Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 17

Jewova ap ede w lè w jwenn pwoblèm sanzatann

Jewova ap ede w lè w jwenn pwoblèm sanzatann

“Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout.” — SÒM 34:19.

KANTIK 44 Priyè yon moun ki dekouraje

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki konviksyon nou genyen?

 ANTANKE pèp Jewova, nou konnen li renmen nou e li ta renmen nou viv pi bèl vi a (Wom. 8:35-39). Epitou, nou gen konviksyon, lè n aplike prensip ki nan Bib la, sa ap toujou bon pou nou (Eza. 48:17, 18). Donk, ki jan n ta dwe reyaji lè n jwenn pwoblèm nou pa t atann?

2. Ki pwoblèm nou ka jwenn, e ki kesyon pwoblèm konsa ka fè n poze tèt nou?

2 Tout sèvitè Jewova yo konn gen pwoblèm. Pa egzanp, yon moun nan fanmi nou ka desevwa nou yon fason oswa yon lòt. Nou kapab gen gwo pwoblèm sante ki ka anpeche n fè tout sa n ta renmen fè nan sèvis Jewova a. Nou ka viktim anba katastwòf natirèl. Oswa nou ka jwenn pèsekisyon poutèt kwayans nou. Lè n jwenn eprèv konsa, nou ka ap mande tèt nou: ‘Poukisa se mwen sa rive? Èske m te fè yon bagay ki mal? Èske sa vle di mwen pa gen benediksyon Jewova?’ Èske w te janm santi w konsa? Si w te janm santi w konsa, pa dekouraje. Anpil nan sèvitè fidèl Jewova te santi yo konsa yon lè. — Sòm 22:1, 2; Aba. 1:2, 3.

3. Ki sa n ka aprann nan Sòm 34:19?

3 Li Sòm 34:19. Remake gen de pwen enpòtan nan sòm sa a: 1) Moun ki jis yo jwenn pwoblèm. 2) Jewova delivre n anba eprèv nou yo. Ki jan Jewova delivre n? Youn nan fason li fè sa, se lè l ede n wè lavi nan monn sa a yon fason ki reyalis. Byenke Jewova pwomèt nou lè n sèvi l n ap gen kè kontan, sepandan, li pa ban n garanti nou pap janm jwenn pwoblèm nan lavi n kounye a (Eza. 66:14). Li ankouraje n ret konsantre sou sa demen sere pou nou, sa vle di lè n pral gen lavi li ta renmen nou genyen pou toutan an (2 Kor. 4:16-18). Annatandan, li ede n pou n kontinye sèvi l chak jou. — Lam. 3:22-24.

4. Sou ki sa n pral pale nan atik sa a?

4 Ann wè sa n ka aprann nan egzanp yon seri moun fidèl ki t ap adore Jewova nan epòk yo t ap ekri Bib la ak nan egzanp yon seri moun fidèl k ap adore l nan epòk nou an. Jan nou pral wè sa, nou ka jwenn pwoblèm sanzatann. Men, lè n konte sou Jewova, li pap manke pa ede nou (Sòm 55:22). Pandan n ap egzamine egzanp sa yo, mande tèt ou: ‘Ki sa m t ap fè si m te nan yon sitiyasyon menm jan an? Ki jan egzanp sa yo fè m vin gen plis konfyans nan Jewova? Ki jan m ka aplike sa m aprann yo nan lavi m?’

NAN EPÒK YO T AP EKRI BIB LA

Jewova te beni Jakòb pandan 20 an li te fè ap travay di pou Laban, tonton l, ki pa t kenbe pawòl li. (Gade paragraf 5.)

5. Ki difikilte Jakòb te jwenn akoz Laban? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

5 Sèvitè Jewova ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la te jwenn yon seri eprèv yo pa t panse yo t ap jwenn. Ann pran egzanp Jakòb. Papa l te ba l lòd pou l marye ak youn nan pitit fi Laban yo, yon fanmi l ki t ap adore Bondye, e l te ba l asirans Jewova t ap beni l anpil (Jen. 28:1-4). Jakòb te fè sa vre. Li te kite peyi Kanaran pou l t al lakay Laban ki te gen de pitit fi, anpalan de Leya ak Rachèl. Jakòb te vin tonbe damou Rachèl, pi jèn pitit fi Laban an, e l te dakò fè setan ap travay pou Laban anvan l marye ak Rachèl (Jen. 29:18). Men, bagay yo pa t pase jan Jakòb te espere a. Laban te pran l nan plan, li te fè l marye ak Leya, pi gran pitit fi l la. Laban te dakò pou Jakòb marye ak Rachèl yon semèn annapre, akondisyon li te fè sèt lòt ane ap travay pou li (Jen. 29:25-27). Epitou, Laban pa t respekte kondisyon li te gen ak Jakòb pandan l t ap travay pou li. Li te fè 20 an ap eksplwate Jakòb! — Jen. 31:41, 42.

6. Ki pwoblèm ankò Jakòb te vin jwenn?

6 Jakòb te vin jwenn lòt pwoblèm ankò. Li te vin gen anpil pitit, men, pitit gason l yo pa t toujou antann yo youn ak lòt. Yo te menm vann Jozèf, pwòp frè yo, kòm esklav. Simeyon ak Levi, de nan pitit gason Jakòb yo te fè moun rayi fanmi an e yo te sal non Jewova. Mete sou sa, Rachèl, madanm Jakòb te renmen anpil la, te mouri pandan l t ap akouche dezyèm pitit gason yo a. E kòm te vin gen yon gwo grangou nan zòn nan, Jakòb te oblije deplase al viv nan peyi Ejip lè l te vin granmoun anpil. — Jen. 34:30; 35:16-19; 37:28; 45:9-11, 28.

7. Ki jan Jewova te montre Jakòb li gen favè l?

7 Malgre tout pwoblèm sa yo, Jakòb pa t janm sispann gen lafwa nan Jewova e l te toujou kwè nan pwomès Li yo. Epitou, Jewova te montre l li gen favè L. Pa egzanp, malgre tout enjistis Laban te fè Jakòb, Jewova te fè Jakòb vin gen anpil byen. Imajine jan Jakòb dwe te gen Jewova anpil rekonesans lè l te rejwenn Jozèf, pitit gason l lan, alòske l te panse li te mouri depi byen lontan! Relasyon sere Jakòb te gen ak Jewova a te ede l andire eprèv sa yo (Jen. 30:43; 32:9, 10; 46:28-30). Lè n toujou gen yon relasyon sere ak Jewova, nou menm tou, n ap rive fè fas ak eprèv yo lè yo rive sanzatann.

8. Ki sa wa David te swete fè?

8 Wa David pa t ka fè tout sa l te swete fè nan sèvis Jewova a. Pa egzanp, David te vrèman anvi konstwi yon tanp pou Bondye l la. Li te fè pwofèt Natan konn sa, e Natan te di l: “Ou mèt fè kèlkeswa sa w gen nan kè w la, paske vrè Dye a avè w.” (1 Kwo. 17:1, 2). Nou ka imajine jan pawòl sa yo dwe te ankouraje David. Petèt menm kote a li te kòmanse planifye pou gwo pwojè sa a.

9. Ki jan David te reyaji apre yo te fin ba l yon nouvèl ki te desevwa l?

9 Sepandan, sa pa t pran tan pou pwofèt Jewova a te retounen kot David ak yon nouvèl ki te desevwa David. “Nan menm nuit lan”, Jewova te fè Natan konnen se pa t David ki t ap konstwi yon tanp pou li, men, se youn nan pitit gason l yo ki t ap gen pou fè sa (1 Kwo. 17:3, 4, 11, 12). Ki jan David te reyaji lè l te resevwa mesaj sa a? Li te chanje objektif li te genyen an. Li te kòmanse rasanble kòb ak materyèl Salomon, pitit gason l, t ap bezwen pou pwojè a. — 1 Kwo. 29:1-5.

10. Ki jan Jewova te beni David?

10 Tousuit apre Jewova te fin fè David konnen se pa li menm ki t ap konstwi tanp lan, li te fè yon alyans ak David. Jewova te pwomèt David youn nan desandan l yo t ap gen pou dirije pou toutan (2 Sam. 7:16). Nan monn nouvo a, imajine jan David pral kontan konnen Wa k ap dirije pandan Rèy mil an an se Jezi, yon Wa ki soti nan liy fanmi l! Istwa sa a ede n konprann, menmsi n pa kapab fè tout sa n ta renmen fè pou Jewova, Bondye nou an kapab rezève lòt benediksyon pou nou nou pa t ap janm panse n t ap jwenn.

11. Ki benediksyon kretyen nan premye syèk yo te jwenn, menm lè Wayòm nan pa t vini lè yo te panse a? (Travay 6:7).

11 Kretyen nan premye syèk yo te gen yon seri bagay yo pa t fin konnen. Pa egzanp, yo te vrèman anvi Wayòm Bondye a vini, men, yo pa t konn ki lè sa t ap fèt (Tra. 1:6, 7). Donk, ki sa yo te fè? Yo te kontinye preche. E tank bon nouvèl la t ap gaye, yo te wè aklè Jewova t ap beni efò yo fè. — Li Travay 6:7.

12. Ki sa kretyen nan premye syèk yo te fè lè te vin gen yon gwo grangou?

12 Rive yon lè, te vin gen yon gwo grangou “sou tout tè a”. (Tra. 11:28.) Kretyen nan premye syèk yo te oblije andire sitiyasyon sa a tou. Èske w ka imajine jis nan ki pwen yo dwe te soufri akoz gwo grangou ki te genyen an? Se sèten chèf fanmi yo t ap mande tèt yo ki jan yo t ap fè bay fanmi yo manje. E ki sa nou kapab di konsènan jèn yo ki te vle fè plis nan travay predikasyon an? Petèt, yo t ap mande tèt yo si yo ta dwe tann sitiyasyon an chanje anvan yo fè sa. Kèlkeswa jan sa te ye pou kretyen yo, yo te adapte yo. Yo te kontinye fè sa yo kapab nan travay predikasyon an e yo te kontan pataje sa yo te genyen ak kretyen ki te nan Jide yo. — Tra. 11:29, 30.

13. Ki benediksyon kretyen yo te jwenn lè te gen gwo grangou a?

13 Ki benediksyon kretyen yo te jwenn lè te gen gwo grangou a? Kretyen ki te jwenn èd yo te ka wè jan Jewova t ap pran swen yo (Mat. 6:31-33). Yo dwe te vin pi pwòch ak frè ak sè ki te ede yo lè sa a. Kretyen ki te fè ofrann yo oswa ki te patisipe nan travay pote sekou a te ka wè jan sa bay kè kontan lè yon moun bay (Tra. 20:35). Jewova te beni yo tout paske yo te adapte yo ak chanjman ki te vin genyen yo.

14. Ki sa k te rive Banabas ak apot Pòl, e ki rezilta sa te bay? (Travay 14:21, 22).

14 Byen souvan, yo te konn pèsekite kretyen nan premye syèk yo, pafwa nan moman yo ka pa t atann sa menm. Ann wè sa k te rive Banabas ak apot Pòl pandan yo t ap preche nan vil Lis. Okòmansman, moun yo te kontan wè yo e yo te koute yo. Men annapre, gen opozan ki te “pran tèt foul la”, e kèk nan menm moun sa yo te kalonnen Pòl ak kout wòch e yo te kite l paske yo te panse l mouri (Tra. 14:19). Men, Banabas ak Pòl te kontinye preche nan lòt zòn. Ki rezilta sa te bay? Yo te fè “yon bon kantite disip”, e pawòl yo te di ak egzanp yo te bay te ankouraje kwayan parèy yo. (Li Travay 14:21, 22.) Piske Banabas ak Pòl pa t sispann preche, menm lè yo te jwenn pèsekisyon sanzatann, sa te ede anpil moun. Depi nou pa sispann fè travay Jewova ban nou fè a, n ap jwenn benediksyon.

NAN EPÒK NOU AN

15. Ki sa w aprann nan egzanp frè Alexander Macmillan?

15 Kèk ane anvan 1914, pèp Jewova a t ap tann yon seri gwo bagay. Ann pran egzanp frè Alexander Macmillan. Menm jan ak anpil frè nan epòk sa a, frè Macmillan te panse li pa t ap pran tan pou l t al nan syèl. Nan yon diskou li te fè an septanm 1914, li te di: “Petèt se dènye diskou piblik m ap fè.” An reyalite, se pa t dènye diskou li te fè. Men sa frè Macmillan te ekri annapre: “Petèt kèk nan nou te yon ti jan twò prese lè n te panse nou t apral nan syèl tousuit.” Men sa l te di ankò: “Sa n bezwen fè se ret okipe nan sèvis Seyè a.” E vrèmanvre, frè Macmillan te ret okipe. Li te chofe nan travay predikasyon an. Li te gen privilèj pou l ankouraje anpil frè yo te met nan prizon poutèt yo pa t vle antre nan lame. E li te toujou asiste reyinyon yo, menm lè l te vin granmoun anpil. Ki jan sa te ede frè Macmillan lefètke l te byen sèvi ak tan l pandan l t ap tann rekonpans li? Yon ti tan anvan l mouri nan ane 1966, men sa l te ekri: “Lafwa m vin pi solid toujou.” Se yon bèl egzanp nou tout dwe imite, sitou si nou gen plis tan depi n ap andire pase sa n te panse! — Ebre 13:7.

16. Ki pwoblèm frè Herbert Jennings ak madanm li te vin genyen sanzatann? (Jak 4:14).

16 Anpil moun nan pèp Jewova a ap fè fas ak yon seri pwoblèm sante yo pa t atann yo t ap genyen. Pa egzanp, nan istwa lavi frè Herbert Jennings b, li te esplike ki jan li menm ak madanm li te kontan sèvi antanke misyonè nan peyi Gana. Sepandan, rive yon lè, doktè te wè li fè yon maladi ki kapab fè yon moman li kontan anpil e yon lòt moman li tris anpil. Frè Jennings te site pawòl ki nan Jak 4:14 yo, li te rele sitiyasyon sa a “yon ‘demen’ nou pa t prevwa”. (Li vèsè a.) Men sa l te ekri: “Nou te oblije aksepte reyalite a. Nou te deside kite Gana, san wete anpil bon zanmi nou te genyen, pou n te retounen Kanada [pou n t al suiv tretman].” Jewova te ede frè Jennings ak madanm li kontinye sèvi l fidèlman, malgre difikilte yo te jwenn nan.

17. Ki jan egzanp frè Jennings te ede lòt frè ak sè?

17 Pawòl sensè frè Jennings te di nou jwenn nan istwa lavi l te vrèman ede lòt moun. Men sa yon sè te ekri: “Se premye fwa mwen te li yon atik ki te touche m konsa. [...] Lè m te wè jan frè Jennings te oblije kite yon travay li t ap fè pou l te ka pran swen sante l, sa te ede m wè sitiyasyon pa m yon fason ki ekilibre.” Nan menm sans lan, men sa yon frè te ekri: “Mwen te fè dizan ap sèvi antanke ansyen, sepandan, mwen te oblije kite privilèj mwen te genyen an paske m te vin gen yon maladi mantal. Mwen te konn santi m tèlman pa vo anyen, byen souvan, mwen pa t ka jwenn fòs pou m li byografi yo. [...] Men, lè m te wè jan frè Jennings gen pèseverans, sa te ankouraje m.” Sa fè n sonje, lè n andire pwoblèm nou jwenn sanzatann, nou kapab ankouraje lòt moun. Menm lè lavi nou pa jan n te espere a, nou kapab kontinye montre nou gen lafwa ak andirans. — 1 Pyè 5:9.

Lè n konte sou Jewova, pwoblèm nou jwenn sanzatann nan lavi a kapab fè n vin pi pwòch avè l. (Gade paragraf 18.)

18. Ki sa w aprann nan egzanp yon vèv nan peyi Nijerya, jan nou wè sa nan foto yo ki repwodui yon sitiyasyon ki te rive toutbon?

18 Katastwòf tankou pandemi COVID-19 la te boulvèse lavi anpil sèvitè Jewova. Pa egzanp, gen yon vèv nan peyi Nijerya ki te gen yon ti pwovizyon toupiti. Yon jou maten, pitit fi l la te mande l ki sa yo t ap manje apre yo te fin kuit dènye ti diri yo te genyen an. Sè nou an te di pitit fi l la yo pa t gen kòb ak manje ankò, men, yo te dwe imite vèv Safat la, yo te dwe fin kuit dènye ti manje yo genyen an, epi met tout konfyans yo nan Jewova (1 Wa 17:8-16). Anvan menm yo te kòmanse panse ak sa yo t apral manje pita nan jou sa a, gen frè ak sè ki te gentan voye pwovizyon pou yo. Sa yo te jwenn nan t ap fè yo plis pase de semèn. Sè a te di li pa t rann li kont jis nan ki pwen Jewova t ap koute sa l t ap di pitit fi l la. Vrèmanvre, lè n konte sou Jewova, pwoblèm nou jwenn sanzatann nan lavi a kapab fè n vin pi pwòch avè l. — 1 Pyè 5:6, 7.

19. Ki jan yo te pèsekite Aleksey Yershov?

19 Nan ane ki sot pase yo, anpil nan frè n ak sè n yo te andire pèsekisyon yo pa t ap atann. Ann pran egzanp frè Aleksey Yershov, k ap viv nan peyi Larisi. Lè frè Yershov te batize nan ane 1994, pèp Jewova a te plizoumwen lib pou yo fè aktivite yo nan peyi sa a. Sepandan, nan ane ki te vin annapre yo, sitiyasyon an te vin chanje nan peyi Larisi. An 2020, otorite yo te debake lakay frè Yershov, yo te fouye kay li e yo te pran anpil nan sa l te posede. Plizyè mwa annapre, gouvènman an te akize l kòmkwa li se yon kriminèl. E sa k pi rèd la, gen yon moun ki te pran pòz l ap etidye Labib pandan plis pase ennan ki te fè yon videyo, e se sou sa yo te baze pou yo te akize frè a. Se pa ti kou trèt sa te ye!

20. Ki jan frè Yershov te vin gen yon pi bon relasyon avèk Jewova?

20 Lefètke yo te pèsekite frè Yershov, èske sa bay yon bon rezilta? Wi. Relasyon l ak Jewova vin pi solid. Men sa l di: “Mwen menm ak madanm mwen priye ansanm pi souvan. E m rann mwen kont mwen pa t ap ka fè fas ak sitiyasyon sa a si Jewova pa t ede m. Etid pèsonèl mwen fè ede m fè fas ak dekourajman. Mwen medite sou egzanp yon seri sèvitè nan tan lontan ki te fidèl. Gen anpil istwa nan Bib la ki montre jan sa enpòtan pou m rete kalm e pou m montre m gen konfyans nan Jewova.”

21. Ki sa n aprann nan atik sa a?

21 Ki sa nou te aprann nan atik sa a? Pafwa, pwoblèm yo vini sanzatann nan monn sa a. Aktout sa, Jewova toujou ede sèvitè l yo lè yo konte sou li. Jan vèsè tèm atik la baze sou li a di sa: “Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout.” (Sòm 34:19). Ann pa ret konsantre sou pwoblèm nou yo, men, ann ret konsantre pito sou pouvwa Jewova genyen pou l ede nou. Konsa, menm jan ak apot Pòl, n ap kapab di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Flp. 4:13.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

a Menm lè pwoblèm yo konn vin sanzatann nan sistèm sa a, nou kapab gen konfyans Jewova ap ede moun k ap adore l ki fidèl yo. Ki jan Jewova te ede sèvitè l yo nan tan lontan? Ki jan l ede nou jodi a? Lè n reflechi sou egzanp sèvitè Jewova nan epòk yo t ap ekri Bib la ak egzanp sèvitè Jewova yo jodi a, sa ap fè n gen plis konviksyon, si n konte sou Jewova, l ap ede n tou.