ATIK ETID 51
KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou
Dlo k ap koule nan je w gen anpil valè pou Jewova
“Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la. Èske w pa ekri tout move bagay ki rive m yo nan liv ou a?” — SÒM 56:8.
PWEN KLE
Atik sa a ap fè n sonje Jewova byen konnen lè n ap soufri anpil e l ap ban nou sa nou bezwen pou n santi n pi byen.
1-2. Ki sitiyasyon ki kapab fè nou kriye?
NOU tout konn kriye. Lè n nan sitiyasyon ki fè n kontan anpil, nou ka kriye. Petèt, ou te kriye lè te gen yon bagay enpòtan oswa espesyal ki te rive w: pa egzanp, lè w te vin gen yon pitit, lè w te sonje yon bèl moman nan lavi w, oswa lè w te akeyi yon bon zanmi ou pa t wè depi plizyè ane.
2 Sepandan, pifò fwa nou kriye, se paske nou tris e n ap soufri. Pa egzanp, nou ka kriye lè yon moun desevwa n anpil. Nou ka kriye akoz yon maladi ki fè n gen gwo doulè, oswa lè n gen yon moun pa nou ki mouri. Nan moman sa yo, nou ka santi n menm jan ak pwofèt Jeremi lè Babilónyen yo te detwi Jerizalèm. Men sa Jeremi te di: “Dlo ap koule nan je m [...]. Dlo kontinye koule nan je m san rete.” — Lam. 3:48, 49.
3. Ki jan Jewova santi l lè l wè sèvitè l yo ap soufri? (Ezayi 63:9).
3 Jewova konn egzakteman kantite fwa nou kriye akoz sitiyasyon ki fè n soufri. Bib la ban n asirans li konnen chak fwa youn nan sèvitè l yo ap soufri, e li tande nou lè n ap sipliye l pou n mande l ede nou (Sòm 34:15). Men, Jewova pa jis wè nou epi tande nou. Menm jan ak yon paran ki gen lanmou, sa vrèman touche l lè l wè pitit li yo ap kriye, e li pa ka tann pou l ede yo. — Li Ezayi 63:9.
4. Ki sa n ka aprann nan kèk egzanp nou jwenn nan Bib la konsènan fason Jewova panse?
4 Bib la fè n konnen fason Jewova santi l lè sèvitè l yo ap kriye ak fason l ede yo. Nou kapab wè sa lè n egzamine egzanp Ana, David ak wa Ezekyas. Ki sa k te fè yo kriye? Ki sa Jewova te fè pou l ede yo? E ki jan egzanp yo ka konsole n lè n ap kriye akoz nou nan gwo lapenn, akoz yo trayi nou, oswa lè n pèdi espwa?
NOU KA KRIYE AKOZ NOU NAN GWO LAPENN
5. Ki jan sitiyasyon Ana te ladan l lan te fè l santi l?
5 Ana te kriye paske l te gen plizyè pwoblèm ki te fè l tris anpil. Youn nan pwoblèm li te genyen sèke mari l te gen yon lòt madanm ki te rele Penina ki t ap imilye l. Mete sou sa, Ana pa t gen pitit, alòske Penina te gen plizyè pitit (1 Sam. 1:1, 2). Penina te toujou ap fawouche Ana paske Ana pa t ka fè pitit. Ki jan w t ap santi w si w te nan yon sitiyasyon konsa? Sa te fè Ana tèlman mal, “li te konn kriye e li te konn ret san manje”, epi li te vin “tris anpil”. — 1 Sam. 1:6, 7, 10.
6. Ki sa Ana te fè pou l te jwenn konsolasyon?
6 Ki jan Ana te jwenn konsolasyon? Youn nan bagay ki te ede l se lè l t al adore Jewova nan tabènak la. Se la, petèt yon kote ki te toupre antre lakou tabènak la, “li te pran priye Jewova e li t ap kriye san rete”. Li te sipliye Jewova, li te di l: “[Gade] tray sèvant ou an ap pase [epi] sonje m.” (1 Sam. 1:10b, 11). Ana te ouvri kè l bay Jewova. Sa dwe te touche Jewova pou l wè pitit fi l li renmen anpil la ap kriye!
7. Lefètke Ana te ouvri kè l bay Jewova, ki jan sa te konsole l?
7 Ki jan Ana te santi l apre l te fin ouvri kè l bay Jewova e apre gran prèt Eli te fin ba l asirans Jewova t ap fè l jwenn sa l te mande a? Men sa Bib la di: “L ale lakay li, li manje, epi figi l pa t tris ankò.” (1 Sam. 1:17, 18). Menm lè sitiyasyon ki te bay Ana pwoblèm nan potko chanje, Ana te santi l soulaje. Li te lage chay li sou Jewova. Jewova te konprann sitiyasyon l e l te koute priyè l. Annapre, li te fè l gen pitit. — 1 Sam. 1:19, 20; 2:21.
8-9. Selon Ebre 10:24, 25, poukisa nou bezwen fè tout sa n kapab pou n asiste reyinyon yo? (Gade foto a tou.)
8 Leson nou aprann. Èske w ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil ki fè w kriye e ki fè w gen gwo lapenn? Petèt, ou nan lapenn paske ou gen yon moun nan fanmi w oswa yon zanmi w ki mouri. Nan moman sa yo, ou ka santi w anvi ret poukò w. Sepandan, menm jan ak Ana ki te jwenn konsolasyon ak ankourajman lè l t al nan tabènak la, ou menm tou, ou ka jwenn konsolasyon lè w asiste reyinyon yo menmsi w pa fin santi w anfòm. (Li Ebre 10:24, 25.) Lè n nan reyinyon, pandan n ap tande vèsè nan Bib la k ap konsole nou, Jewova kapab ede n ranplase panse negatif nou genyen yo ak panse ki pozitif. Sa ka fè n santi n pi byen, menmsi sitiyasyon n pa chanje tousuit.
9 Nan reyinyon nou yo, frè n ak sè n yo konsole n, yo montre nou jan yo renmen n, e nou santi n pi byen lè n avè yo (1 Tes. 5:11, 14). Men sa yon frè ki pyonye espesyal ki te pèdi madanm li di: “Mwen toujou ap kriye. Pafwa, m konn al chita nan yon kwen epi m tonbe kriye. Men, lè m nan reyinyon, mwen jwenn bonjan ankourajman. Bèl ti pawòl frè m ak sè m yo di m vrèman soulaje m. Kèlkeswa tètchaje oswa enkyetid mwen genyen anvan m al nan reyinyon, m toujou santi m pi byen lè m la.” Lè n nan reyinyon, Jewova ka sèvi ak frè n ak sè n yo pou ede nou.
10. Ki jan n ka suiv egzanp Ana lè n tris anpil?
10 Ana te jwenn konsolasyon tou lè l te priye Jewova pou l di l sa l santi. Ou menm tou, ou kapab “lage tout tètchaje [w] genyen sou [Jewova]”, e ou mèt gen asirans l ap koute priyè w (1 Pyè 5:7). Men sa yon sè, vòlè ak zam te touye mari l, sonje: “Mwen te santi se kòmsi kè m te kraze fè miyèt moso e m te panse m pa t ap janm geri. Men, lè m te priye Jewova, Papa m ki nan syèl la ki renmen m anpil, m te santi m soulaje. Pafwa, m pa t konn ki sa pou m di pou m fè l konn jan m santi m, men, li te konprann mwen. Lè m te santi moral mwen ba anpil, m te konn priye l pou l fè m santi m anpè. M te kapab santi kè m ak lespri m te vin anpè, e m te ka kontinye avanse.” Lè n fè Jewova konnen sa k ap trakase nou, sa touche l anpil e l vrèman konprann doulè nou gen nan kè nou. Menmsi pwoblèm nan toujou la, Jewova ka konsole n e l ka ede n santi n anpè (Sòm 94:19; Flp. 4:6, 7). Li wè tout sa nou fè pou n kontinye ret fidèl e l ap rekonpanse nou pou andirans nou. — Ebre 11:6.
NOU KA KRIYE AKOZ YO TRAYI NOU
11. Ki jan David te santi l lè lòt moun te mal aji avè l?
11 David te oblije andire anpil sitiyasyon difisil nan lavi l e sa te fè l kriye. Gen moun ki te rayi l e gen moun li te fè konfyans ki te menm trayi l (1 Sam. 19:10, 11; 2 Sam. 15:10-14, 30). Rive yon lè, men sa David te ekri: “Mwen fatige tèlman m ap plenn. Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m, mwen benyen kabann mwen nèt tèlman m kriye.” Poukisa David te santi l konsa? Li te di: “Akoz tout moun sa yo k ap ban m pwoblèm.” (Sòm 6:6, 7). Lè lòt moun te mal aji ak David, sa te tèlman fè l mal, li te kriye anpil.
12. Jan Sòm 56:8 fè konnen, ki konviksyon David te genyen?
12 Malgre David te nan gwo pwoblèm, li te gen konviksyon Jewova renmen l. Men sa l te ekri: “Jewova ap tande m lè m ap kriye.” (Sòm 6:8). Nan yon lòt okazyon, David te di bèl pawòl nou jwenn nan Sòm 56:8 la. (Li vèsè a.) Pawòl sa yo montre aklè Jewova renmen nou anpil, li enterese konn ki jan n santi n. David te santi se kòmsi Jewova t ap ranmase dlo nan je l met nan yon bidon oswa Li t ap ekri yo nan yon liv. David te sèten Jewova te wè jan l t ap soufri e L pa t bliye sa. David te gen konviksyon Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou pa t sèlman wè pwoblèm li yo, men l te wè tou jan sa te fè l santi l.
13. Lè lòt moun desevwa nou, ki sa k ka konsole nou? (Gade foto a tou.)
13 Leson nou aprann. Èske w tris anpil paske yon moun ou te fè konfyans te desevwa w oswa li te trayi w? Petèt, w ap soufri paske yon moun ou te renmen avè l oswa yon moun ou te marye avè l kite w sanzatann, oubyen petèt yon moun ou renmen sispann sèvi Jewova. Men sa yon frè madanm li te fè adiltè e madanm nan te abandone l di: “M pa t ka kwè sa k te rive m nan. M te santi m pa t vo anyen, m te tris e m te fache.” Si gen moun ki trayi w, oswa ki desevwa w, pran kouraj paske Jewova pap janm abandone w. Men sa frè a di: “Mwen vin rann mwen kont moun ka pa toujou fidèl avè n, men nou ka toujou konte sou Jewova. Kèlkeswa sa k rive, li toujou la pou ede n. Li pap janm kite moun ki fidèl avè l yo.” (Sòm 37:28). Epitou, sonje lanmou Jewova depase kèlkeswa lanmou yon moun ka genyen. Kèlkeswa jan sa ta fè w mal si yon moun trayi w, Jewova toujou gen sousi pou ou. Ou gen anpil valè pou li (Wom. 8:38, 39). Men sa w bezwen sonje: Kèlkeswa jan yon moun ta aji avè w, Papa w ki nan syèl la renmen w.
14. Ki asirans Sòm 34:18 ban nou?
14 Lè moun trayi nou, nou kapab jwenn konsolasyon nan bèl pawòl David te di nou jwenn nan Sòm 34:18 la. (Li vèsè a.) Gen yon liv ki fè konnen ekspresyon “moun ki gen lespri yo kraze” a ka vle di “moun ki pa atann anyen ki bon”. Ki jan Jewova ede moun ki santi yo konsa? Menm jan ak yon paran ki gen lanmou, ki kenbe pitit li e ki konsole l lè l tris, Jewova “toupre” nou. Lè n ap soufri paske gen moun ki trayi n oswa ki abandone n, Jewova konnen sa n ap pase e li pap pran tan pou l ede nou. Jewova pa ka tann pou l konsole nou e pou l soulaje nou lè n ap soufri e lè n santi n pa vo anyen. Li fè n anpil bèl pwomès k ap ede n andire eprèv nou jwenn jodi a. — Eza. 65:17.
NOU KA KRIYE LÈ N PÈDI ESPWA
15. Ki sitiyasyon ki te fè Ezekyas kriye?
15 Lè wa Ezekyas ki t ap dirije Jida te gen 39 an, li te aprann li pa t ret anpil tan pou l viv akoz yon maladi li te genyen. Pwofèt Ezayi te di Ezekyas Jewova voye di l l ap mouri akoz maladi a (2 Wa 20:1). Sanble, pa t gen espwa pou Ezekyas. Nouvèl la te dekouraje l anpil e l te tonbe kriye. Li te priye Jewova ak tout kè l. — 2 Wa 20:2, 3.
16. Ki jan Jewova te reponn priyè Ezekyas te fè ak dlo nan je a?
16 Lè Jewova te tande priyè Ezekyas te fè a e l te wè dlo nan je l, Li te gen konpasyon pou li. Men sa l te di l: “Mwen tande priyè w la. Mwen wè dlo ki nan je w. M ap geri w.” Jewova te gen pitye pou Ezekyas, se sa k fè Li te voye pwofèt Ezayi al fè l konnen l ap ajoute sou longè lavi l e l ap delivre Jerizalèm anba men moun Asiri yo. — 2 Wa 20:4-6.
17. Ki jan Jewova konsole n lè n ap fè fas ak gwo pwoblèm sante? (Sòm 41:3). (Gade foto a tou.)
17 Leson nou aprann. Èske w gen yon pwoblèm sante ki sanble sanzespwa? Priye Jewova, ou ka menm fè sa ak dlo nan je. Bib la ban nou asirans “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an” ap konsole nou nan tout eprèv nou yo (2 Kor. 1:3, 4). Jodi a, nou pa ka atann pou Jewova retire tout pwoblèm nou yo, men nou ka konte sou li pou l ede nou. (Li Sòm 41:3.) Jewova sèvi ak lespri sen pou l ban n fòs, sajès ak lapè nou bezwen pou nou andire (Pwo. 18:14; Flp. 4:13). Li konsole n tou grasa esperans li ban nou ki baze sou Bib la ki fè konnen pap gen okenn moun ki malad ankò. — Eza. 33:24.
18. Ki vèsè ou twouve ki ankouraje w lè w ap fè fas ak sitiyasyon ki vrèman difisil? (Gade kare ki gen tit “ Pawòl ankourajan ki ka seche dlo nan je n”.)
18 Ezekyas te jwenn konsolasyon nan pawòl Jewova yo. Menm jan an tou, nou ka jwenn konsolasyon nan Pawòl Bondye a. Lè n nan sitiyasyon difisil, pawòl Jewova ki nan Bib la kapab konsole n epi ede n rete kalm (Wom. 15:4). Apre doktè te fin fè yon sè ann Afrik delwès konnen li fè kansè, li te toujou ap kriye. Men sa l te di: “Youn nan vèsè ki te plis konsole m se Ezayi 26:3. Menm lè n pa gen tout kontwòl sou sitiyasyon difisil n ap andire yo, vèsè sa a ban m asirans Jewova kapab ban nou lapè nou bezwen k ap ede n gen kontwòl sou fason nou reyaji devan eprèv.” Èske gen yon vèsè ou twouve ki ankouraje w anpil lè w ap fè fas ak sitiyasyon ki vrèman difisil, petèt sitiyasyon ki menm parèt sanzespwa?
19. Ki sa k ap tann nou alavni?
19 Dènye jou yo pa lwen rive nan bout yo, e nou ka atann bagay ki fè moun kriye ap vin pi plis toujou. Men, jan nou te wè nan egzanp Ana, David ak wa Ezekyas, Jewova wè dlo k ap koule nan je nou e sa vrèman touche l. Dlo nan je nou gen anpil valè pou li. Donk, lè nou nan sitiyasyon difisil, se sèten nou vle ouvri kè nou bay Jewova. Annou pa janm rete lwen frè n ak sè n yo nan kongregasyon an ki renmen nou. Epitou, ann kontinye chèche jwenn konsolasyon nan pawòl ankourajan nou jwenn nan Bib la. Nou kapab sèten, si nou kontinye andire fidèlman, Jewova ap rekonpanse nou. Youn nan rekonpans l ap ban nou se bèl pwomès li fè nou ki fè konnen rive yon lè L ap siye tout dlo nan je nou paske lè sa a nou pap nan gwo lapenn, moun pap trayi nou e nou pap pèdi espwa (Rev. 21:4). Lè sa a, se kè kontan sèlman k ap fè dlo sot nan je n.
KANTIK 4 “Jewova se Bèje mwen”