Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KÈK IDE SOU SA W KA ETIDYE

Moun ki fidèl ak Jewova kenbe pwomès yo fè l

Moun ki fidèl ak Jewova kenbe pwomès yo fè l

Li Jij 11:​30-40 pou w aprann nan istwa Jefte ak pitit fi l la jan l enpòtan pou n kenbe pwomès nou fè.

Egzamine kontèks la. Ki jan Izrayelit fidèl yo te konsidere pwomès yo te fè Jewova (Nonb 30:2)? Ki jan Jefte ak pitit fi l la te montre yo te gen lafwa nan Jewova? — Jij 11:​9-11, 19-24, 36.

Fouye plis. Ki pwomès Jefte te fè Jewova, e ki sa l te vle di (w16.04 6 §12)? Ki sakrifis Jefte ak pitit fi l la te fè pou Jefte te kenbe pwomès li te fè a (w16.04 6-7 §14-16)? Ki pwomès konsa kretyen yo ka fè jodi a? — w17.04 5-8 §10-19.

Reflechi sou fason w ka aplike sa w aprann yo? Mande tèt ou:

  • ‘Ki sa k ka ede m kenbe pwomès mwen te fè Jewova pou m sèvi l pou toutan an?’ (w20.03 13 §20).

  • ‘Ki sakrifis mwen ka fè pou m sèvi Jewova plis?’

  • ‘Ki sa k ka ede m kenbe pwomès mwen te fè moun mwen marye avè l la?’ (Mat. 19:​5, 6; Efe. 5:​28-33).