Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 50

Jewova fè nou jwenn libète

Jewova fè nou jwenn libète

“Nou dwe fè tout moun k ap viv nan peyi a konnen lè liberasyon an rive.” — LEV. 25:10.

KANTIK 22 Wayòm nan deja tabli — Fò l vini!

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki ane yo konn selebre? (Gade kare ki gen tit “ Ki sa ane Liberasyon an te ye?”) b) Jan sa parèt nan Lik 4:16-18, sou ki sijè Jezi te pale?

NAN kèk peyi, gen yon seri fèt espesyal yo konn fè pou selebre 50yèm ane rèy yon wa oswa yon rèn. Fèt yo konn fè pou 50yèm ane sa a konn dire yon jou, yon semèn oswa menm plis. Men, li fini yon lè kanmenm, e byen vit yo bliye tout kè kontan ki te gen nan moman sa a.

2 Nou pral egzamine yon selebrasyon k ap pi bon toujou, l ap pi bon pase fèt yo te konn fè pandan tout yon ane chak 50 an nan Izrayèl tan lontan an. Selebrasyon sa a yo te konn fè nan tan lontan an te pote libète pou Izrayelit yo. Poukisa nou dwe enterese nan selebrasyon sa a jodi a? Se paske ane Liberasyon pèp Izrayèl la te konn selebre a fè n sonje yon bèl dispozisyon Jewova pran pou n gen yon libète depi kounye a k ap dire nètale, yon libète Jezi te pale de li. — Li Lik 4:16-18.

Ane Liberasyon ki te gen ann Izrayèl la te pote anpil kè kontan, paske moun ki te esklav yo te tounen al jwenn fanmi yo e yo te tounen sou tè yo. (Gade paragraf 3) *

3. Selon Levitik 25:8-12, ki jan ane Liberasyon an te pote byenfè pou Izrayelit yo?

3 Nou ka pi byen konprann sa Jezi te vle di lè l te pale de libète a lè nou konsidere dispozisyon Bondye te pran nan tan lontan pou pèp li a gen yon ane Liberasyon. Men sa Jewova te di Izrayelit yo: “Nou dwe konsidere 50yèm ane a kòm yon ane ki sen e nou dwe fè tout moun k ap viv nan peyi a konnen lè liberasyon an rive. Se ap yon ane Liberasyon pou nou. Nou chak dwe tounen sou tè nou e nou chak dwe tounen al jwenn fanmi nou.” (Li Levitik 25:8-12.) Nan atik ki vin anvan an, nou te egzamine fason Izrayelit yo te jwenn byenfè nan saba ki te konn gen chak semèn nan. Men, ki byenfè Izrayelit yo te jwenn nan ane Liberasyon an? Bon, ann sipoze yon Izrayelit te vin gen dèt e sa te fè l oblije vann tè l pou l peye dèt la. Pandan ane Liberasyon an, yo ta dwe remèt li tè l. Kidonk, li t ap ka “tounen sou tè l”, e pitit li yo pa t ap pèdi eritaj li t ap kite pou yo. Men yon lòt sitiyasyon: yon moun ki vin nan sitiyasyon ki difisil te ka oblije vann youn nan pitit li yo, oswa menm tèt li, kòm esklav pou l ka peye dèt li. Pandan ane Liberasyon an, esklav la te dwe “tounen al jwenn fanmi” l. Konsa, pèsonn pa t ap ret esklav nètale san l pa gen espwa pou l jwenn libète! Jewova te vrèman pran ka pèp li a!

4-5. Poukisa dispozisyon pou te gen yon ane Liberasyon nan tan lontan enterese nou jodi a?

4 Ki lòt byenfè ane Liberasyon an te pote? Men sa Jewova te di: “Pèsonn pami nou pa sipoze vin pòv, paske Jewova pap manke pa beni nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj la.” (Det. 15:4). Sa diferan nèt ak sitiyasyon ki gen nan monn nan jodi a, kote byen souvan moun ki rich yo vin pi rich e moun ki pòv yo vin pi pòv!

5 Antanke kretyen, nou pa anba Lwa Moyiz la. Se sa k fè nou pa suiv dispozisyon konsènan ane Liberasyon ki te gen nan tan lontan an kote yo te konn libere esklav, anile dèt epi remèt moun tè yo te gen kòm eritaj (Wom. 7:4; 10:4; Efe. 2:15). Aktout sa, nou gen rezon pou nou tire leson nan ane Liberasyon an. Poukisa? Se paske nou ka benefisye yon libète ki fè nou sonje dispozisyon Jewova te pran pou Izrayelit yo.

JEZI TE FÈ KONNEN PRAL GEN LIBÈTE

6. Anba ki sa lèzòm bezwen jwenn libète?

6 Nou tout bezwen jwenn libète paske nou nan yon esklavaj ki terib: nou esklav peche. Lefètke nou peche, sa fè nou vyeyi, nou malad e nou mouri. Anpil moun wè sa byen klè lè yo gade figi yo nan glas oswa lè y al kay doktè lè yo malad. Epitou, nou konn santi nou dekouraje lè nou fè peche. Apot Pòl te fè konnen yo te “mennen [l] kòm prizonye bay lalwa peche ki nan kò” l la. Apre sa, li di: “Ala mizè pou mwen! Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a?” — Wom. 7:23, 24.

7. Ki pwofesi Ezayi te bay konsènan libète?

7 Erezman, Bondye te pran dispozisyon pou nou jwenn delivrans, oswa libète anba peche. Se Jezi ki pèmèt nou jwenn libète sa a. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, pwofèt Ezayi te anonse yon gwo liberasyon ki t ap genyen alavni. Gwo liberasyon sa a t ap pi bon lontan pase ane Liberasyon nan Izrayèl tan lontan an. Men sa li te ekri: “Lespri Jewova, Seyè ki Souvren an, sou mwen, paske Jewova chwazi m pou m anonse moun ki gen imilite yo bon nouvèl la. Li voye m pou m panse moun kè yo ap fann yo, pou m fè prizonye yo konnen y ap lib.” (Eza. 61:1). Sou kiyès pwofesi sa a reyalize?

8. Sou kiyès pwofesi Ezayi te bay konsènan liberasyon an reyalize?

8 Pwofesi enpòtan sa a ki gen rapò ak liberasyon te kòmanse akonpli apre Jezi te kòmanse sèvis li. Lè Jezi t al nan sinagòg ki te nan vil Nazarèt la, kote l te grandi a, li te li pawòl sa yo pwofèt Ezayi te ekri yo pou Juif ki te la yo. Jezi te fè konnen pawòl ki vin annapre yo te reyalize sou li. Li te di: “Lespri Jewova sou mwen, paske li chwazi m pou m anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la. Li voye m pou m fè prizonye yo konnen y ap lib e pou m fè avèg yo konnen y ap wè ankò. Li voye m pou m libere moun y ap toupizi yo, pou m preche konsènan ane Jewova apwouve a.” (Lik 4:16-19). Ki jan Jezi te akonpli pwofesi sa a?

PREMYE MOUN K AP JWENN LIBÈTE

Nan sinagòg Nazarèt la, Jezi fè konnen pral gen libète. (Gade paragraf 8-9)

9. Ki kalite libète anpil moun nan epòk Jezi a te espere jwenn?

9 Se nan premye syèk la moun te kòmanse jwenn libète Ezayi te anonse a, ki te nan pwofesi Jezi te li a. Jezi te fè konn sa lè l te di: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a nou sot tande la a akonpli.” (Lik 4:21). Petèt anpil moun ki te tande sa Jezi te li yo te espere ap gen chanjman nan domèn politik, pou yo ka libere anba dominasyon Wòm. Petèt yo te santi yo tankou de mesye ki te di: “Nou te gen espwa se mesye sa a ki t apral delivre Izrayèl.” (Lik 24:13, 21). Men, nou konnen Jezi pa t ankouraje disip li yo pou yo revòlte kont dominasyon Women yo ki te rèd anpil. Okontrè, li te mande yo pou yo “bay Seza sa k pou Seza”. (Mat. 22:21.) Bon, ki jan Jezi te fè moun yo jwenn libète nan epòk sa a?

10. Anba ki sa Jezi te libere moun yo?

10 Pitit Bondye a te vin ede moun yo jwenn libète de fason. Premyèman, Jezi te pèmèt moun yo jwenn libète anba doktrin ki te rèd anpil chèf relijye yo te konn anseye yo. Anpil Juif nan epòk sa a te esklav yon seri tradisyon e yo te gen yon seri fo kwayans (Mat. 5:31-37; 15:1-11). Moun ki te sipoze ede moun yo sèvi Bondye pa t fè sa vre, se kòmsi yo te avèg. Lefètke yo te rejte Mesi a ak verite li te anseye yo, yo te rete nan fènwa e yo pa t jwenn padon pou peche yo (Jan 9:1, 14-16, 35-41). Grasa ansèyman ki kòrèk ak bon egzanp Jezi te bay, li te fè moun ki gen imilite yo konnen ki jan yo ka libere anba fo ansèyman yo. — Mak 1:22; 2:23–3:5.

11. Ki dezyèm fason Jezi te fè moun jwenn libète?

11 Dezyèm fason Jezi te bay libète se lefètke l te fè limanite jwenn posiblite pou yo libere anba esklavaj peche yo eritye a. Sou baz sakrifis Jezi a, Bondye ka padone peche moun ki montre yo gen lafwa e ki aksepte ranson Li bay la (Ebre 10:12-18). Men sa Jezi te di: “Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon.” (Jan 8:36). Se sèten libète sa a pi gwo lontan pase libète Izrayelit yo te konn jwenn pandan ane Liberasyon an! Pa egzanp, yon moun ki te libere anba esklavaj pandan ane Liberasyon an te ka vin esklav ankò, e rive yon lè li t ap mouri.

12. Ki premye moun ki benefisye libète Jezi te anonse a?

12 Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te vide lespri sen sou apot yo ansanm ak lòt moun ki fidèl. Li te adopte yo kòm pitit li pou lè moman an rive yo ka resisite pou y al dirije nan syèl la ansanm ak Jezi (Wom. 8:2, 15-17). Se premye moun ki te benefisye libète Jezi te anonse nan sinagòg Nazarèt la. Moun sa yo te sispann esklav fo ansèyman chèf relijye yo ansanm ak koutim yo te konn suiv ki te depaman ak Pawòl Bondye a. Epitou, pou Bondye, yo te libere anba peche ki mennen nan lanmò. Ane Liberasyon senbolik ki te kòmanse lè disip Kris yo te resevwa lespri sen nan ane 33 epòk nou an ap fini nan fen Rèy mil an Jezi a. Ki bon bagay ki pral rive ant kounye a ak lè sa a?

PLIZYÈ MILYON LÒT MOUN PRAL JWENN LIBÈTE

13-14. Anplis kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ki moun ki ka jwenn libète Jezi te fè konnen ap genyen an?

13 Nan epòk nou an, plizyè milyon moun sensè ki soti nan tout nasyon fè pati “lòt mouton” yo (Jan 10:16). Bondye pa t chwazi yo pou y al dirije ak Jezi nan syèl la. Men, Bib la pèmèt yo gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Èske se esperans sa a ou genyen tou?

14 Depi kounye a, ou jwenn kèk nan byenfè moun ki pral fè pati Wayòm Bondye a nan syèl la ap jwi. Lefètke w gen lafwa nan san Jezi ki te koule a, ou ka mande Bondye padon pou peche w yo. Sa vin fè w gen favè Bondye ak yon bon konsyans (Efe. 1:7; Rev. 7:14, 15). Fè yon ti reflechi tou ak benediksyon w jwenn lefètke w libere anba yon seri kwayans ou te gen depi lontan ki pa baze sou Bib la. Men sa Jezi te di: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:32). Se pa ti kontan n kontan gen libète sa a!

15. Ki kalite libète ak benediksyon nou ka gen espwa n ap jwenn alavni?

15 Ou ka gen espwa ou pral jwenn plis libète. Talè konsa, Jezi pral aji yon fason ki fèm pou l elimine fo relijyon ak gouvènman lèzòm yo ki kòwonpi. Bondye pral pwoteje “yon gwo foul moun” k ap sèvi l e annapre l ap pèmèt yo jwenn benediksyon sou tè a k ap vin yon paradi (Rev. 7:9, 14). Yon pakèt moun pral resisite e y ap gen posiblite pou yo libere anba tout konsekans peche Adan an. — Tra. 24:15.

16. Ki gwo liberasyon lèzòm pral benefisye alavni?

16 Pandan Rèy mil an an, Jezi ansanm ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral ede limanite vin pafè ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl. Moman reparasyon ak liberasyon sa a ap sanble ak ane Liberasyon ki te gen ann Izrayèl la. Konsa, tout moun sou tè a k ap sèvi Jewova fidèlman pral vin pafè, y ap libere anba peche.

Nan monn nouvo a, n ap kontan fè travay ki itil e ki bay satisfaksyon. (Gade paragraf 17)

17. Ki sa Ezayi 65:21-23 anonse pou sèvitè Bondye yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

17 Gen yon pwofesi ki esplike fason lavi a pral ye sou tè a nan Ezayi 65:21-23. (Li vèsè yo.) Lavi sa a se pa yon lavi ki pral raz. Okontrè, Labib fè konnen sèvitè Bondye yo nan epòk sa a pral fè travay k ap itil e k ap ba yo satisfaksyon. Nan fen Rèy mil an an, nou ka sèten “kreyasyon an li menm tou pral libere anba esklavaj yon kò k ap depafini e li pral gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. — Women 8:21.

18. Sa k fè nou ka gen asirans gen yon bèl avni k ap tann nou?

18 Menm jan Jewova te pran dispozisyon pou Izrayelit yo fè ekilib ant travay ak repo, se menm bagay la tou li pral fè pou pèp li a pandan Rèy mil an Kris la. Se sèten, pral gen tan ki rezève pou moun adore Bondye. Pou nou ka gen kè kontan jodi a, li enpòtan anpil pou n adore Bondye, e se konsa tou sa pral ye nan monn nouvo a. Wi, nou gen bonjan rezon pou nou kontan pou bon travay ak aktivite espirityèl k ap tann nou lè moun ki gen lafwa yo pral kontan viv pandan Rèy mil an Kris la.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

^ § 5 Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te pran yon dispozisyon espesyal pou l bay libète. Se te ane Liberasyon an. Antanke kretyen, nou pa anba Lwa Moyiz la, epoutan, ane Liberasyon an gen yon sans pou nou. Nan atik sa a, nou pral wè fason ane Liberasyon an fè nou sonje yon dispozisyon Jewova pran an favè nou ak fason nou ka jwenn byenfè grasa dispozisyon sa a.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan ane Liberasyon an, yo te libere gason ki te esklav yo, yo te ka tounen al jwenn fanmi yo e yo te ka tounen sou tè yo.