Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 50

Lafwa nou genyen ak bon aksyon nou fè ka fè n vin jis nan je Bondye

Lafwa nou genyen ak bon aksyon nou fè ka fè n vin jis nan je Bondye

“Suiv egzanp lafwa papa nou Abraram pazapa.” — WOM. 4:12.

KANTIK 119 Nou dwe gen lafwa

SA NOU PRAL WÈ a

1. Lè n reflechi sou lafwa Abraram te genyen, ki kesyon sa ka fè n poze tèt nou?

 BYENKE anpil moun tande pale de Abraram, pifò nan yo pa konn anpil bagay sou li. Men, ou menm, ou konn anpil bagay sou Abraram. Pa egzanp, ou konnen yo rele Abraram “papa tout moun ki gen lafwa”. (Wom. 4:11.) Sepandan, ou ka ap mande tèt ou: ‘Èske m ka suiv egzanp Abraram pye pou pye, e èske m ka vin gen kalite lafwa li te genyen an?’ Wi, ou kapab.

2. Poukisa l enpòtan pou n egzamine egzanp Abraram? (Jak 2:​22, 23).

2 Youn nan fason nou ka vin gen lafwa menm jan ak Abraram se lè nou egzamine egzanp li. Abraram te obeyi lòd Bondye te ba li pou l t al nan yon peyi ki byen lwen. Li te fè plizyè dizèn ane ap viv anba tant e l te dispoze sakrifye Izarak, pitit gason li te renmen anpil la. Abraram te fè tout bagay sa yo paske li te gen anpil lafwa nan Jewova. Piske Abraram te gen lafwa, e l te fè bèl aksyon, sa te fè kè Bondye kontan, e l te vin zanmi l. (Li Jak 2:​22, 23.) Jewova vle nou tout gen favè l e li vle nou tout vin zanmi l, san wete ou menm. Se poutèt sa, li te fè Pòl ak Jak, de moun ki ekri liv nan Bib la, pale sou egzanp Abraram. Kounye a, ann fè yon ti pale sou egzanp Abraram, jan sa parèt nan Women chapit 4 ak Jak chapit 2. Nan toule de chapit sa yo, nou jwenn yon bèl deklarasyon konsènan Abraram.

3. Ki vèsè nan Bib la Pòl ak Jak te site?

3 Pòl ak Jak te site Jenèz 15:6 ki di: “[Abraram] te mete lafwa nan Jewova, e sa te fè Li konsidere l kòm yon moun ki jis.” Yon moun ki jis, se yon moun Bondye konsidere kòm yon moun ki fè l plezi e ki san repwòch. Se yon bagay ki vrèman estrawòdinè dèske Bondye ka konsidere yon moun enpafè, yon moun ki fè peche, kòm yon moun ki san repwòch! Se sèten w ta renmen Bondye wè w konsa tou, e sa posib. Pou n ka wè rezon ki fè Jewova ka konsidere n kòm yon moun ki jis, nou bezwen konprann rezon ki fè Jewova te di Abraram se yon moun ki jis.   

NOU DWE GEN LAFWA POU N VIN JIS NAN JE BONDYE

4. Ki sa ki anpeche moun jis nan je Bondye?

4 Nan lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te fè konnen tout moun peche (Wom. 3:23). Nan ka sa a, èske gen yon moun ki kapab jis oswa san repwòch pou l ka fè Bondye plezi? Pòl te pran egzanp Abraram pou l ede tout kretyen sensè jwenn repons kesyon sa a.

5. Sou ki baz Jewova te deklare Abraram jis? (Women 4:2-4).

5 Pandan Abraram t ap viv nan peyi Kanaran, Jewova te fè konnen li se yon moun ki jis. Poukisa Jewova te kapab di Abraram se yon moun ki jis? Èske se paske Abraram te suiv Lwa L te bay pa mwayen Moyiz la yon fason ki san fay? Repons lan se non (Wom. 4:13). Se plis pase 400 an apre Bondye te di Abraram se yon moun ki jis, Li te bay nasyon Izrayèl la Lwa sa a. Donk, sou ki baz Bondye te deklare Abraram jis? Piske Jewova fè moun favè ki san parèy, li te fè konnen Abraram se yon moun ki jis paske Abraram te gen lafwa. — Li Women 4:​2-4.

6. Nan ki sans Jewova deklare yon moun ki peche jis?

6 Pòl te di, lè yon moun gen lafwa nan Bondye, sa “fè yo konsidere l kòm yon moun ki jis”. (Wom. 4:5.) Epitou, li te di: “Tankou David te di tou konsènan kè kontan moun genyen lè Bondye konsidere yo kòm moun ki jis san se pa anrapò ak sa yo fè: ‘Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. Byennere moun Jewova pap konsidere peche yo menm.’” (Wom. 4:​6-8; Sòm 32:​1, 2). Bondye padone oswa kouvri peche moun ki gen lafwa nan li. Li padone peche yo nèt. Li konsidere moun sa yo kòm moun ki san repwòch e ki jis sou baz lafwa yo genyen.

7. Nan ki sans moun fidèl ki t ap adore Jewova nan tan lontan yo te jis?

7 Bondye te fè konnen Abraram, David ak lòt moun ankò ki t ap adore l fidèlman te jis, alòske yo pa t pafè. Men, piske yo te gen lafwa, Bondye te konsidere yo kòm moun ki san repwòch, sitou lè l te konpare yo ak moun ki pa t ap adore l (Efe. 2:12). Tankou Pòl te di sa byen klè nan lèt li a, lafwa enpòtan anpil pou yon moun vin zanmi Bondye. Abraram ak David te zanmi Bondye paske yo te gen lafwa nan li. Nou menm tou nou kapab vin zanmi Bondye.

KI RAPÒ KI GENYEN ANT LAFWA AK BON AKSYON?

8-9. Sa k fè kèk moun mal konprann pawòl Pòl ak Jak te ekri yo, e poukisa?

8 Pandan plizyè syèk, legliz ki fè konnen yo se kretyen yo te fè gwo deba sou rapò ki genyen ant lafwa ak bon aksyon. Gen kèk chèf relijye ki fè konnen yon moun annik bezwen kwè nan Seyè Jezi Kris pou l ka sove. Petèt ou konn tande yo k ap di: “Aksepte Jezi e w ap sove.” Gen chèf relijye ki konn menm site pawòl Pòl te di yo ki di: “Bondye konsidere yo kòm moun ki jis san se pa anrapò ak sa yo fè.” (Wom. 4:6). Sepandan, gen lòt ki fè konnen ou kapab “sove” si w al nan pelerinaj e si w fè lòt aktivite legliz di pou w fè. Petèt yo site Jak 2:24 ki di: “Se grasa bon aksyon yon moun fè y ap deklare l jis, se pa grasa lafwa l sèlman.”

9 Akoz diferans sa yo, gen kèk biblis ki fè konnen Pòl ak Jak pa t antann yo sou kesyon ki gen rapò ak lafwa ak bon aksyon an. Gen chèf relijye ki ka di Pòl te kwè pou yo deklare yon moun jis li bezwen gen lafwa sèlman, alòske Jak te montre li enpòtan anpil pou yon moun fè bèl aksyon pou l ka gen favè Bondye. Gen yon pwofesè teyoloji ki di: “Jak pa t konprann rezon ki fè Pòl te ensiste pou l di se lafwa sèlman [yon moun bezwen genyen pou yo konsidere l kòm yon moun ki jis], se pa grasa aksyon li fè.” Men, se Jewova ki te fè Pòl ak Jak ekri sa yo te ekri yo (2 Tim. 3:16). Donk, dwe gen yon fason senp pou n konprann sa yo te di yo. Nou dwe egzamine nan ki kontèks yo te di sa yo te ekri nan lèt sa yo pou n ka pi byen konprann sa yo te di yo.

Pòl te montre kretyen juif ki t ap viv nan vil Wòm yo se lafwa ki enpòtan, se pa fè sa Lalwa Moyiz la mande. (Gade paragraf 10.) b

10. Konsènan ki sa Pòl te sitou ap pale lè l te itilize mo “fè” a? (Women 3:​21, 28). (Gade foto a tou.)

10 Nan Women chapit 3 ak chapit 4, lè Pòl te itilize mo “fè” a, konsènan ki sa l t ap pale? Pòl te plis ap pale konsènan “fè sa Lalwa mande”, anpalan de Lalwa Moyiz la Bondye te bay sou Mòn Sinayi. (Li Women 3:​21, 28.) Sanble nan epòk Pòl la gen Juif ki te kretyen ki te kwè yo te dwe kontinye suiv Lalwa Moyiz la. Se sa k fè Pòl te pran egzanp Abraram pou l montre yon moun pa bezwen “fè sa Lalwa mande” pou Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis. Se lafwa l bezwen genyen. Sa ankourajan paske sa montre nou, si nou gen lafwa nan Bondye ak nan Kris, nou kapab gen favè Bondye.

Jak te ankouraje kretyen yo pou yo montre yo gen lafwa nan “bon aksyon” yo fè, pa egzanp, yo bezwen fè bèl aksyon pou lòt moun san patipri. (Gade paragraf 11-12.) c

11. Konsènan ki “bon aksyon” Jak t ap pale?

11 Sepandan, “bon aksyon” Jak te pale de yo nan chapit 2 a pa menm bagay ak “fè sa Lalwa mande”, jan Pòl te di sa. Nan chapit sa a, Jak ap pale konsènan bon aksyon oswa aktivite kretyen yo fè chak jou nan lavi yo ki montre si yon kretyen gen bonjan lafwa nan Bondye oswa si l pa gen lafwa. Ann wè de egzanp Jak te itilize.

12. Ki jan Jak te esplike rapò ki genyen ant lafwa ak bon aksyon? (Gade foto a tou.)

12 Nan premye egzanp lan, Jak te montre jan sa enpòtan pou kretyen yo pa gen patipri nan fason y ap aji ak lòt moun. Nan sans sa a, li te pran egzanp yon mesye ki te byen aji ak yon moun ki te rich alòske li te meprize yon moun ki te pòv. Jak te montre, se vre mesye sa a ka di li gen lafwa, men, èske li montre sa nan aksyon l (Jak 2:​1-5, 9)? Nan yon dezyèm egzanp Jak te pran, li te pale konsènan yon moun ki wè ‘yon frè oswa yon sè touni oswa ki pa gen ase manje pou l manje’, men moun nan pa fè anyen pou ede l. Menmsi moun sa a di li gen lafwa, li pa montre sa nan aksyon l. Donk, lafwa li di li genyen an pa itil anyen. Tankou Jak te ekri, “depi pa gen bon aksyon ki mache [ak lafwa], li mouri”. — Jak 2:​14-17.

13. Ki egzanp Jak te pran pou l montre nonsèlman nou bezwen gen lafwa, men nou bezwen fè bèl aksyon tou? (Jak 2:​25, 26).

13 Jak te pale de Rahab kòm yon moun ki te gen lafwa e ki te montre sa nan aksyon l. (Li Jak 2:​25, 26.) Li te tande pale de Jewova e l te ka wè Jewova te avèk Izrayelit yo (Joz. 2:​9-11). Aksyon l te fè te montre li gen lafwa. Lè de Izrayelit te vini kòm espyon e lavi yo te an danje, li te pwoteje yo. Se sa k fè, menm jan ak Abraram, Bondye te fè konnen dam sa a ki pa t pafè e ki pa t Izrayelit te yon moun ki jis. Egzanp Rahab montre jan sa enpòtan pou n montre nou gen lafwa grasa aksyon nou fè.

14. Nan ki sans pawòl Pòl te ekri yo ann amoni ak sa Jak te ekri yo?

14 Donk, Pòl ak Jak pa t ap pale konsènan lafwa ak aksyon nan menm kontèks. Pòl t ap esplike Juif ki kretyen yo, yo pa t ap janm ka gen favè Bondye si yo te annik fè sa Lalwa Moyiz la te mande. Jak li menm t ap montre jan sa enpòtan pou tout kretyen montre yo gen lafwa lè yo fè byen pou lòt moun.

Èske lafwa w pouse w fè yon seri bagay ki fè Jewova plezi? (Gade paragraf 15.)

15. Bay kèk fason nou ka montre nou gen lafwa pa mwayen aksyon nou. (Gade foto yo tou.)

15 Jewova pa di si nou vle li konsidere n kòm moun ki jis nou dwe fè egzakteman sa Abraram te fè. An reyalite, gen anpil fason nou ka montre nou gen lafwa grasa sa nou fè. Nou kapab akeyi nouvo yo nan kongregasyon an, nou kapab ede frè n ak sè n ki vrèman nan bezwen yo, e nou kapab fè byen ak moun nan fanmi nou. Tout sa se bagay k ap fè Bondye plezi e l ap beni nou pou sa (Wom. 15:7; 1 Tim. 5:​4, 8; 1 Jan 3:18). Yon bèl travay ki vrèman enpòtan k ap montre nou gen lafwa, se lè nou chofe pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun (1 Tim. 4:16). Nou tout kapab montre nan aksyon nou nou gen lafwa pwomès Jewova yo ap reyalize e se fason l aji ki pi bon. Si nou fè sa, nou mèt gen bonjan konfyans Bondye ap konsidere nou kòm moun ki jis e l ap konsidere nou kòm zanmi l. 

POU YON MOUN GEN LAFWA, LI ENPÒTAN ANPIL POU L GEN ESPERANS

16. Ki jan esperans Abraram te genyen an te makònen ak lafwa l te genyen?

16 Nan Women chapit 4, gen yon lòt gwo leson nou kapab aprann nan egzanp Abraram: li enpòtan pou n gen esperans. Jewova te pwomèt “anpil nasyon” t ap jwenn benediksyon pa mwayen Abraram. Se pa ti bèl esperans Abraram te genyen (Jen. 12:3; 15:5; 17:4; Wom. 4:17)! Sepandan, menm lè Abraram te gen 100 an e Sara te gen 90 an, yo potko gen pitit gason Jewova te pwomèt yo a. Yon moun te ka panse li enposib pou Abraram ak Sara te vin gen yon pitit gason. Sitiyasyon sa a te yon gwo eprèv pou Abraram. “Abraram te gen lafwa sou baz esperans li te genyen an, [...] li [t ap] vin papa anpil nasyon.” (Wom. 4:​18, 19). Rive yon lè, esperans Abraram te genyen an te vin yon reyalite. Li te vin papa Izarak, pitit gason li t ap tann depi lontan an. — Wom. 4:​20-22.

17. Ki jan nou fè konnen Bondye kapab konsidere nou kòm moun ki jis antanke zanmi l?

17 Nou kapab gen favè Bondye e li kapab konsidere nou kòm moun ki jis antanke zanmi l, menm jan ak Abraram. An reyalite, se sa Pòl te montre lè l te di: “Se pa pou [Abraram] sèlman yo te ekri pawòl ki di: ‘Sa te fè Bondye konsidere l’ la. Men, yo te ekri l tou pou nou menm Bondye pral konsidere kòm moun ki jis, paske nou kwè nan li menm ki te resisite Jezi.” (Wom. 4:​23, 24). Menm jan ak Abraram, nonsèlman nou bezwen gen lafwa e nou bezwen montre sa nan aksyon nou, men tou, nou bezwen gen esperans. Pòl te kontinye pale de esperans nou genyen an nan Women chapit 5, e se sa nou pral wè nan atik ki vin apre a.

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

a Nou ta renmen gen favè Bondye e nou ta renmen l konsidere nou kòm moun ki jis. Nan atik sa a, nou pral sèvi ak sa Pòl ak Jak te ekri pou n wè ki sa n ka fè pou sa e ki jan lè nou gen lafwa e nou fè bon aksyon sa ap fè n gen favè Jewova.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Pòl te ede kretyen juif yo wè se lafwa ki enpòtan, se pa “fè sa Lalwa mande”, pa egzanp, pase fil ble nan rad yo, selebre fèt Pak la, suiv yon seri koutim sou fason y ap lave kò yo.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Jak te ankouraje kretyen yo pou yo montre yo gen lafwa lè yo fè byen pou lòt moun, pa egzanp, ede moun ki pòv.