Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w ka reponn kesyon sa yo ki baze sou Toudegad pou ane 2019 la?

Ki siyifikasyon pwomès Bondye te fè ki di “nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen” an genyen (Eza. 54:17)?

Nou ka sèten Bondye ap pwoteje nou pou “moun ki san pitye [ki] vin an kòlè” yo pa fè nou mal (Eza. 25:4, 5). Ènmi nou yo pap ka anpeche nou gen lavi ki pap janm fini an. — w19.01, paj 6-7.

Ki jan fason Bondye te aji ak moun Kanaran yo ansanm ak Izrayelit dezobeyisan yo te montre jistis li?

Bondye te kondane yon seri moun ki te lage kò yo nan yon seri pratik seksyèl ki sal oswa ki te konn maltrete fi ak timoun. Li te beni moun ki te obeyi l e ki te konn byen aji ak lòt moun. — w19.02, paj 22-23.

Ki sa n dwe fè si n yon kote epi gen yon moun ki pa yon sèvitè Jewova k ap priye?

Nou ka ret an silans avèk respè. Men, nou pa ta dwe di “amèn” ni kenbe men lòt moun pandan priyè a. Nou ka fè priyè pa nou nan kè nou. — w19.03, paj 31.

Nan ki pwen abi seksyèl sou timoun se yon bagay ki grav?

Se yon gwo mechanste yo fè moun ki viktim nan, se yon peche kont kongregasyon an, se yon move zak kont otorite Leta yo e se yon peche kont Bondye. Nan peyi kote lalwa mande pou yo fè otorite Leta yo konn lè moun fè abi seksyèl sou timoun, ansyen yo soumèt anba lwa sa yo. — w19.05, paj 9-10.

Ki jan nou ka chanje oswa korije mantalite k ap domine nan nou an?

Men prensipal etap pou nou suiv: Priye Jewova. Medite toutpandan w ap egzamine tèt ou. Byen chwazi moun w ap fè zanmi avè yo. — w19.06, paj 11.

Ki sa n ka fè depi kounye a pou n prepare n pou lè gen pèsekisyon?

Nou bezwen chèche gen bon relasyon ak Jewova. Se pou n gen asirans li renmen nou e l pap janm abandone nou. Li Bib la chak jou e priye regilyèman. Se pou n gen konviksyon benediksyon Wayòm Bondye a pwomèt yo ap vini. Chèche aprann vèsè nou pi renmen yo ak chante k ap fè louwanj pou Jewova yo pakè. — w19.07, paj 2-4.

Ki sa n ka fè pou nou ede fanmi nou pou yo ka sove?

Li enpòtan pou n mete nou nan plas yo, se pou n bay bon temwayaj grasa bèl konduit nou genyen, se pou nou gen pasyans e se pou nou janti. — w19.08, paj 15-17.

Jan Jezi te pwomèt sa nan Matye 11:28, ki jan nou jwenn fòs?

Nou gen siveyan kretyen yo ki gen lanmou, nou gen pi bon zanmi ki ka genyen yo ak pi bon travay ki genyen an. — w19.09, paj 23.

Ki jan Bondye ka ban nou volonte ak fòs pou n aji (Flp. 2:13)?

Pandan n ap li Pawòl Bondye a e n ap medite sou li, Bondye ka ede nou pou n fè volonte l e li ka ban nou fòs pou nou aji. Lespri l ka ogmante kapasite nou genyen. — w19.10, paj 21.

Ki etap nou dwe suiv anvan nou pran yon gwo desizyon?

Men senk etap: Fè bonjan rechèch. Priye pou n gen sajès. Egzamine rezon ki fè nou vle pran desizyon an. Se pou n konn sa nou vle. Se pou n reyalis. — w19.11, paj 27-29.

Èske kwayans ki fè konnen moun gen yon nanm ki pa ka mouri an soti nan pawòl Satan te di Èv la?

Sanble se non. Satan te di Èv li pa t ap mouri, li pa t di l l ap parèt kòmsi l mouri. Okenn fo kwayans pa t ap kapab kontinye egziste tousuit apre delij la. Kwayans ki fè konnen moun gen yon nanm ki pa ka mouri an sanble te parèt anvan Bondye te fè moun ki t ap konstwi gwo bilding Babèl la gaye sou tè a. — w19.12, paj 15.