Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Bib la di li nesesè pou gen omwen de temwen pou yo ka konnen si yon akizasyon se verite (Nonb 35:30; Det. 17:6; 19:15; Mat. 18:16; 1 Tim. 5:19). Men, sou Lwa Moyiz la, si yon gason te vyole yon fi ki fiyanse ki “nan yon savann” epi fi a rele, fi sa a pa fè adiltè, men gason an koupab. Piske pa gen lòt moun ki te temwen vyòl sa a, poukisa yo di fi a inosan alòske gason an koupab?

Pawòl ki nan Detewonòm 22:25-27 la pa sitou la pou montre gason an koupab, paske yo deja rekonèt li koupab. Lwa sa a plis ap chèche demontre fi a inosan. Gade kontèks la.

Vèsè ki vin anvan yo pale konsènan yon gason ki gen relasyon seksyèl “nan vil la” ak yon fi ki fiyanse. Lefètke gason an fè sa, li fè adiltè, piske yo te konsidere fi ki fiyanse a kòm yon moun marye. E fi a menm? “Li pa t rele pandan l te nan vil la.” Si l te fè sa, se sèten lòt moun t ap tande l e yo t ap vin pote l sekou. Men, li pa t rele. Konsa, li menm tou li fè adiltè, se sa k fè yo toule de koupab. — Det. 22:23, 24.

Apre sa, Lalwa pale de yon lòt ka, li di: “Men, si se nan yon savann gason an te rankontre ak jèn fi ki fiyanse a, li fè fòs sou li e li kouche avè l, se gason ki kouche avè l la sèlman nou dwe touye, nou pa dwe fè jèn fi a anyen. Li pa fè yon peche ki merite pou nou touye l, paske sa k rive a se menm bagay ak si yon gason te rankontre ak yon pwochen l, li atake l epi l touye l. Kòm se nan yon savann li te rankontre ak jèn fi a, jèn fi a te rele men pa t gen moun pou sove l.” — Det. 22:25-27.

Nan ka sa a, jij yo te kwè fi a. Nan ki sans? Yo sipoze li “te rele men pa t gen moun pou sove l”. Donk, li pa t fè adiltè. Men, gason an te fè adiltè paske “li fè fòs sou [fi ki fiyanse a] e li kouche avè l”.

Donk, menm lè lwa sa a plis konsantre sou montre fi a inosan, li montre aklè mesye a koupab paske li vyole fi a e li fè adiltè. Nou mèt sèten jij yo t ap “fè bonjan ankèt” e yo t ap pran yon desizyon ki ann amoni ak prensip Bondye te tabli byen klè e l te repete plizyè fwa a. — Det. 13:14; 17:4; Egz. 20:14.