Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 18

Annou youn ankouraje lòt nan reyinyon yo

Annou youn ankouraje lòt nan reyinyon yo

“Annou voye je youn sou lòt [...] annou youn ankouraje lòt.” — EBRE 10:24, 25.

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

SA NOU PRAL WÈ a

1. Poukisa n fè kòmantè nan reyinyon yo?

 POUKISA n asiste reyinyon yo? Pi gwo rezon an, se paske nou vle fè louwanj pou Jewova (Sòm 26:12; 111:1). Nou asiste reyinyon yo tou pou n ka ankouraje youn lòt nan moman difisil sa yo (1 Tes. 5:11). Lè n leve men n pou n fè kòmantè, nou fè toule de bagay sa yo.

2. Ki okazyon nou genyen pou n fè kòmantè nan reyinyon nou yo?

2 Chak semèn, nou gen posiblite fè kòmantè nan reyinyon nou yo. Pa egzanp, chak wikenn, nou kapab patisipe nan etid Toudegad la. Nan reyinyon ki fèt lasemèn nan, nou ka fè kòmantè nan trezò espirityèl la, nan etid biblik kongregasyon an ak nan lòt patisipasyon yo.

3. Ki difikilte nou kapab jwenn, e ki jan Ebre 10:24, 25 kapab ede n?

3 Nou tout ta renmen fè louwanj pou Jewova epi ankouraje lòt moun k ap sèvi Jewova menm jan avè n. Sepandan, lè n ap fè kòmantè, nou ka jwenn kèk difikilte: Nou ka santi n pè fè kòmantè, oswa nou ka vrèman anvi fè kòmantè, men, yo pa chwazi nou souvan jan n ta renmen an. Ki sa k ka ede n fè fas ak difikilte sa yo? Lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo ka ede n jwenn repons kesyon sa a. Lè apot Pòl t ap fè konnen jan l enpòtan pou n reyini ansanm, li te di nou ta dwe fè sa yon fason pou “youn ankouraje lòt”. (Li Ebre 10:24, 25.) Lè n rann nou kont nou kapab ankouraje lòt moun nan asistans lan lè n fè yon kòmantè tou senp ki montre nou gen lafwa, n ap vin pi anvi fè kòmantè. E si yo pa chwazi nou souvan pou n fè kòmantè, nou kapab kontan lefètke gen lòt moun nan kongregasyon an ki jwenn posiblite fè kòmantè. — 1 Pyè 3:8.

4. Bay twa pwen nou pral wè nan atik sa a.

4 Nan atik sa a, nou pral wè toudabò ki jan n ka ankouraje youn lòt nan ti kongregasyon ki pa gen anpil moun pou fè kòmantè. Apre sa, nou pral wè ki jan n ka ankouraje youn lòt nan gwo kongregasyon ki gen anpil moun k ap leve men pou fè kòmantè. Finalman, nou pral wè ki sa n ka fè pou sa n ap di nan kòmantè nou yo ka vrèman ankouraje lòt moun.

ANNOU YOUN ANKOURAJE LÒT NAN TI KONGREGASYON KI PA GEN ANPIL MOUN

5. Ki jan n ka ankouraje youn lòt si pa gen anpil moun nan reyinyon yo?

5 Nan yon ti kongregasyon oswa nan yon gwoup, frè k ap kondui Toudegad la pa gen anpil moun pou fè kòmantè. Pafwa, li ka bezwen fè yon ti tann anvan l jwenn yon moun leve men l pou l fè kòmantè. Reyinyon an ka parèt raz, sa ki ka fè l pa twò ankourajan. Ki sa w ka fè? Ou bezwen dispoze leve men w pi souvan. Lè w fè sa, ou ka ankouraje lòt moun pou yo patisipe pi souvan.

6-7. Ki jan n ka jere kèlkeswa strès nou genyen pou n ka fè kòmantè?

6 Ki sa w ka fè si w santi w twò strese pou w fè kòmantè? Gen anpil moun ki konn santi yo konsa. Sepandan, pou w ka ankouraje frè w ak sè w yo pi plis, sa w panse si w ta chèche jere strès ou genyen an pou w ka fè kòmantè? Ki jan w ka fè sa?

7 Yon bagay ki ka ede w, se lè w egzamine kèk sijesyon yo te bay nan atik Toudegad yo b. Pa egzanp, ou kapab byen prepare (Pwo. 21:5). Plis ou konnen sou ki sa yo pral pale nan reyinyon an, se plis l ap fasil pou w anvi fè kòmantè. Epitou, fè kòmantè ki kout (Pwo. 15:23; 17:27). Lè w bay repons ki kout, w ap santi w mwens strese. Petèt, si w fè yon kòmantè ki kout ki gen youn oubyen de fraz sèlman, li kapab pi fasil pou frè w ak sè w yo konprann sa w di olye w fè yon kòmantè byen long ki pale sou yon pakèt bagay. Lè w fè yon kòmantè ki kout nan pwòp mo pa w, sa ap montre ou te byen prepare e w byen konprann sijè y ap pale sou li a.

8. Ki jan Jewova konsidere bonjan efò nou fè?

8 Ki sa w ka fè si malgre w suiv kèk nan konsèy sa yo, ou toujou santi w twò strese pou w fè plis pase youn oswa de kòmantè? Ou mèt gen konfyans Jewova ap toujou apresye efò w fè ak tout kè w pou w fè sa w kapab (Lik 21:1-4). Jewova pa mande n fè plis pase sa n kapab fè (Flp. 4:5). Chèche wè ki sa w kapab fè, fikse objektif pou w fè l, epi priye Jewova pou w ret kè kalm. Okòmansman, ou ta ka chèche gen objektif pou w fè yon kòmantè ki tou kout.

ANNOU YOUN ANKOURAJE LÒT NAN GWO KONGREGASYON KI GEN ANPIL MOUN

9. Ki difikilte ki ka genyen nan gwo kongregasyon ki gen anpil moun?

9 Si gen anpil pwoklamatè nan kongregasyon w lan, ou ka gen yon lòt difikilte. Petèt, tèlman gen frè ak sè nan kongregasyon an k ap leve men yo souvan pou fè kòmantè, yo ka pa wè w. Ann pran egzanp Danielle ki toujou renmen fè kòmantè nan reyinyon c. Li konsidere kòmantè fè pati adorasyon l ap bay Jewova a, li wè sa kòm yon fason pou l ankouraje lòt moun e pou l vin gen plis lafwa nan sa Bib la anseye. Men, lè Danielle t al nan yon pi gwo kongregasyon, yo pa t toujou chwazi l lè l leve men l pou l fè kòmantè, e pafwa li pa t menm rive fè yon kòmantè pandan tout reyinyon an. Men sa l te di: “Sa te kontrarye m anpil. M te santi m pèdi yon privilèj. E lè sa rive plizyè fwa, ou kòmanse mande tèt ou si se pa espre frè a fè.”

10. Ki sa n ka fè pou n jwenn plis posiblite pou n fè yon kòmantè?

10 Èske w konn santi w menm jan ak Danielle? Si w konn santi w konsa, ou ka pa anvi leve menm w pou w fè kòmantè ankò epi w annik suiv reyinyon an. Men, pa sispann fè efò pou w fè kòmantè. Ki sa w ka fè? Yon bagay ki ka ede w se lè w prepare plizyè kòmantè pou chak reyinyon. Donk, si yo pa chwazi w pou w fè kòmantè nan kòmansman etid la, w ap toujou jwenn okazyon pou w fè kòmantè pandan reyinyon an. Lè w ap prepare etid Toudegad la, reflechi sou rapò ki genyen ant chak paragraf ak tèm atik la. Si w fè sa, sandout w ap jwenn posiblite pou w fè kòmantè pandan etid la. Anplis de sa, ou ka prepare pou w fè kòmantè sou paragraf ki gen rapò ak yon seri ansèyman pwofon ki nan Bib la ki pi difisil pou esplike (1 Kor. 2:10). Sa k fè sa? Paske ka gen mwens moun ki leve men yo pou fè kòmantè lè sa a. E si, malgre w suiv konsèy sa yo, ou pa rive fè kòmantè pandan plizyè reyinyon? Nan ka sa a, ou ka al kot frè k ap kondui Toudegad la anvan reyinyon an epi di l ki kesyon w ta renmen reponn.

11. Ki sa Filipyen 2:4 ankouraje n fè?

11 Li Filipyen 2:4. Bondye te pouse apot Pòl ankouraje kretyen yo pou yo chèche enterè lòt moun. Ki jan n ka aplike konsèy sa a pandan reyinyon yo? Se lè n sonje gen lòt moun ki ta renmen fè kòmantè tou.

Menm jan w bay lòt moun posiblite pou yo pale nan yon konvèsasyon, bay lòt moun posiblite tou pou yo fè kòmantè nan reyinyon yo. (Gade paragraf 12.)

12. Bay yon bon fason pou n ankouraje lòt moun nan reyinyon yo. (Gade foto a tou.)

12 Ann pran yon egzanp. Si w ap pale ak zanmi w, èske w t ap sitèlman pale, sa fè yo pa vrèman jwenn posiblite pou yo pale? Se sèten ou pa t ap fè sa! Ou ta renmen yo patisipe nan konvèsasyon an. Menm jan an tou, nan reyinyon yo, nou ta renmen pou plis moun posib fè kòmantè. Anfèt, youn nan pi bon fason pou n ankouraje frè n ak sè n yo se lè n ba yo posiblite pou yo montre yo gen lafwa (1 Kor. 10:24). Ann wè ki jan n kapab fè sa.

13. Ki jan n ka bay plis moun nan asistans lan posiblite pou yo fè kòmantè?

13 Youn nan fason nou ka fè sa se lè n fè kòmantè ki kout, konsa, plis moun ap gen posiblite pou yo fè kòmantè. Ansyen yo ak lòt pwoklamatè ki gen eksperyans kapab bay egzanp. Menm lè w ap fè yon kòmantè ki kout, evite pale sou twòp bagay. Si w pale sou tout sa ki nan paragraf la, pap ret anpil bagay pou lòt moun di. Pa egzanp, nan paragraf sa a yo bay de konsèy: fè kòmantè ki kout epi evite pale sou twòp bagay. Si w se premye moun yo chwazi pou fè kòmantè nan paragraf sa a, ou ka annik pale sou youn nan pwen yo sèlman.

Ki lè n ka chwazi pa leve men n pou n fè kòmantè nan yon reyinyon? (Gade paragraf 14.) f

14. Ki sa k ka ede n konnen konbyen fwa pou n leve men n pou n fè kòmantè? (Gade foto a tou.)

14 Sèvi ak bon jijman lè w ap deside konbyen fwa w ap leve men w pou w fè kòmantè. Si n leve men nou twò souvan, nou ka fè frè k ap kondui Toudegad la santi l oblije pran nou plizyè fwa, menm lè lòt moun poko jwenn posiblite pou yo fè kòmantè. Sa ka fè yo pa anvi leve men yo ankò. — Ekl. 3:7.

15. a) Ki jan n ta dwe reyaji si yo pa chwazi n pou n fè kòmantè? b) Ki jan frè k ap kondui Toudegad la ka montre l gen konsiderasyon pou tout moun? (Gade kare ki gen tit “ Si se ou k ap fè yon patisipasyon”.)

15 Lè gen anpil pwoklamatè ki leve men yo pou yo fè kòmantè, nou ka pa jwenn posiblite pou n fè kòmantè souvan jan n ta renmen an. Pafwa, frè k ap kondui Toudegad la ka pa kapab chwazi n ditou. Sa ka dekouraje n, men, nou pa ta dwe panse se paske frè a gen yon pwoblèm avè n ki fè l pa pran nou. — Ekl. 7:9.

16. Ki jan n ka ankouraje lòt moun ki fè kòmantè?

16 Si w pa jwenn posiblite pou w fè kòmantè souvan jan w ta renmen an, sa w panse si w ta byen koute lòt moun k ap fè kòmantè epi w felisite yo apre reyinyon an? Frè w ak sè w yo ka twouve felisitasyon w yo ankouraje yo menm jan ak kòmantè w te ka fè (Pwo. 10:21). Lè n felisite frè n ak sè n yo, se yon lòt fason nou kapab ankouraje youn lòt.

LÒT FASON POU N ANKOURAJE YOUN LÒT

17. a) Ki jan paran yo ka ede pitit yo prepare kòmantè y ap ka fè? b) Selon videyo a, bay kat etap nou bezwen suiv pou n prepare yon kòmantè. (Gade nòt la.)

17 Ki fason ankò nou kapab ankouraje youn lòt nan reyinyon nou yo? Si w se yon paran, ede timoun ou yo pou yo prepare kòmantè y ap kapab fè selon laj yo (Mat. 21:16). Pafwa, gen yon seri sijè enpòtan, tankou pwoblèm nan maryaj oswa pwòpte nan domèn moral, yo konn egzamine nan yon etid, men petèt ap gen youn oswa de paragraf pitit ou ap ka fè kòmantè ladan yo. Epitou, ede pitit ou konprann rezon ki fè yo pap toujou ka chwazi yo chak fwa yo leve men yo. Lè w esplike yo sa, sa ap ede yo pou yo pa dekouraje lè se lòt moun yo chwazi. — 1 Tim. 6:18. d

18. Ki jan n ka evite atire atansyon sou tèt nou lè n ap fè kòmantè? (Pwovèb 27:2).

18 Nou tout ka prepare bonjan kòmantè k ap onore Jewova e k ap ankouraje kretyen parèy nou (Pwo. 25:11). Pafwa, nou kapab fè yon kòmantè tou kout sou yon eksperyans nou te fè, men, nou bezwen veye pou n pa pale de tèt nou twòp. (Li Pwovèb 27:2; 2 Kor. 10:18.) Olye de sa, n ap fè efò pou n atire atansyon sou Jewova, sou Pawòl li a ak sou pèp li a (Rev. 4:11). Nòmalman, si kesyon pou yon paragraf mande pou n bay opinyon pa nou, nou kapab fè sa. N ap jwenn yon egzanp konsa nan atik sa a nan paragraf ki vin apre a.

19. a) Ki rezilta sa ap bay lè n montre n gen konsiderasyon pou tout moun nan asistans lan? (Women 1:11, 12). b) Anrapò ak fè kòmantè nan reyinyon yo, ki sa w pi renmen?

19 Byenke pa gen règ strik sou fason pou n fè kòmantè, nou tout ka fè efò pou n bay kòmantè ki ankourajan. Sa ka vle di pou n fè kòmantè yon tikras pi souvan. Oswa, sa ka vle di pou n satisfè dèske n te jwenn posiblite fè kòmantè e pou n kontan dèske lòt moun te jwenn posiblite fè kòmantè tou. Lè n toujou chèche enterè lòt moun nan reyinyon yo, “youn [ap] ka ankouraje lòt”. — Li Women 1:11, 12.

KANTIK 93 Tanpri, beni reyinyon nou yo

a Nou ankouraje youn lòt lè n fè kòmantè nan reyinyon. Sepandan, gen moun ki santi yo pè fè kòmantè. Gen lòt moun ki renmen fè kòmantè, men yo ta renmen yo ba yo posiblite pou yo fè kòmantè pi souvan. Kèlkeswa sitiyasyon an, ki jan n ka montre n gen konsiderasyon youn pou lòt yon fason pou nou tout ka jwenn ankourajman? E ki jan n ka fè kòmantè k ap ankouraje frè n ak sè n yo pou yo renmen youn lòt e pou yo fè bèl aksyon? Se sa nou pral wè nan atik sa a.

b Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Toudegad janvye 2019, paj 8-13, ak Toudegad 1ye septanm 2003, paj 19-22 (fransè).

c Yo chanje non moun nan.

d Gade videyo ki gen tit Fè zanmi ak Jewova: Prepare kòmantè nou ki sou jw.org.

f ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan yon gwo kongregasyon ki gen anpil moun, yon frè ki deja fè kòmantè ki bay lòt moun posiblite pou yo fè kòmantè tou.