Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 19

Fason n ka gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou gen yon monn nouvo

Fason n ka gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou gen yon monn nouvo

“Lè [Jewova] di yon bagay, èske l pap fè sa l di a?” — NONB 23:19.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Ki sa n bezwen fè pandan n ap tann monn nouvo a?

 PWOMÈS Jewova fè pou l elimine monn sa a e pou l tabli yon monn nouvo ki jis gen anpil enpòtans pou nou (2 Pyè 3:13). Byenke nou pa konn egzakteman ki lè monn nouvo a ap tabli, sa k ap pase nan monn nan montre aklè nou pa gen pou n tann anpil tan ankò. — Mat. 24:32-34, 36; Tra. 1:7.

2 Annatandan, kèlkeswa kantite tan nou genyen nan laverite, nou tout bezwen ranfòse lafwa nou nan pwomès sa a. Sa k fè sa? Se paske, menm lè yon moun gen yon lafwa ki solid, lafwa l ka vin febli. Anfèt, apot Pòl te fè konnen lè n manke lafwa nou fè “peche k ap jennen nou fasil la”. (Ebre 12:1.) Pou n pa kite lafwa n febli, nou bezwen reflechi detanzantan sou prèv ki montre ap gen yon monn nouvo talè konsa. — Ebre 11:1.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral wè twa fason nou ka chèche vin gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou gen yon monn nouvo: 1) lè n medite sou ranson an, 2) lè n reflechi sou pouvwa Jewova genyen, e 3) lè n pran tan pou n fè yon seri bagay k ap fè n vin pi pwòch ak Jewova. Apre sa, nou pral wè ki jan mesaj Jewova te bay Abakouk la ede n gen plis lafwa jodi a. Men, toudabò, ann wè kèk sitiyasyon nou ka ap fè fas kounye a ki mande pou n gen yon lafwa solid nan pwomès Bondye fè pou gen yon monn nouvo alavni.

KÈK SITIYASYON KI MANDE POU N GEN YON LAFWA SOLID

4. Ki desizyon ki mande pou n gen yon lafwa solid?

4 Chak jou nou pran desizyon ki mande pou n gen yon lafwa solid. Pa egzanp, nou pran desizyon anrapò ak moun n ap chwazi kòm zanmi, detant n ap pran, sa n ap aprann, maryaj, fè pitit, ak travay. Li bon pou n mande tèt nou: ‘Èske desizyon m pran montre mwen gen konviksyon monn sa a pa ret anpil tan ankò e talè konsa Bondye pral tabli monn nouvo a? Oswa èske desizyon m pran montre m ap imite moun k ap viv yon fason ki montre yo kwè depi yon moun mouri tout bagay fini pou li?’ (Mat. 6:19, 20; Lik 12:16-21). N ap pran desizyon ki pi bon yo si n gen plis konviksyon monn nouvo a toupre rive.

5-6. Poukisa n bezwen gen yon lafwa solid nan moman difisil yo? Bay yon egzanp.

5 Anplis de sa, nou konn jwenn yon seri eprèv ki mande pou n gen yon lafwa solid. Nou ka fè fas ak pèsekisyon, yon maladi grav, oswa kèk lòt bagay ki lakòz nou dekouraje. Okòmansman, nou ka rive andire pwoblèm nou yo. Men, si pwoblèm sa yo dire anpil tan, jan sa konn rive souvan, n ap bezwen gen yon lafwa solid pou n kapab andire e pou n kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. — Wom. 12:12; 1 Pyè 1:6, 7.

6 Lè n ap fè fas ak yon eprèv, nou ka santi monn nouvo Jewova pwomèt la pap janm rive. Èske sa vle di lafwa n fèb? Petèt se pa sa. Ann pran yon egzanp. Nan epòk kote lapli fè plizyè semèn ap tonbe, nou ka santi nou pap janm wè solèy la ankò. Men, rive yon lè, solèy la leve. Menm jan an tou, lè n dekouraje anpil nou ka santi monn nouvo a pap janm rive. Men, si lafwa n solid, nou konnen pwomès Bondye fè yo ap reyalize (Sòm 94:3, 14, 15; Ebre 6:17-19). Grasa konfyans sa a nou genyen an, nou ka kontinye bay adorasyon n ap bay Jewova a premye plas nan lavi n.

7. Ki sa nou dwe veye?

7 Nou bezwen gen yon lafwa solid tou pou n patisipe nan travay predikasyon an. Anpil moun nou preche pa ka kwè “bon nouvèl” konsènan monn nouvo Bondye pwomèt la ap reyalize vre (Mat. 24:14; Eze. 33:32). Nou dwe veye pou n pa janm vin gen dout menm jan ak moun sa yo. Pou n pa kite sa rive, nou dwe kontinye ranfòse lafwa nou. Ann wè twa fason nou kapab fè sa.

MEDITE SOU RANSON AN

8-9. Lè n medite sou ranson an, ki efè sa kapab gen sou lafwa nou?

8 Youn nan fason nou kapab ranfòse lafwa nou se lè n medite sou ranson an. Ranson an se yon garanti nou genyen Bondye ap reyalize pwomès li fè yo. Lè n byen reflechi sou rezon ki fè Bondye te ban nou ranson an ak tout sakrifis sa te mande l, nou vin gen plis konfyans pwomès li fè pou n viv pou toutan nan yon monn ki pi bon an ap reyalize san mank. Sa k fè n di sa?

9 Bon, ki sakrifis Jewova te oblije fè pou l bay ranson an? Jewova te voye premye Pitit Gason l lan li renmen anpil la, pi bon zanmi l lan, sot nan syèl la pou l te vin fèt sou tè a antanke yon moun pafè. Pandan Jezi te sou tè a, li te andire tout kalite eprèv. Apre sa, li te soufri e li te mouri yon fason ki rèd anpil. Sakrifis sa a te koute Jewova chè anpil! Bondye nou an ki gen lanmou pa t ap janm kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri jis pou l te kapab pèmèt nou viv pi byen pou yon ti tan sèlman (Jan 3:16; 1 Pyè 1:18, 19). Piske Jewova te bay Pitit Gason li renmen anpil la pou nou, se sèten l ap reyalize pwomès Li fè pou n viv pou toutan nan monn nouvo a.

REFLECHI SOU POUVWA JEWOVA GENYEN

10. Selon Efezyen 3:20, ki sa Jewova kapab fè?

10 Yon dezyèm fason nou kapab ranfòse lafwa nou, se lè n reflechi sou pouvwa Jewova genyen. Jewova gen pouvwa pou l reyalize kèlkeswa pwomès li fè. Se vre, anpil moun ka twouve li enposib pou yo viv pou toutan nan yon monn nouvo. Men, byen souvan, Jewova fè yon seri pwomès lèzòm pa t ap janm ka reyalize. Li kapab fè sa paske se li menm ki Bondye Toupisan an (Jòb 42:2; Mak 10:27). Donk, nou pa sezi dèske Jewova pwomèt nou yon seri bagay estrawòdinè! — Li Efezyen 3:20.

11. Bay youn nan pwomès estrawòdinè Bondye te fè. (Gade kare ki gen tit “ Yon seri pwomès estrawòdinè ki te reyalize”.)

11 Ann wè kèk nan bagay ki te parèt enposib Jewova te pwomèt pèp li a nan tan lontan. Li te di Abraram ak Sara yo t ap gen yon pitit gason, alòske yo te gentan fin granmoun (Jen. 17:15-17). Epitou, li te di Abraram li t ap bay desandans li peyi Kanaran. Pandan plizyè ane desandan Abraram yo, anpalan de Izrayelit yo, te fè ap viv kòm esklav nan peyi Ejip, sa dwe te parèt kòmsi pwomès sa a pa t ap janm reyalize. Men, li te reyalize. Annapre, Jewova te di Elizabèt, ki te fin granmoun, li t apral gen yon pitit. Epitou, li te di Mari, ki te vyèj, li t ap gen pou l fè pwòp Pitit Gason L lan, yon bagay Jewova te gentan anonse plizyè milye ane anvan sa nan jaden Edenn, yon lòt pwomès Jewova te fè ki te reyalize. — Jen. 3:15.

12. Ki asirans Jozye 23:14 ak Ezayi 55:10, 11 ban nou konsènan pouvwa Jewova genyen?

12 Lè n reflechi sou tout pwomès Jewova te fè ak fason l te reyalize yo, nou vin konprann Jewova gen yon pouvwa ki vrèman estrawòdinè. Epitou, sa ap ede n pou n vin gen plis lafwa nan pwomès li fè pou gen yon monn nouvo. (Li Jozye 23:14; Ezayi 55:10, 11.) E lè n vin gen plis lafwa, sa ede n pi byen prepare n pou n ede lòt moun kwè pwomès pou n viv nan monn nouvo a pa yon rèv, l ap reyalize toutbon. Men sa Jewova fè konnen konsènan syèl tounèf ak tè tounèf la: “Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.” — Rev. 21:1, 5.

FÈ YON SERI AKTIVITE K AP FÈ W VIN PI PWÒCH AK JEWOVA

REYINYON YO

Ki jan aktivite sa a kapab fè lafwa n vin pi solid? (Gade paragraf 13)

13. Ki jan reyinyon yo ka fè lafwa n vin pi solid? Esplike.

13 Yon twazyèm fason nou kapab ranfòse lafwa nou, se lè n rezève tan pou n fè yon seri aktivite k ap fè n vin pi pwòch ak Jewova. Pa egzanp, ann wè ki jan sa ede n lè n asiste reyinyon yo. Men sa Anna ki pase plizyè dizèn ane nan divès aspè nan sèvis aplentan di: “Reyinyon yo fè lafwa m vin pi solid. Menmsi oratè a pa vrèman yon bon anseyan oswa li pa di anyen ki nouvo, kanmenm m ap tande yon bagay k ap ede m pi byen konprann yon verite nan Bib la e k ap fè lafwa m vin pi solid.” b Se sèten lafwa nou ap vin pi solid tou lè n koute kòmantè frè ak sè n yo fè nan reyinyon yo. — Wom. 1:11, 12; 10:17.

TRAVAY PREDIKASYON AN

Ki jan aktivite sa a kapab fè lafwa n vin pi solid? (Gade paragraf 14)

14. Ki jan travay predikasyon an fè lafwa n vin pi solid?

14 Lafwa n vin pi solid tou lè n patisipe nan travay predikasyon an (Ebre 10:23). Men sa Barbara ki gen plis pase 70 an depi l ap sèvi Jewova di: “Travay predikasyon an toujou fè lafwa m vin pi solid. Plis mwen pale ak lòt moun sou bèl pwomès Jewova fè yo, se plis lafwa m vin solid.”

ETID PÈSONÈL

Ki jan aktivite sa a kapab fè lafwa n vin pi solid? (Gade paragraf 15)

15. Ki jan etid pèsonèl fè lafwa n vin pi solid? (Gade foto yo tou.)

15 Yon lòt bagay ankò k ap fè lafwa n vin pi solid, se etid pèsonèl. Susanne twouve sa ede l lè l pwograme yon lè pou l fè etid pèsonèl li. Men sa l di: “Dimanch, mwen etidye atik Toudegad nou pral fè nan semèn apre a. Lendi ak madi, mwen prepare reyinyon lasemèn nan. Lòt jou yo, mwen etidye yon lòt bagay.” Etandone Susanne respekte pwogram li fè pou l etidye a, li kontinye ranfòse lafwa l. Irene, yon sè ki gen plizyè dizèn ane depi l ap sèvi nan syèj mondyal la, twouve lè l etidye pwofesi ki nan Bib la, sa ranfòse lafwa l. Men sa l di: “Mwen twouve sa estrawòdinè dèske pwofesi Jewova bay yo toujou reyalize nan tout ti detay.” c

“L AP REYALIZE KANMENM”

16. Sa k fè pawòl Jewova te di Abakouk yo gen yon sans pou nou menm tou jodi a? (Ebre 10:36, 37).

16 Gen sèvitè Jewova ki gen lontan depi y ap tann sistèm sa a rive nan bout li. Pou yon seri moun, lafen an te dwe vin deja. Jewova konnen ki jan sèvitè l yo santi yo. Anfèt, li te di pwofèt Abakouk: “Vizyon an ap reyalize nan lè ki fikse pou sa a. Lè sa a ap rive byen vit, e vizyon an se pa yon manti. Menmsi l ta fè reta, kontinye tann li! Paske, l ap reyalize kanmenm. Li pap anreta!” (Aba. 2:3). Èske se Abakouk sèlman Bondye te bay asirans sa a? Oswa èske pawòl Li di yo gen yon sans pou nou menm tou jodi a? Jewova te fè apot Pòl aplike pawòl sa yo pou kretyen yo, yo menm k ap tann monn nouvo a. (Li Ebre 10:36, 37.) Kidonk, nou kapab gen asirans, menmsi pwomès Jewova fè pou l delivre nou an parèt pran tan pou l reyalize, “l ap reyalize kanmenm. Li pap anreta”!

17. Ki jan yon sè te suiv konsèy Jewova te bay Abakouk la?

17 Anpil sèvitè Jewova suiv konsèy li bay pou n “kontinye tann” nan, menmsi yo gen plizyè dizèn ane depi y ap fè sa. Pa egzanp, Louise te kòmanse sèvi Jewova an 1939. Men sa l di: “Nan epòk sa a, mwen te panse Amagedon t ap vini, mwen pa t ap menm gentan fini lekòl. Men se pa sa k te rive. Tank ane yo t ap pase, lefètke m te li yon seri istwa nan Bib la sou yon seri moun ki te oblije tann Jewova reyalize pwomès li, sa te ede m. Pa egzanp, mwen te li istwa Noye, Abraram, Jozèf ak lòt moun ankò ki te oblije tann anpil tan anvan yo te jwenn rekonpans Jewova te pwomèt la. Lefètke m te ret tann, sa te ede mwen menm ak lòt moun kontinye gen konviksyon monn nouvo a toupre rive.” Anpil lòt moun k ap sèvi Jewova depi lontan dakò ak sa Louise di a!

18. Lè n ap admire kreyasyon an, ki jan sa ka fè n vin gen plis lafwa nan pwomès Bondye fè pou gen yon monn nouvo?

18 Se vre, monn nouvo a poko la. Men, reflechi sou yon seri bagay ki la, pa egzanp zetwal yo, pyebwa yo, bèt yo ak moun parèy nou. Pèsonn pa ka di tout bagay sa yo pa egziste toutbonvre, byenke gen yon lè yo pa t egziste. Jodi a, yo egziste paske Jewova te kreye yo (Jen. 1:1, 26, 27). Menm jan tou, Bondye pwomèt li pral tabli yon monn nouvo. L ap kenbe pwomès sa a. Nan monn nouvo a, moun yo pral kontan viv pou toutan e yo pap janm malad. Vrèmanvre, menm jan linivè n ap viv ladan l lan egziste jodi a, nan lè Bondye fikse a, monn nouvo a ap la. — Eza. 65:17; Rev. 21:3, 4.

19. Ki jan w kapab fè lafwa w vin pi solid?

19 Pandan w ap tann monn nouvo a, pwofite tout okazyon w jwenn pou w fè lafwa w vin pi solid. Toujou gen rekonesans pou ranson an. Reflechi sou pouvwa Jewova genyen. Fè yon seri aktivite k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova. Lè w fè sa, w ap kapab pami “moun ki eritye pwomès yo grasa lafwa ak pasyans yo te genyen”. — Ebre 6:11, 12; Wom. 5:5.

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

a Gen anpil moun jodi a ki pa kwè nan pwomès Bib la fè pou gen yon monn nouvo. Yo panse se jis yon rèv, sa pap janm fèt vre. Sepandan, nou gen konfyans tout pwomès Jewova fè yo ap reyalize. Aktout sa, pou lafwa nou rete djanm, nou dwe kontinye fè efò pou sa. Ki jan n ka fè sa? Se sou sa nou pral pale nan atik sa a.

b Gen kèk non yo chanje.

c N ap jwenn plis atik ki gen rapò ak pwofesi ki nan Bib la lè n tape “Pwofesi” nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch. Pa egzanp, gade atik ki gen tit “Sa Jewova anonse k ap rive se sa k ap reyalize” ki parèt nan Toudegad 1ye janvye 2008.