Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 16

“Frè w la ap leve”!

“Frè w la ap leve”!

“Jezi di [Mat]: ‘Frè w la ap leve.’” — JAN 11:23.

KANTIK 151 L ap rele yo

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki jan yon tigason te montre li kwè nan esperans rezirèksyon an?

 GEN yon tigason ki te rele Matthew ki te malad anpil e ki te oblije fè plizyè operasyon. Lè l te gen setan, li menm ak fanmi l t ap gad yon pwogram ki konn parèt chak mwa sou tele JW. Nan fen pwogram nan, li te wè yon videyo mizik ki montre moun k ap akeyi moun pa yo ki resisite b. Apre pwogram nan, Matthew te kenbe men paran l yo epi l te di yo: “Ou wè manmi, ou wè papi? Menmsi m mouri, m ap resisite. Nou mèt ret tann mwen, tout bagay ap anfòm.” Èske w ka imajine jan paran sa yo dwe te santi yo lè yo te wè jan pitit gason yo a te gen yon lafwa solid nan esperans rezirèksyon an?

2-3. Poukisa li bon pou n reflechi sou pwomès rezirèksyon an?

2 Detanzantan, li bon pou nou tout reflechi sou pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt la (Jan 5:28, 29). Pou ki rezon? Se paske nou pa janm konnen ki lè n ka vin gen yon maladi ki met lavi nou an danje, oubyen tou, yon moun nou renmen ka mouri sanzatann (Ekl. 9:11; Jak 4:13, 14). Esperans rezirèksyon an kapab ede n andire pwoblèm sa yo (1 Tes. 4:13). Bib la ban nou asirans Papa nou ki nan syèl la konnen nou byen e li renmen nou anpil (Lik 12:7). Fè yon ti reflechi, lefètke Jewova Dye kapab refè n ankò avèk menm pèsonalite nou te genyen an e avèk menm sèvo nou te gen anvan an, sa montre jis nan ki pwen li konnen nou byen. E Jewova tèlman renmen nou, li ban nou posiblite pou n viv pou toutan, menm lè sa ta mande pou l resisite nou si nou ta mouri!

3 Nan atik sa a, nou pral wè toudabò rezon ki fè nou kapab kwè nan pwomès rezirèksyon an. Annapre, nou pral egzamine istwa nan Bib la ki ka fè lafwa n vin pi solid ki gen pawòl nou jwenn nan vèsè atik la baze sou li a ki di: “Frè w la ap leve.” (Jan 11:23). Finalman, nou pral wè ki jan n ka vin gen plis lafwa nan esperans rezirèksyon an.

REZON KI FÈ NOU KAPAB KWÈ NAN PWOMÈS REZIRÈKSYON AN

4. Pou nou kwè nan yon pwomès, ki konviksyon nou dwe genyen? Bay yon egzanp.

4 Pou nou kwè nan yon pwomès, nou dwe gen konviksyon moun ki fè pwomès la gen volonte ak pouvwa oswa kapasite pou l reyalize l. Ann pran yon egzanp: Imajine yon siklòn ta ravaje kay ou. Yon zanmi vin wè w e li di w: ‘M ap ede w rebati kay ou a.’ Ou konnen zanmi w lan pap ba w manti, e w pa gen okenn dout li vle ede w. Si l se yon bon bòs e l gen bon zouti, ou konnen l kapab ede w. Se sa k fè w kwè nan pwomès li fè a. Kounye a, ki sa n kapab di konsènan pwomès Bondye fè pou l resisite moun ki mouri yo? Èske vrèmanvre Bondye gen volonte ak pouvwa pou l reyalize pwomès sa a?

5-6. Poukisa nou kapab sèten Jewova vle resisite moun ki mouri yo?

5 Èske Jewova vle resisite moun ki mouri yo? Se sèten li vle fè sa. Li te fè plizyè moun ki te patisipe nan ekri Bib la ekri pwomès li fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt la (Eza. 26:19; Oze 13:14; Rev. 20:11-13). E lè Jewova fè yon pwomès, li toujou kenbe l (Joz. 23:14). Anfèt, se pa ti anvi Jewova anvi rebay moun ki mouri yo lavi. Sa k fè n kapab di sa?

6 Fè yon ti reflechi sou pawòl Jòb te di yo. Li te sèten si l ta mouri, Jewova t ap anvi wè l retounen viv ankò (Jòb 14:14, 15)! Se sa Jewova vle tou pou tout moun ki t ap adore l ki mouri. Li swaf pou l reba yo lavi, pou yo an sante e pou yo gen kè kontan. Ki sa n ka di konsènan plizyè milya moun ki mouri san yo pa t gen posiblite aprann laverite sou Jewova? Bondye nou an ki gen lanmou vle resisite yo tou (Tra. 24:15). Li vle ba yo posiblite pou yo vin zanmi l e pou yo viv pou toutan sou tè a (Jan 3:16). Sa klè, Jewova vle resisite moun ki mouri yo.

7-8. Poukisa nou kapab sèten Jewova gen pouvwa pou l resisite moun ki mouri yo?

7 Èske Jewova gen pouvwa tou pou l resisite moun ki mouri? Pa gen dout nan sa! Li se “Toupisan an”. (Rev. 1:8.) Donk, li gen pouvwa pou l pot laviktwa sou nenpòt ènmi, menm lanmò (1 Kor. 15:26). Lefètke n konn sa, sa ban n fòs e sa konsole n. Ann pran egzanp sè Emma Arnold. Lafwa li menm ak fanmi l te pase anba gwo eprèv pandan Dezyèm Gè mondyal la. Men sa Emma te di pitit fi l pou l te ka konsole l lè yo te gen moun pa yo ki mouri nan kan konsantrasyon Nazi yo: “Si lanmò te gen pouvwa pou l kenbe lèzòm nètale, li t ap gen plis fòs pase Bondye, pa vre?” Se sèten, pa gen anyen ki gen plis fòs pase Jewova! Bondye Toupisan an ki kreye lavi kapab rebay moun ki mouri yo lavi.

8 Yon lòt rezon ki fè nou konnen Bondye kapab resisite moun ki mouri yo se paske li gen yon memwa ki san limit. Li rele chak zetwal nan non yo (Eza. 40:26). Epitou, li sonje moun ki mouri yo (Jòb 14:13; Lik 20:37, 38). Jewova kapab sonje tout ti detay nan moun li pral resisite yo byen fasil, sa gen ladan l aparans moun sa yo ak pèsonalite yo te genyen, eksperyans yo te fè nan lavi a ak sa ki te nan memwa yo.

9. Poukisa ou menm ou kwè nan pwomès Jewova fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt alavni an?

9 Sa klè, nou kapab kwè nan pwomès Jewova fè konsènan rezirèksyon ki pral fèt alavni an paske nou konnen li gen volonte ak pouvwa pou l reyalize pwomès li. Men yon lòt rezon ki fè n kwè nan pwomès Bondye fè pou gen yon rezirèksyon an: Jewova deja resisite moun. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, li te bay kèk gason fidèl, san wete Jezi, pouvwa pou yo resisite moun ki mouri. Kounye a, nou pral pale konsènan youn nan rezirèksyon Jezi te fè yo ki nan Jan chapit 11.

JEZI GEN YON BON ZANMI L KI MOURI

10. Ki sa k te rive Betani pandan Jezi t ap preche pa lòtbò Rivyè Jouden an, e ki sa Jezi te fè? (Jan 11:1-3).

10 Li Jan 11:1-3. Imajine jan sa te ye nan Betani nan fen ane 32 epòk nou an. Jezi gen kèk bon zanmi nan vil sa a, anpalan de Laza ansanm ak de sè l yo, Mari ak Mat (Lik 10:38-42). Men, Laza vin malad, e sa enkyete sè l yo. Donk, yo voye mesaj bay Jezi ki pa lòtbò Rivyè Jouden an. Yon moun bezwen fè anviwon de jou ap mache sot Betani pou rive nan zòn sa a (Jan 10:40). Malerezman, Laza mouri nan moman moun ki pot mesaj la rive kot Jezi. Byenke Jezi konnen zanmi l lan fèk mouri, li fè de jou ankò kote l ye a, apre sa, l al Betani. Donk, lè Jezi rive, Laza gentan gen kat jou depi l mouri. Jezi t apral fè yon bagay ki t ap bon pou zanmi l yo e ki t ap fè Bondye jwenn glwa. — Jan 11:4, 6, 11, 17.

11. Ki leson nou kapab aprann sou zanmitay nan istwa sa a?

11 Istwa sa a aprann nou yon leson enpòtan sou zanmitay. Fè yon ti reflechi: Lè Mari ak Mat te voye mesaj bay Jezi, yo pa t mande l pou l vin Betani. Yo te annik voye di l bon zanmi l lan malad (Jan 11:3). Lè Laza mouri, Jezi te kapab resisite l detan l kote l ye a. Men, Jezi te pito al Betani pou l te kapab ansanm ak Mari ak Mat, zanmi l yo. Èske w gen yon zanmi k ap vin ede w san w pa mande l? Ebyen, konnen w ka konte sou li “lè gen malè”. (Pwo. 17:17.) Menm jan ak Jezi, se yon zanmi konsa nou bezwen ye pou lòt moun! Kounye a, ann retounen nan istwa a pou n ka wè sa k te pase annapre.

12. Ki pwomès Jezi te fè Mat, e poukisa se pa t yon pwomès konsa konsa? (Jan 11:23-26).

12 Li Jan 11:23-26. Mat aprann Jezi toupre Betani. Li kouri al rankontre Jezi, epi li di l: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” (Jan 11:21). Se vre, Jezi te kapab geri Laza. Men, li vle fè yon bagay ki pi estrawòdinè toujou. Men pwomès li fè: “Frè w la ap leve.” Epitou, li bay Mat lòt rezon ankò pou l kwè nan pwomès sa a lè l di: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” Vrèmanvre, Bondye te bay Jezi pouvwa sou lavi ak lanmò. Anvan sa, li te resisite yon tifi ki te fèk mouri e l te resisite yon jèn gason sanble menm jou jèn gason an te mouri a (Lik 7:11-15; 8:49-55). Men, èske l te kapab resisite yon moun ki te mouri depi kat jou e kò l te kòmanse dekonpoze?

“LAZA, SOTI DEYÒ!”

Jezi te gen anpil konpasyon pou zanmi l yo ki te nan lapenn. (Gade paragraf 13-14.)

13. Jan sa parèt nan Jan 11:32-35, ki fason Jezi reyaji lè l wè Mari ak lòt moun yo k ap kriye? (Gade foto a tou.)

13 Li Jan 11:32-35. Imajine sa k pase annapre. Mari, lòt sè Laza a, soti al kot Jezi. Li repete menm sa sè l la te di a: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Mari ak lòt moun ki ansanm avè l yo nan gwo lapenn. Lè Jezi wè yo e l tande yo k ap kriye, li vin tris anpil. Piske Jezi gen anpil konpasyon pou zanmi l yo, dlo koule nan je l. Li konprann jan sa rèd lè yon moun gen yon moun pa l ki mouri. Se sèten, li vrèman anvi elimine sa ki lakòz y ap kriye a!

14. Ki sa n ka aprann sou Jewova nan fason Jezi te reyaji lè l te wè Mari ap kriye?

14 Fason Jezi te reyaji lè l te wè Mari ap kriye aprann nou Jewova se yon Bondye ki gen anpil konpasyon. Sa k fè n ka di sa? Jan nou te wè sa nan atik anvan an, Jezi panse egzakteman menm jan ak Papa l e li gen menm santiman avè l (Jan 12:45). Donk, lè n li jan Jezi te kriye paske li te gen anpil konpasyon pou zanmi l yo ki te nan lapenn, nou vin konprann sa fè Jewova mal anpil tou lè n ap kriye paske nou tris (Sòm 56:8). Èske sa pa ba w anvi pou w vin pi pwòch ak Bondye nou an ki gen konpasyon?

Jezi te montre li gen pouvwa sou lanmò. (Gade paragraf 15-16.)

15. Fè yon ti pale sou sa k rive bò tonm Laza a, jan sa parèt nan Jan 11:41-44. (Gade foto a tou.)

15 Li Jan 11:41-44. Lè Jezi rive bò tonm Laza a, li mande pou yo retire wòch ki nan bouch tonm nan. Mat pa fin tèlman dakò, li di kò a dwe santi kounye a. Jezi di l: “Èske mwen pa t di w si w kwè w ap wè glwa Bondye?” (Jan 11:39, 40). Apre sa, Jezi leve je l gad syèl la e li priye devan tout moun. Li vle bay Jewova tout glwa pou sa k pral fèt la. Epi, Jezi di byen fò: “Laza, soti deyò!” Epi, Laza soti nan tonm nan! Jezi sot fè yon bagay kèk moun panse ki te ka enposib. — Gade atik ki gen tit “Poukisa Jezi te pran kat jou anvan l rive nan tonm Laza a?” ki parèt nan Toudegad 1ye janvye 2008.

16. Ki jan istwa ki nan Jan chapit 11 lan fè n gen plis lafwa nan esperans rezirèksyon an?

16 Istwa nou jwenn nan Jan chapit 11 lan fè n vin gen plis lafwa nan esperans rezirèksyon an. Nan ki sans? Sonje Jezi te fè Mat yon pwomès. Li te di l: “Frè w la ap leve.” (Jan 11:23). Menm jan ak Papa l, li gen volonte ak pouvwa pou l resisite moun ki mouri yo. Lefètke Jezi te kriye, sa montre li gen gwo anvi pou l elimine lanmò ak chagren sa lakòz. E lè Laza te soti nan tonm nan, yon lòt fwa ankò, Jezi te montre li gen pouvwa pou l leve moun ki mouri yo. Epitou, sonje Jezi te di Mat: “Èske mwen pa t di w si w kwè w ap glwa Bondye?” (Jan 11:40). Nou gen bonjan rezon pou n kwè pwomès Bondye fè pou l resisite moun ki mouri yo ap reyalize. Men, ki sa n ka fè pou n ka vin gen plis lafwa nan esperans sa a?

FASON NOU KA VIN GEN PLIS LAFWA NAN ESPERANS REZIRÈKSYON AN

17. Ki sa n dwe sonje lè n ap li istwa nan Bib la ki pale sou rezirèksyon?

17 Li istwa sou rezirèksyon ki te fèt yo epi medite sou yo. Nan Bib la, yo pale konsènan uit moun ki te resisite pou yo viv sou tè a c. Sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w egzamine chak istwa sa yo? Pandan w ap fè sa, sonje moun sa yo te egziste toutbon, e pami yo te gen gason, fi, ak timoun. Chèche wè ki leson w ka aprann nan istwa sa yo. Reflechi sou fason chak egzanp sa yo montre volonte ak pouvwa Bondye genyen pou l rebay moun ki mouri yo lavi. Mete sou sa, reflechi sou rezirèksyon ki te pi enpòtan an, anpalan de rezirèksyon Jezi. Sonje se plizyè santèn moun ki te temwen rezirèksyon sa a, e li se yon bon baz pou ede n gen lafwa nan rezirèksyon ki gen pou fèt la. — 1 Kor. 15:3-6, 20-22.

18. Ki jan n ka byen sèvi ak chante nou genyen ki pale sou esperans rezirèksyon an? (Gade nòt la tou.)

18 Byen sèvi ak ‘chante espirityèl’ ki pale sou esperans rezirèksyon an d (Efe. 5:19). Chante sa yo fè esperans rezirèksyon an vin pi reyèl pou nou e yo fè nou vin gen plis lafwa nan esperans sa a ki gen anpil valè pou nou. Tande yo, repete yo, epi pale sou sans pawòl yo genyen pandan n ap fè adorasyon an fanmi. Sonje pawòl yo epi kite yo touche kè w. Konsa, si w ap fè fas ak yon eprèv ki met lavi w an danje oubyen si w gen yon moun pa w ki mouri, lespri sen Jewova ap ede w sonje chante sa yo, y ap konsole w e y ap ba w fòs.

19. Ki sa n ka imajine ki pral fèt nan moman rezirèksyon an? (Gade kare ki gen tit “ Ki kesyon ou t ap poze yo?”)

19 Sèvi ak imajinasyon w. Jewova ban nou kapasite pou n imajine nou menm k ap viv nan monn nouvo a. Men sa yon sè esplike: “Mwen tèlman pase tan ap imajine mwen menm k ap viv nan monn nouvo a, se kòmsi m rive pran sant woz yo k ap fleri nan Paradi a.” Imajine ou menm ki rankontre yon seri gason ak fi ki te gen lafwa ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la. Kiyès ou ta renmen rankontre? Ki kesyon w ap poze moun sa a? Epitou, imajine ou menm ki ansanm ak moun pa w yo ki te mouri. Fè yon ti reflechi sou moman sa a: premye pawòl w ap di yo, bèl akolad w ap ba yo ak jan w ap kriye tèlman w ap kontan.

20. Ki detèminasyon nou bezwen pran?

20 Nou gen Jewova anpil rekonesans pou pwomès rezirèksyon an! Nou kapab sèten pwomès sa a ap reyalize, paske Jewova gen volonte ak pouvwa pou l reyalize l. Ann pran detèminasyon pou n kontinye ranfòse lafwa nou nan esperans sa a ki gen anpil valè. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch ak Bondye nou an ki pwomèt nou chak: ‘Moun pa w yo ap leve!’

KANTIK 147 Bondye pwomèt lavi pou toutan

a Si w gen yon moun pa w ki mouri, se sèten pwomès Bondye fè pou l resisite moun ki mouri yo konsole w anpil. Donk, ki jan w t ap esplike yon moun rezon ki fè w kwè nan pwomès sa a? E ki jan w kapab vin gen plis lafwa nan esperans rezirèksyon an? Atik sa a kapab ede nou tout pou n vin gen plis lafwa nan esperans rezirèksyon an.

b Videyo mizik la gen tit Li toupre pou li rive e li te parèt nan Tele JW novanm 2016.

c Gade kare ki gen tit “Uit rezirèksyon yo rapòte nan Bib la” ki parèt nan Toudegad 1ye out 2015, paj 4.

d Gade kantik ki vin annapre yo nan liv kantik ki gen tit ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova:Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?” (kantik 139), “Fikse je n sou pri a!” (kantik 144), ak “L ap rele yo” (kantik 151). Epitou, gade chante ki gen tit “Li toupre pou li rive”, “Monn nouvo n ap tann nan”, ak chante “Wi, w ap wè” sou jw.org.