Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 49

KANTIK 147 Bondye pwomèt lavi pou toutan

Ki sa w bezwen fè pou w viv pou toutan?

Ki sa w bezwen fè pou w viv pou toutan?

“Tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li [ap] gen lavi ki pap janm fini an.”JAN 6:40.

PWEN KLE

Byenfè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak lòt mouton yo jwenn nan sakrifis Jezi Kris te fè a.

1. Poukisa anpil moun ka panse li pa posib pou yo viv pou toutan?

 ANPIL moun veye sa y ap manje e yo eseye fè egzèsis regilyèman pou yo ka ret an sante. Sepandan, yo konnen sa pa ka anpeche yo vin granmoun epi pou yo mouri. Yo ka panse li pa posib pou yo viv pou toutan. Men, Jezi te di li posib pou moun gen “lavi ki pap janm fini an”, jan sa parèt nan Jan 3:16 ak nan 5:24.

2. Ki sa Jan 6:​39, 40 di konsènan moun ki mouri yo?

2 Jan nou te wè nan atik anvan an, Jezi te fè yon mirak pou l te bay plizyè milye moun pen ak pwason pou yo manje (Jan 6:​5-35). Se te yon bagay estrawòdinè! Men, nan demen, sa Jezi te di foul moun ki t ap suiv li bò Lanmè Galile a lè l t al Kapènawòm nan te pi estrawòdinè toujou! Li te fè yo konnen li gen pou l resisite moun ki mouri yo e y ap ka viv pou toutan. (Li Jan 6:​39, 40.) Reflechi ak sa sa vle di pou zanmi w ak moun pa w ki mouri yo. Pawòl Jezi yo bay asirans anpil moun ki mouri kapab resisite e ni ou menm ni moun pa w yo kapab viv pou toutan. Sepandan, pawòl Jezi te di pi devan nan Jan chapit 6 la pa t fasil pou anpil moun konprann. Ann egzamine sa l te di.

3. Selon Jan 6:​51, ki sa Jezi te di?

3 Apre Jezi te fin fè mirak pou l bay foul moun nan Kapènawòm yo pen, yo te panse ak lamàn Jewova te bay zansèt yo nan dezè a. Anfèt, Ekriti yo rele lamàn “pen ki te sot nan syèl la”. (Sòm 105:40; Jan 6:31.) Jezi te pale sou kèk bagay moun yo te konnen sou lamàn pou l te anseye yo yon bagay ki vrèman enpòtan. Menm lè lamàn se te yon manje Bondye te bay grasa yon mirak, rive yon lè moun ki te manje l yo te mouri (Jan 6:49). Yon lòt bò, Jezi te rele tèt li “bonjan pen ki sot nan syèl la”, “pen Bondye bay la”, “pen ki bay lavi a”. (Jan 6:​32, 33, 35.) Jezi te montre gen yon gwo diferans ant lamàn Bondye te bay la ak li menm. Men sa l te di: “Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan.” (Li Jan 6:51.) Juif sa yo pa t ka konprann ki jan Jezi te fè di li se “pen” ki sot nan syèl la e pen sa a pi bon pase lamàn Bondye te bay zansèt yo. Men sa Jezi te di yo: “Pen m ap bay [la] se chè m.” Ki sa pawòl sa a te ka vle di? Nou ta dwe chèche konprann sans pawòl sa a paske repons Jezi te bay la montre ki jan ni nou menm ni moun pa nou yo kapab viv pou toutan. Ann wè ki sa Jezi te vle di.

SA JEZI TE VLE DI LÈ L T AP PALE KONSÈNAN “PEN VIVAN AN” AK “CHÈ” L?

4. Poukisa gen kèk moun ki te choke pou sa Jezi te di a?

4 Gen kèk nan moun ki t ap koute Jezi yo ki te choke lè Jezi te di: “Pen m ap bay pou moun nan monn nan ka gen lavi a se chè m.” Èske yo te panse li t apral ba yo chè l toutbon pou yo manje, sa ki t ap fè yo vin kanibal (Jan 6:52)? Epi, Jezi te di yo yon bagay ki dwe te fè yo pi sezi toujou, men sa l te di: “Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi.” — Jan 6:53.

5. Poukisa nou kapab sèten Jezi pa t vle di pou moun yo bwè san l toutbon?

5 Nan epòk Noye a, Bondye te entèdi moun manje san (Jen. 9:​3, 4). Annapre, nan Lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la, li te ba yo lòd pou yo pa manje san. Nenpòt moun ki te manje san, yo te dwe “touye” l (Lev. 7:​27, nòt). Jezi te anseye Juif yo pou yo obeyi tout Lwa Jewova te ba yo a (Mat. 5:​17-19). Donk, li pa t ap janm mande Juif yo pou yo manje chè l oswa pou yo bwè san ki sot nan venn li. Men, lè Jezi te di pawòl dwòl sa a, se anseye l te vle anseye moun yo fason pou yo gen “lavi ki pap janm fini an”. — Jan 6:54.

6. Poukisa nou ka di lè Jezi te di pou yo manje chè l e pou yo bwè san l lan se nan yon sans senbolik li t ap pale?

6 Ki sa Jezi te vle di? Li klè, Jezi t ap pale nan yon sans senbolik, menm jan li te fè anvan sa lè l t ap pale ak yon dam ki moun Samari. Men sa l te di dam nan: “Moun ki bwè dlo m ap ba li a pa gendwa janm swaf ankò, okontrè, dlo m ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li, yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an.” (Jan 4:​7, 14) a. Jezi pa t vle di dam ki moun Samari a t ap jwenn lavi ki pap janm fini an si l ta jis bwè dlo ki sot nan yon pi. Menm jan an tou, Jezi pa t vle di foul moun li t ap pale avè yo Kapènawòm yo t ap gen lavi ki pap janm fini an si yo te manje chè l e yo te bwè san l toutbon.

DIFERANS KI GEN ANT DE OKAZYON JEZI TE DI PRÈSKE MENM PAWÒL LA

7. Ki sa kèk moun fè konnen anrapò ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 6:53 a?

7 Gen moun ki konn al legliz ki fè konnen pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 6:53 a anrapò ak manje chè l epi bwè san l se yon modèl pou nou suiv pandan Soupe Seyè a, paske nan okazyon sa a li te di prèske menm pawòl yo (Mat. 26:​26-28). Yo fè konnen tout moun ki asiste Soupe Seyè a ta dwe manje nan pen an epi bwè nan diven yo pase devan tout moun nan. Èske se konsa sa ta dwe fèt? Li enpòtan pou n chèche konprann si yo gen rezon paske chak ane plizyè milyon moun toupatou sou tè a reyini ansanm avè n pou selebre evènman sa a. Nou pral wè kèk diferans ant sa Jezi te di nou jwenn nan Jan 6:53 a ak sa l te di pandan Soupe Seyè a.

8. Bay kèk diferans ki genyen ant de okazyon yo. (Gade foto yo tou.)

8 Ann wè de diferans ki gen ant de okazyon sa yo. Premyèman, ki lè Jezi te di pawòl nou jwenn nan Jan 6:​53-56 yo, e ki kote l te ye lè sa a? Li te di pawòl sa yo devan yon foul Juif nan Galile nan ane 32 epòk nou an. Se te anviwon yon ane anvan li te tabli Soupe Seyè a nan Jerizalèm. Dezyèmman, kiyès Jezi te di pawòl sa yo? Pifò moun ki t ap koute l nan Galile yo se te moun ki te pi enterese jwenn manje pou yo manje olye yo te kite l anseye yo konsènan Wayòm Bondye a (Jan 6:26). An reyalite, lè Jezi te di yon bagay yo te wè ki difisil pou yo konprann, yo te sispann kwè nan li. Menm kèk nan disip li yo te sispann suiv li (Jan 6:​14, 36, 42, 60, 64, 66). Konpare evènman sa a ak sa k te rive ennan annapre nan ane 33 epòk nou an lè Jezi te tabli Soupe Seyè a. Nan okazyon sa a, 11 apot fidèl li yo te ansanm avè l, menm lè yo pa t fin byen konprann tout sa l t ap anseye. Men, kontrèman ak pifò nan moun nan Galile yo, apot fidèl Jezi yo te gen konviksyon li se Pitit Bondye a ki desann sot nan syèl la (Mat. 16:16). Li te felisite yo, li te di yo: “Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo.” (Lik 22:28). De diferans sa yo poukont yo fè n wè pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 6:53 a pa montre se yon modèl li te bay pou n suiv pandan Soupe Seyè a. E gen lòt prèv toujou.

Jan chapit 6 pale konsènan sa Jezi te di yon foul Juif nan Galile (agoch). Ennan annapre, li te pale ak ti gwoup apot fidèl li yo nan Jerizalèm (adwat). (Gade paragraf 8.)


SA PAWÒL JEZI YO VLE DI POU OU

9. Ak ki gwoup moun pawòl Jezi te di lè l t ap tabli Soupe Seyè a gen rapò?

9 Pandan Soupe Seyè a, Jezi te bay apot li yo pen ki pa t gen ledven e l te di yo pen sa a reprezante l. Apre sa, li te ba yo diven an e li te di diven an reprezante “san alyans lan”. (Mak 14:​22-25; Lik 22:20; 1 Kor. 11:24.) Sa Jezi te di anrapò ak alyans lan vrèman enpòtan. Li rele l “nouvo alyans”, e se sèlman moun ki pral dirije ansanm avè l “nan Wayòm Bondye a” ki nan alyans sa a, se pa tout moun nèt (Ebre 8:​6, 10; 9:15). Apot yo pa t konprann tout bagay anrapò ak alyans lan nan moman an. Men, sa pa t ap pran tan pou yo te resevwa lespri sen e pou yo te vin nan nouvo alyans lan pou yo te ka gen yon plas ansanm ak Jezi nan syèl la. — Jan 14:​2, 3.

10. Bay yon lòt diferans ki genyen ant pawòl Jezi te di nan Galile a ak sa l te di pandan Soupe Seyè a. (Gade foto a tou.)

10 N ap remake, pandan Soupe Seyè a, Jezi te konsantre sou “ti twoupo” a. Apot fidèl li yo, ki te ansanm avè l lè sa a, se te premye moun ki fè pati ti gwoup sa a (Lik 12:32). Se yo menm Jezi te mande pou manje nan pen an epi bwè nan diven an jou swa sa a. Gen lòt moun ki t ap vin fè pati gwoup sa a annapre. Yo menm tou, yo dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an lè y ap komemore Soupe Seyè a. Se yo menm ki pral resevwa yon plas nan syèl la pou yo ansanm ak Jezi. Pawòl li te di apot li yo nan okazyon sa a pa t menm ak sa l te di foul moun yo nan Galile. Sa l te di nan Soupe Seyè a gen rapò ak yon ti gwoup moun. Men, pawòl li te di nan Galile a gen rapò ak yon pakèt moun.

Moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an se yon ti gwoup yo ye, men, yon moun ka montre l gen lafwa nan Jezi e l kapab gen lavi ki pap janm fini an. (Gade paragraf 10.)


11. Ki sa Jezi te di nan Galile ki montre li pa t ap pale konsènan yon ti gwoup moun?

11 Pifò moun Jezi t ap pale ak yo nan Galile nan ane 32 epòk nou an te sèlman vle Jezi ba yo manje pou yo manje. Men, Jezi te eseye ede yo konprann gen yon bagay ki pi enpòtan lontan pase manje. Li te fè konnen fason yo t ap ka gen lavi ki pap janm fini an. Jezi te menm di moun ki mouri yo t ap ka resisite nan dènye jou a e yo t ap ka viv pou toutan. Li pa t ap pale konsènan yon ti gwoup moun, menm jan l te fè sa annapre pandan Soupe Seyè a. Okontrè, li te pale nan Galile sou yon benediksyon tout moun te kapab jwenn. Anfèt, li te di: “Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan. [...] Pen m ap bay pou moun nan monn nan ka gen lavi a se chè m.” — Jan 6:51. b

12. Ki sa n bezwen fè pou n gen lavi ki pap janm fini an?

12 Jezi pa t vle di Juif nan Galile yo tout moun ki te pase sou tè a ka gen lavi ki pa janm fini an. Se sèlman moun ki “manje nan pen sa a”, sa vle di moun ki montre yo gen lafwa nan Jezi, k ap gen lavi. Anpil moun ki di yo se kretyen panse y ap sove si yo jis “kwè nan [Jezi]” e si yo konsidere l kòm sovè pèsonèl yo (Jan 6:​29, Bib Kreyòl La). Sepandan, gen kèk moun nan foul la ki te kwè nan Jezi okòmansman ki te abandone l. Poukisa yo te fè sa?

13. Ki sa yon moun bezwen fè pou l yon disip Jezi toutbon?

13 Pifò moun nan foul Jezi te bay manje yo te kontan suiv li paske li te ba yo sa yo te vle. Yo te vle l fè mirak pou l geri yo, yo te vle jwenn manje gratis, e yo te vle l di yo pawòl yo ta renmen tande. Sepandan, Jezi te montre vrè disip li yo t ap bezwen fè plis pase sa. Li pa t vin sou tè a senpleman pou l bay moun sa yo anvi genyen. Yo ta dwe aksepte envitasyon l fè pou yo “vin jwenn” li, sa vle di yo ta dwe koute l epi obeyi tout sa l te anseye yo. — Jan 5:40; 6:44.

14. Ki sa n dwe fè pou n jwenn benediksyon grasa chè ak san Jezi?

14 Jezi te fè foul la konnen yo bezwen montre yo gen lafwa. Lafwa nan ki sa? Li te fè yo konnen lefètke li t apral bay chè l ak san l kòm sakrifis, sa t ap fè l vin posib pou yo viv pou toutan. Li te enpòtan anpil pou Juif yo te gen lafwa sa a, e l enpòtan anpil pou n gen lafwa sa a jodi a tou (Jan 6:40). Vrèmanvre, pou n jwenn benediksyon grasa chè ak san Jezi, jan sa parèt nan Jan 6:​53, nou bezwen montre nou gen lafwa nan ranson an. Se pa ni de ni twa moun ki gen posiblite jwenn benediksyon sa a! — Efe. 1:7.

15-16. Ki bagay enpòtan nou aprann nan Jan chapit 6?

15 Nan Jan chapit 6, nou aprann anpil bagay ki vrèman enpòtan e k ap ankouraje nou tout. Nou aprann Jezi vrèman gen sousi pou moun. Lè l te Galile li te geri moun ki malad, li te anseye yo anrapò ak Wayòm nan, e l te ba yo manje lè yo te bezwen sa (Lik 9:11; Jan 6:​2, 11, 12). Sa k pi enpòtan an, li te fè yo konnen li se “pen ki bay lavi a”. — Jan 6:​35, 48.

16 Moun Jezi te rele “lòt mouton” yo pa manje nan pen an e yo pa bwè nan diven an pandan Soupe Seyè a ki fèt chak ane, e yo pa dwe fè sa (Jan 10:16). Sepandan, yo patisipe nan chè ak san Jezi Kris. Yo fè sa, lè yo montre yo gen lafwa nan sakrifis ranson Jezi a ak bèl bagay sakrifis sa a pral fè yo jwenn (Jan 6:53). Yon lòt bò, moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an se yo menm ki fè pati nouvo alyans lan, yo gen pou y al dirije nan Wayòm nan nan syèl la. Donk, kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, kit nou fè pati lòt mouton yo, istwa nou jwenn nan Jan chapit 6 la gen anpil enpòtans pou nou. Li fè n wè nou tout dwe montre nou gen lafwa nan ranson an pou n ka gen lavi ki pap janm fini an.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

a Dlo Jezi t ap pale a reprezante dispozisyon Jewova pran pou n ka gen lavi ki pap janm fini an.

b Jan chapit 6 itilize ekspresyon “yon moun”, sa vle di nenpòt moun, ak ekspresyon “tout moun” anrapò ak moun ki kapab viv pou toutan. — Jan 6:​35, 40, 47, 54, 56-58.