TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Desanm 2019

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 3 fevriye rive 1ye mas 2020.

“Gen yon lè” pou moun travay ak “yon lè” pou moun pran repo

Atik sa a sèvi ak saba Izrayelit yo te konn obsève chak semèn nan kòm egzanp pou ede n egzamine fason n wè travay ak repo.

Jewova fè nou jwenn libète

Ane Liberasyon ki te gen nan tan lontan an fè nou sonje yon dispozisyon Jewova pran pou nou jwenn libète.

Kesyon lektè yo poze

Sou Lalwa, si yon gason te vyole yon fi ki fiyanse ki “nan yon savann” epi fi a rele, fi a inosan, men gason an koupab. Poukisa?

Kesyon lektè yo poze

Lè Satan te di Èv li pap mouri si l manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, èske se chèche l t ap chèche anseye l ide ki gaye jounen jodi a ki vle fè konprann nanm nan pa ka mouri?

Èske w byen konn Jewova?

Ki sa konnen Jewova vle di, e ki sa nou ka aprann nan egzanp Moyiz ak wa David sou fason pou nou chèche gen yon relasyon solid avè L?

Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova

Ki jan paran yo ka bay pitit yo fòmasyon pou yo renmen Jewova?

“Di mèsi pou tout bagay”

Gen plizyè rezon ki montre poukisa lè nou gen rekonesans sa bon pou nou.

Èske nou sonje?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè sa w sonje.

Endèks Toudegad ak Reveye n! pou ane 2019

Lis sijè ki nan endèks pou tout atik Toudegad ak Reveye n! ki pibliye nan ane 2019.