Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Lè Satan te di Èv li pap mouri si l manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, èske se chèche l t ap chèche anseye l ide ki gaye jounen jodi a ki vle fè konprann nanm nan pa ka mouri?

Sanble se pa t sa. Dyab la pa t di Èv si l manje fwi Bondye te entèdi l manje a li t ap parèt kòmsi l mouri, men gen yon pati envizib nan li (sa kèk moun rele nanm imòtèl jodi a) ki t ap kontinye viv yon lòt kote. Pa mwayen sèpan an, Satan te fè konnen si Èv manje fwi ki nan pyebwa sa a, li “pap mouri pyès”. Li te fè konprann Èv t ap kontinye viv, li t ap viv pi byen sou tè a, li pa t ap bezwen Bondye. — Jen. 2:17; 3:3-5.

Si fo doktrin y ap anseye jodi a ki fè kwè nanm nan pa ka mouri a pa soti nan jaden Edenn nan, ki lè l te parèt menm? Nou pa fin konnen. Men, nou konnen tout fo relijyon te disparèt nan delij ki te fèt nan epòk Noye a. Pa gen okenn fo kwayans ki te kontinye egziste tousuit apre delij la, paske se sèl Noye ak fanmi l, yon seri vrè adoratè Bondye, ki te chape.

Kidonk, ansèyman yo bay sou nanm ki pa ka mouri a jodi a dwe te vin egziste apre delij la. Lè Bondye te bwouye lang moun yo nan Babèl, epi yo te gaye “sou tout kò tè a”, se sèten yo t ale ak ide ki fè kwè moun gen yon nanm ki pa ka mouri a (Jen. 11:8, 9). Kèlkeswa lè manti sa a te parèt, nou mèt gen asirans, se Satan Ledyab, li menm ki “papa manti”, ki t ap soutni l e li kontan wè l gaye toupatou. — Jan 8:44.