Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 51

Esperans nou genyen an pap desevwa nou

Esperans nou genyen an pap desevwa nou

“Esperans [...] pa mennen nan desepsyon.” — WOM. 5:5.

KANTIK 142 Annou kenbe esperans nou an fèm

SA NOU PRAL WÈ a

1. Poukisa nou kapab di esperans Abraram te genyen an pa t pou granmesi?

 JEWOVA te pwomèt Abraram, zanmi l, tout nasyon sou tè a t ap jwenn benediksyon pa mwayen desandans li (Jen. 15:5; 22:18). Piske Abraram te gen anpil lafwa nan Bondye, li te gen konviksyon pwomès Bondye te fè l la t ap reyalize. Aktout sa, lè Abraram te gen 100 an e madanm li te gen 90 an, mari ak madanm sa a ki te fidèl te toujou pa gen pitit (Jen. 21:​1-7). Epoutan, men sa Bib la di: “Abraram te gen lafwa sou baz esperans li te genyen an, sa ki t ap pèmèt li vin papa anpil nasyon, ann amoni ak sa ki te di a.” (Wom. 4:18). Nou konnen sa Abraram te espere a te reyalize. Li te vin gen pitit gason li t ap tann depi lontan an, anpalan de Izarak. Sa k fè Abraram te gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès li te fè a?

2. Sa k fè Abraram te gen konviksyon pwomès Jewova te fè a t ap reyalize?

2 Piske Abraram te byen konn Jewova, “li te gen fèm konviksyon Bondye te ka fè sa l te pwomèt la”. (Wom. 4:21.) Abraram te gen favè Jewova e Jewova te konsidere l kòm yon moun ki jis paske l te gen lafwa (Jak 2:23). Jan Women 4:18 fè konnen, lafwa Abraram te makònen ak esperans li te genyen an. Kounye a, ann wè sa apot Pòl di konsènan esperans, jan sa parèt nan Women chapit 5.

3. Ki sa Pòl esplike anrapò ak esperans?

3 Pòl esplike sa k fè nou ka sèten esperans nou genyen an “pa mennen nan desepsyon”. (Wom. 5:5.) Epitou, li ede nou konprann ki jan esperans nou genyen antanke kretyen an kapab vin pi solid. Pandan n ap egzamine rezònman Pòl te fè nan Women 5:​1-5 lan, reflechi sou eksperyans ou menm ou te fè. Pandan w ap fè sa, sandout w ap rann ou kont, tank tan ap pase, esperans ou genyen antanke kretyen an vin pi djanm. Epitou, nou pral wè ki jan nou ka fè esperans nou genyen an vin pi solid pase jan l ye kounye a. Ann pale toudabò konsènan bèl esperans Pòl di ki pap mennen nan desepsyon an.

BÈL ESPERANS NOU GENYEN AN

4. Sou ki sa Women 5:​1, 2 pale?

4 Li Women 5:​1, 2. Pòl te ekri pawòl sa yo pou kongregasyon ki te nan vil Wòm nan. Frè ak sè nan vil sa a te aprann konnen Jewova ak Jezi, yo te montre yo gen lafwa e yo te vin kretyen. Konsa, Bondye te “deklare [yo] jis paske [yo te] gen lafwa”, e li te chwazi yo pa mwayen lespri sen. Vrèmanvre, yo te vin gen yon bèl esperans ki sèten.

5. Ki esperans kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo genyen?

5 Annapre, Pòl te ekri kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te nan vil Efèz yo konsènan esperans Bondye te ba yo a. Esperans sa a t ap pèmèt yo jwenn “eritaj [Bondye rezève] pou moun ki sen yo”. (Efe. 1:18.) Epitou, Pòl te montre kretyen nan vil Kolòs yo ki kote yo t ap jwenn rekonpans yo a. Li te rele rekonpans sa a “esperans ki rezève pou nou nan syèl la”. (Kol. 1:​4, 5.) Donk, esperans kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo genyen an, se pou yo resisite pou yo viv pou toutan nan syèl la, kote yo pral dirije ansanm ak Kris. — 1 Tes. 4:​13-17; Rev. 20:6.

Frè Frederick Franz te byen esplike jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo gen konfyans nan esperans yo genyen an. (Gade paragraf 6.)

6. Ki sa youn nan frè Bondye chwazi pou al nan syèl yo te di konsènan esperans li genyen an?

6 Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo bay esperans sa a anpil valè. Men sa youn nan yo, frè Frederick Franz, te di ak tout kè l an 1991, apre l te fin fè plizyè dizèn ane ap sèvi Jewova fidèlman: “Esperans nou genyen an sèten, e l ap reyalize nèt pou chak moun nan 144000 moun ki fè pati ti twoupo a. Rekonpans nou an ap pi bon lontan pase kèlkeswa sa n te ka imajine. [...] Esperans sa a toujou gen anpil valè pou nou. [...] Plis n ap tann li, se plis nou gen rekonesans pou li. Li merite pou n tann li, menmsi sa ta mande pou n tann yon milyon ane. Esperans nou genyen an gen plis valè pou mwen pase anvan.”

7-8. Ki esperans pifò moun genyen? (Women 8:​20, 21).

7 Pifò moun k ap adore Jewova jodi a gen yon lòt esperans. Se esperans sa a Abraram te genyen, anpalan de esperans pou moun viv pou toutan sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a (Ebre 11:​8-10, 13). Pòl te ekri konsènan bèl avni k ap tann moun ki gen esperans sa a. (Li Women 8:​20, 21.) Premye fwa w te aprann pwomès Bib la fè pou lavni, ki sa k te plis atire w? Èske se lefètke w ap vin pafè yon jou e w pap fè peche ankò? Oswa èske w te kontan anpil lè w te aprann moun pa w ki mouri yo pral viv ankò nan yon paradi sou tè a? Sou baz “esperans” Bondye bay la, gen anpil bagay k ap tann ou.

8 Kit nou gen esperans pou nou viv pou toutan nan syèl la oswa sou tè a, nou gen yon bèl esperans ki ban nou rezon pou n gen kè kontan. E bèl esperans nou genyen an kapab vin pi djanm toujou. Sa Pòl te ekri annapre ede n konprann ki jan sa kapab fèt. Ann wè ki sa l te ekri konsènan esperans nou an. Pawòl Pòl te di yo ap fè n gen plis konviksyon sa n espere yo ap reyalize san mank.

FASON ESPERANS NOU GENYEN AN KAPAB VIN PI DJANM

Tout kretyen ka atann y ap jwenn tribilasyon yon fason oswa yon lòt. (Gade paragraf 9-10.)

9-10. Jan egzanp Pòl montre, ki sa kretyen yo ka atann? (Women 5:3). (Gade foto yo tou.)

9 Li Women 5:3. N ap remake tribilasyon ka fè esperans nou genyen an vin pi djanm. Nou ka sezi aprann sa. An reyalite, tout disip Kris yo ka atann y ap jwenn tribilasyon. Ann pran egzanp Pòl. Men sa l te di kretyen Tesalonik yo: “Lè nou te avèk nou, nou te konn di nou davans nou t ap gen pou nou sibi tribilasyon, e se sa k rive.” (1 Tes. 3:4). E men sa l te ekri kretyen nan vil Korent yo: “Frè m yo, nou pa ta renmen nou pa okouran tribilasyon nou te sibi [...], e nou pa t gen espwa n ap soti vivan.” — 2 Kor. 1:8; 11:​23-27.

10 Jodi a, kretyen yo ka atann y ap jwenn tribilasyon tou yon fason oswa yon lòt (2 Tim. 3:12). E ou menm? Èske w te jwenn tribilasyon poutèt ou te met lafwa w nan Jezi e w te vin disip li? Petèt zanmi w ak moun nan fanmi w te pase w nan rizib. Petèt yo te menm maltrete w. Lefètke w te pran detèminasyon pou w aji yon fason ki dwat nan tout bagay, èske sa te fè w jwenn pwoblèm nan travay ou (Ebre 13:18)? Èske otorite nan gouvènman an te pèsekite w poutèt ou t ap fè lòt moun konnen esperans ou genyen an? Sepandan, kèlkeswa tribilasyon nou ta jwenn, Pòl di nou kapab rejwi. Sa k fè sa?

11. Poukisa nou bezwen pran detèminasyon pou n andire kèlkeswa eprèv nou jwenn?

11 Nou kapab kontan lè n jwenn tribilasyon paske sa kapab ede n vin gen yon kalite enpòtan. Men sa Women 5:3 di: “Tribilasyon bay andirans.” Se tout kretyen k ap jwenn tribilasyon, se sa k fè tout kretyen dwe gen andirans. Nou bezwen pran detèminasyon pou n andire kèlkeswa eprèv nou ta jwenn. Se lè sa a sèlman n ap kapab jwenn rekonpans nou espere a. Nou pa vle sanble ak moun Jezi te gen nan lespri l lè l t ap pale konsènan semans ki tonbe nan tè ki gen wòch la. Yo te aksepte pawòl la ak kè kontan tousuit, men, “kou vin gen tribilasyon oswa pèsekisyon”, yo lage sa (Mat. 13:​5, 6, 20, 21). Se vre se pa yon bagay ki fasil oswa ki dous pou n andire opozisyon oswa eprèv, men, lè n andire, sa ap bon pou nou. Nan ki sans?

12. Ki byenfè nou jwenn lè n andire eprèv?

12 Disip Jak te fè konnen jan sa bon lè n andire eprèv. Men sa l te ekri: “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen.” (Jak 1:​2-4). Fason Jak pale de andirans montre andirans gen yon travay pou l fè. Ki travay andirans gen pou l fè? Li kapab ede w vin gen plis pasyans ak plis lafwa, e l kapab ede w konte plis sou Bondye. Sepandan, gen yon lòt bagay enpòtan nou jwenn lè n andire.

13-14. Ki sa andirans fè n jwenn, e ki rapò sa gen ak esperans nou genyen an? (Women 5:4).

13 Li Women 5:4. Pòl fè konnen andirans fè yon moun vin nan “yon kondisyon Bondye apwouve”. Donk, lè w andire ou gen favè Jewova. Sa pa vle di Jewova kontan lè w jwenn eprèv oswa pwoblèm. Se ou menm Bondye apwouve. Andirans ou genyen an fè w vin nan yon kondisyon Bondye apwouve. Sa a se yon gwo benediksyon! — Sòm 5:12.

14 Sonje Abraram te andire eprèv li te jwenn yo e sa te fè l jwenn favè Bondye. Jewova te konsidere l kòm zanmi l e L te konsidere l kòm yon moun ki jis (Jen. 15:6; Wom. 4:​13, 22). Jewova ka fè menm bagay la pou nou. Se pa paske nou gen anpil travay oswa responsablite nan sèvis Bondye ki fè l fè n favè. Li fè nou favè paske nou kontinye andire. E kèlkeswa laj nou, sitiyasyon nou oswa kapasite nou, nou tout kapab andire. Èske gen yon eprèv w ap andire kounye a e w rete fidèl? Si se ka pa w, konnen w fè kè Bondye kontan. Lè n rann nou kont nou gen favè Bondye, sa kapab gen gwo efè sou nou. Sa kapab fè esperans nou genyen an vin pi djanm.

YON ESPERANS KI VIN PI DJANM

15. Ki bagay ankò Pòl te di, e poukisa sa ka fè kèk moun sezi?

15 Selon esplikasyon Pòl te bay, nou vin gen favè Jewova lè n andire eprèv e n ret fidèl. Remake sa Pòl te di apre sa: “Kondisyon Bondye apwouve [a] [...] bay esperans, e esperans sa a pa mennen nan desepsyon.” (Wom. 5:​4, 5). Sa ka fè kèk moun sezi. Sa k fè sa? Paske, anvan sa, jan sa parèt nan Women 5:​2, Pòl te fè konnen kretyen nan vil Wòm yo te deja gen yon esperans, anpalan de “esperans [pou yo] resevwa glwa nan men Bondye”. Se sa k fè gen moun ki te ka mande: ‘Si kretyen sa yo te deja gen yon esperans, poukisa Pòl te pale de esperans nan pawòl li te di annapre yo?’

Esperans ou te twouve ki bèl anpil okòmansman an vin pi djanm e l vin pi solid chak jou. (Gade paragraf 16-17.)

16. Ki jan yon moun kòmanse gen esperans? (Gade foto yo tou.)

16 Nou kapab konprann sa Pòl te vle di lè n sonje esperans se yon bagay ki kapab vin pi djanm. Ann pran yon egzanp: Èske w sonje premye fwa w te tande pale konsènan bèl esperans nou jwenn nan Pawòl Bondye a? Petèt, lè sa a, ou te panse kesyon pou moun viv pou toutan nan yon paradi sou tè a se jis yon rèv. Sepandan, plis ou t ap aprann konnen Jewova ak pwomès li fè nou jwenn nan Bib la, ou te vin gen plis konviksyon esperans sa a ap vin yon reyalite.

17. Ki jan esperans ou genyen an kontinye vin pi djanm apre w fin vwe Jewova lavi w e w batize?

17 Menm apre w te fin vwe Jewova lavi w epi w te batize, esperans ou genyen an te kontinye vin pi djanm, toutpandan ou t ap aprann konn Jewova pi byen e w te vin renmen l plis (Ebre 5:13–6:1). Petèt ou te viv pawòl nou jwenn nan Women 5:​2-4 yo. Ou te jwenn divès kalite tribilasyon, men, ou te andire yo e w te santi ou te jwenn favè Bondye. Piske w konnen ou gen favè Bondye, kounye a ou vin gen plis rezon pou w kwè w ap jwenn sa l pwomèt yo. Esperans ou genyen an vin pi djanm pase jan l te ye okòmansman an. Li vin pi reyèl pou ou. Li gen efè sou tout aspè nan lavi w e li chanje fason w aji ak fanmi w, fason w pran desizyon, e menm fason w sèvi ak tan w.

18. Ki garanti Jewova bay?

18 Apot la te pale tou sou yon pwen ki enpòtan anpil ki gen rapò ak esperans ou genyen lè w jwenn favè Bondye. Li ba w asirans w ap jwenn sa w espere yo. Sa k fè w kapab kwè sa? Men garanti Bondye te fè Pòl bay kretyen yo: “Esperans sa a pa mennen nan desepsyon, paske lanmou Bondye ranpli kè nou grasa lespri sen li ban nou an.” (Wom. 5:5). Ou gen anpil rezon pou w gen konfyans nan esperans Jewova ba w la.

19. Ki asirans ou kapab genyen anrapò ak esperans ou genyen an?

19 Reflechi sou pwomès Jewova te fè Abraram nan, jan l te jwenn favè Bondye ak jan Bondye te konsidere l kòm zanmi l. Esperans Abraram te genyen an pa t pou granmesi. Men sa Bib la di: “Se apre Abraram te fin demontre li gen pasyans, li te jwenn pwomès sa a.” (Ebre 6:15; 11:​9, 18; Wom. 4:​20-22). Se sèten esperans li te genyen an pa t desevwa l. Ou menm tou ou kapab gen konfyans, si w ret fidèl, w ap jwenn rekonpans ou espere a. Esperans ou genyen an reyèl. Li fè w gen kè kontan, li pap desevwa w (Wom. 12:12)! Men sa Pòl te ekri: “Mwen swete pou Bondye ki bay esperans lan ranpli nou ak yon jwa ak yon lapè total poutèt nou kwè nan li, dekwa pou nou ka gen esperans ann abondans avèk pisans lespri sen an.” — Wom. 15:13.

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

a Nan atik sa a, nou pral wè sa esperans nou genyen antanke kretyen an gen ladan l ak rezon ki ka fè n gen konfyans sa n espere yo ap reyalize. Women chapit 5 pral ede n wè jan esperans nou gen kounye a pa menm ak esperans nou te genyen lè n te fèk aprann laverite.