Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 16

W ap gen kè kontan lè w bay Jewova sa w genyen ki pi bon an

W ap gen kè kontan lè w bay Jewova sa w genyen ki pi bon an

“Se pou chak moun egzamine sa l fè.” — GAL. 6:4.

KANTIK 37 M ap sèvi Jewova ak tout kè m

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ban n anpil kè kontan?

 JEWOVA vle n gen kè kontan. Nou konn sa paske lajwa se yon aspè nan fwi lespri a (Gal. 5:22). Piske gen plis kè kontan lè n bay pase lè n resevwa, nou santi n kontan anpil lè n patisipe ak tout kè n nan travay predikasyon an e lè n ede frè n ak sè n yo divès fason. — Tra. 20:35.

2-3. a) Selon Galat 6:4, ki de bagay ki ka ede n kontinye gen kè kontan nan sèvis Jewova a? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Nan Galat 6:4, apot Pòl pale sou de bagay k ap ede n kontinye gen kè kontan. (Li vèsè a.) Premyèman, objektif nou se ta dwe bay Jewova sa n genyen ki pi bon an. Si n bay Jewova sa n genyen ki pi bon an, n ap gen kè kontan (Mat. 22:36-38). Dezyèmman, nou dwe evite konpare tèt nou ak lòt moun. Kèlkeswa sa sante nou, fòmasyon nou oswa kapasite nou pèmèt nou reyalize, nou ta dwe gen Jewova rekonesans. Dayè, se li menm ki ban nou tout sa n genyen. Yon lòt bò, si gen lòt moun ki pi maton pase n nan travay predikasyon an, nou ta dwe rejwi lefètke yo sèvi ak talan yo genyen pou yo fè louwanj pou Jewova, men, yo pa sèvi ak yo pou yo fè louwanj pou tèt yo oswa nan enterè pa yo. Donk, olye n nan konpetisyon ak yo, nou ta dwe aprann nan men yo.

3 Nan atik sa a, nou pral wè ki sa k ka ede n lè n santi n dekouraje akoz nou pa ka fè tout sa n ta renmen fè nan sèvis n ap bay Bondye a. Nou pral wè tou ki jan n kapab pi byen itilize kèlkeswa kapasite nou genyen e ki sa n ka aprann nan egzanp lòt moun.

LÈ N SANTI N PA KA FÈ TOUT SA N TA RENMEN FÈ

Lè n fè tout sa n kapab nan sèvis Jewova a pandan tout vi n, sa fè Jewova kontan. (Gade paragraf 4-6.) *

4. Ki sa k ka fè n dekouraje? Bay yon egzanp.

4 Gen kèk sèvitè Jewova ki twouve l difisil pou yo fè tout sa yo ta renmen fè nan sèvis li akoz yo vin granmoun oswa yo pa gen bon sante. Se sa k te rive Carol. Yon lè li te gen posiblite al sèvi kote ki gen plis bezwen. Nan epòk sa a, li te kondui 35 etid biblik e l te ede plizyè moun pwogrese jiskaske yo te vwe Jewova lavi yo e yo te batize. Carol te jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an! Annapre, li te vin malad anpil e l te oblije pase pifò tan l lakay li. Men sa Carol di: “Mwen konnen akoz pwoblèm sante m genyen yo, mwen pa kapab fè sa lòt moun ka fè. Men, mwen santi yo pi fidèl pase m. Se yon konba ant sa m ta renmen fè ak reyalite a, e sa difisil anpil pou mwen.” Carol ta renmen fè tout sa l kapab pou Jewova. Vrèmanvre, li merite anpil felisitasyon! Se sèten, Bondye nou an ki gen konpasyon apresye bèl mantalite Carol genyen an.

5. a) Ki sa nou dwe sonje si n dekouraje akoz nou pa ka fè tout sa n ta renmen fè? b) Jan sa parèt nan foto yo, ki jan frè a kontinye bay sa l genyen ki pi bon an nan sèvis Jewova a?

5 Si w santi w dekouraje pafwa paske gen yon bagay ki anpeche w fè sa w ta renmen fè, mande tèt ou: ‘Ki sa Jewova vle m fè?’ Jewova vle w fè tout sa w kapab, selon sitiyasyon w kounye a. Ann pran yon egzanp: Yon sè ki nan 80 an yo santi l dekouraje paske l pa ka fè tout sa l te konn fè nan travay predikasyon an lè l te nan 40 an yo. Li panse menm lè l fè tout sa l kapab, sa pa fè Jewova plezi. Men, èske se vre? Fè yon ti reflechi. Si sè a te bay sa l genyen ki pi bon an lè l te nan 40 an yo e l kontinye bay sa l genyen ki pi bon an pandan li nan 80 an yo, li pa sispann bay sa l genyen ki pi bon an. Si n kòmanse santi n pa fè ase pou n fè Jewova plezi, nou dwe sonje se Jewova ki deside ki sa k fè l plezi. Si n fè tout sa n kapab, se sèten Jewova ap di nou: “Trè byen!” — Konpare ak Matye 25:20-23.

6. Ki sa n ka aprann nan egzanp Maria?

6 N ap twouve l pi fasil pou n gen kè kontan si n konsantre sou sa n ka fè olye n konsantre sou sa n pa ka fè. Ann pran egzanp yon sè ki rele Maria, ki gen yon maladi ki anpeche l fè tout sa l ta renmen fè nan travay predikasyon an. Okòmansman, li te fè depresyon e l te santi l pa itil anyen. Men, annapre, li te panse ak yon sè nan kongregasyon an ki te oblije ret kouche, e Maria te deside ede l. Men sa Maria di: “Mwen te fè aranjman pou m preche avè l pa mwayen telefòn ak lèt. Chak fwa n te preche ansanm, mwen te retounen lakay mwen ak kè kontan e m te santi m satisfè dèske m te kapab ede sè m nan.” Nou menm tou nou ka vin gen plis kè kontan lè n konsantre sou sa n ka fè olye n konsantre sou sa n pa ka fè. Men, e si n ka fè plis nan sèvis Jewova a oswa nou vrèman maton nan kèk aspè nan sèvis li a?

SI W GEN YON DON, ‘ITILIZE L’!

7. Ki bon konsèy apot Pyè te bay kretyen yo?

7 Nan premye lèt apot Pyè te ekri a, li te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo itilize kèlkeswa don ak talan yo genyen pou yo ankouraje kwayan parèy yo. Men sa Pyè te ekri: “Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a.” ​(1 Pyè 4:10). Nou pa ta dwe pè itilize kapasite n genyen yo paske n panse lòt moun ka fè jalouzi oswa sa ka fè yo dekouraje. Si n ta fè sa, nou pa t ap bay Jewova sa n genyen ki pi bon an.

8. Selon 1 Korentyen 4:6, 7, poukisa n pa ta dwe vante tèt nou pou don nou genyen?

8 Nou bezwen byen itilize don n genyen yo, men, nou dwe veye pou n pa vante tèt nou pou sa. (Li 1 Korentyen 4:6, 7.) Pa egzanp, li ka fasil pou w kòmanse etid ak moun. Ou pa ta dwe pè itilize don sa a ou genyen an! Men, li enpòtan pou w sonje pou w pa fè elòj pou don w genyen an. Ann sipoze ou sot fè yon bèl eksperyans nan travay predikasyon an, ou fèk kòmanse yon etid Labib. Ou vrèman ta renmen fè moun nan gwoup predikasyon w lan konn sa. Men, lè w rankontre gwoup la, gen yon sè k ap esplike jan l sot bay yon peryodik. Li te bay yon peryodik, men ou menm, ou te kòmanse yon etid Labib. Ki sa w ap fè? Ou konnen eksperyans pa w la t ap ankouraje gwoup la, men w ka deside tann yon lòt bon okazyon pou w rakonte l, dekwa pou w pa anpeche sè w la ki te bay peryodik la gen kè kontan. Sa t ap montre ou gen bonte. Sepandan, ou pa ta dwe janm sispann ofri moun etid biblik. Ou gen yon don, itilize l!

9. Ki jan n ta dwe itilize kapasite nou genyen yo?

9 Nou bezwen sonje se Bondye ki ban nou kèlkeswa kapasite n genyen. Nou ta dwe itilize kapasite n genyen yo pou n ankouraje kongregasyon an, men, nou pa ta dwe itilize yo pou n fè elòj pou tèt nou (Flp. 2:3). Lè n sèvi ak fòs nou ak kapasite nou pou n fè volonte Bondye, n ap gen rezon pou n rejwi. Nou pap rejwi paske nou fè plis pase lòt moun oswa nou vle montre nou pi enpòtan pase yo, men, paske n ap itilize don nou genyen yo pou n fè Jewova jwenn louwanj.

10. Poukisa l pa rezonab pou n konpare tèt nou ak lòt moun?

10 Si n pa fè atansyon, nou ka tonbe nan pyèj pou n ap konpare sa n ka fè ak sa yon lòt moun pa ka fè. Pa egzanp, yon frè gendwa konn fè bèl diskou paske li gen kapasite pou sa. Men, nan kè l, li ka ap rabese yon lòt frè ki pa fin twò maton nan fè diskou. Men, frè ki pa fin twò maton nan fè diskou a gendwa konn akeyi moun byen, li ka byen fòme pitit li oswa li ka renmen preche. Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke nou gen anpil frè ak sè ki gen talan e ki itilize don yo genyen pou yo sèvi Jewova e pou yo ede lòt moun!

ANN APRANN NAN EGZANP LÒT MOUN

11. Poukisa n ta dwe fè efò pou n suiv egzanp Jezi?

11 Byenke nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun, lè n aprann nan egzanp moun ki fidèl yo, sa ka bon pou nou. Pa egzanp, ann reflechi sou lavi Jezi. Menmsi nou pa pafè menm jan avè l, nou kapab aprann anpil bagay nan bèl kalite l te genyen yo ak nan fason l te aji (1 Pyè 2:21). Lè n fè tout sa n kapab pou n suiv egzanp li pye pou pye, nou vin yon pi bon sèvitè Jewova e nou vin pi efikas nan travay predikasyon an.

12-13. Ki sa n ka aprann nan egzanp wa David?

12 Nan Pawòl Bondye a, nou jwenn anpil egzanp gason ak fi ki te fidèl nou kapab imite, malgre yo te enpafè (Ebre 6:12). Panse ak wa David, li menm Jewova te rele “yon moun ki fè m plezi” oswa, jan yon lòt tradiksyon Labib di, “li se yon nonm dapre kè mwen” (Tra. 13:22). Epoutan, David pa t pafè. Anfèt, li te fè kèk peche ki grav. Malgre sa, li se yon bon egzanp pou nou. Sa k fè sa? Paske, lè yo te korije l, li pa t eseye defann tèt li. Okontrè, li te aksepte konsèy fèm li te resevwa, e l te regrèt sa l te fè yo ak tout kè l. Se sa k fè Jewova te padone l. — Sòm 51:3, 4, 10-12.

13 Nou ka aprann anpil bagay nan egzanp David lè n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Ki jan m reyaji lè yo ban m konsèy? Èske m aksepte erè m fè yo byen vit oswa m eseye defann tèt mwen? Èske m renmen lage chay la sou do lòt moun? Èske m fè anpil efò pou m pa refè menm erè yo?’ Ou ka poze tèt ou yon seri kesyon menm jan an pandan w ap li istwa lavi gason ak fi ki fidèl nou jwenn nan Bib la. Èske yo te gen menm pwoblèm ou gen jodi a? Ki bèl kalite yo te demontre? Nan chak sitiyasyon, mande tèt ou: ‘Ki jan m ka imite sèvitè fidèl Jewova sa a pi byen?’

14. Ki sa n ka aprann lè n suiv egzanp kwayan parèy nou?

14 Gen anpil bagay nou ka aprann tou lè n suiv egzanp kwayan parèy nou yo, jèn kou granmoun. Pa egzanp, èske w konn yon moun nan kongregasyon an k ap andire yon eprèv e ki ret fidèl? Petèt se yon jèn lòt jèn ap fè presyon sou li, oswa yon moun fanmi l opoze avè l, oubyen yon moun ki pa viv sante. Èske w wè bèl kalite moun sa a genyen ou ta renmen imite plis toujou? Lè w reflechi sou bèl egzanp li bay, ou ka aprann fason pou w andire eprèv ou jwenn. Nou gen anpil rekonesans dèske n gen egzanp yon seri moun konsa pou nou imite paske yo te gen lafwa. Sa ban nou bonjan rezon pou n gen kè kontan! — Ebre 13:7; Jak 1:2, 3.

SE POU W GEN KÈ KONTAN NAN SÈVIS W AP BAY JEWOVA A

15. Ki konsèy apot Pòl te bay ki kapab ede n kontinye gen kè kontan nan sèvis n ap bay Jewova a?

15 Pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an, nou chak bezwen bay sa n genyen ki pi bon an. Ann pran egzanp kretyen nan premye syèk yo. Yo te gen divès don ak divès responsablite (1 Kor. 12:4, 7-11). Men, yo pa t kite sa fè gen konpetisyon ak divizyon nan mitan yo. Okontrè, Pòl te ankouraje yo chak pou yo bay sa ki te nesesè “pou konstriksyon kò Kris la”. Men sa Pòl te ekri kretyen nan vil Efèz yo: “Lè chak manm fonksyone nòmalman, sa vin pèmèt kò a devlope pou l bati tèt li nan lanmou.” ​(Efe. 4:1-3, 11, 12, 16). Kretyen ki te fè sa te fè efò pou gen lapè ak tèt ansanm, e nou wè kalite sa yo nan kongregasyon yo jodi a.

16. Ki detèminasyon nou ta dwe pran? (Ebre 6:10).

16 Pran detèminasyon pou w pa konpare tèt ou ak lòt moun. Okontrè, aprann nan egzanp Jezi epi fè efò pou w imite kalite l yo. Aprann nan egzanp moun Bib la pale de yo ak egzanp moun nan epòk nou an ki montre yo gen lafwa. Toutpandan w ap kontinye fè tout sa w kapab, ou bezwen gen konfyans Jewova “pa enjis pou l ta bliye travay [ou] fè”. (Li Ebre 6:10.) Kontinye gen kè kontan nan sèvis Jewova a, piske w konnen li apresye efò w fè ak tout kè w pou w fè l plezi.

KANTIK 65 Kontinye pwogrese!

^ Nou tout ka aprann nan egzanp lòt moun. Men, gen kèk danje nou dwe evite. Atik sa a pral ede n kontinye gen kè kontan, epi evite vin gen ògèy oswa vin dekouraje akoz n ap konpare sa lòt moun kapab fè ak sa n kapab fè.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki te sèvi nan Betèl lè l te jèn gason. Annapre, li te vin marye e li te pyonye ansanm ak madanm li. Lè l te vin gen pitit, li te ba yo fòmasyon nan travay predikasyon an. Kounye a, li vin granmoun, li kontinye fè tout sa l kapab, li ekri lèt voye bay moun pou l preche yo.