Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann suiv prensip Bondye bay anrapò ak bwason ki gen alkòl

Ann suiv prensip Bondye bay anrapò ak bwason ki gen alkòl

SE SÈTEN ou apresye divès kalite kado Jewova ba ou san wete libète li ba ou pou w deside fason w ap chwazi sèvi ak kado sa yo. Li enteresan pou n wè Labib fè konnen diven se yon kado Bondye bay, e li menm di: “Pen la pou bay moun kè kontan e diven fè lavi a bèl.” (Ekl. 10:19; Sòm 104:15). Men, sandout ou konn wè moun ki vin gen pwoblèm akoz alkòl. Epitou, toupatou sou tè a, tout moun pa wè kesyon bwè alkòl la menm jan. Nan ka sa a, ki sa k ka ede kretyen yo pran bon desizyon anrapò ak bwason ki gen alkòl?

Kèlkeswa kote n ap viv oswa fason nou te leve, si n kite prensip Bondye yo gide fason n panse ak desizyon n ap pran, n ap gen plis kè kontan nan lavi nou.

Petèt ou remake anpil moun nan monn nan bwè souvan e yo bwè anpil. Gen nan yo ki bwè alkòl paske sa fè yo santi yo rilaks. Gen lòt menm ki bwè pou yo ka bliye pwoblèm yo. E gen kèk kote, yo panse se moun ki djanm e ki gason toutbon ki bwè anpil alkòl.

Sepandan, antanke kretyen, nou jwenn bonjan konsèy nan men Kreyatè nou an ki renmen nou. Pa egzanp, li ban nou avètisman anrapò ak move konsekans sa kapab genyen lè yon moun bwè depase limit. Petèt nou te li nan Pwovèb 23:​29-35 fason yo pale konsènan yon moun ki sou ak kèk pwoblèm sa bay a. Daniel, yon ansyen k ap viv ann Ewòp, sonje jan lavi l te ye anvan l te vin yon vrè kretyen. Men sa l di: “Piske m te konn bwè twòp mwen te konn pran move desizyon. Mwen te viv yon seri eksperyans ki te fè m soufri. E jis kounye a, lè m panse ak sa, mwen fache ak tèt mwen.”

Ki jan kretyen yo ka pran bon desizyon anrapò ak bwè alkòl epi evite yon seri pwoblèm moun konn jwenn lè yo bwè twòp? Solisyon an se kite Bondye gide nou nan desizyon n ap pran ak nan sa n ap fè.

Ann wè sa Bib la di sou kesyon bwè alkòl e sou rezon ki konn pouse kèk moun bwè.

SA BIB LA DI SOU KESYON BWÈ ALKÒL

Pawòl Bondye a pa entèdi moun bwè alkòl yon fason ki rezonab. Anfèt, Bib la fè konnen, lè yon moun bwè diven, sa ka fè kè l kontan. Men sa nou li: “Manje manje w ak kè kontan, epi bwè diven w ak kè kontan.” (Ekl. 9:7). Gende lè Jezi te konn bwè diven, e gen lòt sèvitè fidèl Jewova ki te konn fè sa tou. — Mat. 26:​27-29; Lik 7:34; 1 Tim. 5:23.

Sepandan, Pawòl Bondye a montre aklè gen yon diferans ant bwè yon ti alkòl ak bwè pou sou. Men sa li fè konnen: “Pa soule tèt nou ak bwason ki gen alkòl.” (Efe. 5:18). E li menm fè konnen tou, “moun ki bwasonyè, [...] pap benefisye Wayòm Bondye a”. (1 Kor. 6:10.) Vrèmanvre, Jewova pa dakò ditou pou moun bwè depase limit e pou moun bwè pou yo sou. Olye pou n annik suiv sa moun nan zòn kote n ap viv la abitye fè, nou veye pou desizyon n ap pran fè Bondye plezi pito.

Gen moun ki panse yo ka bwè anpil alkòl depi yo pa sou. Sepandan, gen gwo danje nan sa. Ekriti yo fè konnen aklè, lè yon gason (oswa yon fi) “esklav anpil bwason ki gen alkòl”, sa kapab fè l fè yon seri bagay ki grav e sa kapab fè l peche kont Jewova (Tit 2:3; Pwo. 20:1). Jezi te menm fè konnen, lè yon moun “bwè twòp”, sa kapab fè l pa antre nan monn nouvo Bondye a (Lik 21:​34-36). Donk, ki sa k ka ede yon kretyen pou l pa lage kò l nan bwè alkòl, yon pyèj li fasil pou moun tonbe ladan l?

CHÈCHE KONN REZON KI FÈ W BWÈ AK KI LÈ W KONN BWÈ

Lè yon moun kite fason moun nan zòn kote l te leve a konn bwè alkòl enfliyanse l, se yon danje sa ye. Kretyen yo chèche fè Jewova plezi nan kesyon manje ak bwè. Bib la fè nou sonje: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” (1 Kor. 10:31). Ann reflechi sou kesyon ak prensip biblik ki vin annapre yo:

Èske m bwè alkòl pou m ka fè lòt moun plezi? Men sa nou li nan Egzòd 23:2: “Nou pa dwe [...] ap suiv pifò moun.” Jewova te di pawòl sa yo pou l te avèti Izrayelit yo pou yo pa suiv moun ki pa gen okenn respè pou li. Konsèy sa a valab pou kretyen yo tou jodi a. Si nou kite lòt moun enfliyanse fason n konsidere bwason ki gen alkòl ak desizyon n ap pran nan sans sa a, finalman nou ka pèdi relasyon nou gen ak Jewova a, e nou ka sispann suiv prensip li yo. — Wom. 12:2.

Èske m bwè alkòl pou m ka fè lòt moun wè m gen kran? Gen peyi kote moun yo bwè alkòl souvan, yo bwè anpil, e moun pa gen pwoblèm ak sa (1 Pyè 4:3). Men, remake sa 1 Korentyen 16:13 ankouraje nou fè: “Rete je klè. Kenbe fèm nan lafwa. Mete gason sou nou. Vin djanm.” Èske bwè alkòl ka ede yon moun vin djanm toutbon? Non, okontrè. Li fasil pou alkòl fè yon moun pa reflechi byen e li ka fè moun nan pa ka pran bon desizyon. Kidonk, lè yon moun bwè anpil alkòl, sa pa montre li djanm, okontrè, sa montre li aji tankou moun sòt. Ezayi 28:7 fè konnen moun ki pèdi wout yo afòs yo bwè alkòl, yo tankou moun k ap balanse de bò e ki pa ka pran bon desizyon.

Se nan Jewova fòs nou bezwen pou n fè sa ki dwat soti, e sa mande pou n ‘rete je klè e pou n kenbe fèm nan lafwa’. (Sòm 18:32.) Yon kretyen ki sensè ap fè sa lè l evite yon seri danje, e lè l pa pran desizyon k ap mete relasyon l ak Jewova an danje. Lè Jezi te sou tè a, li te montre li gen kalite fòs sa a, e anpil moun te respekte l paske li te gen kouraj e l te detèmine pou l fè sa ki dwat.

Èske m bwè alkòl pou m ka bliye pwoblèm mwen? Men sa Bondye te fè yon moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ekri: “Lè enkyetid te anvayi m, ou [Jewova] te konsole m, ou te soulaje m.” (Sòm 94:19). Si pwoblèm yo parèt twòp pou ou, konte sou Jewova pou w jwenn èd, pa konte sou alkòl. Yon bon fason ou ka fè sa se lè w priye Jewova pi souvan. Epitou, anpil frè ak sè twouve lè yo mande zanmi yo nan kongregasyon an ki gen matirite konsèy, sa ede yo. An reyalite, lè yon moun pran abitid bwè alkòl pou l ka bliye pwoblèm li, sa ka fè l pi difisil pou l fè sa ki dwat (Oze 4:11). Men sa Daniel nou te pale de li pi wo a admèt: “Se toutan mwen t ap enkyete m e m t ap goumen ak santiman ki fè m santi m koupab. Mwen te konn bwè alkòl pou m te ka bliye pwoblèm mwen yo, men, se atò pwoblèm yo t ap ogmante. Anpil nan zanmi m yo te vire do ban mwen, e m te pèdi respè tèt mwen.” Finalman, ki sa k te ede Daniel? Men sa l di: “Mwen te vin rann mwen kont se Jewova ki te ka ede m, se pa t alkòl. Grasa èd Jewova mwen te rive fè fas ak pwoblèm mwen yo e m te rive konbat yo.” An reyalite, Jewova toujou la pou ede nou, menm lè sitiyasyon n parèt sanzespwa. — Flp. 4:​6, 7; 1 Pyè 5:7.

Si w konn bwè alkòl pafwa, poze tèt ou yon seri kesyon pou w chèche konprann ki sa k pouse w bwè. ‘Èske gen yon moun nan fanmi m oswa yon bon zanmi m ki fè m konnen l ap enkyete l paske l wè m bwè alkòl souvan?’ Si repons lan se wi, sa ka montre ou vin gen yon abitid oswa yon pwoblèm san w pa rann ou kont. ‘Èske m bwè plis alkòl pase sa m abitye bwè?’ Sitiyasyon sa a ka montre menmsi w pa esklav alkòl, ou ka sou wout la. ‘Èske m twouve l difisil pou m fè kèk jou oswa plizyè jou san m pa bwè alkòl?’ Si se sa, petèt bwè alkòl vin yon abitid pou ou oswa w vin esklav li. Petèt sa ka mande pou w chèche èd nan men yon pwofesyonèl pou w kapab rezoud pwoblèm sa a.

Akoz danje oswa pwoblèm ki ka gen nan bwè alkòl, gen kretyen ki chwazi pa bwè alkòl ditou. Gen lòt moun ki ka chwazi pa bwè alkòl paske yo jis pa renmen gou a. Si yon zanmi w ta fè yon chwa konsa, w ap montre w gen bonte lè w respekte desizyon l san w pa kritike l.   

Oubyen, ou ka twouve l saj pou bay tèt ou kèk limit anrapò ak bwè alkòl. Yon kretyen ka bay tèt li limit anrapò ak kantite bwason ki gen alkòl l ap bwè. Oswa, li kapab deside kantite fwa l ap chwazi bwè, petèt yon fwa pa semèn, oswa li kapab bwè yon kantite alkòl ki rezonab lè l ap manje. Gen lòt moun ki deside ki kalite alkòl y ap bwè. Pa egzanp, yo ka chwazi bwè diven oswa byè yon fason ki rezonab, men, yo pap bwè bwason ki gen anpil alkòl menmsi l ta melanje ak lòt bwason. Lè yon moun bay tèt li limit anrapò ak bwason l ap chwazi bwè, l ap pi fasil pou l respekte limit li fikse yo. Yon kretyen ki gen matirite pa bezwen santi l jennen si l fè yon chwa konsa e si l pran detèminasyon pou l respekte chwa sa a.

Yon lòt bagay nou bezwen reflechi sou li lè n ap deside si n ap bwè alkòl, se panse ak efè sa kapab genyen sou lòt moun. Women 14:21 di: “Li pi bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite.” Ki jan w ka suiv konsèy sa a? Se lè w montre w renmen frè w ak sè w yo. Si w anvi bwè yon bwason ki gen alkòl e w santi sa kapab bay yon moun pwoblèm, lanmou ap pouse w pou w pa bwè alkòl. Konsa, w ap montre sa lòt moun santi gen valè pou ou e w respekte santiman yo, epi w ap montre se pa avantaj pa w w ap chèche, okontrè, w ap chèche avantaj pa yo. — 1 Kor. 10:24.

Anplis de sa, gouvènman an ka bay yon seri lwa sou kesyon bwè alkòl, e yon kretyen bezwen obeyi lwa sa yo. Lwa sa yo ka fikse laj yon moun ka bwè alkòl, oswa li ka entèdi yon moun kondui oswa itilize yon seri ekipman si l bwè. — Wom. 13:​1-5.

Jewova onore nou lefètke li ban nou libète pou nou byen pwofite pakèt kado li ban nou yo. E pami kado sa yo, nou gen libète pou n chwazi sa n ap manje ak sa n ap bwè. Nou swete desizyon n pran ap montre nou bay libète sa a anpil valè lè n chwazi itilize l yon fason ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi.

a Gen yon òganizasyon nan kesyon lasante Ozetazini ki fè konnen, menmsi yon moun ta bwè depase limit yon sèl fwa, sa ka fè l touye moun, sa ka fè l touye tèt li, sa ka fè l fè abi seksyèl sou lòt moun, sa ka fè l fè vyolans sou mari l oswa madanm li, li ka gen yon konduit seksyèl ki lakòz li ansent san l pa t vle oswa ki ka fè l pran yon maladi, e li ka fè foskouch.