou. Lè Jewova detwi vye monn sa a, l ap pi fasil pou n onore Jewova ak pawòl k ap sot nan bouch nou (Jid 15). Pandan w ap tann moman sa a rive, pran detèminasyon pou w fè Jewova plezi ak “pawòl k ap sot nan bouch” ou. — Sòm 19:14.

KANTIK 121 Nou bezwen gen metriz

^ Jewova ban nou yon bèl kado, anpalan de kapasite nou genyen pou n pale a. Malerezman, pifò moun pa itilize kado sa a jan Jewova te vle l la. Ki sa k ka ede n kontinye pale yon fason k ap ankouraje moun e k ap fè Jewova plezi nan yon monn k ap vin pi mal chak jou? Ki jan pawòl k ap sot nan bouch nou ka fè Jewova plezi lè n ap patisipe nan travay predikasyon an, lè n ap asiste reyinyon ak lè n ap pale ak lòt moun? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.

^ Gen kèk non yo chanje.

^ Pou n jwenn plis enfòmasyon anrapò ak fè kòmantè, gade atik ki gen tit “Fè louwanj pou Jewova nan kongregasyon an” ki parèt nan Toudegad janvye 2019.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap pale di ak yon moun l al preche ki fache sou li. Yon frè ki pa sou chante nan reyinyon. Yon sè k ap fè tripotay.