Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 52

Nou menm jèn sè, fè efò pou n vin gen matirite

Nou menm jèn sè, fè efò pou n vin gen matirite

“Menm jan an tou, medam yo dwe [...] modere nan abitid yo, yo dwe fidèl nan tout bagay.” — 1 TIM. 3:11.

KANTIK 133 Adore Jewova pandan nou jèn

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa yon kretyen dwe fè pou l vin gen matirite?

 NOU sezi wè jan timoun grandi vit. Lè yon timoun ap grandi, se kòmsi sa fèt san okenn efò. Sepandan, pou yon kretyen vin gen matirite, sa mande efò b (1 Kor. 13:11; Ebre 6:1). Pou sa rive fèt, nou bezwen gen yon relasyon solid ak Jewova. Epitou, nou bezwen Bondye ban nou lespri sen pou n ka gen yon seri kalite ki fè l plezi ak kapasite k ap itil nou, e pou n ka prepare n pou responsablite nou ka vin gen pi devan. — Pwo. 1:5.

2. Ki sa nou aprann nan Jenèz 1:​27, e sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

2 Lè Jewova te kreye lòm, li te fè yon gason ak yon fi. (Li Jenèz 1:27.) Li fasil pou n wè kò gason pa menm ak kò fi. Men, gen lòt diferans ankò. Pa egzanp, Jewova te fè gason ak fi yon fason pou yo chak gen wòl pa yo. Donk, yo bezwen gen yon seri kalite ak kapasite k ap ede yo fè travay yo chak gen pou yo fè (Jen. 2:18). Nan atik sa a, nou pral wè sa yon jèn sè kapab fè pou l vin gen matirite antanke kretyen. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki sa jèn frè yo kapab fè.

CHÈCHE VIN GEN YON SERI KALITE KI FÈ BONDYE PLEZI

Lè w imite kalite yon seri medam ki te fidèl tankou Rebeka, Estè ak Abigayil te genyen, sa ap ede w vin yon sè ki gen matirite. (Gade paragraf 3-4.)

3-4. Ki kote jèn sè yo ka jwenn bon egzanp pou yo imite? (Gade foto a tou.)

3 Bib la pale konsènan anpil medam ki te gen bèl kalite, ki te renmen Jewova e ki te sèvi l. (Gade atik ki gen tit “Medam yo pale de yo nan Bib la: Ki sa n ka aprann nan egzanp yo?” ki parèt sou jw.org.) Jan vèsè tèm atik la baze sou li a montre sa, medam sa yo te “modere nan abitid yo” e yo te “fidèl nan tout bagay”. Anplis de sa, sè yo kapab jwenn anpil egzanp sè ki gen matirite nan kongregasyon yo e yo kapab imite egzanp yo.

4 Nou menm jèn sè, èske nou konn kèk sè ki bay bèl egzanp nou ka imite? Chèche wè bèl kalite yo genyen. Epi, reflechi pou w wè ki jan w ka demontre kalite sa yo. Nan paragraf ki vin apre yo, nou pral wè twa kalite enpòtan sè yo bezwen genyen pou yo vin gen matirite.

5. Poukisa l enpòtan anpil pou yon sè ki gen matirite gen imilite?

5 Imilite se yon kalite ki enpòtan pou yon kretyen vin gen matirite. Si yon fi gen imilite, l ap gen bon relasyon ak Jewova e ak lòt moun (Jak 4:6). Pa egzanp, yon fi ki renmen Jewova kontan soutni dispozisyon Papa l ki nan syèl la pran pou gen otorite (1 Kor. 11:3). Li suiv prensip sa a nan kongregasyon an ak nan fanmi l. c

6. Ki sa jèn sè yo ka aprann sou imilite nan egzanp Rebeka?

6 Ann pran egzanp Rebeka. Li te yon fi ki te entèlijan, ki te met kouraj sou li pou l pran yon seri desizyon e ki te konn ki lè ak ki fason pou l fè sa (Jen. 24:58; 27:​5-17). Epoutan, li te respekte moun e l te dispoze fè sa yo te mande l fè (Jen. 24:​17, 18, 65). Si w soutni dispozisyon Jewova yo avèk imilite, jan Rebeka te fè sa, w ap yon bèl egzanp pou fanmi w e pou kongregasyon an.

7. Ki jan jèn sè yo ka suiv egzanp Estè ki te montre l konn limit li?

7 Tout kretyen ki gen matirite bezwen konn limit yo tou. Labib di “se moun ki konn limit yo ki gen sajès”. (Pwo. 11:2.) Estè se te yon dam ki t ap sèvi Bondye ki te konn limit li. Lefètke l te konn limit li, sa te ede l pou l pa t pran dwa ki pa t pou li. Li te koute konsèy Madoche kouzen l ki te pi gran pase l e l te fè sa l te di l fè (Estè 2:​10, 20, 22). Ou ka montre w konn limit ou tou lè w chèche bon konsèy e lè w suiv yo. — Tit 2:​3-5.

8. Selon 1 Timote 2:​9, 10, lè yon sè konn limit li, ki jan sa ap ede l pran bon desizyon nan fason l ap abiye ak stil li fè cheve l?

8 Gen yon lòt fason Estè te montre li konn limit li. Byenke li “te gen bèl fòm e li te bèl anpil”, li pa t atire atansyon sou tèt li (Estè 2:​7, 15). Ki jan egzanp Estè ka ede yon sè? Nou jwenn youn nan fason yo nan 1 Timote 2:​9, 10. (Li vèsè yo.) Apot Pòl te ankouraje medam ki kretyen yo pou yo abiye yon fason ki montre respè e avèk bonsans. Mo grèk yo itilize la a montre fason yon sè abiye ta dwe montre li gen respè pou lòt moun e li gen konsiderasyon pou santiman yo oswa opinyon yo. Se pa ti fyè nou fyè de sè nou yo ki gen matirite ki montre yo konn limit yo nan fason yo abiye!

9. Ki sa n ka aprann nan egzanp Abigayil?

9 Bon konprann se yon lòt kalite tout sè ki gen matirite genyen. Ki sa bon konprann ye? Se lè yon moun gen bon jijman, sa vle di kapasite pou l konnen sa ki byen ak sa ki mal e pou l chwazi fè sa ki byen. Ann pran egzanp Abigayil. Mari l te pran yon move desizyon ki t ap gen gwo konsekans sou tout moun lakay li. Abigayil te aji san pèdi tan. Bon jijman l te genyen te sove lavi anpil moun (1 Sam. 25:​14-23, 32-35). Bon konprann ede nou tou pou n konnen ki lè pou n pale e ki lè pou n ret an silans. Epitou, li ede n montre nou gen sousi pou lòt moun san n pa mete yo malalèz. — 1 Tes. 4:11.

APRANN YON SERI BAGAY K AP ITIL OU

Ki byenfè w jwenn lefètke w aprann li byen e w aprann ekri byen? (Gade paragraf 11.)

10-11. Lè w konn li byen e w konn ekri byen, ki jan sa ka ede w e ki jan sa ka ede lòt moun? (Gade foto a tou.)

10 Yon sè bezwen aprann yon seri bagay k ap itil li. Gen bagay yon fi aprann lè l te timoun k ap kontinye ede l pandan tout vi l. Ann pran kèk egzanp.

11 Aprann li ak ekri byen. Nan kèk kilti, moun yo pa wè l enpòtan pou fi aprann li ak ekri. Men, li enpòtan anpil pou tout kretyen aprann li ak ekri d (1 Tim. 4:13). Donk, pa kite anyen anpeche w aprann li ak ekri byen. Ki jan sa ap ede w? Fòmasyon konsa ka ede w pou w jwenn yon travay e pou w ret nan travay la. L ap pi fasil pou w etidye Pawòl Bondye a e pou w anseye lòt moun li. Sa k pi enpòtan an, w ap vin pi pwòch ak Jewova toutpandan w ap li Pawòl li a e w ap medite sou li. — Joz. 1:8; 1 Tim. 4:15.

12. Ki jan Pwovèb 31:26 ka ede w pou w aprann pale byen ak lòt moun e pou w koute yo?

12 Aprann pale byen ak lòt moun e aprann koute. Yon kretyen bezwen aprann pale byen ak lòt moun e l bezwen aprann koute. Nan sans sa a, disip Jak bay yon konsèy ki kapab itil nou lè l te di: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale.” (Jak 1:19). Lè w byen koute lòt moun lè y ap pale, ou montre w mete w nan plas yo oswa w “gen senpati” pou yo (1 Pyè 3:8). Si w pa fin konprann sa yon moun ap di oswa jan l santi l, poze bonjan kesyon. Epi, pran yon ti tan pou w reflechi anvan w pale (Pwo. 15:​28, nòt). Mande tèt ou: ‘Èske sa m pral di a se verite e èske sa ap ankouraje moun? Èske sa ap montre respè ak jantiyès?’ Suiv egzanp sè ki gen matirite ki konn pale byen ak lòt moun e ki pran tan pou koute yo. (Li Pwovèb 31:26.) Byen suiv fason yo pale. Lè w aprann fè bagay sa yo byen, l ap pi fasil pou w fè zanmi ak lòt moun e pou w viv anpè ak yo.

Yon sè ki aprann pran swen yon kay se yon bonjan èd pou fanmi l e pou kongregasyon an. (Gade paragraf 13.)

13. Ki jan w ka aprann pran swen yon kay? (Gade foto a tou.)

13 Aprann fason pou w pran swen yon kay. Gen anpil kote se medam yo ki fè pifò travay nan kay. Manman w oswa yon lòt sè ki konn fè sa byen ka ba w fòmasyon. Men sa yon sè ki rele Cindy di: “Youn nan pi bèl kado manman m te ban m se lefètke l te aprann mwen kè kontan yon moun jwenn lè l travay di. Lefètke m te aprann fè manje, netwaye kay fè kouti ak achte, sa te ede m anpil e sa te ban m posiblite pou m fè plis nan sèvis Jewova a. Manman m te montre m fason pou m akeyi moun tou, sa ki te ban m okazyon pou m rankontre anpil frè ak sè estrawòdinè mwen ka imite egzanp yo.” (Pwo. 31:​15, 21, 22). Yon fi ki konn travay di, ki renmen akeyi moun e ki aprann pran swen kay li se yon benediksyon pou fanmi l e pou kongregasyon an. — Pwo. 31:​13, 17, 27; Tra. 16:15.

14. Ki sa w aprann nan eksperyans Crystal te fè a e ki sa w bezwen sonje?

14 Aprann fè yon seri bagay k ap itil ou. Li enpòtan pou tout kretyen ki gen matirite aprann fè yon seri bagay k ap itil yo (2 Tes. 3:​7, 8). Men sa yon sè ki rele Crystal di: “Paran m te ede m chwazi yon seri kou pandan m te nan lekòl segondè pou m te ka aprann kèk bagay ki t ap itil mwen. Papa m te ankouraje m aprann kontablite, e sa te itil mwen anpil.” Nonsèlman w bezwen aprann yon seri bagay pou w ka jwenn yon travay, ou bezwen chèche aprann fason pou w fè yon bidjè e pou w respekte l (Pwo. 31:​16, 18). Ret konsantre sou yon seri objektif k ap ede w kontinye gen bon relasyon ak Jewova lè w evite fè dèt ki pa nesesè e lè w kontinye mennen yon vi senp. — 1 Tim. 6:8.

PREPARE W POU DEMEN

15-16. Ki jan sè ki selibatè yo kapab vin yon bonjan èd pou lòt moun? (Mak 10:​29, 30).

15 Lè w chèche gen yon seri kalite k ap ede w gen bon relasyon ak Jewova e w aprann yon seri bagay k ap itil ou, w ap pi byen prepare pou desizyon w ap gen pou w pran pi devan. Ann wè ki bagay konsa ou kapab fè.

16 Ou ka deside ret selibatè pandan yon tan. Selon sa Jezi te di, gen fi ki chwazi pa marye, menm lè moun mal wè sa nan peyi kote y ap viv la (Mat. 19:​10-12). Gen lòt ki ka ret selibatè pou lòt rezon. Ou mèt gen asirans Jewova ak Jezi pa panse ou pa gen valè poutèt ou pa marye. Toupatou sou tè a, sè selibatè yo bay bèl egzanp nan kongregasyon yo. Lanmou sè sa yo gen pou lòt moun ak bonjan sousi yo gen pou yo fè yo vin tankou sè ak manman pou anpil moun nan kongregasyon an. — Li Mak 10:​29, 30; 1 Tim. 5:2.

17. Ki jan yon jèn sè ka prepare l depi kounye a pou l antre nan sèvis aplentan?

17 Ou kapab antre nan sèvis aplentan. Sè nou yo patisipe anpil nan travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a (Sòm 68:11). Èske w ka planifye depi kounye a pou w antre nan sèvis aplentan? Ou ka vin pyonye, ou ka vin volontè nan konstriksyon oswa Betelit. Priye Jewova sou objektif ou genyen an, pale ak moun ki deja reyalize yon objektif menm jan an, epi chèche wè sa w bezwen fè pou w vin kalifye. Apre sa, fè yon plan ki rezonab. Lè w reyalize objektif ou genyen an sa ap ba w anpil bèl okazyon pou w fè plis nan sèvis Jewova a.

Si w ta renmen marye ou bezwen byen pran san w pou w chwazi moun ou ta renmen marye avè l la. (Gade paragraf 18.)

18. Sa k fè yon sè bezwen byen pran san l pou l chwazi frè k ap vin mari l la? (Gade foto a tou.)

18 Ou ka chwazi marye. Lè w chèche gen kalite ak kapasite nou te pale de yo pi wo a, sa ap ede w pou w vin yon bon madanm. Nòmalman, si w ta renmen marye, ou bezwen pran san w pou w byen chwazi moun ou ta renmen marye avè l la. Se youn nan desizyon ki pi enpòtan w ap gen pou w pran. Sonje, ou pral anba otorite gason ou marye avè l la (Wom. 7:2; Efe. 5:​23, 33). Donk, mande tèt ou: ‘Èske l gen matirite antanke kretyen? Èske l bay Jewova premye plas nan lavi l? Èske l pran bon desizyon? Èske l konn aksepte lè l fè erè? Èske l respekte fi? Èske l ap kapab ede m kontinye gen bon relasyon ak Jewova? Èske l ap kapab pran swen m e èske l ap yon bon zanmi pou mwen? Epitou, èske l pran responsablite l oserye? Pa egzanp, ki travay yo ba l fè nan kongregasyon an? Èske l fè travay sa yo byen?’ (Lik 16:10; 1 Tim. 5:8). Nòmalman, si w ta renmen jwenn yon bon mari, w ap bezwen prepare w pou w yon bon madanm.

19. Poukisa yon madan marye kapab kontan lefètke li kapab “ede” mari l?

19 Labib di yon bon madanm “ede” mari l e li “sèvi l konpay”. (Jen. 2:18.) Èske se yon wòl ki rabesan? Non! Wòl yon madanm genyen pou l ede mari l montre madanm nan gen anpil valè. E byen souvan, Bib la pale de Jewova kòm yon “èd”. (Sòm 54:4; Ebre 13:6.) Yon madanm se yon bonjan èd pou mari l lè l kolabore avè l e lè l soutni desizyon l pran pou fanmi an. Kòm li renmen Jewova, li aji yon fason pou mari l toujou gen bon repitasyon (Pwo. 31:​11, 12; 1 Tim. 3:11). Ou ka prepare w pou responsablite sa a ou ka vin genyen pi devan lè w chèche vin gen plis lanmou pou Jewova e lè w ede moun lakay ou ak nan kongregasyon an.

20. Ki bon bagay yon manman ka fè pou fanmi l?

20 Ou ka vin manman. Apre w fin marye, ou menm ak mari w ka vin gen pitit (Sòm 127:3). Donk, li bon pou w reflechi sou sa davans. Kalite ak kapasite nou pale de yo nan atik sa a ap ede w si w ta vin marye e si w ta vin manman. Lanmou, bonte ak pasyans ou genyen ap fè gen yon bèl anbyans nan kay la kote pitit ou ap santi yo jwenn pwoteksyon e y ap gen kè kontan. — Pwo. 24:3.

Anpil jèn fi yo anseye sa ki nan Bib la e ki aplike sa yo aprann yo vin kretyen ki gen matirite. (Gade paragraf 21.)

21. Ki enpòtans sè nou yo gen pou nou, e poukisa? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

21 Sè nou yo, nou renmen nou pou tout sa nou fè pou Jewova e pou pèp li a (Ebre 6:10). Nou fè anpil efò pou n gen yon seri kalite ki fè Bondye plezi, pou n vin gen kapasite k ap itil ni nou menm ni moun ki bò kote nou e pou n byen prepare n pou desizyon n ap gen pou n pran pi devan. Nou gen anpil valè pou òganizasyon Jewova a!

KANTIK 137 Bèl egzanp medam tan lontan yo ak sè n yo bay

a Nou menm jèn sè, nou gen anpil valè nan kongregasyon an. Nou kapab vin gen matirite antanke kretyen lè n chèche vin gen yon seri kalite ki fè Bondye plezi, lè n chèche gen kapasite k ap itil nou e lè n prepare n pou desizyon n ap gen pou n pran pi devan. Konsa, n ap jwenn anpil benediksyon nan sèvis Jewova a. 

b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Se lespri Bondye ki gide yon kretyen ki vin gen matirite, se pa sajès monn nan. Kretyen sa a suiv egzanp Jezi, li fè efò pou l gen bon relasyon ak Jewova e li montre li renmen lòt moun toutbon.

d Pou n jwenn plis enfòmasyon sou enpòtans pou n fè lekti, gade atik sou jw.org ki gen tit “Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?