Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li chak Toudegad ki te parèt ane sa a? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki jan nou dwe wè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo?

Nou apresye lafwa yo genyen, men, nou pa ba yo twòp atansyon. Nou evite “flate moun”. (Jid 16.) Nou pa poze yo kesyon sou esperans yo genyen an. — w20.01, paj 29.

Ki sa k ta dwe konvenk ou Jewova wè w pèsonèlman?

Bib la fè konnen li te wè w depi anvan w fèt. Epi, li tande priyè w. Li konn sa k nan panse w ak sa k nan kè w, e fason w aji gen efè sou li (1 Kwo. 28:9; Pwo. 27:11). Li rale w vin jwenn li. — w20.02, paj 12.

Ki egzanp ki montre lè pou nou pale ak lè pou nou pa pale?

Nou kontan pale de Jewova. Nou pale si nou wè yon moun sou yon move pant. Ansyen yo pale pou yo bay konsèy si sa nesesè. Nou pa pale pou n jwenn (oswa pou n bay) enfòmasyon sou aktivite nou nan peyi kote yo entèdi travay nou an. Nou pa devwale enfòmasyon ki konfidansyèl. — w20.03, paj 20-21.

Ki diferans ki gen ant krikèt ki nan Jowèl chapit 2 yo ak sa ki nan Revelasyon chapit 9 yo?

Jowèl 2:20-29 di Bondye fè krikèt yo ale e li pwomèt l ap repare ravaj yo fè yo. Apre sa, Bondye vide lespri l. Sa te reyalize lè lame peyi Babilòn nan te anvayi peyi Izrayèl e kèk tan annapre. Revelasyon 9:1-11 pale de moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki tankou krikèt nan epòk nou an pandan y ap pwoklame jijman Bondye yo kont sistèm mechan sa a, sa fè moun k ap soutni sistèm nan pa santi yo alèz menm. — w20.04, paj 3-6.

Kiyès ki wa nò a jodi a?

Larisi ak patizan l yo. Yo atake pèp Bondye a lè yo entèdi travay predikasyon an e yo montre yo rayi Temwen yo. Wa nò a nan konpetisyon ak wa sid la. — w20.05, paj 13.

Èske se nèf kalite yo site nan Galat 5:22, 23 yo sèlman ki fè pati “fwi lespri a”?

Non. Lespri sen ede nou pou n vin gen lòt bèl kalite, tankou jistis (Efe. 5:8, 9). — w20.06, paj 17.

Ki danje ki genyen lè nou poste aktivite n ap fè sou Entènèt?

Sa nou poste yo ka bay enpresyon nou pran tèt nou pou yon pakèt afè, sa pa montre nou gen imilite. — w20.07, paj 6-7.

Ki sa kretyen yo ka aprann nan men pechè pwason ki gen eksperyans yo?

Yo travay nan lè ak kote li pi fasil pou yo jwenn pwason. Yo aprann fason pou yo sèvi ak bonjan ekipman yo genyen. Yo met kouraj sou yo pou yo travay menm lè sitiyasyon yo pa fasil. Nou ka fè menm jan an lè n ap preche. — w20.09, paj 5.

Ki fason nou kapab ede etidyan Labib yo vin gen plis lanmou pou Jewova?

Nou ka ankouraje yo li Labib chak jou epi medite sou sa yo li yo. E nou ka aprann yo fason pou yo priye. — w20.11, paj 4.

Kiyès ki pami moun yo di: “Nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi”? — 1 Kor. 15:22.

Apot Pòl pa t di tout moun t ap resisite. Li t ap pale de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, yo menm Bondye fè vin “sen ann inyon avèk Kris Jezi”. (1 Kor. 1:2; 15:18.) — w20.12, paj 5-6.

Ki sa moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral fè apre yo fin ‘chanje nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la’? — 1 Kor. 15:51-53.

Yo pral met ansanm ak Kris pou yo dirije nasyon yo ak yon baton fè (Rev. 2:26, 27). — w20.12, paj 12-13.