Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Di mèsi pou tout bagay”

“Di mèsi pou tout bagay”

ÈSKE W se yon moun ki gen rekonesans? Se yon kesyon nou chak bezwen poze tèt nou. Bib la te fè konnen t ap gen anpil moun ki “engra” nan epòk nou an (2 Tim. 3:2). Petèt ou deja rankontre moun ki panse yo merite tout sa yo genyen, kòmsi yo te dwe yo pifò bagay yo genyen. Sanble yo panse yo pa bezwen montre rekonesans pou sa yo resevwa. Petèt w ap dakò li pa enteresan pou nou viv bò kote moun konsa.

Yon lòt bò, men ankourajman sèvitè Jewova yo jwenn: “Montre nou gen rekonesans.” Nou dwe “di mèsi pou tout bagay”. (Kol. 3:15; 1 Tes. 5:18.) Anfèt, lè nou gen rekonesans sa bon pou nou. Gen plizyè rezon ki montre sa.

LÈ NOU GEN REKONESANS SA FÈ NOU SANTI N BYEN

Youn nan rezon enpòtan ki fè nou bezwen gen rekonesans se paske sa ede nou santi nou byen. Yon moun ki renmen di mèsi kapab santi l byen, e moun li di mèsi a santi l pi byen tou. Sa k fè rekonesans gen toule de efè sa yo? Ebyen, ann pran yon egzanp: Lè yon moun pran tan l pou l fè yon bagay pou ou, se paske l panse ou merite sa. Li gen sousi pou ou. Lè w rann ou kont li gen sousi pou ou, sa ta dwe fè w santi w byen. Nou ka imajine se sa k te rive nan ka Rit. Bowaz te montre l donan ak Rit. Sandout sa te fè Rit kontan anpil lè l wè yon moun ki gen sousi pou li. — Rit 2:10-13.

Li sitou enpòtan pou n gen Bondye rekonesans. Pa gen dout, pafwa ou konn ap reflechi sou kantite kado li ban nou e li kontinye ban nou ni nan domèn espirityèl ni nan domèn fizik (Det. 8:17, 18; Tra. 14:17). Men, olye n annik panse ak bonte Bondye genyen, li ta bon pou n pran yon ti tan pou n reflechi sou pakèt benediksyon Bondye vide sou nou menm ak moun pa nou yo. Lè n medite sou jan Kreyatè nou an donan sa ap fè n gen plis rekonesans e sa fè n wè pi byen jan l renmen nou ak jan l apresye nou. — 1 Jan 4:9.

Men, pa annik ret ap reflechi sou jan Jewova donan e sou benediksyon l ban nou yo, di l mèsi pou bonte li gen lakay li (Sòm 100:4, 5). Yo fè konnen “lè yon moun montre li gen rekonesans se yon mwayen ki enpòtan pou moun gen kè kontan”.

LÈ NOU GEN REKONESANS SA FÈ NOU VIN PI PWÒCH AK LÒT MOUN

Yon lòt rezon ki fè lè nou gen rekonesans sa bon pou nou se paske sa fè nou vin pi pwòch ak zanmi nou yo. Nou tout bezwen santi lòt moun apresye nou. Lè nou di yon moun mèsi ak tout kè nou pou yon bon bagay li te fè pou nou, sa fè nou toule de vin pi pwòch youn lòt (Wom. 16:3, 4). Mete sou sa, moun ki gen rekonesans yo konn pi dispoze ede lòt moun. Yo wè lè moun aji byen ak yo e sa pouse yo aji byen ak lòt moun tou. Vrèmanvre, lè nou ede lòt moun sa fè kè n kontan. Tankou Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Tra. 20:35.

Robert Emmons se youn nan responsab ki t ap fè yon etid sou rekonesans pou Inivèsite Kalifòni. Men sa l te di: “Pou nou gen rekonesans nou bezwen konprann nou youn depann de lòt. Pafwa nou bay e pafwa nou resevwa.” An reyalite, nou depann de lòt moun nan anpil sans pou n kontinye viv e pou n gen kè kontan nan lavi nou. Pa egzanp, nou ka depann de lòt moun pou n jwenn manje oswa swen sante nou bezwen (1 Kor. 12:21). Moun ki gen rekonesans lan montre aklè li apresye sa lòt moun fè pou li. Piske se konsa, èske w gen abitid montre ou gen rekonesans pou sa lòt moun fè pou ou?

LÈ NOU GEN REKONESANS SA FÈ N WÈ LAVI A YON LÒT JAN

Yon lòt rezon ki fè nou bezwen gen rekonesans se paske sa ede nou konsantre sou sa ki pozitif olye n konsantre sou sa ki negatif. Nan yon sans, lespri nou tankou yon paswa. Li kapab kenbe yon seri bagay toutpandan l kite yon seri lòt pase. Lè n gen rekonesans, n ap gen tandans wè bagay ki pozitif e nou pap tèlman ret konsantre sou pwoblèm. Plis nou gen rekonesans se plis n ap ka wè sa ki bon, e sa ap fè n vin gen plis rekonesans toujou. Lè n gen rekonesans, sa ap ede n fè sa apot Pòl te ankouraje n fè a: “Se pou nou toujou rejwi nan Seyè a!” — Flp. 4:4.

Lè n gen rekonesans, sa ap ede n pou n pa ret ap reflechi sou bagay ki negatif. Li difisil anpil pou nou gen rekonesans e anmenmtan pou nou anvye sò lòt moun, pou n tris oswa pou n gen rankin. Li pa fasil pou n wè moun ki gen rekonesans gen lanmou pou bagay materyèl. Yo apresye sa yo genyen e yo pa plede chèche gen plis. — Flp. 4:12.

REFLECHI SOU TOUT BENEDIKSYON NOU JWENN YO!

Antanke kretyen, nou rann nou kont Satan ta renmen difikilte nou jwenn nan dènye jou sa yo fè nou dekouraje oswa fè nou santi nou kraze. Li t ap kontan anpil si l ta wè nou vin negatif, pou nou toujou ap plenyen. Yon atitid konsa ka fè l difisil pou moun tande nou lè n ap preche bon nouvèl la. Anfèt, gen yon rapò sere ant rekonesans ak fwi lespri Bondye a, pa egzanp, nou kontan paske nou wè bon bagay Bondye ban nou yo e nou gen lafwa nan pwomès li yo. — Gal. 5:22, 23.

Lefètke w fè pati pèp Jewova a, petèt ou dakò ak sa yo di sou rekonesans nan atik sa a. Aktout sa, ou rann ou kont li pa toujou fasil pou yon moun gen rekonesans e pou l wè bagay yo yon fason ki pozitif. Men, pa kite sa dekouraje w. Ou kapab aprann gen rekonesans e w kapab kontinye demontre kalite sa a. Ki jan w ka fè sa? Pran yon ti tan pou w reflechi chak jou sou kèk bagay nan lavi w ou ta dwe demontre rekonesans pou yo. Plis ou fè sa se plis l ap vin fasil pou n demontre rekonesans. Sa ap fè w gen plis kè kontan lontan pase moun ki konsantre yo sou pwoblèm ki gen nan lavi a. Panse ak bon bagay Bondye ak lòt moun fè ki ankouraje w e ki fè kè w kontan. Ou ka menm kòmanse ekri yo yon kote. Chak jou, ou ka ekri de oswa twa bagay nan jounen an ki fè w santi w gen rekonesans.

Gen kèk moun ki fè rechèch ki fè konnen lè nou montre nou gen rekonesans regilyèman sa ka chanje fason sèvo nou fonksyone e sa fè n santi nou pi byen. Yon moun ki gen rekonesans gen plis kè kontan. Kidonk, reflechi sou tout benediksyon ou jwenn yo, apresye tout bèl eksperyans ou fè nan lavi w, pran abitid demontre rekonesans! Olye w panse moun dwe w tout bagay, “di Jewova mèsi, paske li bon”. Wi, “di mèsi pou tout bagay”. — 1 Kwo. 16:34; 1 Tes. 5:18.