Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 49

Nou kapab viv pou toutan

Nou kapab viv pou toutan

“Kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an.” — WOM. 6:23.

KANTIK 147 Bondye pwomèt lavi pou toutan

SA NOU PRAL WÈ a

1. Lè n medite sou pwomès Jewova fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an, ki efè sa gen sou nou?

 JEWOVA pwomèt moun ki obeyi l ap gen “lavi ki pap janm fini an”. (Wom. 6:23.) Lè n medite sou pwomès Jewova fè nou an, se sèten nou vin pi renmen l toujou. Fè yon ti reflechi: Papa nou ki nan syèl la tèlman renmen nou, li ofri n kado sa a pou n pa janm separe avè l.

2. Ki jan pwomès Jewova fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an ede nou?

2 Pwomès Bondye fè pou l ban nou lavi ki pap janm fini an ede n andire eprèv nou jwenn jodi a. Menm lè ènmi nou yo menase n y ap touye n, nou pap janm fè konpwomi. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske nou konnen si n mouri fidèl, Jewova ap resisite n e l ap ban n posiblite pou n pa janm mouri ankò (Jan 5:28, 29; 1 Kor. 15:55-58; Ebre 2:15). Poukisa n kapab gen asirans nou ka viv pou toutan? Ann egzamine rezon ki vin annapre yo.

JEWOVA LA POU TOUTAN

3. Poukisa nou ka gen asirans Jewova kapab ban nou lavi ki pap janm fini an? (Sòm 102:12, 24, 27).

3 Nou konnen Jewova kapab ban nou lavi ki pap janm fini an paske se li menm ki Sous lavi a, e li la pou toutan (Sòm 36:9). Ann wè kèk vèsè nan Bib la ki montre vrèmanvre Jewova te toujou egziste e l ap toujou egziste. Sòm 90:2 fè konnen Jewova la “depi toutan e pou toutan”. Sòm 102 di apeprè menm bagay. (Li Sòm 102:12, 24, 27.) E men sa pwofèt Abakouk te ekri konsènan Papa nou ki nan syèl la: “O Jewova, èske w pa la depi toutan? O Bondye m nan, Sila a ki sen an, ou pa ka mouri.” — Aba. 1:12.

4. Èske n ta dwe bay tèt nou pwoblèm si l difisil pou n konprann Jewova te toujou egziste? Esplike.

4 Èske w twouve l difisil pou w konprann Jewova la “pou tout tan gen tan”? (Eza. 40:28.) Anpil moun twouve l difisil pou yo konprann sa tou. Men sa Eliyou te di konsènan Bondye: “Pèsonn pa ka konte kantite ane li genyen.” (Jòb 36:26). Men, se pa paske nou pa konprann yon bagay ki fè li pa laverite. Pa egzanp, menm lè nou ka pa fin konprann sa limyè ye, èske sa vle di limyè pa egziste? Non, sa pa vle di sa! Menm jan an tou, nou menm lèzòm, nou ka pa janm rive konprann ki jan fè Jewova te toujou la e l ap toujou la. Men, sa pa vle di Bondye pa la pou toutan. Laverite sou Kreyatè a pa depann de sa nou ka konprann oswa sa nou pa ka konprann (Wom. 11:33-36). Li te egziste anvan linivè fizik te vin egziste, san wete solèy la ak zetwal yo. Nou gen asirans Jewova “se Sila a ki fè tè a grasa fòs li”. E li te egziste anvan li te “ouvri syèl la tankou yon dra”. (Jer. 51:15; Tra. 17:24.) Ki lòt rezon nou genyen pou n gen asirans nou kapab viv pou toutan?

JEWOVA TE KREYE NOU POU NOU VIV POU TOUTAN

5. Ki posiblite premye gason an ak premye fi a te genyen?

5 Tout bagay ki vivan Jewova te kreye sou tè a gen yon kantite tan pou yo viv, sof lèzòm. Se sèl yo menm li te bay posiblite pou yo pa janm mouri. Sepandan, men avètisman Jewova te bay Adan: “Ou pa dwe manje fwi nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, paske jou w manje ladan l, w ap mouri san mank.” (Jen. 2:17). Si Adan ak Èv te obeyi Jewova, yo pa t ap mouri. Li rezonab pou n panse, rive yon lè, Jewova t ap pèmèt yo manje fwi nan “pyebwa lavi a”. Sa t ap vle di li t ap ba yo asirans pou yo “viv nètale”. b — Jen. 3:22.

6-7. a) Ki lòt bagay ki montre lèzòm pa t fèt pou yo mouri? b) Ki sa w pa ka tann pou w fè nan Paradi a? (Gade foto yo.)

6 Gen kèk syantifik ki jwenn prèv ki montre sèvo nou gen kapasite pou l kenbe plis enfòmasyon pase tout sa nou kapab aprann pandan tout vi nou. Sa vrèman enteresan! An 2010, te gen yon atik nan yon jounal ki te esplike sèvo nou gen kapasite pou l kenbe enfòmasyon pou anviwon twa milyon èdtan anrejistreman videyo. Yon moun t ap pran 300 an pou l fin gade videyo sa a. Kalkil yo fè a ka pa menm yon yota devan sa sèvo nou kapab kenbe. Sepandan, sa montre Jewova te fè sèvo nou pou l kenbe plis enfòmasyon lontan pase sa nou aprann nan sèlman 70 an oswa 80 an. — Sòm 90:10.

7 Jewova kreye nou tou ak yon gwo anvi pou n kontinye viv. Labib di Bondye “met lide pou lèzòm viv pou toutan nan kè yo”. (Ekl. 3:11.) Se youn nan rezon ki fè nou konsidere lanmò tankou yon ènmi (1 Kor. 15:26). Si nou vin malad grav, èske nou annik aksepte nou malad epi n bay vag? Non. An jeneral, n al wè yon doktè e petèt nou pran medikaman pou n konbat maladi a. Anfèt, nou fè tout sa n kapab yon fason ki rezonab pou n pa mouri. E lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, kit moun sa a jèn, kit li granmoun, èske nou pa santi nou tris anpil (Jan 11:32, 33)? Se sèten, Kreyatè nou an ki gen lanmou pa t ap ban nou dezi ak kapasite pou nou viv nètale si l pa t gen nan objektif li pou lèzòm viv nètale. Men, nou gen plis rezon toujou pou n kwè nou kapab viv pou toutan. Ann egzamine kèk bagay Jewova te fè nan tan lontan ak kèk bagay li fè kounye a ki montre li pa chanje objektif li te gen okòmansman an.

Lefètke n ap gen posiblite viv pou toutan, nou kontan imajine yon seri bagay nou pral kapab fè alavni. (Gade paragraf 7.) c

OBJEKTIF JEWOVA PA CHANJE

8. Ki asirans nou jwenn nan Ezayi 55:11 anrapò ak objektif Jewova gen pou nou?

8 Malgre Adan ak Èv te peche sa ki te fè pitit yo te vin genyen yo t ap gen pou yo mouri, Jewova pa t chanje lide anrapò ak objektif li. (Li Ezayi 55:11.) Li toujou gen objektif pou moun ki fidèl yo viv pou toutan. Sa parèt klè lè n konsidere sa Jewova di ak sa l fè pou l reyalize objektif li.

9. Ki sa Bondye pwomèt? (Dànyèl 12:2, 13).

9 Jewova pwomèt l ap resisite moun ki mouri yo e l ap ba yo posiblite pou yo viv pou toutan (Tra. 24:15; Tit 1:1, 2). Jòb, yon moun ki te fidèl, te gen asirans Jewova anvi resisite moun ki mouri yo (Jòb 14:14, 15). Pwofèt Dànyèl te konnen moun t ap gen pou yo resisite avèk posiblite pou yo viv pou toutan. (Sòm 37:29; li Dànyèl 12:2, 13.) Juif nan epòk Jezi yo te konnen tou Jewova te kapab bay sèvitè fidèl li yo “lavi ki pap janm fini an”. (Lik 10:25; 18:18.) Jezi te pale de pwomès sa a plizyè fwa, e Papa l te resisite l. — Mat. 19:29; 22:31, 32; Lik 18:30; Jan 11:25.

Ki asirans rezirèksyon Eli te fè a ba ou? (Gade paragraf 10.)

10. Ki sa rezirèksyon ki te fèt nan tan lontan yo montre? (Gade foto a.)

10 Jewova se Sila a ki bay lavi a e l gen pouvwa pou l fè moun retounen viv ankò. Li te bay pwofèt Eli pouvwa pou l resisite pitit gason vèv nan vil Safat la (1 Wa 17:21-23). Annapre, grasa èd Bondye, pwofèt Elize te resisite pitit gason yon dam ki moun vil Chounèm (2 Wa 4:18-20, 34-37). Rezirèksyon sa yo ak lòt ankò montre Jewova gen pouvwa pou l rebay moun lavi. Pandan Jezi te sou tè a, li te montre Papa l ba l pouvwa sa a (Jan 11:23-25, 43, 44). Kounye a, Jezi nan syèl la e l resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”. Se sa k fè li kapab reyalize pwomès ki fè konnen “tout moun ki nan tonm yo” pral leve pou yo ka gen posiblite viv pou toutan. — Mat. 28:18; Jan 5:25-29.

11. Ki jan ranson an fè l vin posib pou n viv pou toutan?

11 Poukisa Jewova te pèmèt Pitit Gason l lan li renmen anpil la soufri epi mouri? Jezi te fè konn rezon an lè l te di: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” (Jan 3:16). Lefètke Bondye te bay Pitit Gason l lan kòm yon ranson pou kouvri peche nou, Li fè l vin posib pou n gen lavi ki pap janm fini an (Mat. 20:28). Apot Pòl te esplike pati enpòtan sa a nan objektif Bondye lè l te ekri pawòl ki di: “Etandone se yon moun ki fè gen lanmò, se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon. Paske, menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi.” — 1 Kor. 15:21, 22.

12. Ki jan Jewova pral reyalize objektif li gen pou nou an pa mwayen Wayòm nan?

12 Jezi te aprann disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Bondye fèt sou tè a (Mat. 6:9, 10). Bondye gen nan objektif li tou pou lèzòm viv pou toutan sou tè a. Pou sa rive fèt, Jewova met Pitit Gason l lan Wa nan Wayòm Mesi a. Bondye chwazi 144 000 moun sou tè a pou travay ansanm ak Jezi pou reyalize volonte L. — Rev. 5:9, 10.

13. Ki sa Jewova ap fè kounye a, e ki jan sa konsène w?

13 Kounye a menm, Jewova ap rasanble “yon gwo foul moun”, l ap ba yo fòmasyon pou yo viv anba dominasyon Wayòm li an (Rev. 7:9, 10; Jak 2:8). Menm lè gen divizyon nan mitan pifò moun nan monn nan jodi a akoz lahèn ak lagè, moun ki fè pati gwo foul la fè anpil efò pou yo retire tout kalite lahèn nan kè yo. Nan yon sans, yo deja bat epe yo pou fè yo tounen zouti pou raboure latè (Miche 4:3). Olye yo patisipe nan lagè ki lakòz anpil moun mouri, yo ede moun pou yo jwenn “lavi toutbon an” lè yo anseye yo konsènan vrè Dye a ak objektif li (1 Tim. 6:19). Moun nan fanmi yo ka opoze ak yo oswa yo ka pèdi kòb yo te genyen paske y ap soutni Wayòm Bondye a, men Jewova veye pou yo gen sa yo bezwen (Mat. 6:25, 30-33; Lik 18:29, 30). Tout sa ban nou asirans Wayòm Bondye a se yon reyalite e l ap kontinye reyalize objektif Jewova.

NOU PRAL GEN YON BÈL AVNI

14-15. Ki jan pwomès Jewova fè pou l elimine lanmò pou toutan an pral reyalize finalman?

14 Kounye a, Jezi Wa nan syèl la e li pral reyalize tout pwomès Bondye fè yo (2 Kor. 1:20). Depi 1914, Jezi ap domine nan mitan ènmi l yo (Sòm 110:1, 2). Talè konsa, li menm ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral pot laviktwa nèt e yo pral detwi mechan yo. — Rev. 6:2.

15 Pandan Rèy mil an Jezi a, li pral leve moun ki mouri yo e li pral ede tout moun ki obeyisan yo pou yo vin pafè. Apre dènye eprèv la, moun Jewova di ki jis yo “gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan”. (Sòm 37:10, 11, 29.) Erezman, Jezi pral “elimine” “dènye ènmi” an, anpalan de lanmò. — 1 Kor. 15:26.

16. Ki pi gwo rezon ki ta dwe fè n vle sèvi Jewova?

16 Nan atik sa a, nou sot wè Pawòl Bondye a ban nou bonjan espwa nou kapab viv pou toutan. Espwa sa a kapab ede n pou n ret fidèl nan dènye jou sa yo ki difisil. Men, pou n fè Jewova plezi, se pa anvi pou n viv pou toutan an ki dwe pi enpòtan pou nou. Pi gwo rezon nou genyen pou n ret fidèl ak Jewova ak Jezi se paske nou renmen yo anpil (2 Kor. 5:14, 15). Lanmou sa a pouse n imite yo epi fè lòt moun konnen esperans nou genyen an (Wom. 10:13-15). Lè n aprann pou n pa wè tèt nou sèlman ak lè n renmen bay, nou vin kalite moun Jewova vle kòm zanmi l pou toutan. — Ebre 13:16.

17. Ki responsablite nou chak genyen? (Matye 7:13, 14).

17 Èske n ap pami moun k ap gen lavi ki pap janm fini an? Jewova ban nou posiblite sa a. Kounye a, se nou menm ki pou rete nan chemen ki mennen nan lavi a. (Li Matye 7:13, 14.) Ki jan lavi a pral ye lè n pral viv pou toutan? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

KANTIK 141 Lavi se yon mirak

a Èske w pa ka tann pou w viv pou toutan? Jewova pwomèt nou yon jou n ap kapab viv san n pa janm panse ak lanmò. Nan atik sa a, nou pral wè kèk nan rezon ki fè nou kapab kwè ak tout kè n Jewova ap reyalize pwomès li fè a.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki granmoun k ap imajine kèk nan bagay l ap kapab fè lè l pral gen posiblite viv pou toutan.