Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 52

Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova

Paran, bay pitit ou fòmasyon pou yo renmen Jewova

“Pitit se eritaj Jewova bay.” — SÒM 127:3, nòt.

KANTIK 134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki responsablite Jewova bay paran yo?

JEWOVA te kreye premye mesyedam yo ak anvi pou yo fè pitit. Bib la gen rezon lè l di: “Pitit se eritaj Jewova bay.” (Sòm 127:3, nòt). Sa sa vle di? Imajine w gen yon bon zanmi w ki mande w pou w kenbe yon gwo kantite kòb pou li. Ki jan w t ap santi w? Sandout, ou t ap santi se yon onè li fè w lefètke li fè w konfyans. Men, ou ka ap reflechi pou w konnen ki jan w ap fè pou w pwoteje kòb la. Jewova, pi bon Zanmi nou an, konfye paran yo yon bagay ki gen plis valè lontan pase lajan. Li ba yo responsablite pou yo byen pran swen timoun yo e pou ede yo gen kè kontan.

2. Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Kiyès ki ta dwe deside si yon mari ak madanm li ap fè pitit e ki lè yo ta dwe fè sa? E ki sa paran yo ka fè pou yo ede pitit yo gen kè kontan? Ann egzamine kèk prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a ki ka ede mari ak madanm ki kretyen yo pou yo pran bonjan desizyon.

RESPEKTE DESIZYON MARI AK MADANM NAN PRAN

3. a) Kiyès ki ta dwe deside si yon mari ak madanm li ap fè pitit? b) Ki prensip biblik zanmi ak fanmi de moun ki marye ta dwe sonje?

3 Nan kèk kilti, yo atann pou moun ki fèk marye yo kòmanse fè pitit tousuit. Fanmi yo ak lòt moun ka menm ba yo presyon pou yo suiv koutim sa a. Gen yon frè ann Azi ki rele Jethro ki di: “Nan kongregasyon m nan, gen kèk moun ki gen pitit k ap fè presyon sou mari ak madanm ki pa gen pitit yo pou yo fè pitit.” Men sa yon lòt frè ann Azi ki rele Jeffrey fè konnen: “Gen moun ki di mari ak madanm ki pa fè pitit yo yo pap gen pèsonn pou pran swen yo lè yo vin granmoun.” Men, se chak mari ak madanm ki dwe deside si y ap fè pitit. Se yo menm ki dwe deside, se responsablite pa yo (Gal. 6:5, nòt). Li nòmal pou zanmi ak fanmi de moun ki fèk marye ta renmen yo gen kè kontan. Men, tout moun bezwen sonje se moun ki marye yo ki gen dwa deside si y ap fè pitit oswa si yo pap fè. — 1 Tes. 4:11.

4-5. Ki de kesyon moun ki marye yo bezwen egzamine, e ki lè ki pi bon pou yo pale sou kesyon sa yo? Esplike.

4 De moun ki deside fè pitit ta dwe reflechi sou de kesyon enpòtan ki vin annapre yo: Premyèman, ki lè yo vle fè pitit? Dezyèmman, konbyen pitit yo vle fè? Ki pi bon lè pou de moun pale sou sa? E poukisa de kesyon sa yo enpòtan anpil konsa?

5 Nan pi fò ka, anvan de moun marye, li ta bon pou yo pale sou kesyon fè pitit la. Poukisa? Youn nan rezon ki fè sa se paske li enpòtan pou yo antann yo sou kesyon sa a. Mete sou sa, y ap bezwen wè si yo pare pou responsablite sa a. Gen kèk moun ki deside tann omwen ennan oswa dezan apre maryaj yo anvan yo fè pitit paske leve timoun pran anpil tan ak enèji. Yo di tèt yo sa ap pèmèt yo jwenn tan pou youn abitye ak lòt antanke mari ak madanm e pou yo vin pi pwòch youn ak lòt. — Efe. 5:33.

6. Ki desizyon kèk moun ki marye pran akoz n ap viv nan tan ki difisil?

6 Gen lòt kretyen ki chwazi suiv egzanp twa pitit gason Noye yo ansanm ak madanm yo. Mesyedam sa yo pa t fè pitit tousuit (Jen. 6:18; 9:18, 19; 10:1; 2 Pyè 2:5). Jezi te konpare epòk nou an ak “epòk Noye a” e pa gen dout, n ap viv nan “tan [ki] di [e ki] difisil pou moun sipòte”. (Mat. 24:37; 2 Tim. 3:1.) Gen kèk mari ak madanm, lè yo sonje sa, ki deside pa fè pitit tousuit pou yo ka pase plis tan nan sèvis Jewova a.

Mari ak madanm ki gen sajès yo “kalkile konbyen sa ap koute” lè y ap deside si y ap fè pitit e konbyen pitit y ap fè. (Gade paragraf 7) *

7. Ki jan prensip nou jwenn nan Lik 14:28, 29 ak nan Pwovèb 21:5 ka ede yon mari ak madanm li?

7 Mari ak madanm ki gen sajès yo “kalkile konbyen sa ap koute” lè y ap deside si y ap fè pitit e konbyen pitit y ap fè. (Li Lik 14:28, 29.) Paran ki gen eksperyans yo konnen nonsèlman sa koute anpil kòb pou moun leve timoun, men tou, sa mande tan ak enèji. Se sa k fè li enpòtan pou yon mari ak madanm li reflechi sou yon seri kesyon tankou: ‘Èske se nou toule de k ap bezwen al travay pou bay fanmi an sa ki nesesè yo? Èske nou dakò sou “sa ki nesesè” pou fanmi an? Si nou toule de bezwen al travay, kiyès k ap avèk timoun yo? Kiyès k ap enfliyanse panse yo ak aksyon yo?’ Lè mari ak madanm yo pran tan pou yo pale sou kesyon sa yo yon fason ki kalm, yo fè sa Pwovèb 21:5 di a. — Li vèsè a.

Yon mari ki renmen madanm li ap fè sa l kapab pou l ede l. (Gade paragraf 8)

8. Ki difikilte mari ak madanm ki kretyen yo ka atann y ap jwenn, e ki sa yon mari ki gen lanmou ap fè?

8 Yon timoun bezwen ni papa l ni manman l pase anpil tan avè l, paran yo dwe fè anpil efò pou sa e timoun nan merite sa. Donk, si timoun yo fèt youn dèyè lòt, paran yo ka twouve l difisil pou yo bay chak timoun atansyon yo bezwen. Gen kèk mari ak madanm ki gen plizyè timoun piti ki fè konnen yo santi chay la twòp pou yo. Yon manman gendwa toujou santi l fatige anpil e li santi l about. Li ka tèlman fatige, li pa gen fòs pou l etidye, pou l priye e pou l preche regilyèman. Li ka difisil tou pou l konsantre nan reyinyon yo e pou l byen pwofite yo. Natirèlman, yon mari ki renmen madanm li ap fè sa l kapab pou l ede l pran swen timoun yo, ni lè yo nan reyinyon, ni lè yo lakay. Pa egzanp, li ka ede madanm li fè travay nan kay la. L ap bat pou adorasyon an fanmi an fèt regilyèman e pou tout moun ka byen pwofite. Papa ki kretyen yo pral preche regilyèman ansanm ak fanmi yo.

APRANN PITIT OU RENMEN JEWOVA

9-10. Ki sa paran yo dwe fè pou yo ede pitit yo?

9 Ki bagay konsa paran yo ka fè pou ede pitit yo aprann renmen Jewova? Ki jan yo ka pwoteje pitit yo kont danje ki gen nan domèn moral? Ann egzamine kèk etap paran yo ka suiv.

10 Priye Jewova pou l ede w. Fè yon ti reflechi sou egzanp Manowa ak madanm li anvan yo te fè Samson. Lè Manowa te aprann li menm ak madanm li pral gen yon pitit gason, li te sipliye Jewova pou l ede l konn ki jan pou l leve pitit la.

11. Ki jan paran yo ka imite egzanp Manowa, jan sa parèt nan Jij 13:8?

11 Nihad ak Alma ki soti Bosni Èzegovin te aprann nan egzanp Manowa. Men sa yo di: “Menm jan ak Manowa, nou te sipliye Jewova pou l fè nou konnen ki jan pou n byen leve pitit nou. E Jewova te reponn priyè nou divès fason: pa mwayen Bib la, piblikasyon ki baze sou Bib la, reyinyon yo ak kongrè yo.” — Li Jij 13:8.

12. Ki egzanp Jozèf ak Mari te bay pitit yo?

12 Bay bon egzanp. Sa w di enpòtan, men, sa w fè ka gen pi gwo efè sou pitit ou. Se sèten Jozèf ak Mari te bay pitit yo, san wete Jezi, bonjan egzanp. Jozèf te travay di pou l pran swen fanmi l. Mete sou sa, Jozèf te ankouraje moun lakay li pou yo bay adorasyon Jewova a anpil enpòtans (Det. 4:9, 10). Byenke Lalwa pa t mande pou mari yo mennen fanmi yo avèk yo Jerizalèm “chak ane” pou patisipe nan fèt Pak la, Jozèf te fè sa (Lik 2:41, 42). Gen kèk papa nan epòk sa a ki te ka twouve vwayaje ak tout yon fanmi se yon bagay ki difisil, ki pran anpil tan e ki koute anpil kòb. Epoutan, tout moun te ka wè Jozèf se yon moun ki renmen Jewova e ki aprann pitit li fè menm jan an. Mari te byen konn Ekriti yo tou. Pa gen dout, li te anseye pitit li yo pou yo renmen Pawòl Bondye a, li te fè sa ni nan pawòl li ni nan aksyon l.

13. Ki jan yon mari ak madanm li te suiv egzanp Jozèf ak Mari?

13 Nihad ak Alma, nou te pale de yo pi wo a, te vle suiv egzanp Jozèf ak Mari. Ki jan sa te ede yo leve pitit gason yo a yon fason pou l renmen Bondye e pou l sèvi l? Men sa yo di: “Nou te bay pitit gason nou an egzanp, nou te eseye montre l jan sa bon lè nou viv ann amoni ak prensip Jewova yo.” Men sa Nihad te di ankò: “Se pou w vin kalite moun ou ta renmen pitit ou ye a.”

14. Poukisa paran yo bezwen konnen kiyès ki zanmi pitit yo?

14 Ede pitit ou chwazi bon zanmi. Ni manman ni papa bezwen konnen ki moun ki zanmi pitit yo e ki sa y ap fè. Sa mande pou paran yo konnen tou ak ki moun timoun yo ap kominike sou rezo sosyal yo ak sou telefòn yo. Zanmi sa yo ka gen efè sou fason timoun yo panse ak fason yo aji. — 1 Kor. 15:33.

15. Ki sa paran yo ka aprann nan egzanp Jessie?

15 Ki sa paran yo ka fè si yo pa twò fò nan sèvi ak òdinatè oswa aparèy mobil? Men sa Jessie, yon papa nan peyi Filipin, di: “Nou pa t konn anpil bagay nan zafè teknoloji. Men, sa pa t anpeche nou fè timoun nou yo konnen danje ki ka genyen nan fason y ap sèvi ak aparèy elektwonik yo.” Jessie pa t entèdi pitit li sèvi ak aparèy sa yo senpleman paske li menm li pa t abitye avèk yo. Men sa l di: “Mwen te ankouraje pitit mwen yo pou yo sèvi ak aparèy elektwonik yo pou yo aprann yon nouvo lang, pou yo fè rechèch pou reyinyon yo e pou yo li Labib chak jou.” Si w se yon paran, èske w li konsèy ekilibre sou voye mesaj tèks ak pataje foto sou Entènèt ki nan seksyon “Jèn yo” ki sou jw.org® epi w pale sou sa ak pitit ou? Èske w gade videyo Kiyès ki gen kontwòl la: Ou menm oswa aparèy la? ak videyo Byen sèvi ak rezo sosyal yo ansanm avèk yo *? Zouti sa yo ka ede w anpil pou w ede pitit ou aprann fason pou yo byen sèvi ak aparèy elektwonik yo. — Pwo. 13:20.

16. Ki sa anpil paran fè, e ki rezilta sa bay?

16 Gen anpil paran ki fè efò pou fè pitit yo pase tan ak moun ki bay bon egzanp nan sèvis Bondye. Pa egzanp, N’Déni ak Bomine, yon mari ak madanm k ap viv Kotdivwa, souvan envite siveyan sikonskripsyon an loje lakay yo. Men sa N’Déni fè konnen: “Sa te gen yon bon efè sou pitit gason nou an. Li te vin pyonye e kounye a l ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon ranplasan.” Èske w ka fè menm bagay la pou pitit ou?

17-18. Ki lè paran yo dwe kòmanse bay pitit yo fòmasyon?

17 Kòmanse bay timoun yo fòmasyon byen bonè. Sa ap pi bon pou timoun yo lè paran yo kòmanse ba yo fòmasyon byen bonè (Pwo. 22:6). Ann pran egzanp Timote ki te vin ap vwayaje ak apot Pòl. Enis, manman Timote, ak Loyis, grann li, te ba l fòmasyon “depi [l] toupiti”. — 2 Tim. 1:5; 3:15.

18 Jean-Claude ak Peace, yon lòt mari ak madanm ki soti Kotdivwa, te rive leve toule sis pitit yo genyen yo yon fason pou yo renmen Jewova e pou yo sèvi l. Ki sa k te ede yo reyisi? Yo te suiv egzanp Enis ak Loyis. Men sa yo di: “Nou te antre Pawòl Bondye a nan kè pitit nou yo depi yo toupiti, nou te kòmanse fè sa tousuit apre yo fin fèt.” — Det. 6:6, 7.

19. Ki sa sa mande pou w fè Pawòl Bondye a antre nan kè pitit ou?

19 Ki sa “antre” Pawòl Jewova a “nan kè” pitit ou vle di? “Antre nan kè” vle di “anseye epi grave nan kè grasa repetisyon ki fèt souvan”. Pou paran yo rive fè sa, yo bezwen pase tan ak timoun yo regilyèman. Pafwa paran yo ka dekouraje akoz yo oblije repete menm bagay yo. Men, paran yo ka fè tout sa yo kapab pou yo konsidere sa kòm yon mwayen pou yo ede pitit yo konprann Pawòl Bondye a e pou yo aplike l.

Paran yo bezwen konnen fason pou yo fòme chak pitit yo genyen. (Gade paragraf 20) *

20. Esplike fason Sòm 127:4 ka itil paran yo lè y ap leve pitit yo.

20 Chèche konn pitit ou byen. Sòm 127 konpare timoun ak flèch. (Li Sòm 127:4.) Menm jan yo ka fè flèch ak plizyè kalite materyo e yo ka gen plizyè gwosè, pa gen de timoun ki menm. Se sa k fè paran yo bezwen konnen fason pou yo fòme chak pitit yo genyen. Gen yon mari ak madanm li k ap viv nan peyi Izrayèl ki te esplike sa ki te ede yo leve de pitit yo genyen pou yo sèvi Jewova. Men sa yo di: “Nou te etidye Labib ak chak timoun yo apa.” Natirèlman, se chak chèf fanmi k ap deside si l nesesè oswa si l posib pou yo etidye ak pitit yo fason sa a.

JEWOVA AP EDE W

21. Ki èd paran yo ka atann y ap jwenn nan men Jewova?

21 Pafwa, paran yo ka twouve l twò difisil pou yo anseye pitit yo, men yo bezwen sonje timoun yo se kado Jewova bay. Li toujou la pou ede yo. Li dispoze koute priyè paran yo. Epi, li reponn priyè sa yo pa mwayen Bib la, piblikasyon nou yo ansanm ak egzanp ak konsèy paran ki gen matirite ki nan kongregasyon an bay.

22. Ki pi bon bagay paran yo ka bay pitit yo?

22 Yo fè konnen pou leve yon timoun se yon pwojè k ap pran 20 an, men paran yo pa janm sispann paran vre. Pi bon bagay yo ka bay pitit yo se lanmou, tan ak fòmasyon ki baze sou Bib la. Tout timoun pa reyaji menm jan devan fòmasyon yo resevwa. Men, gen anpil ladan yo paran yo renmen Jewova e yo leve yo nan laverite ki santi yo menm jan ak Joanna Mae, yon sè k ap viv ann Azi, ki di: “Lè m sonje fòmasyon m te resevwa nan men paran m, mwen gen anpil rekonesans dèske yo te konn ban m disiplin e yo te aprann mwen renmen Jewova. Yo pa t annik ban m lavi, yo te ban m yon lavi ki gen anpil sans.” (Pwo. 23:24, 25). Gen plizyè milyon kretyen ki ta ka di menm bagay la tou.

KANTIK 59 Louwe Bondye!

^ § 5 Èske yon mari ak madanm li ta dwe fè pitit? Si y ap fè, konbyen pitit yo ta dwe fè? E ki jan yo ka bay pitit yo fòmasyon pou yo renmen Jewova e pou yo sèvi l? Atik sa a sèvi ak egzanp kèk moun nan epòk nou an e li atire atansyon nou sou kèk prensip biblik ki ka ede nou jwenn repons kesyon sa yo.

^ § 15 Gade liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1, chapit 36, ak volim 2, chapit 11.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki kretyen k ap pale pou yo konnen si y ap fè pitit, y ap reflechi sou jwa ak responsablite ki gen nan sa.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm li k ap fè etid ak chak pitit yo apa paske timoun yo pa gen menm laj ak menm kapasite.