Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen pa janm sispann aprann

Mwen pa janm sispann aprann

MWEN di Jewova mèsi pou privilèj mwen genyen dèske li se “Gran Pwofesè” m (Eza. 30:20). Li anseye moun k ap adore l yo pa mwayen Pawòl li a, Labib, pa mwayen kreyasyon l lan ki bèl anpil, e pa mwayen òganizasyon l lan. Epitou, li sèvi ak frè n ak sè n yo pou ede n. Menm lè m prèske gen 100 an, mwen kontinye jwenn byenfè nan tout fason sa yo Jewova anseye n. Kite m esplike n fason m jwenn byenfè sa yo.

Mwen menm ansanm ak fanmi m, an 1948.

Mwen fèt an 1927 nan yon ti vil toupre Chikago, nan Ilinwa, Ozetazini. Papa m ak manman m te gen senk pitit: Jetha, Don, mwen menm, Karl ak Joy. Nou tout te detèmine pou n sèvi Jewova ak tout kè nou. Jetha t al nan dezyèm klas Lekòl Galaad an 1943. Don, Karl ak Joy t al nan Betèl Bwouklin nan Nouyòk nan ane 1944, 1947 ak 1951. Bèl egzanp yo te ban m ansanm ak egzanp paran m yo te ankouraje m fè plis nan sèvis Jewova a.

FANMI NOU TE APRANN LAVERITE

Papa m ak manman m te konn li Bib la, yo te renmen Bondye e yo te ede n gen menm lanmou sa a. Sepandan, papa m te pèdi respè l te gen pou legliz yo apre l te fin patisipe nan lagè ann Ewòp antanke sòlda pandan Premye Gè mondyal la. Manman m te tèlman gen rekonesans lefètke papa m te retounen vivan apre lagè a, men sa l te di: “Karl, ann al legliz jan n te abitye fè sa.” Papa m te reponn li: “M ap mennen w, men m pap antre.” Manman m te mande l: “Poukisa?” Li te reponn: “Pandan gè a, responsab legliz yo ki nan menm relijyon te beni sòlda ki t ap goumen youn ak lòt e yo te beni zam yo! Èske Bondye te nan toule de kan yo?”

Annapre, pandan manman m te legliz, gen de Temwen Jewova ki te vin lakay la. Yo te ofri papa m de liv ki rele Limyè ki esplike liv Revelasyon an. Papa m te enterese e li te aksepte liv yo. Kou manman m te wè liv yo, li te kòmanse li yo. Epi yon jou, li te wè yon anons nan jounal nan zòn nan ki te envite moun ki te enterese etidye Labib nan liv Limyè yo. Li te deside ale. Lè l te rive, gen yon granmoun fi ki te vin ouvri pou li. Manman m te gen youn nan liv yo nan men l, e l te mande dam nan: “Èske n ap etidye liv sa a isit la?” Dam nan te reponn: “Wi, pitit mwen. Ou mèt antre.” Semèn ki te vin annapre a, manman m te mennen nou menm timoun yo ansanm avè l, e apre sa nou te kontinye ale regilyèman.

Nan youn nan reyinyon yo, frè ki t ap dirije a te mande m li Sòm 144:15 ki di moun k ap adore Jewova yo byennere. Vèsè sa a ansanm ak 1 Timote 1:11 ki di Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an” ak Efezyen 5:1 ki ankouraje n pou n “imite Bondye” te gen yon gwo efè sou mwen. Mwen te vin konprann mwen bezwen gen kè kontan pandan m ap sèvi Kreyatè m nan e m dwe remèsye l pou privilèj mwen genyen pou m fè sa. Mwen eseye fè de bagay sa yo pandan tout vi m.

Kongregasyon ki te pi pre nou an te Chikago, nan yon distans 32 kilomèt. Malgre sa, nou te asiste reyinyon yo e m te vin gen plis konesans sou Bib la. M sonje yon lè frè ki t ap dirije reyinyon an te bay Jetha fè yon kòmantè. Lè m te tande kòmantè Jetha te fè a, m te di tèt mwen: ‘Mwen te konn repons lan. Mwen te ka leve men m pou m fè kòmantè.’ Mwen te kòmanse prepare e m te fè pwòp kòmantè pa m. Sa k pi enpòtan an, m te vin gen pi bon relasyon ak Jewova menm jan ak frè m ak sè m yo. Mwen te batize an 1941.

JEWOVA TE ANSEYE N NAN KONGRÈ YO

Mwen byen sonje kongrè ki te fèt nan Klivlann, nan Owayo, an 1942 a. Plis pase 50 lòt zòn Ozetazini te konekte pa telefòn. Fanmi nou te rete nan tant, menm jan ak plizyè lòt fanmi, toupre kote yo te fè kongrè a. Se te nan epòk Dezyèm Gè mondyal la, e yo te vin ap pèsekite pèp Jewova a plis toujou. Nan aswè, m te wè yon gwoup frè pakin machin yo e limyè devan machin yo te bay sou deyò. Yo tout te dakò pou gen yon moun nan chak machin k ap veye pandan tout nuit lan. Si ta gen nenpòt pwoblèm, frè yo t ap limen limyè machin yo pou vegle je moun ki te ka vin atake yo e yo t ap kòmanse klaksonnen. Gen lòt frè ki t ap kouri vin ede yo. M te di tèt mwen: ‘Pèp Jewova a byen prepare pou tout bagay!’ Pa gen anyen mal ki te rive. E lefètke m te santi m an sekirite, m te byen dòmi.

Plizyè ane annapre, lè m t ap reflechi sou kongrè sa a, m te rann mwen kont manman m pa t janm ni enkyete ni pè. Li te met tout konfyans li nan Jewova ak nan òganizasyon L lan. Mwen pap janm bliye bèl egzanp li te bay.

Yon ti tan anvan kongrè a, manman m te vin pyonye pèmanan. Donk, li te byen koute diskou yo te bay ki te pale sou sèvis aplentan. Pandan n sou wout pou n retounen lakay nou, li te di: “M ta renmen kontinye sèvis pyonye a, men m pap ka ret nan sèvis la e anmenmtan pou m byen pran swen kay la.” Epi, li te mande nou si n t ap vle ede l. Nou te di wi. Donk, li te ban nou chak pou n netwaye youn oswa de chanm anvan nou manje nan maten. Lè n t al lekòl, li t al verifye pou l wè si kay la annòd, e apre sa li t al preche. Li te gen anpil aktivite pou l fè. Men, li pa t janm neglije pitit li yo. Lè n te retounen lakay pou n manje e lè n te sot lekòl, li te toujou la pou nou. Kèk fwa, nou te konn al preche ak manman nou lè n sot lekòl, e sa te ede n konprann sa sa vle di pou yon moun pyonye.

MWEN TE KÒMANSE SÈVIS APLENTAN

Mwen te kòmanse sèvis pyonye lè m te gen 16 an. Byenke papa m potko Temwen, li te vle konnen kòman sa ye pou mwen. Yon jou swa, m te di l malgre tout efò m te fè m potko jwenn yon moun ki te vle etidye Labib. Apre yon ti moman, m te mande l: “Èske w t ap vle m etidye Labib avè w?” Li te reflechi pandan yon ti tan, e l te di m: “Bon, m pa wè okenn rezon pou m ta di non.” Donk, papa m se te premye etidyan m. Se te yon gwo privilèj pou mwen!

Nou te etidye liv “La vérité vous affranchira”. Toutpandan etid la t ap pwogrese, m te rann mwen kont papa m t ap ede m vin yon pi bon etidyan e yon pi bon anseyan. Pa egzanp, yon jou swa, apre nou te fin li yon paragraf, li te di m: “Mwen wè sa liv la di. Men, kòman w fè konnen sa liv la di a se laverite?” Mwen pa t prepare pou kesyon sa a. Donk, m te di l: “M pa ka ba w prèv la kounye a, men, nan pwochen etid la, m ap ba w repons.” E m te fè sa. M te jwenn kèk vèsè ki te apiye pwen nou t ap pale sou li a. Annapre, m te aprann fè rechèch pou m ka pi byen prepare pou etid la. Sa te pèmèt ni mwen menm, ni papa m, fè pwogrè. Li te aplike sa l t ap aprann yo e l te batize an 1952.

MWEN TE KONTINYE APRANN PANDAN M NAN BETÈL

Mwen te kite kay la lè m te gen 17 an. Jetha a te vin misyonè, e Don te vin Betelit. Yo toule de te renmen asiyasyon yo te genyen an, e sa te ankouraje m anpil. Donk, m te aplike ni pou Betèl, ni pou Lekòl Galaad, e m te kite sa nan men Jewova. Ki rezilta sa te bay? Yo te envite m nan Betèl an 1946.

Pandan ane yo t ap pase, m te vin gen anpil asiyasyon nan Betèl. Donk, m te rive aprann anpil nouvo bagay. Vrèmanvre, nan 75 an m gen nan Betèl, m te aprann enprime liv e m te aprann kontablite. Epitou, m te aprann fason pou m achte bagay pou Betèl la ak fason pou m voye yo ale lòt kote. Men, sa m pi renmen, se fòmasyon Betèl la bay pa mwayen adorasyon nan maten ak diskou ki baze sou Bib la.

M ap anseye nan yon lekòl ansyen.

Epitou, m te aprann nan men Karl, ti frè m nan, ki te vin nan Betèl an 1947. Li te yon bon etidyan Labib e yon bon anseyan. Yon lè, m te mande l ede m ak yon diskou yo te ban m fè. Mwen te di Karl m te rasanble yon pakèt referans, men m pa t wè fason pou m te itilize yo. Li te ede m jwenn solisyon pwoblèm nan ak yon sèl kesyon. Li te mande m: “Joel, ki tèm diskou w la?” Rapidman, m te wè sa l te vle di. Mwen te bezwen jis sèvi ak enfòmasyon ki t ap ede m devlope tèm diskou m nan, epi kite rès la. M pa janm bliye leson sa a.

Pou n gen kè kontan nan Betèl, nou bezwen byen patisipe nan travay fè disip la, e sa ap fè n fè anpil eksperyans k ap ankouraje nou. Youn nan eksperyans m pap janm bliye se sa k te pase yon jou swa nan Bwonks, nan vil Nouyòk. Mwen menm ak yon frè t al vizite yon dam ki te aksepte Toudegad ak Reveye n! Pou n te kòmanse konvèsasyon an, nou te di: “Aswè a, n ap ede moun aprann bon bagay ki gen nan Bib la.” Li te reponn: “Si n vle pale sou Bib la, nou mèt antre.” Nou te li plizyè vèsè anrapò ak Wayòm Bondye a ak monn nouvo ki gen pou vini an, e n te pale sou yo. Sa te gen gwo efè sou li, paske, nan semèn ki te vin apre a, li te envite plizyè zanmi l pou yo la tou. Annapre, li menm ak mari l te vin sèvi Jewova e yo te ret fidèl.

MADANM MWEN TE APRANN MWEN KÈK BAGAY

Mwen te fè anviwon 10 an ap chèche yon sè pou m marye anvan m te rankontre sè ki t ap vin madanm mwen an. Ki sa k te ede m jwenn yon bon madanm? Mwen te priye Jewova e m te mande tèt mwen: ‘Ki sa m ta renmen fè ansanm ak madanm mwen apre n fin marye?’

Mwen menm ansanm ak Mary nan travay sikonskripsyon an.

Apre kongrè ki te fèt nan Yankee Stadium an 1953 a, mwen te rankontre yon sè ki te rele Mary Aniol. Li menm ak Jetha te nan dezyèm klas Galaad, e Mary se te patnè misyonè sè m nan. Mary te chofe pou l rakonte m asiyasyon l te genyen kòm misyonè nan zòn Karayib la ak tout etid li te kondui pandan ane yo t ap pase. Kòm nou te aprann konnen youn lòt, nou te rann nou kont nou te gen menm objektif nan sèvis Jewova. Nou te vin renmen e n te marye ann avril 1955. Pandan plizyè ane, Mary se te vrèman yon kado Jewova te ban mwen e li te yon bèl egzanp pou mwen. Li te kontan nan kèlkeswa asiyasyon yo te ba li. Li te travay di, li te vrèman gen sousi pou lòt moun, e l te toujou met enterè Wayòm nan an premye (Mat. 6:33). Nou te fè twazan ap sèvi nan sikonskripsyon, e an 1958, yo te envite n nan Betèl.

Mary te aprann mwen anpil bagay. Pa egzanp, lè n te fèk marye, nou te deside li Bib la ansanm, e nou te konn li anviwon 15 vèsè chak jou. Apre youn nan nou te fin li yon pòsyon, nou te konn fè kòmantè sou vèsè yo, epi nou te konn chèche wè fason nou te ka aplike yo nan lavi nou. Mary te toujou pale avè m sou bagay li te aprann nan Lekòl Galaad oswa lè l te misyonè. Ti pale sa yo te ede m amelyore diskou m yo e yo te ede m konnen fason pou m ankouraje sè yo. — Pwo. 25:11.

Mary, madanm mwen m te renmen anpil la, mouri an 2013. Se pa ti tann m ap tann pou m wè l nan monn nouvo a! Annatandan, mwen detèmine pou m kontinye aprann, pou m kontinye fè Jewova konfyans ak tout kè m (Pwo. 3:​5, 6). Mwen jwenn konsolasyon ak kè kontan lè m reflechi sou sa pèp Jewova a pral fè nan monn nouvo a. Se sèten sa pral gen ladan l nouvo bagay nou pral aprann sou Gran Pwofesè nou an! Wi, m pap janm ka fin di l mèsi pou tout sa l anseye m jis kounye a e pou pakèt favè san parèy li fè m.

a Gade byografi Jetha Sunal ki parèt nan Toudegad 1ye mas 2003, paj 23-29 (fransè).