Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 49

“Gen yon lè” pou moun travay ak “yon lè” pou moun pran repo

“Gen yon lè” pou moun travay ak “yon lè” pou moun pran repo

“Vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” — MAK 6:31.

KANTIK 143 Ansanm, n ap travay, n ap tann ak kouray

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan anpil moun konsidere travay?

KI JAN pifò moun kote w ap viv la konsidere travay? Nan anpil peyi, moun yo travay pi di e yo pase plis tan nan travay yo pase kèlkeswa epòk la. Byen souvan, moun ki travay twòp yo pa gen tan pou yo pran repo, pou yo pase tan ak fanmi yo oswa pou yo kontinye aprann konnen Bondye (Ekl. 2:23). Yon lòt bò, gen moun ki pa renmen travay ditou e yo chèche pretèks pou yo pa travay. — Pwo. 26:13, 14.

2-3. Ki egzanp Jewova ak Jezi bay nan kesyon travay?

2 Kontrèman ak fason moun nan monn nan konsidere travay, ann egzamine fason Jewova ak Jezi konsidere travay. Nou konnen Jewova renmen travay. Jezi te montre sa byen klè lè l te di: “Papa m kontinye travay jis kounye a, e mwen menm tou, mwen kontinye travay.” (Jan 5:17). Reflechi ak tout kantite travay Bondye te fè lè l t ap kreye pakèt espri yo ak linivè a ki gwo anpil. Mete sou sa, nou wè yon pakèt bèl bagay Bondye kreye sou bèl tè kote n ap viv la. Gen youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te gen rezon di: “Ala anpil sa w fè yo anpil, o Jewova! Ou fè tout sa w fè yo avèk sajès. Tè a chaje ak sa w fè.” — Sòm 104:24.

3 Jezi te imite Papa l. Li te patisipe nan travay ki t ap fèt yo lè Bondye t ap “fè syèl la”. Li te bò kote Jewova “kòm yon moun ki konn travay byen”. (Pwo. 8:27-31.) Annapre, lè Jezi te vin sou tè a, li te fè yon travay ki estrawòdinè. Travay sa a te tankou manje pou li, e tout sa l te fè yo montre se Bondye ki te voye l. — Jan 4:34; 5:36; 14:10.

4. Ki sa Jewova ak Jezi ka aprann nou sou repo?

4 Èske egzanp Jewova ak Jezi bay nan kesyon travay ta vle montre li pa nesesè pou nou pran repo? Non. Jewova pa janm fatige, se sa k fè li pa bezwen pran repo. Labib di, apre Jewova te fin kreye syèl la ak tè a, “li sispann travay pou l repoze l”. (Egz. 31:17.) Sa montre aklè Jewova te pran yon poz pou l ka pran plezi nan travay li fè a. E byenke Jezi te travay di pandan l t ap viv sou tè a, li te toujou pran tan pou l repoze e pou l manje ansanm ak zanmi l yo. — Mat. 14:13; Lik 7:34.

5. Ki sa ki konn difisil pou anpil moun?

5 Labib ankouraje sèvitè Bondye yo pou yo travay. Sèvitè Bondye yo dwe travay di olye yo fè parès (Pwo. 15:19). Petèt ou travay pou w pran swen fanmi w. Tout disip Kris yo gen responsablite pou yo patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la. Men tou, ou bezwen pran bonjan repo. Èske pafwa li konn difisil pou w jwenn tan pou w travay, pou w preche e pou w pran repo? Ki jan n ap fè konnen kantite tan nou bezwen pou nou travay ak kantite tan nou bezwen pou nou repoze?

CHÈCHE JWENN YON EKILIB

6. Ki jan Mak 6:30-34 montre Jezi te fè ekilib ant travay ak repo?

6 Nan kesyon travay, li enpòtan pou nou gen ekilib. Men sa Bondye te enspire wa Salomon pou l ekri: “Gen yon lè pou [...] chak bagay.” Li te pale de plante, konstwi, kriye, ri, danse ak lòt bagay (Ekl. 3:1-8). Li klè, travay ak repo se de bagay ki enpòtan anpil nan lavi a. Jezi te fè ekilib ant travay ak repo. Yon lè, apot yo te retounen sot nan yon kanpay predikasyon. Yo te tèlman okipe, “yo pa t menm jwenn tan pou yo manje”. Jezi te di yo: “Nou menm, vin yon kote apa pou nou pran yon ti repo.” (Li Mak 6:30-34.) Aktout Jezi ak disip li yo pa t toujou kapab repoze jan yo ta vle a, Jezi te konnen yo tout te bezwen pran repo.

7. Lè nou egzamine lwa ki gen rapò ak saba a, ki sa sa ap ede nou fè?

7 Pafwa, li vrèman nesesè pou nou pran yon ti repo oswa pou nou fè yon ti chanjman. Nou ka wè sa nan yon dispozisyon Bondye te pran pou pèp li a nan tan lontan: se saba ki te gen chak semèn nan. Nou pa anba Lalwa Moyiz la, men, nou ka aprann yon leson lè nou egzamine sa l te di sou saba a. Sa nou aprann nan ka ede nou egzamine fason nou konsidere travay ak repo.

SABA SE TE JOU POU MOUN PRAN REPO E POU YO ADORE BONDYE

8. Selon Egzòd 31:12-15, poukisa te gen jou saba a?

8 Pawòl Bondye a di apre Bondye te fin pase sis “jou” ap kreye, Li te fè yon ti kanpe sou travay li t ap fè sou tè a (Jen. 2:2). Epoutan, Jewova renmen travay, e li “kontinye travay” nan yon lòt sans (Jan 5:17). Dispozisyon Bondye te pran pou gen yon saba chak semèn nan sanble ak jou repo Jewova te pran yo pale de li nan liv Jenèz la. Bondye te di saba a se te yon siy ant li menm ak nasyon Izrayèl la. Se te yon jou kote moun yo te “dwe repoze [...] nèt [...], yon jou ki apa pou Jewova”. (Li Egzòd 31:12-15.) Okenn moun pa t gen dwa travay, ni timoun, ni esklav e menm bèt ki viv bò kot moun yo (Egz. 20:10). Sa te pèmèt moun yo bay relasyon yo te gen ak Bondye a plis enpòtans.

9. Ki move fason moun yo te wè saba nan epòk Jezi a?

9 Jou saba a te bon pou pèp Bondye a, men anpil chèf relijye nan epòk Jezi a te fè yon seri règ ki di anpil sou fason pou moun obsève saba. Yo te fè konnen moun pa menm gen dwa pou yo keyi kèk grenn pou yo manje nan jou saba a oswa yo pa gen dwa geri yon moun ki malad (Mak 2:23-27; 3:2-5). Fason yo te wè bagay yo te depaman ak fason Bondye wè yo, e Jezi te fè moun ki t ap koute l yo konprann sa.

Fanmi Jezi te rezève jou saba a pou yo konsantre sou adorasyon y ap bay Bondye. (Gade paragraf 10) *

10. Ki sa n aprann nan Matye 12:9-12 sou fason Jezi te konsidere saba a?

10 Jezi ak disip juif li yo te konn obsève saba paske yo te anba Lalwa Moyiz la *. Men, nan pawòl Jezi ak nan aksyon l, li te montre moun k ap obsève saba yo te dwe rezonab, yo te kapab fè bon aksyon e yo te ka ede lòt moun. Li te di aklè: “Moun gen dwa fè yon bon aksyon jou saba a.” (Li Matye 12:9-12.) Pou li menm, se pa t yon bagay ki mal lè moun te fè yon bon aksyon oswa lè yo te ede lòt moun nan jou saba a. Fason Jezi te aji te met aksan sou yon aspè enpòtan nan jou saba a. Piske pèp Bondye a pa t travay jou sa a, sa te pèmèt yo konsantre sou adorasyon y ap bay Bondye. Jezi te grandi nan yon fanmi ki te konn rezève jou saba a pou yo adore Bondye. Sa parèt klè nan pawòl nou li konsènan Jezi lè l te Nazarèt, vil kote l te grandi a: “[Jezi te] antre nan sinagòg la e li kanpe pou l li, jan li abitye fè sa jou saba yo.” — Lik 4:15-19.

KI JAN W KONSIDERE TRAVAY?

11. Ki bèl egzanp Jezi te jwenn anrapò ak travay?

11 Se sèten Jozèf te aprann Jezi, pitit gason adoptif li a, fason Bondye wè travay, pandan l t ap fòme l pou l vin yon bòs chapant (Mat. 13:55, 56). E Jezi te konn wè Jozèf k ap travay di chak jou pou l pran swen fanmi l ki te gen anpil moun. Yon bagay ki enteresan sèke Jezi te di moun ki te vin disip li yo: “Ouvriye a merite pou yo peye l.” (Lik 10:7). Wi, Jezi te konn sa yo rele travay di.

12. Ki vèsè ki montre fason Bib la wè kesyon travay di a?

12 Se te menm bagay la tou pou apot Pòl. Prensipal aktivite l se te bay temwayaj konsènan non Jezi ak mesaj Jezi t ap preche a. Epoutan, Pòl te konn travay pou l pran swen tèt li. Kretyen Tesalonik yo te konnen li “te travay di” e li “te redi lajounen kou lannuit” pou l pa t vin “yon chay lou” pou okenn moun (2 Tes. 3:8; Tra. 20:34, 35). Petèt travay Pòl te di l konn fè a se te fè tant. Lè l te nan vil Korent, li te ansanm ak Akila ak Prisil e yo te “travay ansanm. Metye yo se te fè tant”. Lè Pòl te di li te konn travay “lajounen kou lannuit” lan, li pa t vle di li te konn travay san rete. Gende jou li pa t konn fè tant, pa egzanp nan jou saba a. Jou sa a te ba l posiblite pou l preche Juif yo ki pa t travay nan jou saba a tou. — Tra. 13:14-16, 42-44; 16:13; 18:1-4.

13. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Pòl?

13 Apot Pòl te bay yon bon egzanp. Aktout li te oblije travay pou l pran swen tèt li, li te fè yon jan pou l patisipe regilyèman nan “travay anonse moun yo bon nouvèl Bondye a, ki se yon travay sakre”. (Wom. 15:16; 2 Kor. 11:23.) Li te ankouraje lòt moun fè menm jan an. Se sa k fè Akila ak Prisil te vin “konpayon travay [li] nan Kris Jezi”. (Wom. 12:11; 16:3.) Pòl te ankouraje kretyen Korent yo pou yo “gen anpil bagay pou [yo] fè nan travay Seyè a”. (1 Kor. 15:58; 2 Kor. 9:8.) Men sa Jewova te menm enspire apot Pòl pou l ekri: “Si yon moun pa vle travay, li pa fèt pou l manje tou.” — 2 Tes. 3:10.

14. Ki sa Jezi te vle di lè l te di pawòl nou jwenn nan Jan 14:12 la?

14 Travay ki pi enpòtan nan dènye jou sa yo se travay preche ak fè disip la. Anfèt, Jezi te fè konnen disip li yo t ap gen pou yo fè travay ki pi gwo pase travay li te fè a! (Li Jan 14:12.) Li pa t vle di nou t ap fè mirak jan l te konn fè a. Olye de sa, disip li yo t ap gen pou yo preche e pou yo anseye plis kote pase l, plis moun pase l, e yo t ap fè plis tan ap fè travay sa a pase l.

15. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou, e poukisa?

15 Si w nan yon travay, mande tèt ou: ‘Èske moun nan travay mwen an konnen m se yon moun ki konn travay di? Èske m fin fè travay mwen nan lè m dwe fin fè l la e èske m fè tout sa m kapab pou m fè l byen?’ Si w ka reponn wi, ebyen, petèt patwon w ap fè w konfyans. Mete sou sa, w ap fè moun k ap suiv ou pi dispoze koute mesaj Wayòm nan. Anrapò ak travay preche ak anseye a, poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske yo konnen m kòm moun ki konn travay di nan sèvis la? Èske m byen prepare lè m pral preche? Èske m retounen vizite moun ki enterese yo san pèdi tan? Èske m patisipe regilyèman nan divès aspè nan sèvis la?’ Si w ka reponn wi, w ap jwenn kè kontan nan travay predikasyon an.

KI JAN W KONSIDERE PRAN REPO?

16. Ki diferans ki gen ant fason Jezi ak apot yo te konsidere pran repo ak fason anpil moun jodi a konsidere pran repo?

16 Jezi te konnen li menm ak apot li yo te bezwen pran yon ti repo pafwa. Sepandan, anpil moun nan epòk Jezi a ak anpil moun jodi a sanble ak mesye rich ki nan egzanp Jezi te bay la. Mesye sa a te di tèt li: “Pran lèz kò w, manje, bwè, epi pran plezi w.” (Lik 12:19; 2 Tim. 3:4). Li te panse sa k pi enpòtan nan lavi a se pran repo ak pran plezi. Yon lòt bò, Jezi ak apot yo pa t konsidere plezi kòm bagay ki pi enpòtan nan lavi yo.

Lè nou fè ekilib ant travay ak repo sa ap pèmèt nou konsantre sou fè bon travay k ap fè kè nou kontan. (Gade paragraf 17) *

17. Ki jan nou sèvi ak tan nou genyen nan moman nou pa nan travay?

17 Jodi a, nou eseye imite Jezi lè nou sèvi ak tan nou genyen nan moman nou pa nan travay, nonsèlman pou nou repoze, men tou, pou nou fè byen lè nou preche lòt moun e lè nou asiste reyinyon yo. Anfèt, pou nou menm, travay fè disip la ak asiste reyinyon yo tèlman enpòtan, sa pouse nou fè tout sa nou kapab pou n patisipe nan aktivite sakre sa yo regilyèman (Ebre 10:24, 25). Menm lè nou an vakans, nou toujou respekte abitid nou genyen pou nou asiste reyinyon yo kèlkeswa kote nou ye, e nou chèche okazyon pou nou pale sou Bib la ak moun nou rankontre. — 2 Tim. 4:2.

18. Ki sa Wa nou an, Kris Jezi, vle nou fè?

18 Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke Wa nou an, Kris Jezi, se yon moun ki rezonab, e li ede nou pou nou fè ekilib ant travay ak repo (Ebre 4:15)! Li vle nou pran kantite repo nou bezwen an. Epitou, li vle nou travay di pou nou pran swen tèt nou e pou n patisipe nan travay fè disip la, yon travay ki bay kè kontan. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine sa Jezi fè pou l libere nou anba yon esklavaj ki rèd anpil.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

^ § 5 Labib aprann nou ki jan pou nou gen ekilib nan fason nou konsidere travay ak repo. Atik sa a pral sèvi ak saba Bondye te bay Izrayelit yo chak semèn nan kòm egzanp pou ede nou egzamine fason nou konsidere travay ak repo.

^ § 10 Disip Jezi yo te tèlman gen gwo respè pou lwa Bondye te bay sou saba a, yo te kanpe sou preparasyon yo t ap fè pou antèman Jezi jiskaske jou saba a te fini. — Lik 23:55, 56.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jozèf k ap mennen fanmi l nan sinagòg la nan jou saba a.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon papa k ap travay pou l pran swen fanmi l, li sèvi ak tan l genyen nan moman l pa nan travay pou l fè aktivite ki gen rapò ak sèvis Bondye, menm lè li menm ak fanmi l pral an vakans.