Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li chak Toudegad ki te parèt ane sa a? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki sa “bay lespri nou yon lòt direksyon” vle di? (Wom. 12:2).

Sa mande plis pase annik fè bon aksyon. Sa gen ladan l egzamine moun nou ye pa anndan an, epi fè yon seri chanjman pou n fè tout sa n kapab pou n viv ann amoni ak prensip Bondye yo. — w23.01, paj 8-9.

Ki jan n ka montre n gen ekilib lè n ap suiv sa k ap pase nan monn nan?

Nou enterese konn fason evènman k ap pase jodi a ap reyalize yon seri pwofesi. Olye n di yon seri bagay nou pa gen okenn prèv sou yo, sa ki ta ka met divizyon nan mitan nou, li pi bon pou n baze sa n ap di yo sou sa òganizasyon Jewova a pibliye (1 Kor. 1:10). — w23.02, paj 16.

Ki diferans ki genyen ant batèm Jezi a ak batèm disip li yo?

Lefètke Jezi te fèt nan yon nasyon ki te deja byen espesyal pa Bondye, li pa t bezwen vwe Jewova lavi l, menm jan nou menm nou fè sa. Jezi te pafè, li te san peche. Li pa t bezwen repanti pou peche l. — w23.03, paj 5.

Ki jan n ka ede lòt moun pou yo fè kòmantè nan reyinyon?

Nou ka fè kòmantè ki kout, konsa lòt moun ap ka patisipe. Epitou, nou ka evite pale sou twòp bagay. Konsa, ap gen lòt pwen pou moun fè kòmantè sou yo. — w23.04, paj 23.

Ki sa “Wout Sakre” Ezayi 35:8 pale de li a ye?

Gwo wout senbolik sa a te gen rapò toudabò ak wout Juif yo te pase lè yo t ap sot Babilòn pou retounen nan peyi yo. E nan epòk pa nou an? Plizyè syèk anvan 1919, te gen preparasyon ki te fèt: pa egzanp, yo te tradui Bib la e yo te enprime l. Pèp Bondye a, ki nan yon paradi espirityèl, ap vwayaje nan “Wout sakre” a k ap pèmèt yo jwenn benediksyon Wayòm nan ap pote. — w23.05, paj 15-19.

Pwovèb chapit 9 bay konsèy ki gen rapò ak de fi senbolik. Ki fi sa yo?

Liv Pwovèb la pale konsènan yon “fi ki sòt”, moun ki aksepte envitasyon li fè se nan “Tonm nan” yo ale, e li pale konsènan “vrè sajès la”, ki konpare ak yon fi, moun ki aksepte envitasyon li fè se nan “wout moun ki gen bon konprann yo” yo mache e y ap jwenn lavi (Pwo. 9:​1, 6, 13, 18). — w23.06, paj 22-24.

Lefètke Bondye gen imilite e li rezonab, ki jan sa te parèt klè nan fason l te aji ak Lòt?

Jewova te di Lòt pou l kouri kite Sodòm pou l al nan zòn ki gen mòn yo. Lè Lòt te sipliye l pou l al nan zòn Sowa pito, Bondye te dakò ak sa l te mande a. — w23.07, paj 21.

Ki sa yon madanm kapab fè si mari l konn gade pònografi?

Li dwe sonje se pa li menm ki antò. Li bezwen konsantre sou relasyon l ak Bondye epi medite sou istwa nan Bib la konsènan yon seri medam ki te gen pwoblèm ki te jwenn konsolasyon nan men Bondye. Li ka ede mari l evite sitiyasyon ki ka fè l tonbe nan pwoblèm sa a byen fasil. — w23.08, paj 14-17.

Lè n jwenn difikilte anrapò ak kwayans nou, ki jan bon konprann ka ede n aji avèk dousè?

Nou ka konsidere kesyon moun nan poze a oswa difikilte nou jwenn nan kòm yon mwayen pou n konnen sa moun nan panse oubyen sa ki enpòtan pou li. Konsa, n ap pi byen prepare pou n reponn avèk dousè. — w23.09, paj 17.

Ki sa n ka aprann nan fason Mari te jwenn fòs?

Lè Mari te aprann li t ap vin manman Mesi a, li te jwenn fòs nan men lòt moun. Zanj Gabriyèl ak Elizabèt te bay Mari ankourajman ki soti nan Ekriti yo. Nou menm tou nou ka jwenn fòs nan men kwayan parèy nou yo. — w23.10, paj 15.

Ki jan Jewova ka reponn priyè nou?

Li pwomèt l ap tande priyè nou e li chèche wè ki rapò yo gen ak objektif li (Jer. 29:12). Plizyè moun ka priye Jewova pou menm bagay epi li pa reponn yo menm jan. Men, l ap toujou ede n. — w23.11, paj 21-22.

Women 5:2 pale de “esperans”, poukisa menm yo pale de li ankò nan vèsè 4 la?

Lè yon moun tande bon nouvèl la, li ka vin gen esperans pou l viv nan yon paradi sou tè a. Men, lè l jwenn tribilasyon, li andire yo, e l santi l jwenn favè Bondye, sandout esperans li genyen an vin pi djanm e li vin pi reyèl pou li. — w23.12, paj 12-13.