Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 53

Nou menm jèn frè, fè efò pou n vin gen matirite

Nou menm jèn frè, fè efò pou n vin gen matirite

“Pou nou fin grandi nèt, jis nou rive nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè, menm jan avè l.” — EFE. 4:13.

KANTIK 135 “Pitit mwen, montre w saj”

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa yon frè dwe fè pou l reyisi nan sa l ap fè?

 APOT Pòl te ankouraje kretyen nan vil Efèz yo ‘pou yo fin grandi nèt, jis yo rive nan nivo Kris ye a, pou yo vin konplè, menm jan avè l’. (Efe. 4:13.) Tout frè yo bezwen suiv konsèy sa a jodi a. Pou yo rive fè sa, yo dwe aprann obeyi lwa Bondye yo, e yo dwe aplike prensip ki nan Bib la nan tout aspè nan lavi yo (Lik 2:52). Poukisa li enpòtan anpil pou jèn frè yo vin gen matirite antanke kretyen?

2-3. Poukisa l enpòtan pou yon jèn frè vin gen matirite antanke kretyen?

2 An jeneral, frè yo gen yon wòl enpòtan nan fanmi yo ak nan kongregasyon yo. Nou menm jèn frè, sandout nou konn ap panse ak responsablite nou ka vin genyen pi devan. Nou ka gen objektif pou n antre nan sèvis aplentan, pou n vin sèvitè ministeryèl, e pi devan, pou n vin ansyen nan kongregasyon an. Epitou, nou ka vle marye, epi vin gen pitit (Efe. 6:4; 1 Tim. 3:1). Pou n reyalize objektif sa yo e pou n reyisi nan sa n ap fè, nou bezwen gen matirite antanke kretyen. b

3 Ki sa k ka ede w vin gen matirite antanke kretyen? Gen anpil bagay w ap bezwen aprann e w ap bezwen chèche vin maton ladan yo. Donk, ki sa w ka fè pou w prepare w depi kounye a pou w reyisi nan kèlkeswa responsablite ou ta vin genyen pi devan?

KÈK BAGAY W AP BEZWEN FÈ POU W VIN GEN MATIRITE

Lè w imite bèl kalite Jezi te genyen, sa ka ede w vin gen matirite antanke kretyen. (Gade paragraf 4.)

4. Ki kote w ka jwenn bon egzanp pou w imite? (Gade foto a tou.)

4 Chwazi bon egzanp pou w imite. Bib la chaje ak bon egzanp pou jèn gason yo imite. Mesye nan tan lontan sa yo te renmen Bondye e yo te pran swen pèp Bondye a divès fason. Ou kapab jwenn bèl egzanp frè ki gen matirite tou nan fanmi w ak nan kongregasyon an (Ebre 13:7). E pi bèl egzanp ou genyen se Jezi Kris (1 Pyè 2:21). Pandan w ap byen egzamine egzanp sa yo, reflechi sou bèl kalite moun sa yo te genyen (Ebre 12:​1, 2). Apre sa, chèche wè ki jan w ka imite mesye sa yo.

5. Ki jan w ka aprann reflechi, e poukisa sa enpòtan? (Sòm 119:9).

5 “Toujou bat [...] pou w aprann reflechi.” (Pwo. 3:21). Yon gason ki aprann reflechi, byen egzamine posiblite l genyen anvan l aji. Donk, fè anpil efò pou w vin gen kapasite sa a e pou w kontinye genyen l. Poukisa? Monn nan chaje ak jèn gason k ap suiv pwòp ide pa yo oswa k ap aji san reflechi (Pwo. 7:7; 29:11). Epitou, medya yo ka gen gwo enfliyans sou fason w panse ak fason w aji. Men, ki jan w ka aprann reflechi? Pou kòmanse, aprann prensip ki nan Bib la e reflechi pou w wè jan yo itil. Apre sa, sèvi ak prensip sa yo pou ede w pran desizyon k ap fè Jewova plezi. (Li Sòm 119:9.) Si w vin gen kalite enpòtan sa a, sa ap vrèman ede w vin yon kretyen ki gen matirite (Pwo. 2:​11, 12; Ebre 5:14). Lè w aprann reflechi sa ap itil ou nan de sitiyasyon: 1) nan fason w aji ak sè yo e 2) nan desizyon w ap pran anrapò ak fason w ap abiye ak stil w ap chwazi.

6. Lè yon jèn frè aprann reflechi, ki jan sa ap ede l montre respè pou sè yo?

6 Lè w aprann reflechi, sa ap ede w montre respè pou fi. Pa egzanp, yon jèn frè ka enterese nan yon sè, e pa gen anyen mal nan sa. Sepandan, yon jèn frè ki aprann reflechi pap di anyen ki ta ka montre li enterese nan yon sè, li pap ekri oswa fè okenn bagay ki ta ka montre sa, sof si l ta vrèman vle marye ak sè a (1 Tim. 5:​1, 2). Si l renmen ak yon sè, l ap pwoteje repitasyon sè a lè l veye pou l pa janm poukont li avè l, pou toujou gen lòt moun la. — 1 Kor. 6:18.

7. Lè yon jèn frè aprann reflechi, ki jan sa ap ede l lè l ap chwazi rad l ap met sou li ak stil l ap fè cheve l?

7 Yon lòt fason yon jèn gason montre li aprann byen reflechi, se lè l byen chwazi rad l ap mete ak stil l ap fè cheve l. Byen souvan, rad ki alamòd yo se moun ki pa gen respè pou Jewova oswa k ap mennen yon vi imoral ki fè yo e k ap fè reklam pou yo. Vye panse imoral moun sa yo gen nan lespri yo parèt nan stil rad yo fè ki kole sou kò oswa ki gen tandans fè gason sanble fi. Lè yon jèn gason k ap fè pwogrè pou l vin gen matirite ap chwazi sa pou l mete, l ap kite prensip ki nan Bib la gide l e l ap suiv bon egzanp ki gen nan kongregasyon an. Li ka mande tèt li: ‘Èske sa m chwazi mete yo montre mwen byen reflechi e m gen respè pou lòt moun? Èske fason m abiye fè l fasil pou lòt moun kwè mwen se yon vrè sèvitè Bondye?’ (1 Kor. 10:​31-33; Tit 2:6). Lè yon jèn gason aprann reflechi, nonsèlman frè l ak sè l yo nan kongregasyon an ap respekte l, Papa l ki nan syèl la ap respekte l tou.

8. Ki jan yon jèn frè ka chèche vin yon moun yo ka fè konfyans?

8 Chèche vin yon moun yo ka fè konfyans. Yon jèn gason yo ka fè konfyans, pran tout responsablite yo ba li oserye (Lik 16:10). Reflechi sou pi bèl egzanp ki genyen an, anpalan de Jezi. Li pa t janm aji yon fason ki vag oswa li pa t janm neglijan. Okontrè, li te fè tout sa Jewova te ba l fè, menm lè sa pa t fasil. Li te renmen moun, sitou disip li yo, e l te dispoze bay lavi l pou yo (Jan 13:1). Menm jan ak Jezi, fè anpil efò pou w fè nenpòt sa yo ba w fè. Si w pa fin konn ji jan pou w fè yon travay yo ba w fè, avèk imilite, mande frè ki gen matirite yo ede w. Pa janm kontante w fè yon ti bagay toupiti (Wom. 12:11). Okontrè, fè travay yo ba w fè a nèt “tankou se pou Jewova, e non pa pou lèzòm”. (Kol. 3:23.) Nòmalman, ou pa pafè, donk, se pou w rekonèt limit ou epi admèt kèlkeswa erè w fè. — Pwo. 11:2.

APRANN YON SERI BAGAY K AP ITIL OU

9. Poukisa yon jèn frè dwe aprann fè yon seri bagay ki kapab itil li?

9 Pou w vin gen matirite antanke kretyen, w ap bezwen aprann yon seri bagay k ap itil ou. Sa ap ede w pou w aksepte responsablite nan kongregasyon an, pou w chèche jwenn yon travay k ap ede w pran swen tèt ou oswa fanmi w e pou w ka ret nan travay la, epitou pou w ka gen bon relasyon ak lòt moun. Ann wè kèk nan bagay ki enpòtan anpil ou ka fè.

Lè w aprann li byen e w aprann ekri byen, sa ap itil ni ou menm ni kongregasyon an. (Gade paragraf 10-11.)

10-11. Lè yon jèn frè aprann li ak ekri byen, ki jan sa ap itil ni li menm ni kongregasyon an? (Sòm 1:​1-3). (Gade foto a tou.)

10 Aprann li ak ekri byen. Bib la fè konnen yon gason ki gen kè kontan e ki reyisi nan sa l ap fè, pran tan pou l li Pawòl Bondye a chak jou e pou l medite sou sa l li yo. (Li Sòm 1:​1-3.) Lè l li Bib la chak jou, l ap aprann konn fason Jewova panse, sa k ap ede l pou l reflechi byen e pou l rezone byen (Pwo. 1:​3, 4). Nou bezwen gason konsa nan kongregasyon an. Poukisa?

11 Frè n ak sè n yo bezwen èd gason ki kapab anseye e ki kapab bay konsèy ki soti nan Bib la (Tit 1:9). Si w ka li byen e w ka ekri byen, w ap kapab prepare diskou ak kòmantè k ap itil lòt moun e k ap fòtifye lafwa yo. Epitou, w ap kapab pran bonjan nòt pandan w ap etidye e pandan w ap koute diskou nan reyinyon yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo. Nòt sa yo ap ede w pou lafwa w vin pi solid e pou w ankouraje lòt moun.

12. Ki sa k ap ede w aprann pale byen ak lòt moun e aprann koute yo?

12 Aprann pale byen ak lòt moun e aprann koute. Yon frè dwe aprann pale byen ak lòt moun e l dwe aprann koute. Yon frè ki fè sa konn koute lòt moun e li konprann sa yo panse ak sa yo santi (Pwo. 20:5). Li ka chèche konprann fason yon moun panse ak fason l santi l, nan ton vwa moun nan, fason l fè figi l ak jès li fè ak kò l. Ou pa ka aprann fè sa san w pa pase tan ak lòt moun. Si w toujou ap sèvi ak aparèy elektwonik pou w voye imel ak mesaj bay moun, sa ka fè l difisil pou w pale ak lòt moun e pou w koute yo lè w ansanm ak yo. Kidonk, kreye okazyon pou w ka ansanm ak lòt moun, pou w pale ak yo e pou w koute yo. — 2 Jan 12.

Li bon pou w aprann yon bagay k ap ede w jwenn yon travay. (Gade paragraf 13.)

13. Ki lòt bagay yon jèn frè dwe aprann? (1 Timote 5:8). (Gade foto a tou.)

13 Aprann travay pou w pran swen tèt ou. Yon frè ki gen matirite dwe kapab pran swen tèt li ak moun lakay li. (Li 1 Timote 5:8.) Nan kèk peyi, jèn frè yo ka aprann yon bagay ki ka itil yo nan men papa yo oswa nan men yon lòt moun nan fanmi yo. Nan lòt peyi, yon jèn gason ka aprann yon metye oswa lòt bagay k ap itil li pandan l nan lekòl segondè. Kèlkeswa jan sa ye, li bon pou w aprann yon bagay k ap ede w jwenn yon travay (Tra. 18:​2, 3; 20:34; Efe. 4:28). Se pou yo konnen w kòm yon moun ki konn travay di e ki toujou fini yon travay li kòmanse. Konsa, l ap pi fasil pou w jwenn yon travay e pou w ret ladan l. Li enpòtan tou pou yon frè gen kalite ak kapasite nou te pale de yo pi wo a pou l ka pran responsablite li ka vin gen pi devan yo oserye. Ann egzamine kèk nan responsablite sa yo.

PREPARE W POU RESPONSABLITE OU KA VIN GEN PI DEVAN

14. Ki jan yon jèn frè ka prepare l pou l antre nan sèvis aplentan?

14 Sèvis aplentan. Gen anpil frè ki gen matirite ki te antre nan sèvis aplentan pandan yo tou jèn. Lè yon jèn gason vin pyonye, sa ede l pou l aprann kolabore ak divès kalite moun. Sa ede l tou pou l fè yon bidjè ki rezonab e pou l respekte l (Flp. 4:​11-13). Yon bon fason pou w prepare w pou w antre nan sèvis aplentan se lè w pran sèvis pyonye oksilyè. Anpil moun sèvi antanke pyonye oksilyè pandan yon tan, e sa ede yo prepare yo pou yo vin pyonye pèmanan. Sèvis pyonye ka ouvri pòt pou anpil lòt fòm sèvis aplentan, sa gen ladan l travay antanke sèvitè nan konstriksyon oswa Betelit.

15-16. Ki jan yon jèn frè ka vin kalifye pou l sèvi nan kongregasyon an?

15 Sèvitè ministeryèl oswa ansyen. Tout frè ta dwe chèche gen objektif pou yo vin kalifye pou yo sèvi frè ak sè yo antanke ansyen nan kongregasyon an. Labib di yon frè k ap chèche gen responsablite sa a, “se yon bèl travay li ta renmen genyen”. (1 Tim. 3:1.) Anvan yon frè vin ansyen, li dwe kalifye pou l vin sèvitè ministeryèl. Sèvitè ministeryèl yo ede ansyen yo fè divès kalite travay. Ni ansyen yo, ni sèvitè ministeryèl yo ede frè ak sè yo avèk imilite e yo chofe nan travay predikasyon an. Jèn frè yo kapab kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl menm lè yo gen ant 17 ak 19 an. E yon sèvitè ministeryèl ki fè travay li byen kapab vin ansyen nan kòmansman ventèn li.

16 Ki jan w ka vin kalifye pou responsablite sa yo? Bib la fè konnen tout sa w bezwen fè, e se lanmou pou Jewova, pou fanmi w ak pou frè ak sè yo nan kongregasyon an k ap ede w vin kalifye (1 Tim. 3:​1-13; Tit 1:​6-9; 1 Pyè 5:​2, 3). Fè efò pou w konprann sa Bib la di sou sa. Priye Jewova pou l ede w vin gen kalite sa yo. c

Jewova vle pou yon mari renmen madanm li ak pitit li e pou l pran swen yo, pou l vin bon zanmi yo, e sa k pi enpòtan an, pou l ede yo vin pwòch avè L. (Gade paragraf 17.)

17. Ki jan yon jèn frè ka prepare l pou l vin yon mari e yon chèf fanmi? (Gade foto a tou.)

17 Mari ak chèf fanmi. Jan Jezi te montre sa, gen frè ki gen matirite ki ret selibatè (Mat. 19:12). Sepandan, si w chwazi marye, w ap vin gen lòt responsablite antanke mari e antanke chèf fanmi (1 Kor. 11:3). Jewova atann pou yon mari renmen madanm li, pou l pran swen l, pou l yon bon zanmi pou li e pou l ede l rete pwòch avè L (Efe. 5:​28, 29). Kalite ak kapasite nou te pale de yo nan atik sa a, kalite tankou aprann reflechi, respekte fi, epi chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, ap ede w pou w yon bon mari. W ap byen prepare pou w pran responsablite w antanke mari e antanke chèf fanmi.

18. Ki jan yon jèn frè ka prepare l pou l vin papa?

18 Papa. Apre w fin marye ou ka vin papa. Ki sa w ka aprann nan egzanp Jewova pou w ka yon bon papa? Gen anpil leson ou ka aprann (Efe. 6:4). Jewova te fè Jezi, Pitit Gason l lan, konnen aklè li renmen l e li pran plezi nan li (Mat. 3:17). Si w vin papa, toujou bay pitit ou asirans ou renmen yo. Toujou felisite yo pou bon bagay yo fè. Papa ki suiv egzanp Jewova yo ede pitit gason yo ak pitit fi yo vin gen matirite antanke kretyen. Ou kapab prepare w depi kounye a pou w vin yon bon papa, lè w pran ka lòt moun nan fanmi w ak frè ak sè nan kongregasyon an e lè w aprann di yo ou renmen yo e yo gen anpil valè pou ou (Jan 15:9). Sa ap ede w byen jwe wòl ou ka vin genyen antanke mari e antanke papa. Annatandan, w ap vrèman itil Jewova, w ap yon bonjan èd pou fanmi w e pou kongregasyon an.

KI SA W PRAL FÈ KOUNYE A?

Anpil jèn gason yo anseye sa ki nan Bib la e ki aplike sa yo aprann yo vin kretyen ki gen matirite. (Gade paragraf 19-20.)

19-20. Ki sa k ka ede jèn frè yo vin gen matirite antanke kretyen? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

19 Nou menm jèn frè, nou pap annik ret konsa nou vin gen matirite antanke kretyen. Nou bezwen chwazi bon egzanp pou nou imite, nou bezwen aprann reflechi, chèche vin yon moun yo ka fè konfyans, aprann yon seri bagay ki kapab itil nou nan lavi n e prepare n pou yon seri responsablite nou ka vin gen pi devan.   

20 Petèt, lè w ap reflechi ak tout travay w ap bezwen fè, pafwa, ou ka santi yo twòp pou ou. Men, w ap kapab fè yo. Sonje Jewova vrèman vle ede w (Eza. 41:​10, 13). Nòmalman, frè w ak sè w yo nan kongregasyon an ap ede w tou. Lè w vin kalite moun Jewova vle w ye a, lavi w ap gen anpil sans e w ap gen kè kontan. Nou menm jèn frè, nou renmen nou! Se pou Jewova beni nou anpil toutpandan n ap travay depi kounye a pou n vin gen matirite antanke kretyen. — Pwo. 22:4.

KANTIK 65 Kontinye pwogrese!

a Kongregasyon an bezwen frè ki gen matirite. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan jèn frè yo kapab vin gen matirite antanke kretyen.

b Gade “Pi byen konprann kèk ekspresyon” nan atik ki vin anvan an.

c Gade liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a, chapit 5-6.