Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 52

Ann ede lòt moun pou yo andire nan moman difisil

Ann ede lòt moun pou yo andire nan moman difisil

“Pa refize fè byen pou moun ki bezwen w fè sa pou yo, depi w kapab fè sa.” — PWO. 3:27.

KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay

SA NOU PRAL WÈ a

1. Byen souvan, ki jan Jewova reponn priyè sèvitè l yo?

 ÈSKE W te konnen Jewova kapab sèvi avè w pou l reponn priyè yon moun fè ak tout kè l? Ou kapab ede lòt moun, kit ou se yon ansyen, yon sèvitè ministeryèl, yon pyonye oswa yon pwoklamatè. Ou kapab fè sa tou, kit ou jèn kit ou granmoun, oubyen tou kit ou se yon frè oswa yon sè. Lè yon moun ki renmen Jewova rele l pou l mande l ede l, byen souvan, Bondye nou an konn sèvi ak ansyen yo e ak lòt sèvitè ki fidèl pou yo vin tounen “yon gwo rekonfò” pou moun sa a (Kol. 4:11). Se pa ti kontan nou kontan sèvi Jewova fason sa a e pou n ede frè n ak sè n yo nan sans sa a! Petèt nou kapab fè sa lè gen yon epidemi, yon katastwòf oswa lè gen pèsekisyon.

EDE LÒT MOUN LÈ GEN YON EPIDEMI

2. Poukisa l ka difisil pou n ede lòt moun lè gen yon epidemi?

2 Lè gen yon epidemi, li ka difisil pou n ede youn lòt. Pa egzanp, petèt nou ta renmen vizite zanmi nou, men, si n fè sa, nou ka met lavi n oswa lavi yo an danje. Nou gendwa ta renmen envite moun afè yo pa fin twò bon vin manje yon ti manje avè n, men li pa posib pou n fè sa tou. Petèt nou ta renmen ede lòt moun, men sa ka pa fasil si gen moun nan fanmi nou k ap soufri. Aktout sa, nou vle ede frè n ak sè n yo, e Jewova kontan lè n fè sa n kapab pou n ede yo (Pwo. 3:27; 19:17). Ki sa nou kapab fè?

3. Ki sa n ka aprann nan egzanp ansyen nan kongregasyon Desi te ye a? (Jeremi 23:4).

3 Sa ansyen yo kapab fè. Si w se yon ansyen, chèche konn mouton yo byen. (Li Jeremi 23:4.) Desi, sè nou te pale de li nan atik anvan an, di: “Ansyen ki nan gwoup predikasyon m ye a te toujou konn patisipe nan travay predikasyon an ansanm avè m e ak lòt frè ak sè yo e yo te konn pase ti tan ak nou.” b Efò bèje sa yo te fè te fè l pi fasil pou yo ede Desi lè pandemi COVID-19 la te kòmanse e lè viris la te touye kèk moun nan fanmi l.

4. Ki jan ansyen yo te rive ede Desi, e ki leson yo ka aprann?

4 Men sa Desi di: “Lefètke m te deja konnen ansyen yo se zanmi m, li te pi fasil pou m te di yo jan m santi m e ki sa ki t ap trakase m.” Ki leson ansyen yo ka aprann? Ansyen yo bezwen montre yo gen sousi pou frè ak sè yo anvan gen yon gwo pwoblèm. Yo bezwen vin zanmi yo. Si vin gen yon epidemi ki fè w pa ka al vizite yo pèsonèlman, chèche lòt fason pou w kontakte yo. Men sa Desi di: “Pafwa, plizyè ansyen te konn rele m oswa yo te konn voye mesaj pou mwen nan menm jou a. Vèsè yo te li avè m yo te touche m, menmsi m te deja konn vèsè sa yo byen.”

5. Ki jan ansyen yo ka konnen sa frè ak sè yo bezwen pou yo ka ede yo?

5 Youn nan fason nou kapab konnen ki sa frè n ak sè n yo bezwen se lè n poze yo yon seri kesyon ki pap fè yo santi yo jennen (Pwo. 20:5). Pa egzanp, èske yo gen ase manje pou yo manje? Èske yo gen medikaman oswa lòt bagay yo bezwen? Èske yo ka pèdi travay yo oswa yo ka menm pèdi kay yo? Si gouvènman an bay èd, èske yo bezwen n ede yo chèche jwenn èd sa a? Frè ak sè yo te ede Desi jwenn sa l bezwen. Men, sa k te plis ede l, se lanmou ansyen yo te montre yo gen pou li ak ankourajman yo te ba li ki soti nan Bib la. Men sa l di: “Ansyen yo te priye avè m. Menmsi m pa ka sonje egzakteman sa yo te di, mwen sonje jan sa te fè m santi m. Se fason sa a Jewova te di m: ‘Ou pa poukò w.’” — Eza. 41:10, 13.

Yon frè k ap fè yon patisipasyon ki kontan tande kòmantè ankourajan anpil moun ki nan reyinyon an fè ak kòmantè yon frè ki malad k ap patisipe pa mwayen videyo konferans. (Gade paragraf 6.)

6. Ki sa anpil moun nan kongregasyon an kapab fè pou ede lòt moun? (Gade foto a.)

6 Sa lòt moun ka fè. Li nòmal pou n atann pou ansyen yo pran latèt nan kongregasyon an. Men, Jewova vle pou nou tout ankouraje youn lòt e pou n ede youn lòt (Gal. 6:10). Menmsi n fè yon ti bagay tou senp pou n ede yon moun ki malad, sa ka ankouraje l anpil. Yon timoun ka fè yon desen pou voye pou yon frè pou ankouraje l. Yon jèn ka al fè komisyon oswa al achte pou yon sè. Epitou, lòt moun nan kongregasyon an ka fè manje pou yon moun ki malad epi pote l pou li toutpandan y ap pran prekosyon. Nòmalman, lè gen yon epidemi, tout moun nan kongregasyon an bezwen ankourajman. Petèt, nou ka rete yon tikras plis apre reyinyon yo pou n pale ak frè ak sè yo, kit se nan Sal la oswa pa mwayen videyo konferans. E ansyen yo bezwen ankourajman tou. Gen kèk Temwen ki voye yon kat pou ansyen yo pou di yo mèsi, paske byen souvan ansyen sa yo gen plis bagay pou yo fè pou frè ak sè yo pandan yon epidemi. Se pa ti bon sa bon lè n jwe wòl pa nou pou “youn kontinye ankouraje lòt e [...] pou youn kontinye fòtifye lòt”! — 1 Tes. 5:11.

EDE LÒT MOUN LÈ GEN YON KATASTWÒF

7. Ki sa k ka difisil apre yon katastwòf fin pase?

7 Yon katastwòf ka chanje lavi yon moun nan yon bat je. Moun ki viktim yo ka pèdi sa yo posede, kay yo, oswa menm moun pa yo. Gwo malè konsa ka rive frè n ak sè n yo tou. Ki sa nou kapab fè pou n ede yo?

8. Ki sa ansyen yo ak chèf fanmi yo kapab fè anvan gen yon katastwòf?

8 Sa ansyen yo kapab fè. Nou menm ansyen, ede frè n ak sè n yo prepare yo anvan yon katastwòf. Asire n tout moun nan kongregasyon an konn sa pou yo fè pou yo pwoteje tèt yo e pou yo pran kontak ak ansyen yo. Men sa Margaret, sè nou te pale de li nan atik anvan an, di: “Ansyen nan kongregasyon nou an te fè yon bezwen kongregasyon, yo te fè nou konnen toujou gen posiblite pou gwo dife pran nan zòn nou an. Yo te di si otorite yo ta bay lòd pou n kite kay nou oswa si ta vin gen sitiyasyon ki met lavi n an danje, nou dwe deplase tousuit.” Enfòmasyon sa a te vini nan bon moman, paske senk semèn apre sa te vin gen yon gwo dife ki te met lavi moun yo an danje. Pandan chèf fanmi yo ap fè adorasyon an fanmi, yo kapab egzamine sa chak moun nan fanmi an ap gen pou yo fè. Si ou menm ak pitit ou deja konn sa pou n fè, l ap pi fasil pou n rete kalm si ta vin gen yon katastwòf.

9. Ki jan ansyen yo ka travay ansanm anvan yon katastwòf e apre yon katastwòf?

9 Si w responsab yon gwoup predikasyon, pa tann se lè gen yon katastwòf pou w ap chèche gen bon nimewo telefòn ak adrès tout moun ki nan gwoup ou a. Fè yon lis, epi verifye lis la tanzantan pou w wè si l ajou. Konsa, si ta vin gen yon katastwòf, w ap kapab kontakte chak pwoklamatè pou w konnen ki sa yo gen bezwen. Voye enfòmasyon sa a tousuit bay kowòdonatè gwoup ansyen an, e li menm l ap kontakte siveyan sikonskripsyon an. Lè tout frè sa yo travay ansanm, y ap ka ede pi byen. Apre dife a te fin pase, siveyan sikonskripsyon kote Margaret ye a te fè 36 èdtan san dòmi pou l òganize travay ansyen yo t ap fè pou yo pran kontak ak 450 frè ak sè ki te oblije kite kay yo e pou yo wè kòman pou yo ede yo (2 Kor. 11:27). Konsa, yo te rive ede tout moun ki te bezwen jwenn yon kote pou yo rete.

10. Poukisa ansyen yo bay vizit pastoral anpil valè? (Jan 21:15).

10 Youn nan responsablite ansyen yo genyen se ankouraje frè ak sè yo pa mwayen Bib la epi ede sa ki gen tètchaje yo (1 Pyè 5:2). Lè gen yon katastwòf, premye bagay ansyen yo ta dwe chèche konnen se èske chak frè ak sè pa an danje, èske yo gen manje ak rad ak kote pou yo rete. Men, plizyè mwa apre sa, frè ak sè yo ap toujou bezwen èd ki soti nan Bib la ak ankourajman. (Li Jan 21:15.) Men sa Harold, yon frè k ap sèvi antanke yon manm Komite filyal e ki te pale ak anpil frè ak sè ki te fè fas ak yon katastwòf, di: “Sa pran tan pou yo reprann yo.” Men sa Harold di ankò: “Yo ka kòmanse bliye sa yo te pèdi yo, men y ap toujou sonje yon moun pa yo ki mouri, yon bagay yo te genyen yo te renmen anpil, oswa yon sitiyasyon yo te viv ki te met lavi yo an danje. Lè yo sonje bagay sa yo, yo ka vin santi yo tris ankò. Se pa paske yo manke lafwa ki fè yo aji konsa, men se paske antanke moun li nòmal pou yo santi yo konsa.”

11. Ki sa fanmi yo ka bezwen pandan yon tan?

11 Ansyen yo suiv konsèy ki di pou n “kriye ak moun k ap kriye”. (Wom. 12:15.) Ansyen yo ka bezwen bay moun ki te viktim yon katastwòf asirans Jewova ak frè ak sè yo toujou renmen yo. Ansyen yo ap ede fanmi yo tou pou yo kontinye fè yon seri aktivite tankou priye, etidye, al nan reyinyon, epi preche. Epitou, ansyen yo ka ankouraje paran yo pou yo ede pitit yo ret konsantre sou yon seri bagay okenn katastwòf pa ka detwi. Nou menm paran, fè pitit nou sonje Jewova ap toujou Zanmi yo e l ap toujou ede yo. Epitou, sonje esplike yo y ap toujou fè pati yon fanmi frè ak sè ki toupatou sou tè a ki toujou pare pou ede yo. — 1 Pyè 2:17.

Èske w ka ofri tèt ou pou w ede apre yon katastwòf fin pase nan zòn kote w ye a? (Gade paragraf 12.) e

12. Ki sa lòt moun kapab fè pou yo ede lè gen yon katastwòf? (Gade foto a.)

12 Sa lòt moun kapab fè. Si gen yon katastwòf ki pase toupre zòn kote w abite a, mande ansyen yo ki èd ou kapab bay. Petèt ou kapab ofri kay ou pou moun ki te oblije kouri kite kay yo oswa moun k ap patisipe nan travay pote sekou yo rete pandan yon tan. Petèt ou ka pot manje ak pwovizyon pou pwoklamatè ki nan bezwen yo. Si gen yon katastwòf ki pase nan yon zòn ki pa pre w, ou ka toujou ede. Ki jan w ka fè sa? Ou kapab priye pou moun ki viktim yo (2 Kor. 1:8-11). Petèt ou ka soutni travay pote sekou a tou lè w fè ofrann pou travay mondyal la (2 Kor. 8:2-5). Si w kapab deplase pou w al nan yon zòn ki bezwen èd, mande ansyen yo ki sa w ka fè pou w ede. Si yo ta mande w pou w al ede, se sèten y ap ba w fòmasyon pou yo kapab itilize w kote yo plis bezwen èd e nan moman yo plis bezwen sa.

EDE FRÈ N AK SÈ N YO LÈ YO JWENN PÈSEKISYON

13. Ki pwoblèm frè n ak sè n k ap viv nan peyi kote yo entèdi travay n ap fè a jwenn?

13 Nan peyi kote yo entèdi travay n ap fè a, pèsekisyon fè lavi a pi difisil. Frè ak sè nan peyi sa yo konn gen pwoblèm kòb, yo konn malad, e yo konn gen moun pa yo ki mouri. Men, akoz entèdiksyon an, ansyen yo ka pa kapab al vizite moun ki bezwen ankourajman yo jan yo ta vle fè sa oswa menm pale ak yo. Se sa k te rive Andrei nou te pale de li nan atik anvan an. Gen yon sè nan gwoup predikasyon l lan afè l pa t bon. Epi, li te vin fè yon aksidan machin. Li te bezwen fè plizyè operasyon e li pa t ka travay. Malgre entèdiksyon an ak pandemi an, frè ak sè yo te fè tout sa yo kapab pou yo ede l, e Jewova te wè nan ki sitiyasyon sè a ye.

14. Ki jan ansyen yo kapab bay egzanp lè yo konte sou Jewova?

14 Sa ansyen yo kapab fè. Andrei te priye e li te fè sa l te kapab. Ki jan Jewova te reponn li? Li te itilize plizyè frè ak sè nan kongregasyon an ki te kapab fè plis pou ede sè a. Gen nan yo ki te bay sè a woulib pou l t al nan randevou doktè. Gen lòt ki te bay kòb pou ede l. Jewova te pouse frè ak sè yo fè sa yo te kapab, e l te beni tèt ansanm yo te gen nan mitan yo ak bonjan efò yo te fè (Ebre 13:16). Nou menm ansyen, lè yo met restriksyon sou travay predikasyon an nan peyi nou, mande lòt moun pou yo ede n (Jer. 36:5, 6). Anplis de sa, konte sou Jewova. Li kapab ede w pou w soutni frè n ak sè n yo.

15. Lè n jwenn pèsekisyon, ki jan n ka kontinye gen tèt ansanm antanke kretyen?

15 Sa lòt moun kapab fè. Pandan nou anba entèdiksyon, nou ka oblije fè gwoup ki pi piti lè n ap reyini. Se sa k fè li vin pi enpòtan toujou pou n gen lapè nan mitan nou. Goumen kont Satan, pa goumen youn ak lòt. Pase sou fot frè n ak sè n yo, oswa fè efò pou n regle kèlkeswa pwoblèm nou genyen byen vit (Pwo. 19:11; Efe. 4:26). Se pou n dispoze ede youn lòt (Tit 3:14). Lefètke lòt moun te ede sè ki te bezwen èd la, sa te gen bon efè sou gwoup predikasyon an. Yo te vin pi pwòch youn ak lòt, yo te vin tankou yon fanmi. — Sòm 133:1.

16. Selon Kolosyen 4:3, 18, ki jan nou kapab ede frè n ak sè n y ap pèsekite yo?

16 Gen plizyè dizèn milye frè ak sè k ap sèvi Jewova malgre gouvènman nan peyi yo met restriksyon sou travay n ap fè a. Gen nan yo ki nan prizon akoz lafwa yo. Nou kapab priye pou yo menm ak fanmi yo, epitou, nou kapab priye pou lòt frè ak sè ki met kouraj sou yo pou ede frè n ak sè n ki nan prizon yo, malgre yo konnen yo ka arete yo. Moun sa yo ankouraje frè n ak sè n sa yo pou yo kontinye met konfyans yo nan Jewova, yo ede yo jwenn sa yo bezwen, e yo defann yo nan tribinal c. (Li Kolosyen 4:3, 18.) Pa janm bliye priyè w fè kapab ede yo anpil! — 2 Tes. 3:1, 2; 1 Tim. 2:1, 2.

Ki jan w kapab prepare fanmi w depi kounye a pou lè gen pèsekisyon? (Gade paragraf 17.)

17. Ki jan w kapab prepare w depi kounye a pou lè gen pèsekisyon?

17 Ou menm ak fanmi w ka prepare n depi kounye a pou lè gen pèsekisyon (Tra. 14:22). Pa eseye imajine tout move bagay ki ka rive. Okontrè, chèche ranfòse relasyon n ak Jewova, epi ede pitit nou fè menm jan an. Si n santi n enkyete pafwa, di Bondye tout sa k ap trakase n (Sòm 62:7, 8). Antanke fanmi, pale konsènan tout rezon nou genyen pou n met konfyans nou nan li d. Menm jan ak lè pral gen yon katastwòf, preparasyon nou menm nou fè ak konfyans nou gen nan Jewova ap ede pitit nou pou yo gen kouraj e pou yo santi yo anpè lè gen pèsekisyon.

18. Ki sa demen sere pou nou?

18 Lapè Bondye bay la fè n santi n an sekirite (Flp. 4:6, 7). Grasa lapè sa a, Jewova fè n santi n anpè, malgre maladi, katastwòf ak pèsekisyon ki ka frape n jodi a. Li sèvi ak ansyen yo k ap travay di pou l pran swen nou. Li bay nou tout responsablite pou youn ede lòt. Lapè nou jwenn depi kounye a ap prepare n pou pi gwo eprèv nou pral jwenn pi devan e menm pou “gwo tribilasyon” an (Mat. 24:21). Lè sa a, n ap bezwen rete kalm e n ap bezwen ede lòt moun fè menm jan an. Men, apre sa, nou pap jwenn gwo pwoblèm ki pou fè n enkyete. Nou pral resi jwenn sa Jewova te toujou vle pou nou an, anpalan de bonjan lapè pou tout tan gen tan. — Eza. 26:3, 4.

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

a Souvan, Jewova sèvi ak sèvitè fidèl li yo pou l ede moun ki gen pwoblèm. Li kapab sèvi avè w pou ankouraje frè w ak sè w yo. Ann wè ki sa n ka fè lè lòt moun bezwen n ede yo.

b Gen kèk non yo chanje.

c Li pa posib pou filyal la oswa frè ki nan syèj mondyal la fè chak frè ak sè ki nan prizon yo jwenn lèt lòt frè ak sè voye pou yo.

d Gade atik ki gen tit “Ann prepare n pou pèsekisyon depi kounye a” ki parèt nan Toudegad jiyè 2019.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki pote kèk pwovizyon pou yon fanmi ki nan yon tant apre yon katastwòf.