Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske pawòl apot Pòl te di nou jwenn nan 1 Korentyen 15:29 la vle di gen kèk kretyen nan epòk li a ki te batize pou moun ki mouri?

Repons lan se non. Ni Bib la ni listwa pa montre sa te konn fèt.

Fason yo tradui vèsè sa a nan plizyè Bib fè kèk moun panse, nan epòk Pòl la, gen moun yo te konn batize nan dlo pou moun ki mouri. Pa egzanp, men sa yon tradiksyon Labib fè konnen: “Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?” — Bib la.

Sepandan, gade ki kòmantè de biblis fè. Dr. Gregory Lockwood te di pa gen okenn prèv nan Bib la oswa nan listwa ki montre yo te konn batize moun pou moun ki mouri. Menm jan an tou, pwofesè Gordon D. Fee te ekri: “Ni listwa ni Labib pa montre batèm konsa te konn fèt. N[ouvo] T[estaman] an pa di anyen sou sa.” Pwofesè Gordon D. Fee fè konnen tou pa gen okenn prèv ki montre ni premye kretyen yo ni legliz ki te vin fòme yon ti tan apre apot yo fin mouri te konn fè sa.

Dapre sa Labib fè konnen, disip Jezi yo t ap gen pou yo “fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay” li te ba yo lòd pou yo fè yo (Mat. 28:19, 20). Anvan yon moun te vin yon disip ki batize, li te bezwen aprann konnen Jewova ak Pitit Gason l lan, li te bezwen kwè nan yo epi obeyi yo. Yon moun ki te deja mouri e ki te nan tonm pa t ap ka fè sa, e yon kretyen ki vivan pa t ap ka fè sa pou moun nan. — Ekl. 9:5, 10; Jan 4:1; 1 Kor. 1:14-16.

Ki sa Pòl te vle di menm?

Gen kèk moun nan vil Korent ki te konn di moun mouri pap resisite (1 Kor. 15:12). Pòl te montre yo te nan erè. Ki jan? Li te fè konnen se “chak jou [li] fè fas ak lanmò”. Nòmalman li te toujou vivan. Men, malgre li t ap fè fas ak anpil danje, li te gen konviksyon lè l mouri l ap resisite antanke yon espri ki pisan menm jan ak Jezi. — 1 Kor. 15:30-32, 42-44.

Kretyen nan vil Korent yo te bezwen rann yo kont, lefètke yo se moun Bondye chwazi pou al nan syèl, yo t ap gen pou yo fè fas ak eprèv chak jou e yo ta dwe mouri anvan yo benefisye rezirèksyon an. Lè yo “te batize nan Kris Jezi”, yo “te batize nan lanmò li” tou (Wom. 6:3). Batèm senbolik yo te resevwa a te fè yo antre nan yon kous ki t ap mennen nan lanmò toutbon pou yo ka resisite pou lavi nan syèl la.

Plis pase dezan apre Jezi te fin batize nan dlo, li te di de nan apot li yo: “Batèm mwen pral resevwa a, nou pral resevwa l.” ​(Mak 10:38, 39). Lè Jezi te di sa a, li pa t ap pale de batèm nan dlo. Li te vle di, lefètke li te kontinye ret fidèl, sa t ap mennen nan lanmò l. Dapre sa Pòl te ekri, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo t ap gen pou yo “soufri avèk [Kris] pou [yo] ka jwenn glwa ansanm avèk li tou”. (Wom. 8:16, 17; 2 Kor. 4:17.) Donk, yo menm tou yo t ap gen pou yo mouri pou yo ka resisite pou lavi nan syèl la.

Kidonk, men ki jan egzakteman nou kapab tradui deklarasyon Pòl te fè a: “Si se pa t sa, ki sa moun ki batize pou yo mouri yo konprann y ap fè la a? Si moun mouri pap janm leve, pou ki rezon moun sa yo ap batize pou yo mouri?”